2010–2019
Jiskaske nou rankontre ankò
Avril 2013


Jiskaske nou rankontre ankò

Mwen priye pou Senyè a beni nou e pou l pwoteje nou, frè m ak sè m yo. Se pou lapè li pwomèt la rete avèk nou kounyeya e pou tout tan.

Frè m ak sè m yo, ala yon bèl konferans nou te genyen. Mwen konnen nou tout ap dakò avèk mwen pou n di ke mesaj yo te trè enspire. Kè nou te touche, e temwayaj nou konsènan travay divin sa a te fòtifye palefèt ke nou te santi Lespri Senyè a. Se pou nou toujou sonje sa nou te tande yo nan de jou sa yo. Mwen priye nou pou nou kontinye etidye mesaj yo lè yo pibliye yo nan revi Ensign ak Liahona yo

Nou eksprime rekonesans nou pou chak moun ki te pale avèk nou, osibyen pou moun ki te fè priyè yo. Epitou, mizik la te edifyan ak enspiran anpil. Nou renmen bèl Kè Tabènak nou an e nou remèsye tout moun ki te prezante mizik yo tou.

Nou ini ansanm pou eksprime rekonesans nou pou sila yo ki te nan prezidans ak komite jeneral Jènfi yo ki te relve yè yo. Sèvi yo te ekstraòdinè e devouman yo te total.

Nou te soutni, ak men leve, frè ak sè yo ki fèk aple nan nouvo pozisyon yo pandan konferans sa a. Nou vle yo tout konnen ke n ap tann avèk enpasyans pou n sèvi avèk yo nan koz Mèt la.

Nou se yon legliz mondyal, frè m ak sè m yo. Manm nou yo toupatou sou glòb la. Mwen konseye nou pou nou bon sitwayen nan peyi kote na p viv la ak bon vwazen nan kominote nou, lonje lamen bay moun lòt relijyon yo osibyen ke moun relijyon pa nou yo. Se pou nou toleran, janti ak eman anvè moun ki pa pataje menm kwayans ak prensip avèk nou yo. Sovè a te pote sou tè sa a yon mesaj lanmou ak bònvolonte pou tout gason ak tout fi. Se pou nou toujou suiv egzanp li.

Mwen priye pou nou kapab konsyan de bezwen moun ki bòkote nou. Gen moun, patikilyèman pami jèn yo, ki trajiman enplike nan dwòg, imoralite, pònografi, elatriye. Gen moun ki santi yo solitè, enkli vèv yo ak vèf yo, ki anvi konpayi ak atansyon lòt moun. Se pou nou toujou pare pou lonje yon men edan ak yon kè eman ba yo.

N ap viv nan yon epòk nan istwa mond lan kote gen anpil pwoblèm difisil men gen gwo opòtinite ak gwo rezon pou nou rejwi tou. Natirèlman gen moman kote nou sibi desepsyon, doulè, e menm trajedi nan lavi nou. Men, si nou mete konfyans nou nan Senyè a, l ap ede nou nan difikilte nou yo, kèlkeswa sa yo ye. Salmis la te banou asirans sa a: “Lannuit nou kriye, men lajwa vini kou l fè jou.”1

Frè m ak sè m yo, mwen vle nou konnen konbyen mwen rekonesan pou levanjil Jezikri a, ki retabli nan epòk sa yo pa mwayen Pwofèt Joseph Smith. Se kle bonè nou. Se pou, enbleman ak nan lapriyè, nou gen lafwa ke Papa nou ki nan Syèl la kapab gide nou ak beni nou nan lavi nou.

Mwen rann nou temwayaj pèsonèl mwen ke Bondye vivan, Li tande priyè nou fè enbleman yo. Pitit Gason l la, Sovè nou ak Redanmtè nou, pale pou nou chak: “Gade, men mwen kanpe la devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, ma antre lakay li.”2 Se pou nou kwè pawòl sa yo e pwofite de pwomès sa a.

Pandan konferans sa a ap fini an, mwen envoke benediksyon syèl yo sou nou chak. Se pou kay nou ranpli avèk lapè, amoni, koutwazi, ak lanmou. Se pou yo ranpli avèk Lespri Senyè a. Se pou nou nouri ak fòtifye temwayaj nou sou levanjil la, pou yo ka yon pwoteksyon pou nou kont atak Satan yo.

Jiskaske nou rankontre ankò nan sis mwa, mwen priye pou Senyè a beni nou e kenbe nou, frè m ak sè m yo. Se pou lapè li pwomèt la, nou jwenn ni kounyeya e tout tan. Mèsi pou priyè nou fè pou mwen yo ak pou tout Otorite Jeneral yo. Nou rekonesan anpil pou sa. Nan non Sovè nou ak Redanmtè nou an, ke n ap sèvi a, amèn.