2010–2019
Sovè a vle padone
Avril 2013


Sovè a vle padone

Senyè a renmen nou e li vle nou konprann ke li dispoze pou l padone nou.

Pandan ministè Sovè nou an mòtalite a, anpil moun te swiv Li, enkli doktè lalwa ak Farizyen ki te “soti nan tout vil nan Galile,… nan Jida, ak Jerizalèm.”1 Nan yon gwo rasanbleman ki te genyen, yo te mennen yon gason paralyze sou kabann ki te bezwen jwenn gerizon, men, poutèt li pa t kapab apwoche bò kote Sovè a, zanmi l yo te leve l anlè do kay kote Sovè a te ye a epi yo te lonje l desann. Lè l te wè demonstrasyon lafwa sa a, e nan yon gran bi ke moun ki tap koute l yo pa t ko konnen, Sovè a te deklare: “Monchè, tout peche ou yo padone.”2

Siman sa dwe te yon siprann gason sa a, e byenke ekriti yo pa di anyen sou reyaksyon li, siman li dwe te mande tèt li si Sovè a te reyèlman konprann poukisa li te vini.

Sovè a te konnen ke anpil moun te swiv li poutèt gwo mirak li yo. Li te deja fè dlo tounen diven,3 chase movèzespri,4 e geri pitit gason yon gran nèg,5 youn ki te gen maladi lèp,6 bèlmè Pyè,7 ak anpil lòt moun.8

Men, pou mesye paralyze sa a, Senyè a te chwazi pou l te bay disip li yo ak moun ki t ap kritike l yo prèv inik ke li sete Sovè mond la. Lè eskrib yo ak Farizyen yo te tande pawòl Sovè a, yo te kòmanse fè rezònman antreyo, kote pa inyorans, yo te pale de blasfèm pandan yo te konkli ke se Bondye sèlman ki kapab padone peche. Sovè a, ki te konnen panse yo, te di yo konsa:

“Poukisa n ap fè lide konsa nan tèt nou?

“Kisa k pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache?”9

San l pa ret tann repons yo, Sovè a te kontinye: “Enben, pou fè nou konnen mwen menm Pitit Gason Lòm nan, mwen gen pouvwa sou tè a pou m padonnen peche, [lè sa a li te vire gade nonm paralyze a] mwen di ou konsa, leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.”10 Epi mesye a te fè sa!

Pa mwayen gerizon fizik sa a, Sovè a te konfime pou nou tout verite espirityèl enfiniman pi puisan sa a: Pitit Gason Lòm nan padone peche!

Byenke tout kwayan aksepte verite sa a, se pa fasil pou yo rekonèt verite esansyèl ki akonpaye l la: Sovè a padone peche “sou tè a,” e pa sèlman nan jijman final la. Li pa eskize nou nan peche nou yo.11 Li pa tolere pou nou retounen nan peche pase yo.12 Men, lè nou repanti epi nou obeyi levanjil li a, li padone nou.13

Nan padon sa a, nou wè pouvwa sanktifyan ak redanmtè Ekspyasyon an aplike avèk gras ak amoni. Lè nou egzèse lafwa nan Senyè a, Jezikri, pouvwa kalifyan sakrifis ekspyatwa l la fòtifye nou nan moman bezwen,14 epi pouvwa redanmtè l la sanktifye nou lè nou “[depouye nou] de lòm natirèl la.”15 Sa pote esperans pou tout moun, patikilyèman pou nou menm ki santi ke feblès nou genyen aktyèlman yo depase sa Sovè a dispoze pou l fè pou ede nou ak pou l sove nou.

Nan founi yon opòtinite pou Sovè a eklere entelijans nou,16 Pyè te mande l yon jou, konbyen fwa li dwe padone yon frè l epi apresa l te ajoute: “Eskè se jiska sèt fwa?” Sètènman sa ta dwe ase. Men, repons Sovè a te louvri pòt pou nou konprann kè plen mizèrikòd li: “M di ou konsa pa sèlman sèt fwa, men, jiska swasanndisèt fwa sèt fwa.”17

Senyè a renmen nou epi li vle nou konprann ke l dispoze pou padone nou. Nan plis pase ven okazyon nan Doktrin ak Alyans yo, Senyè a te di moun li t ap pale avèk yo a: “Peche ou padone,” oubyen kèk pawòl konsa.18 Nan prèske mwatye nan ka sa yo, pawòl Senyè a adrese dirèkteman Pwofèt Joseph Smith, pafwa pou li menm poukont li, pafwa pou lòt moun.19 Premye nan pawòl sa yo te anrejistre an 1830, dènye a an 1843. Konsa, nan lespas kèk ane, Senyè te di Joseph plizyè fwa, “Peche ou yo padone.”

Malgre Joseph pat “komèt okenn peche grav oubyen ki te malsen,”20 nou tout dwe byen sonje ke, sof pou kèk eksepsyon trè ra, “swasandisèt fwa sèt fwa” Senyè a di a pa limite padon an selon gravite peche a.

Pandan l tap pale avèk ansyen yo ki te rasanble nan Kirtland, Senyè a te di: “M vle nou gen viktwa sou mond lan; se poutèt sa m ap gen konpasyon pou nou.”21 Senyè a konnen feblès nou ak konsekans etènèl “mond la” genyen sou gason ak fi ki pa pafè.22 Mo sepoutètsa a ki nan vèsè sa a se afimasyon li pou fè konnen se sèlman atravè konpasyon li nou kapab finalman “gen viktwa sou mond lan.” Kouman konpasyon sa a manifeste? Li te di menm ansyen sa yo nan Kirtland nan: “M padone peche nou yo.”23Sovè a vle padone.

Pèsonn pa dwe sipoze ke padon sa a vini san repantans. Anfèt, Senyè a te deklare: “Mwenmenm Senyè a, m padone peche moun ki konfese peche yo devan m epi ki mande padon,” epi apresa li ajoute kondisyon pou moun kalifye sa a: “ki pa t komèt peche ki mennen nan lanmò.”24 Pandan ke Senyè a pa “pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans” lan,”25 li diferansye gravite ant kèk peche. Li di ke pap gen padon pou “blasfèm kont Sentespri a.”26 Li deklare gravite asasina27 e li mete aksan sou gravite peche seksyèl tankou adiltè. 28 Li fè konnen ke nan zafè komèt peche seksyèl grav san rete, sa difisil anpil pou yon moun resevwa padon Li.29 Epi li di konsa “yon moun ki peche kont pi gwo limyè a, l ap resevwa pi gwo kondanasyon an.”30 Men, nan mizèrikòd li, li pèmèt amelyorasyon avèk letan san mande pèfeksyon imedyat. Malgre miltitid peche feblès mòtalite a lakoz nou fè yo, e osi souvan nou repanti epi nou chèche padon li, li padone nou, ankò epi ankò.31

Poutèt sa, nou tout, enkli moun k ap lite anba konpòtman adiksyon tankou abize move sibstans oubyen pònografi ak lòt bagay konsa yo, nou kapab konnen Senyè a ap rekonèt efò fidèl nou yo e l ap kontan padone nou lè repantans nou konplè, “jiska swasanndisèt fwa sèt fwa.” Men sa pa vle di pou yon moun volontèman retounen nan peche li an tout konsyans.32

Senyè a toujou enterese nan sa ki nan kè nou,33 epi fo lafwa plen pretèks pa jistifye peche.34 Nan dispansasyon sa a, Senyè a te avèti yonn nan sèvitè l yo kont rezònman lojik konsa, kote l te deklare: “Se pou [li] wont bann Nikolayit yo ak abominasyon sekrè yo.”35 Nikolayit yo sete yon ansyen gwoup relijye ki te fè konnen yo te gen otorizasyon pou yo te fè peche seksyèl poutèt gras Senyè a.36 Sa pa fè Senyè a plezi.37 Konpasyon li ak gras li se pa yon eskiz lè “kè [nou] pa satisfè. Epi [nou] pa obeyi verite a, men, nou pran plezi nan enjistis.”38 Okontrè, se apre nou fin fè tout sa nou kapab,39 ke konpasyon li ak gras li ap vin mwayen kote “finalman”40 nou venk mond la atravè pouvwa Ekspyasyon an genyen pou sove nou an. Si nou chèche don presye sa a avèk imilite, “bagay ki fèb ap vin fò pou [nou],”41 epi gras avèk fòsli n ap vin kapab fè sa nou pa tap janm kapab fè poukont nou.

Senyè a konsidere limyè nou resevwa,42 dezi kè nou,43 ak aksyon nou,44 epi lè nou repanti epi nou chèche padon li, li padone nou. Lè nou egzamine lavi nou ak lavi moun pa nou ak relasyon nou yo, nou ta dwe dispoze pou padone tèt pa nou ak lòt moun tou.45

Liv Preche levanjil mwen an pale sou difikilte ki genyen nan simonte konpòtman depandans epi li ankouraje dirijan prètriz yo ak manm yo pou yo “pa choke ni dekouraje” si envestigatè yo oubyen nouvo manm yo kontinye ap lite avèk kalite pwoblèm sa yo. Anfèt, yo konseye nou pou nou “montre konfyans nan moun nan epi pou nou pa pote jijman … [trete] sa kòm yon rechit tanporè e konpreyansib.”46 Èske nou ta ka fè mwens pase sa pou pitit pa nou ak fanmi nou k ap lite anba menm kalite pwoblèm konsa, ki tanporèman ale kite chemen lajistis la? Sètènman yo merite konstans nou, pasyans nou ak lanmou nou---e wi, padon nou.

Nan konferans jeneral Oktòb ki sot pase a, Prezidan Monson te konseye nou:

“Nou dwe sonje moun kapab chanje. Yo ka abandone move abitid yo. Yo ka repanti pou transgresyon yo…

“…Nou kapab ede yo simonte feblès yo. Nou dwe devlope kapasite pou nou wè moun non pa jan yo ye aktyèlman an, men jan yo kapab tounen.”47

Nan yon ansyen konferans Legliz la, menmjan ak konferans sa a, Senyè a te di manm yo:

“An verite, m di nou, nou pwòp, men se pa tout moun; …

“Paske tout kò fizik kowonpi devan m. …

“…Paske, an verite, gen kèk moun pami nou ki antò devan mwen, men m ap gen mizèrikòd pou feblès nou an.48

Li gen menm mesaj la jodia.

Papa nou ki nan syèl la konnen sa n ap afwonte, li konnen nou tout peche epi nou konstamman “prive de laglwa Bondye”49 Li te voye Pitit Gason l lan, ki “konnen feblès lòm epi ki konnen koumen pou l pote sekou bay sila yo ki tonbe anba tantasyon.”50 Pitit Gason l lan anseye nou pou nou “priye tout tan pou nou pa tonbe nan tantasyon.”51 Yo di nou konsa nou dwe “kriye nan pye [Bondye] pou nou ka jwenn mizèrikòd; paske li gen pouvwa pou l sove moun.”52 Sovè a kòmande nou pou nou repanti53 epi pou nou padone moun.54 E malgre repantans pa fasil, si nou eseye avèk tout kè nou pou nou obeyi levanjil li a, li fè nou pwomès sa a: “An verite, m di ou, malgre peche [w] yo, zantray mwen ranpli avèk konpasyon pou [ou]. M p ap chase [ou] totalman; epi nan jou kòlè a, m ap sonje mizèrikòd la.55 Sovè a vle padone.

Chak semèn, Kè Tabènak Mòmon an kòmamse emisyon enspiran l lan avèk pawòl edifyan ki nan kantik William W Phelps la nou tout konnen an “Ann leve chan sakre nou.” Pawòl rekonfòtan l yo ki nan katriyèm vèsè a pa si familye pou nou:

Glwa pou Senyè a ki twa fwa sen.

Pawòl li yo presye anpil: …

Repanti, repanti epi viv;

Menmsi peche w yo wouj tankou san,

O, repanti, epi l ap padone ou.56

Mwen envite nou pou nou sonje pawòl sa yo Senyè a di a, pou nou egzèse lafwa nan li, ki mennen nan repantans lan.57 Li renmen nou. Li vle padone nou. Mwen temwaye sa nan non sakre Jezikri, amèn.