2010–2019
Bagay mwen konnen yo
Avril 2013


Bagay mwen konnen yo

Nan tout sa mwen li, tout sa yo anseye m ak tout sa m aprann, verite ki pi presye ak pi sakre m genyen pou m ofri a se temwayaj espesyal mwen konsènan Jezikri.

Nan lane 1992, apre m te fin sèvi pandan nevan kòm Asistan Douz yo e venndezan kòm manm Kolèj Douz yo, mwen te atenn laj swasantuitan. Mwen te santi m pouse pou m te kòmanse ekri sa m te rele yon “Konpozisyon inacheve.” Premye pati konpozisyon sa a kòmanse konsa:

Mwen te gen yon panse lòtrejou swa,

Yon panse trè trè pwofon.

Li te vini pandan m te twò bouke,

Twò fatige pou m te dòmi.

M te pase yon jounen trè chaje

E m t ap medite sou sò mwen.

Men panse m te genyen an:

Lè m te jèn, mwen pa t gen swasantuitan!

Mwen te ka mache san bwate;

Mwen pa t gen doulè nan zepòl mwen.

Mwen te ka li yon fraz de fwa.

Epi resite l pa kè.

M te ka travay san rete pandan plizyè èdtan

E m te konn raman pran tan pou m respire.

E anpil bagay m pa kapab fè kounyeya

Mwen te metrize yo fasilman lè sa a.

Si m te ka fè ane yo tounen dèyè,

Si m te gen posiblite pou chwazi sa a,

Mwen pa t ap chanje laj pou m vin jèn ankò,

M t ap gen twòp bagay pou m pèdi.

Mwen trè kontan pou m avanse devan,

Pou m renonse ak jenès mwen, byenke l te mayifik

Bagay m t ap pèdi si m ta retounen dèyè yo

Se sa m konprann yo.

Dizan apre, mwen te deside ajoute kèk fraz nan powèm sa a:

Dizan pase e m pa konn kote y ale

E yo te pote avèk yo anpil doulè.

Yon hanche metal efase bwate m nan;

Mwen mache dwat ankò.

Yon lòt plak metal kenbe kou m dwat -

Ala yon bèl envansyon!

Li ede efase efè polyo m yo;

Mwen antre nan jenerasyon kou rèd la.

Siy lavyeyès yo byen vizib.

Bagay sa yo pap ameloyre.

Sèl bagay ki grandi piplis nan mwen

Se kapasite pou m bliye a.

Ou mande “Èske m sonje ou?”

Natirèlman,nou tout prèske sanble.

Men, pa kòmanse santi w fache

Si m pa ka sonje non ou.

Mwen admèt ke m aprann kèk bagay

Ke m pa t anvi konnen,

Men, laj la pote verite presye sa yo

Ki fè lespri a grandi.

Nan tout benediksyon ki te vini yo,

Pi bon bagay la nan lavi mwen

Se konpayi ak rekonfò

Mwen jwenn nan men chè madanm mwen.

Tout pitit nou yo byen marye,

Yo gen pwòp fanmi pa yo kounyeya,

Avèk pitit ak pitit pitit,

Yo tout grandi si vit.

Lide m pa panche ditou ditou

Sou retounen vin jèn ankò.

Nou destine pou nou vin granmoun, paske avèk sa

Nou vin gen yon konesans sou laverite.

Ou mande m: “Kisa demen ap pote?

Kisa m ap devni?”

Ma pral kontinye san plenyen

Mande m sa lè m gen 88 tan!

Epi ane pase, m te ajoute liy sa yo:

Kounyeya, nou wè, m gen 88 tan.

Ane yo pase si vit.

M te mache nòmalman, apre m vin bwate, apre sa m vin gen baton

E kounyeya m kondui finalman (nan chèz woulant)

M fè yon ti dòmi tanzantan,

Men pouvwa prètriz la rete.

E malgre tout bagay fizik m manke yo

Mwen akeri gwo benefis espirityèl.

Mwen vwayaje nan tout mond lan

Sou dè milyon kilomèt

Epi avèk èd retransmisyon pa satelit,

Vwayaj mwen yo poko fini.

Kounyeya m ka di ak sètitid

Ke m konnen Senyè a e m renmen Li.

Mwen ka temwaye avèk moun ansyen tan yo

Lè m ap preche pawòl sakre l la.

Mwen konnen sa l te santi nan Jetsemani an

Depase konpreyansyon nou.

Mwen konnen li te fè tout sa pou nou menm;

Nou pa gen pi gwo zanmi pase Li.

Mwen konnen L ap retounen ankò.

Avèk pouvwa ak laglwa.

Mwen konnen ma va wè l ankò

Lè istwa lavi m nan vavfini.

Lè sa a ma mete ajenou devan pye blese l yo;

Ma va santi Lespri li reyone.

Avèk vwa m tou piti, ma va di,

“Senyè mwen, Bondye mwen, m konnen.”1

E mwen konnen!

Fenèt ki bay sou lakou lakay mwen yo bay sou yon ti jaden flè ak yon ti forè ki tou pre yon ti kanal dlo. Youn nan bò mi kay la ki pre jaden an kouvri anba yon plant. Pandan plizyè ane, plant sa a sete nich pou ti zwazo. Nich yo nan plant lan pwoteje kont rena ak chat ak lòt bèt ki mache lannuit yo.

Yon jou, te gen yon gwo ajitasyon nan plant lan. Kri detrès dezespere te atire atansyon nou pandan uit rive dis tizwazo nan antouraj la te ajoute vwa pa yo nan kri alàm sa a. Mwen te vit wè kisa k te lakoz ajitasyon sa a. Yon koulèv te fofile nan mitan plant lan e li pandye devan fenèt la, ase pwòch pou m te rale l desann. Pati mitan kò koulèv la te gen de anfle---ki sete prèv ke l te deja pran de tizwazo nan nich la. Depi senkantan nou t ap viv nan kay sa a, nou pa t janm wè yon bagay konsa. Sete yon eksperyans yon fwa nan lavi, omwen se sa nou te panse.

Kèk jou apre, te gen yon lòt vakàm ankò, fwa sa a nan zòn kote chyen nou an te ye a. Nou te tande menm kri detrès yo e nou te wè menm rasanbleman tizwazo nan vwazinaj yo. Nou te konnen kisa danje a te ye. Youn nan pitit pitit mwen yo te monte sou tèt kay la epi li te rale yon lòt koulèv ki te ankò kenbe manman zwazo a li te pran nan nich la e l te touye a.

M te di nan tèt mwen: “Sa k ap pase la a? Èske Jaden Eden nan anvayi ankò?”

Pawòl avètisman pwofèt yo te konn bay yo te vin nan lespri mwen. Nou pap toujou alabri enfliyans advèsè a, menm andedan pwòp lakay nou. Nou bezwen pwoteje nich nou.

N ap viv nan yon mond trè danjere ki menase bagay ki pi espirityèl yo. Fanmi an, òganizasyon fondamantal nan letan ak letènite a, anba atak fòs sa nou wè ak sa nou pa wè. Advèsè a toupatou. Objektif li se fè moun mal. Si l ka febli epi detwi lafanmi, l ap reyisi.

Sen Dènye Jou yo rekonèt enpòtans kapital fanmi e y ap eseye viv yon fason pou advèsè a pa ka fofile antre andedan lakay yo. Nou jwenn sekirite ak pwoteksyon pou tèt nou ak pou pitit nou lè nou onore alyans nou te fè yo ak lè nou akonpli ti senp zak obeyisans yo mande moun ki disip Kris yo fè yo.

Ezayi te di: “Zèv lajistis la se lapè; e fwi lajistis la se repo ak sekirite pou tout tan.”2

Yo pwomèt nou lapè sa a nan revelasyon yo tou, kote Senyè a deklare: “Si nou prepare, nou p ap pè.”3

Yo ba nou pouvwa prètriz la pou pwoteje kay nou ak moun ki abite ladan yo. Papa a gen otorite ak responsablite pou anseye pitit li, pou beni yo ak bayo òdonans levanjil yo ak tout lòt pwoteksyon prètriz ki nesesè yo. Li dwe demontre lanmou ak fidelite l pou manman an epi onore manman an pou timoun yo ka wè lanmou sa a.

Mwen vin akeri konesans ke lafwa se yon pouvwa reyèl, non pa senpleman ekspresyon yon kwayans. Pa gen anpil bagay ki pi puisan pase priyè fidèl yon manman k ap mennen yon vi jis.

Anseye tèt nou epi anseye fanmi nou sou don Sentespri a ak sou Ekspyasyon Jezikri a. Nou pa gen okenn lòt travay etènèl ki pi enpòtan pase travay sa a n ap fè andedan pwòp lakay nou an.

Nou konnen nou se pitit espri paran selès, ki vini isit la sou tè a pou nou resevwa yon kò mòtèl ak pou nou pase tès. Nou menm ki gen kò mòtèl yo, nou gen pouvwa sou sa ki pa genyen l yo.4 Nou lib pou n chwazi sa nou vle fè ak pou nou triye sa nou vle chwazi, men nou pa lib anba konsekans yo chwa nou yo. Konsekans yo ap vini kanmèm.

Libabit defini nan ekriti yo kòm yon “libète moral”, ki vle di nou kapab chwazi ant byen ak mal. Advèsè a ap chèche tante nou pou nou mal itilize libète moral nou an.

Ekriti yo anseye nou “pou chak moun kapab aji nan doktrin ak prensip ki gen rapò avèk lavni, dapre libabit moral m ba li, pou chak moun kapab responsab pou pwòp peche pa li nan jou jijman an.”5

Alma te anseye ke “Senyè a pa kapab gade peche avèk okenn konsiderasyon.”6 Pou nou konprann sa, nou dwe separe peche a avèk pechè a.

Pa egzanp, lè yo te mennen devan Senyè a yon fi yo te pran nan adiltè, ki te aparaman koupab, li te regle koze a avèk senk mo: “Ale, epi pa peche ankò.”7 Sa se espri ministè l la.

Tolerans se yon vèti, men, tankou tout vèti, si l egzajere, li transfòme an vis. Nou bezwen fè atansyon ak “pyèj tolerans” la pou nou pa pran ladan. Tolerans piblik la, ki kreye paske yo bese lwa sivil yo pou pèmèt aksyon imoral vin legal, pa diminye gravite konsekans espirityèl ki genyen nan vyole lwa chastete Bondye a.

Tout moun fèt avèk limyè Kris la, yon enfliyans dominan ki pèmèt chak moun rekonèt sa ki bon ak sa ki mal. Sa nou fè avèk limyè sa a ak fason nou reyaji devan enspirasyon sa yo ki di nou pou nou viv jis la fè pati tès mòtalite a.

“Paske gade tout moun gen Lespri Kris la pou yo kapab konnen sa ki byen ak sa ki mal; se poutèt sa, m montre nou kouman pou nou jije; paske tout bagay ki envite lèzòm pou yo fè byen, e ki pèsyade yo pou yo kwè nan Kris la, se pouvwa ak don Kris la ki voye l; se poutèt sa ou kapab konnen avèk yon konesans pafè, se nan Bondye li soti.”8

Nou chak dwe rete nan kondisyon pou nou reponn ak enspirasyon ak pouse Sentespri a. Senyè a gen fason pa li pou l devèse entelijans pi nan lespri nou pou enspire nou, gide nou, anseye nou, ak avèti nou. Chak pitit gason ak pitit fi Bondye kapab konnen sa yo bezwen konnen yo alenstan. Aprann resevwa enspirasyon ak revelasyon epi aji selon yo.

Nan tout sa m li, tout sa yo anseye m ak tout sa m aprann, verite ki pi presye ak pi sakre m genyen pou ofri nou se temwayaj espesyal mwen sou Sovè a, Jezikri. Li vivan. Mwen konnen li vivan. Mwen se temwen Li. Epi mwen ka temwaye de li. Li se Sovè nou, Redanmtè nou. Mwen sèten desa. Konsènan sa mwen rann temwayaj mwen, nan non Jezikri, amèn.