2010–2019
"Sa se travay mwen ak laglwa mwen"
Avril 2013


“Sa a se travay mwen ak laglwa mwen”

Bondye bay moun ki aksepte ak onore prètriz li a pouvwa li san konte, sa ki mennen nan benediksyon imòtalite ak lavi etènèl yo pwomèt yo.

Prezidan Packer, nou pa ka tann pou n wè vèsyon katrevendizuit bèl powèm ou an. Ala bèl ansèyman ou sot ba nou la a.

Sa gen kèk semèn, yon jou swa frèt plen fènwa nan sezon ivè a, madanm mwen, Barbara, avèk mwen t ap kontanple syèl la pwofondeman enpresyone. Dèmilyon zetwal te parèt eksepsyonèlman klere ak bèl. Apresa, m te louvri liv Pèl Gran pri a epi, avèk emèveyman, m te reli sa Senyè a te di Moyiz yo: “Epi m te kreye pakèt mond moun pa kapab konte; epi tou m te kreye yo pou objektif pa m; epi m te kreye yo pa lantremiz Pitit Gason an, ki se Sèl Pitit Literal mwen an” (Moyiz 1:33).

Nan epòk pa nou an, teleskòp spasyal Hubble la konfirme grandè sa Moyiz te wè yo. Dapre astwonòm Hubble yo, yo estime ke Vwa Lakte a, ke tè nou an ak solèy nou an se jis yon ti pati landan an, sipoze se youn nan plis pase 200 bilyon galaksi menmjan an. Pou mwen menm, sa difisil pou konprann, enposib pou mezire, paske kreyasyon Bondye yo sitèlman vas, sitèlman gran.

Frè m ak sè m yo, pouvwa sa a ki te sèvi pou kreye syèl yo ak tè a se prètriz la. Noumenm ki manm Legliz la konnen ke sous pouvwa prètriz sa a se Bondye Toupuisan an ak Pitit Gason L la, Jezikri. Non sèlman prètriz la se pouvwa pa mwayen syèl la ak tè a te kreye, men li se pouvwa Sovè a te itilize nan ministè mòtèl li a tou pou fè mirak, pou beni ak geri malad, pou resisite moun ki mouri, epi, antanke Sèl Pitit Gason Byenneme Papa a, pou andire doulè ensipòtab Jetsemani an ak Kalvè a---pou l te satisfè lwa jistis yo pa mwayen mizerikod epi konsa, li te fè yon Ekspyasyon enfini e atravè rezirèksyon an li ranpòte laviktwa sou lanmo fizik.

Se kle otorite prètriz sa yo ak pouvwa ki mache avèk li a li te bay Pyè, Jak, ak Jan ak lòt Apot li yo pou beni lòt moun ak pou lye nan syèl la tout sa ki lye sou tè a.

Pouvwa prètriz la se yon kado esansyèl ak sakre Bondye banou. Li diferan de otorite prètriz la, ki se otorizasyon pou yon moun aji nan non Bondye. Otorizasyon oubyen òdinasyon sa a transmèt pa enpozisyon dèmen. Pouvwa pretriz la manifeste sèlman lè moun k ap egzèse l yo diy epi yo aji selon volonte Bondye. Jan Prezidan Spencer W. Kimball te deklare: “Senyè a bay nou tout, detantè pretriz yo, yon pòsyon otorite li, men nou ka gen aksè ak pouvwa syèl yo sèlman sou baz ladwati pèsonèl nou” (“Boys Need Heroes Close By,” Ensign, Me 1976, 45).

Pandan jou gloriye Retablisman yo ak retou Legliz Jezikri a nan mond lan jodia, Jan Batis, Pyè, Jak, ak Jan; Moyiz, Eli, ak Elyas te vini sou tè a epi, palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, yo te retabli tout kle ak otorite pretriz la pou travay Bondye a nan dènye jou sa yo.

Se pa kle sa yo, otorite sa a, ak pouvwa sa a Legliz Jezikri a òganize jodia, avèk Kris la alatèt li, ki ap dirije pwofèt vivan l lan, Thomas S. Monson, asiste pa Apot ki aple ak òdone kòmsadwa.

Nan gwo plan Papa nou ki nan Syèl la ki dote ak prètriz la, gason yo gen responsablite sanzegal pou administre pretriz la, men yo pa pretriz la. Gason yo ak fi yo gen wòl diferan men ki gen egal enpòtans. Menmjan yon fi pa kapab fè yon pitit san yon gason an, se konsa tou yon gason pa kapab konplètman egzèse pouvwa prètriz la pou etabli yon fanmi etènèl san yon fi. Otremandi, nan pèspektif etènèl la, pouvwa pwokreyasyon an ak pouvwa pretriz la pataje ant yon mari ak yon mandanm. Antanke mari ak madanm, yon gason ak yon fi ta dwe fè efò pou suiv Papa nou ki nan Syèl la. Yo ta dwe konsantre yo sou vèti kretyen ki se lanmou, imilite, ak pasyans yo nan chèche benediksyon pretriz yo pou yo menm ak pou fanmi yo.

Li trè enpòtan pou nou konprann ke Papa nou ki nan Syèl la bay yon mwayen pou tout pitit gason l yo ak tout pitit fi l yo gen aksè nan benediksyon pouvwa prètriz yo e pou yo fòtifye pa yo menm. Nan santral plan Bondye a pou pitit lespri l yo nou jwenn pwòp deklarasyon pa li: “Sa a se travay mwen ak laglwa mwen---pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

Nan yon revelasyon Joseph Smith te resevwa nan seksyon 81 Doktrin ak Alyans la, Senyè a eksplike ke pouvwa pretriz la dwe itilize pou “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo” (vèsè 5).

“Epi lè ou fè bagay sa yo, ou pral fè pi gwo byen pou pwochen ou yo, epi ou pral devlope laglwa moun ki se Senyè ou la” (D&A 81:4).

Pandan m ap reflechi sou lide pou n al pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, ak ranfòse jenou ki fèb yo, mwen sonje yon bèl tipitit setan ki t ap montre granpapa l yon plan tomat li te komanse fè pouse kòm pati yon pwojè nan dezyèm ane li nan lekòl elemantè.

Li te eksplike ke apati yon ti semans tou piti te gen yon gwo plant ki pral soti. E si yo byen pran swen plant lan, li ta pral pwodwi anpil tomat ki poukont pa yo apral pote anpil semans tou.

Li te di: “E si yo plante tout nan semans sa yo epi kiltive tout tomat sa yo, epi si yo replante tout semans sa yo, nan lespas kèk ane, ap vin gen dè milyon tomat.”

Li te di avèk etonman: “Tout sa,” “apati yon ti grenn semans.”

Men apresa li te di: “Mwen te manke touye plant mwen an. M te kite l nan yon chanm fènwa e m te bliye wouze li. Lè m te vin sonje li, li te gen tan fane e l te sanble l mouri. Mwen te kriye paske m te panse ak tout milyon tomat sa yo ki pa t ap ka pouse a.”

Epi, tou eksite, li te eksplike granpapa l “mirak” ki te fèt la.

Li te eksplike: “Manman m te di petèt plant lan pat mouri. Petèt tout sa l te bezwen sete dlo ak enpe limyè pou te mennen l tounen nan lavi.

“E li te gen rezon. M te wouze plant lan epi m te mete l bò fenèt la pou l te jwenn limyè. Epi, devine? “Li te retounen alavi, e kounyeya li pral pouse fè milyon tomat!”

Ti plant tomat li a, si plen ak potansyèl men si febli e fennen poutèt neglijans envolontè l la, te fòtifye epi l te reviv gras ak senp tretman dlo ak limyè men yon ti pitit fi emab ak atantif te ba yo.

Frè m ak sè m yo, antanke pitit lespri literal Papa eman nou an ki nan Syèl la, nou gen yon potansyèl diven ilimite. Men si nou pa pran prekosyon, nou ka vin tankou plant tomat fennen sa a. Nou ka elwaye de vrè doktrin nan ak levanjil Jezikri a epi vin espirityèlman malnouri e fennen, paske nou retire tèt nou anba limyè divin ak dlo lavi a ki se amou etènèl ak pouvwa pretriz Sovè a.

Moun ki detni pretriz la epi ki pa konstamman fè tout posib yo pou onore li nan sèvi fanmi yo ak pwochen yo ap vin menmjan ak moun ki pa resevwa benediksyon anrapò avèk pouvwa pretriz yo, epi y ap vin fennen espirityèlman, paske yo prive tèt yo de nouriti espirityèl esansyèl yo, limyè ak pouvwa Bondye nan lavi yo, tou kòm plant tomat la ki te plen potansyèl la men ki te neglije epi fennen an.

Menm pouvwa pretriz la ki te kreye mond yo, galaksi yo ak inivè a kapab e ta dwe fè pati lavi nou pou sekouri, fòtifye ak beni fanmi nou, zanmi nou ak pwochen nou---otremandi, pou nou fè tout sa Sovè a t ap fè si l t ap ministre pami nou jodia.

Epi objektif prensipal pouvwa pretriz sa a se pou pote benediksyon, pou sanktifye nou ak pirifye nou pou nou ka demere ansanm avèk fanmi nou nan prezans paran selès nou yo, liye pa sèlman prètriz yo, pou patisipe nan travay mèveye Bondye ak Jezikri a nan fè grandi limyè yo ak laglwa yo pou tout tan.

Nan objektif sa a, sa gen kèk mwa, m te gen opòtinite pou m patisipe nan reyalizasyon yon prezantasyon videyo pou fòmasyon mondyal dirijan yo ki rele Fòtifye fanmi yo ak legliz la pa mwayen prètriz la.

Nouvo DVD enstriktif sa a tradwi nan 66 lang. Li ansenye kijan pouvwa pretriz la kapab pote benediksyon, dinamize, ak revitalize lavi nou, lavi fanmi nou, ak lavi tout manm Legliz yo.

Li montre nou tout---gason, fi, timoun, moun marye, vèf, oswa selibatè, kèlkeswa sitiyasyon nou---fason nou kapab patisipe nan benediksyon pretriz yo. Gen plizyè sekans uit a douz minit ki eksplike kle, otorite, ak pouvwa pretriz la ak fason li fòtifye yon moun individyèlman, fanmi yo, ak Legliz la.

Gen yon sèn patikilye yo te filme nan yon ti kay pyonye aryè granmè manman mwen, Mary Fielding Smith. Li sete vèv Hyrum, gran frè Pwofèt Joseph la. Kòm paran selibatè, gras ak lafwa solid li nan pretriz la, li te envoke pouvwa sa a e l te apiye sou li pou elve pitit li yo ak pote benediksyon ba yo nan lanmou ak limyè levanjil la. Jodia, posterite li ki gen dèmilye manm ak dirijan fidèl nan Legliz la remèsye li pou lafwa li, kouraj li ak egzanp li.

Nouvo fòmasyon pou dirijan sa a disponib kounyea sous sit entènèt LDS.org la pou tout moun ka wè li ak fè eksperyans avèk li. Nou ka gade l dirèkteman sou sit LDS.org la, oubyen nou ka telechaje li sou konpitè nou, telefòn selilè nou oubyen ipod nou.

Premye Prezidans lan mande “prezidans pye yo ak episkopa yo pou yo rezève youn oubyen plis nan reyinyon konsèy pye yo ak pawas yo pou yo gade tout DVD a. Konsèy pye ak pawas yo dwe diskite sou fason pou yo enplante ansèyman yo prezante yo” ( Lèt Premye Prezidans lan, 1 Feb 2013).

Sa k ladan l yo ap enspire ak motive manm yo nan reyinyon kowòm pretriz yo, nan Sosyete Sekou, Lekoldidimanch, Jènjan, Jènfi---(patikilyèman sa k ap prepare pou al nan misyon yo) ak nan reyinyon Primè yo, oubyen nan klas konbine senkyèm Dimanch yo. Apre sa, manm konsèy yo ap kapab ankouraje moun yo ak paran yo pou yo itilize prezantasyon sa a avèk fanmi yo. Frè m ak sè m yo, fòmasyon pou dirijan sa a se pou chak manm Legliz la. Paran, etidye li pataje li epi diskite sa nou aprann ak sa nou santi yo avèk pitit nou, epi kite yo gade l pou yo ka fè menm bagay la avèk nou tou pou fanmi nou kapab fòtifye atravè pretriz la.

Jezi te di:

“Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè” (Jan 7:37).

“Men, moun ki va bwè nan dlo m’ap ba li a, li p’ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m’ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k’ap ba li lavi ki p’ap janm fini an” (Jan 4:14).

“Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a” (Jan 8:12).

Si nenpòt nan nou santi ta lafwa nou oubyen temwayaj nou sou plan Papa nou ki nan Syèl la mwens pase sa jan l ta dwe ye, se pou l vire pi totalman vè Sovè a. Kite limyè li a ak dlo lavi l la fè pou nou menm ak fanmi nou sa enpe dlo ak enpe limyè te fè pou pote plan tomat fennen an retounen alavi a.

Mwen te kòmanse avèk emèveyman mwen ak admirasyon mwen devan kreyasyon Bondye yo pa pouvwa pretriz la. M ap kontinye ap mande tèt mwen, jan m sipoze anpil nan nou ap fè, si n ap janm totalman konprann pouvwa Bondye pou enstwi nou ak banou benediksyon an. Li si gran, si majestye, si puisan.

Joseph Smith te di: “Prètriz la se yon prensip etènèl; li te egziste avèk Bondye depi nan letènite, e l ap kontinye egziste nan tout letènite, san kòmansman jou ni fen ane” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 104).

Bondye bay tout moun ki aksepte ak onore pretriz li a pouvwa li liberalman, sa ki mennen benediksyon imòtalite ak lavi etènèl la yo pwomèt yo.

Mwen temwanye ke travay Jezikri a akonpli gras ak pretriz la. Se pouvwa Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byenneme li a te itilize pou kreye tè sa a epi kòmanse gwo plan bonè a pou byennèt nou. Se pou nou saj epi chèche fòtifye pwòp lavi pa nou, lavi fanmi nou, ak Legliz Jezikri pou Sèn Dènye Jou yo atravè pouvwa pretriz Bondye a, mwen priye nan non Jezikri, amèn.