Pawòl n ap pwononse

Pa Rosemary M. Wixom

Prezidant Jeneral Primè


Fason nou pale avèk pitit nou ak pawòl nou itilize yo kapab ankouraje yo, edifye yo, ak fòtifye lafwa yo.

Yon jèn papa te fèk aprann lanmò pwofesè ekstraòdinè li te genyen lè l te nan dezyèm a. Kòm souvni pou li, papa sa a te ekri: “Nan pami tout santiman ak eksperyans mwen sonje, santiman ki pi fò a nan lespri mwen se ‘rekonfò.’ Li petèt te anseye m òtograf, gramè, ak matematik, men pi enpòtan toujou, li te anseye m pou m renmen lefèt ke m sete yon timoun nan. Nan klas li, sa te oke si yon moun te mal eple yon pafwa; li te toujou di: ‘Nou pral travay sou sa.” Sa te oke pou nou te ranvèse, dechire, oubyen tache yon bagay; Li te toujou di: “N ap fikse sa e na netwaye l.” Oke pou nou te eseye, oke pou nou te reve, e oke pou nou te jwi plezi ki nan ti bagay ensiyifian sèlman timoun twouve eksitan yo.”

Youn nan pi gwo enfliyans yon moun kapab genyen nan mond sa a se enfliyans li gen sou yon timoun. Kwayans timoun yo ak valè yo modle bonè nan lavi yo. Tout moun k ap tande vwa m la a gen pouvwa pou ogmante konfyans yon timoun nan tèt li ak ogmante lafwa yon timoun nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pa mwayen pawòl y ap di.

Nan Elaman chapit 5, nou li: “Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou.”1

Sa yo se pawòl Elaman te anseye pitit gason l yo. Epi nou kontinye li: “Epi yo te sonje pawòl; li yo, epi se poutèt sa, yo t ale, ... preche pawòl Bondye nan pami tout pèp la.”2

Byenke yo te pèsekite pitit gason Elaman yo epi mete yo nan prizon, pawòl sa yo yo te tande a pa t janm kite yo. Yo te pwoteje e antoure pa yon kolòn dife. Apresa yo te tande yon vwa, ki t ap di moun ki te mete yo nan prizon yo:

“Repanti, repanti epi pa chèche detwi sèvitè m yo. …

“…Se pa t yon vwa loray, ni tou se pa t yon gwo bri fò, men gade, se te yon ti vwa trankil nèt, kòmsi se te yon chichotman, e li te pèse menm nanm yo.”3

Nou ka aprann apati vwa sa a k te soti nan syèl la. Se pa t yon vwa fò, ni gwondan, ni degradan; sete yon ti vwa ki te gen yon dousè pafè, ki t ap bay direksyon fèm pandan ke l t ap bay lespwa.

Fason nou pale avèk pitit nou yo ak pawòl nou itilize ka ankouraje yo ak elve yo ak fòtifye lafwa yo pou yo rete sou chemen pou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Yo vin sou tè sa a tou pare pou yo koute.

Nou jwenn yon egzanp sou yon timoun k ap koute nan yon magazen twal. Magazen an te plan moun ki t ap achte lè tout moun te remake ke yon manman te panike paske li te pèdi pitit gason li. Toudabò, li te rele non li. Li t ap repete “Connor” pandan l t ap mache vit nan tout magazen an. Tan t ap pase e vwa li te vin pi fò ak pi panike. Byen vit yo te rele ajan sekirite magazen an, e tout moun nan magazen an te kòmanse ap chèche timoun nan, andedan ak deyò. Plizyè minit te pase san okenn siksè. Manman Connor, sa ki tou nòmal, te vin pi panike amezi tan t ap pase e li te rapidman ap rele pitit la byen fò, san rete.

Yon kliyan, apre l te fè yon priyè ansilans, te santi ke Connor te pwobableman andedan magazen an e siman li dwe te pè lè l t ap tande manman l ap rele l fò konsa. Li te di yon lòt madanm ki t ap ede sa l te panse a, epi byen vit yo te fè yon plan. Ansanm yo te kòmanse mache nan mitan tab twal yo dousman ap repete pawòl sa yo: “Connor, si ou ka tande vwa m, di ‘menm la a.’” Pandan yo t ap mache dousman retounen nan fon magazen an ap repete fraz la, yo te tande yon ti vwa tou piti ki te di “Menm la a.” Connor te kache nan mitan de bal twal anba yon tab. Sete yon vwa plen dousè ki te ankouraje l pou l te reponn.

Priye pou nou konn bezwen yon timoun

Pou pale avèk kè yon timoun, nou bezwen konnen bezwen timoun nan. Si nou priye pou nou konnen bezwen sa yo, pawòl nou di yo kapab gen pouvwa pou atenn kè yo. Efò nou vin pi gran lè nou chèche direksyon Sentespri a. Senyè a di:

“Di pawòl m pral mete nan kè ou yo, …

“Paske nou pral resevwa nan lè a menm, wi, nan moman an menm, kisa pou nou di.”4

Dekonekte epi koute avèk amou

Malerezman, distraksyon mond sa a anpeche anpil timoun tande pawòl ankourajman ki ka modle sa yo panse de tèt yo.

Doktè Neal Halfon, yon doktè k ap dirije Sant pou amelyorasyon sante timoun, fanmi, ak kominote a nan Inivèsite Kalifòni an nan Los Angeles, pale de “ti neglijans paran.” Yon ka ladan yo sete sou yon timoun dizuit mwa ak paran li:

“‘Pitit gason yo a te sanble l te kontan, aktif, e angaje, klèman ap jwi tan li ak piza avèk paran li. ... Nan fen dine a, manman an te leve pou l te kouri al fè yon bagay, li te kite papa a pou pran swen timoun nan.’

“Papa a ... te kòmanse ap li mesaj sou telefòn ni pandan timoun nan t ap eseye kapte atansyon li nan voye ti moso piza sou li. Apresa, papa a te rekòmanse pote timoun nan atansyon, li te vin anfas li epi l te jwe avèk li. Men, byen vit, li te kòmanse gade yon videyo sou telefòn nan avèk timoun nan jiskaske madanm ni te retounen.

“…Nan toulède ka yo, [Dr] Halfon te obsève yon ensatisfaksyon kay timoun nan, yon bès nan koneksyon ant paran ak timoun nan.”5

Repons pou priyè nou pou nou konn kijan pou nou satisfè bezwen pitit nou yo gen dwa se dekonekte nou avèk teknoloji a pi souvan. Nou pèdi okazyon presye pou nou jwe ak pale avèk pitit nou yo lè nou okipe pa distraksyon. Poukisa nou pa chwazi yon moman chak jou pou nou dekonekte avèk teknoliji a pou youn ka rekonekte avèk lòt? Li sifi pou nou fèmen tout bagay. Lè nou fè sa, fwaye nou kapab parèt plen silans toudabò; nou gen dwa menm santi ke nou pa konn kisa pou n fè ni pou nou di. Men, si nou pote tout atansyon nou a pitit nou yo, yon konvèsasyon ap kòmanse, e nou youn ka kontan koute lòt.

Ekri pou pèsyade pitit nou yo

Nou ka enfliyanse pitit nou yo atravè pawòl nou ekri yo. Nefi ekri: “Nou travay avèk dilijan pou nou ekri, pou nou pèsyade pitit nou yo ... pou yo kwè nan Kris la, e pou yo rekonsilye ak Bondye.”6

Prezidan Thomas S. Monson te pataje eksperyans Jay Hess, yon pilòt militè yo te tire sou avyon li nan Nò Vietnam nan ane 1960 yo: “Pandan dezan, fanmi li pa t gen okenn ide si l te vivan oubyen si l te mouri. Moun ki te kaptire l nan Hanoi yo te finalman ba l pèmisyon pou li ekri moun lakay li, men yo te limite mesaj li a a mwens pase 25 mo.” Prezidan Monson mande: “Kisa ou menm avèk mwen t ap di fanmi nou si nou te nan menm sitiyasyon an---kote nou pa wè yo depi dezan e nou pa konn si n ap janm wè yo ankò? Frè Hess, ki te vle bay fanmi li yon bagay yo te ka rekonèt ke si li menm ki ekri l e ki te vle bayo konsèy itil tou, te ekri [pawòl sa yo]: “Bagay sa yo enpòtan: maryaj tanp, misyon, inivèsite. Avanse, fikse bi, ekri istwa nou, pran foto defwa pa ane.’”7

Ki pawòl ou t ap ekri voye bay pitit ou si w ta gen pou w ekri 25 mo sèlman oswa mwens?

Jèn papa a m te pale okòmansman an, ki te ekri souvni li de pwofesè klas dezyèm ni an, ap elve yon bèl pitit fi kounyeya. Li santi kofyans syèl la plase nan li a. Pandan l ap grandi, kisa demen l pral ye? Kisa l pral di ki pral antre fon andedan kè li? Ki pawòl ki pral ankouraje li, edifye li, ak ede l rete sou chemen an? Èske sa ap fè yon diferans si l pran tan pou l chichote l: “Ou se yon pitit Bondye”? Èske yon jou la va sonje ke papa l te souvan di pawòl sa yo: “Mwen renmen tout bagay lakay ou”?

Èske se pa sa Papa nou ki nan Syèl la t ap di Pitit Gason L lan ak nou tout lè l te di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la” epi apresa li te ajoute “li fè m kontan anpil”?8

Se pou pawòl nou di ak ekri pitit nou yo reflete lanmou Papa nou ki nan Syèl la genyen pou Pitit Gason l lan, Jezikri, ak pou nou menm. Epi se pou nou fè yon ti poze pou nou koute, paske yon timoun plis kapab pale bèl bagay mèveye anretou. Mwen di sa nan non Jezikri, amèn.

Mostrar las referencias

  1.  

    1. Elaman 5:12.

  2.  

    2. Elaman 5:14; italik ajoute.

  3.  

    3. Elaman 5:29–30.

  4.  

    4. Doktrin ak Alyans 100:5–6.

  5.  

    5. Lois M. Collins, “Baby’s Development Potentially Harmed by Parents Texting,” Deseret News, Jen 4, 2012, deseretnews.com/article/print/865556895/Babys-development-potentially-harmed-by-parents-texting.html.

  6.  

    6. 2 Nefi 25:23.

  7.  

    7. Thomas S. Monson, “Finding Joy in the Journey,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 86.

  8.  

    8. Matye 3:17.