2010–2019
Nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la
Avril 2013


Nou se pitit fi Papa nou ki nan syèl la

Antanke pitit fi Bondye, nou tout san parèy e diferan nan sitiyasyon nou ak eksperyans nou. Epoutan, wòl nou enpòtan paske nou gen enpòtans.

Chak semèn, jènfi yo nan tout mond lan repete tèm jènfi yo. Kèlkeswa lang nan, chak fwa m tande pawòl sa yo: “Nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, ki renmen nou, e nou renmen li,”1 Lespri a konfime pou nanm mwen ke se verite. Se non sèlman yon afimasyon sou idantite nou—kiyès nou ye—men se egalman yon konfimasyon sou apatnans nou. Nou se pitit fi yon èt ekzalte!

Nan chak peyi ak chak kontinan m pase, m rakontre jènfi konfyan e elokan, ranpli ak limyè, rafine pa travay di ak eprèv, ki posede yon lafwa pi e senp. Yo gen vèti. Yo se moun k ap kenbe alyans yo fè pou “kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote.”2 Yo konnen kiyès yo ye e yo konnen yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan edifikasyon wayòm Bondye a.

Lè m te nan inivèsite, m te fè pati Gwoup Dans Foklorik Entènasyonal Inivèsite Brigham Young nan. Yon ete, gwoup nou an te gen privilèj espesyal pou nou te vwayaje nan tout misyon Ewòp yo. Sete yon ete difisil pou mwen paske kèk mwa avan sa papa m te mouri sibitman. Pandan nou te an Ekòs, mwen te santi m patikilyèman sèl e m te vin dekouraje. Nou t ap danse nan yon chapèl jou swa sa a, epi aprè prezantasyon an, nou te ale nan kay bòkote a ki sete kay misyon an. Pandan m t ap mache al nan kay la, m te remake yon wòch ki te plase nan yon jaden byen okipe tou pre baryè a. Sou li, mo sa yo te ekri : “Kèlkeswa sa ou ye a, jwe wòl ou a byen.” Nan moman sa a, pawòl sa yo te pwofondeman touche kè mwen, e m te santi m t ap resevwa yon mesaj pa pouvwa k soti nan syèl la. Mwen te konnen gen yon Papa eman nan Syèl la ki konnen mwen. Mwen te santi m pa poukont mwen. M te kanpe la nan jaden an, avèk dlo nan je. “Kèlkeswa sa ou ye a, jwe wòl ou a byen.” Senp deklarasyon sa a te renouvle vizyon mwen ke Papa nou ki nan Syèl la te konnen mwen e l te gen yon plan pou lavi mwen, e lespri a m te santi a te ede m konprann ke pati pa m nan konte.

Nan apre, m te aprann ke menm pwovèb sa a te motive pwofèt David O. McKay pandan l t ap sèvi kòm yon jèn misyonè nan Ekòs. Li te wè l ekri sou yon bilding nan yon moman dekourajman nan misyon li, e pawòl sa yo te fòtifye li. Dèzane apre, lè yo t ap demoli bilding nan, li te fè aranjman pou l te jwenn plak la e li te mete l nan jaden kay misyon an.3

Antanke pitit fi Bondye, nou chak inik e diferan nan sitiyasyon nou ak eksperyans nou. Men, pati pa nou an ko paske we konte. Patisipasyon nou chak jou pou nouri, enstwi, ak pran swen lòt moun yo kapab sanble l banal, difisil ak imilyan pafwa, men, si nou sonje premye liy nan tèm jènfi yo “Nou se pitit fi Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou” an—l ap fè tout diferans lan nan relasyon nou ak nan reyaksyon nou.

Dènyèman, manman m ki te gen 92 an te mouri. Li te kite vi mòtèl sa a jan l te viv li a—diskrètman. Lavi li pa t dewoule jan l te planifye l la. Mari li, papa m, te mouri nan laj karannsenkan, li te kite l avèk 3 timoun—mwen menm ak 2 frè mwen. Manman m te rete vèv pandan karannsetan. Pou l te kapab pran swen fanmi an, li te anseye nan lekòl pandan lajounen e li te bay leson pyano aswè. Li te pran swen papa li, gran papa m, ki te fin vyeyi, ki t ap viv nan kay soukote nou an. Li te asire l ke nou chak pran yon diplòm. Li te ensiste sou sa yon fason pou nou te ka kontribye. E li pa t jan m plenyen. Li te kenbe alyans li yo, e paske l te fè sa, li te atire pouvwa syèl yo pou beni fwaye nou ak pou jwenn mirak. Li te apiye sou pouvwa lapriyè, sou prètriz la, ak pwomès alyans yo. Li te sèvi Senyè a fidèlman. Devouman konstan li te bay nou menm pitit li yo estabilite. Li te konn souvan ap repete nou ekriti sa a : “Mwen menm Senyè a m anba obligasyon lè nou fe sa m di; men, lè nou pa fè sa m di, nou pa gen pwomès.”4 Sa sete deviz li, e li konnen sa te vre. Li te konprann kisa sa vle di pou yo moun kenbe alyans li. Mond lan pa t janm te rekonèt li. Li pa t vle sa. Li te konprann kiyès li te ye e pou kiyès li te ye :yon pitit fi Bondye. Veritabman, nou ka di jodia anpalan de manman nou, ke li te jwe wòl pa l la byen.

Pandan l t ap pale de fi ak manman, Prezidan Gordon B. Hinckley te di yon fwa:

“Nou pa dwe janm bliye fòs yon fi. ... Se manman yo ki pi pwofondeman enfliyanse lavi pitit yo. ... Se manman ki nouri yo e ki elve yo nan fason Senyè a. Enfliyans manman yo esansyèl. ...

Yo se kreyatè lavi. Yo se nouris pitit yo. Yo se enstriktris jènfi yo. Yo se konpay endispansab nou. Yo se asosye nou nan bati wayòm Bondye a. Ala gran wòl yo gran, ala kontribisyon yo ekstraòdinè.”5

Konsa, kijan yon manman ak yon papa ka enkilke nan pitit fi yo verite nòb e etènèl sa a ke l se pitit fi Bondye a? Nan ki fason nou ka ede l soti nan mond lan pou antre nan wayòm Bondye a?

Nan yon mond kote valè moral yo ap tonbe, jènfi yo bezwen gason ak fi ki “kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay e tout kote.” Sa pa t janm te osi enpòtan pase jan l ye jodia. Jènfi yo bezwen manman ak modèl ki montre egzanp feminite plen vèti. Manman, relasyon nou avèk pitit fi nou gen enpòtans primòdyal, tou kòm egzanp nou tou. Fason nou renmen ak onore papa pitit fi nou an, prètriz li a, ak wòl diven li ap reflete e petèt anplifye nan atitid ak konpòtman pitit fi sa a.

Ki pati sa a nou tout dwe « byen jwe » a? Pwoklamasyon sou fanmi an klè:

“Dapre plan diven an, papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis epi yo responsab pou yo bay fanmi yo tout sa yo bezwen nan lavi a ak pwoteksyon. Manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo. Nan responsablite sakre sa yo, manman ak papa gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal. ...

“Nou avèti ke moun ki vyole alyans chastete, ki maltrete konjwen yo oubyen pitit yo, oubyen ki pa akonpli responsablite familyal yo pral rann kont devan Bondye yon jou.”6

Nan sosyete imoral nan epòk Mòmon an, li te plenyen dèske yo te pran bagay ki pi chè ak pi presye fi yo te kapab posede a—ki se vèti yo ak chastete yo.7

Ankò, m ap renouvle apèl pou nou retounen nan vèti a. Vèti se fòs ak pouvwa pitit fi Bondye yo. Kisa mond la t ap sanble si abitid vèti nan panse ak konduit ki baze sou prensip moral elve, enkli chastete8—ta retabli nan sosyete nou an paske yo konsidere yo kòm bagay ki gen gwo valè? Si imoralite, pònografi, ak abi ta diminye, èske t ap gen mwens maryaj ki kraze, mwens lavi ki brize, ak mwens kè brize? Èske medya yo t ap elve ak valorize pitit fi Bondye yo olye ke yo degrade yo e pran yo pou objè? Si tout limanite ta reyèlman konprann deklarasyon sa a ki di : “Nou se pitit fi Papa nou ki nan syèl la,” kijan yo t ap gade fi e kijan yo t ap trete fi yo?

Sa gen kèk ane, lè yo t ap bati Sant Konferans sa a e l te prèske fini, mwen te antre nan bilding sakre sa a rive sou balkon an, avèk yon bon kaskèt ak linèt pwoteksyon, pare pou m te netwaye kapèt la mari m t ap ede enstale a. Kote chè a kanpe a kounyeya te gen yon ti traktè yo te itilize pou ranmase tè pandan konstriksyon an, e pousyè a te anpil nan bilding sa a. Lè l te retonbe, li te tonbe sou nouvo kapèt la. Travay pa m sete pou pase aspiratè. Konsa, mwen te netwaye, netwaye, netwaye. Apre twa jou ti aspiratè m nan te boule!

Jou aprèmidi anvan premye konferans jeneral la nan bèl bilding sa a, mari m te rele m. Li ta pral enstale dènye moso kapèt la—anba pipit istorik sa a.

Li te mande : “Ki pasaj ekriti m ta dwe nan do kapèt sa a? ”

M te di l: “Mozya 18:9: ‘Kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote.”

Nan yon tan ekstrèmeman difisil, se sa m wè jènfi yo ak tout fi nan legliz sa a ap fè. Yo se yon enflyians benefik pou mond lan. Yo gen vèti e yo egzanplè, yo entelijan e yo konn travay. Yo fè yon diferans paske yo diferan. Y ap byen jwe pati pa yo a.

Sa gen kèk ane, lè m t ap pase aspiratè sou kapèt sa a, pandan m t ap eseye jwe ti wòl pa m nan, mwen pa t panse ke yon jou m ta pral youn nan moun ki kanpe sou kapèt sa a, sou chè sa a.

Jodia, antanke yon pitit fi Bondye, mwen kanpe kòm temwen pou di li vivan. Jezi se Kris la. Li se Redanmtè nou. Se gras avèk sakrifis ekspyatwa enfini l la ke yon jou m pral retounen viv avèk li—epwouve, pi, e sele nan yon fanmi etènèl. Ma va toujou louwe li pou privilèj li ban mwen pou m se yon fi, yon madanm, ak yon manman an. Mwen temwaye ke nou dirije pa yon pwofèt Bondye, Prezidan Thomas S. Monson, e m rekonesan pou gason jis yo, ke pouvwa prètriz yo beni lavi m nan. E m ap toujou rekonesan pou fòs mwen resevwa nan pouvwa enfini Ekspyasyon Sovè a pandan m ap kontinye efòse pou m “fè pati pa [m] nan.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Young Women Personal Progress (booklet, 2009), 3.

  2. Mozya 18:9.

  3. Gade Matthew O. Richardson, “‘What E‘er Thou Art, Act Well Thy Part’: John Allan’s Albany Crescent Stone,” Journal of Mormon History, vol. 33 (Fall 2007), 31–61; Francis M. Gibbons, David O. McKay: Apostle to the World, Prophet of God (1986), 45.

  4. Doktrin ak Alyans 82:10.

  5. Gordon B. Hinckley, “Standing Strong and Immovable,” Worldwide Leadership Training Meeting, Jan. 10, 2004, 21.

  6. “The Family: A Proclamation to the World,” Ensign or Liahona, Nov. 2010, 129.

  7. Gade Mowoni 9:9.

  8. Gade Young Women Personal Progress, 70.