2010–2019
Nou fè youn
Avril 2013


Nou se youn

Mwen priye pou, kèlkeswa kote nou ye e kèlkeswa devwa nou genyen nan prètriz Bondye a, nou ka ini nan koz ki se pote levanjil la nan tout antye lan.

Senyè a te rann klè nan kòmansman dènye dispansasyon sa a ke nou dwe pote levanjil la bay tout mond la. Sa l te di kèk grenn detantè prètriz yo nan ane 1831 an li di l pou anpil detantè jodia. Kèlkeswa laj nou, konpetans nou, apèl nou nan legliz la, ak kote nou rete, nou tout aple pou nou travay ansanm pou nou ede li nan rekòt nanm li a jiskaske li vini ankò.Li te di moun ki t ap travay nan jaden rezen l lan:

“Epi m di nou ankò, m ap ba nou yon kòmandman, pou chak gason ke li se ansyen, prèt ak enstriktè, ak manm ale avèk pisans li, avèk travay men li pou prepare epi pou akonpli bagay m te kòmande yo.

“Epi se pou predikasyon nou yo sèvi kòm yon vwa avètisman, chak moun pou pwochen li, nan jantiyès epi dousè.

“Epi soti pami mechan yo. Sove tèt nou. Nou dwe pwòp nou menm k ap pote vesèl Senyè a.”1

Kounyeya, nou menm manm Pretriz Aawon yo nou kapab wè ke kòmandman Senyè a enkli nou menm tou. Etandone nou konnen Senyè a toujou prepare yon mwayen pou yon moun respekte kòmandman li, nou ka espere ke l ap fè sa pou nou chak.

Kite m rakonte nou kijan li te fè sa pou yon tigason ki kounyeya gen ofis prèt nan Prètriz Aawon an. Li gen 16 an. L ap viv nan yon peyi kote misyonè yo fèk antre sa gen jis ennan. Yo te afekte yo pou de vil, men pa vil kote tigason an ap viv la.

Lè l te tou piti, paran l te mennen l Uta pou rezon sekirite. Misyonè yo te anseye fanmi li e yo te batize. Li pa t batize li menm paske li potko gen uitan.

Paran l te mouri nan yon aksidan. Konsa grann ni te fè l retounen nan peyi li, lòtbò lanmè, ale nan vil kote l te fèt la.

Sa gen ennan, pandan l t ap mache nan lari a, nan mwa Mas la, li te santi l pouse pou l te pale avèk yon madanm li pa t menm te konnen. Li te pale avèk madanm nan nan ti bout Anglè li te toujou sonje a. Madanm nan sete yon enfimyè prezidan misyon an te voye nan vil la pou al chèche kay ak doktè pou misyonè ke yo ta pral voye nan zòn nan. Li menm ak madanm nan te vin fè zanmi pandan yo te pale a. Lè fi a te retounen nan kay misyon an, li te pale misyonè yo de tigason an.

De premye misyonè yo te rive an Septanm 2012. Tigason òfelen an sete premye batèm yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Rive Mas ane sa a, li te gen tan manm depi kat mwa. Li te òdone kòm prèt nan Prètriz Aawon an epi konsa li te ka batize dezyèm konvèti a nan legliz la. Li sete premye pyonye prètriz la nan rasanble lòt pitit Papa nou ki nan Syèl la avèk li pou etabli Legliz la nan yon vil apeprè 130.000 moun.

Jou Dimanch Pak, 31 Mas 2013 la, manm nan legliz la nan vil sa a te grandi rive sis. Li sete sèl manm lokalite a ki te patisipe nan reyinyon an jou Dimanch sa a. Nan lavèy, li te blese nan jenou, men li te detèmine pou l te prezan. Li te priye pou l te kapab mache ale legliz la. E konsa, li te la. Li te pran Senstèn avèk kat jèn frè misyonè ansanm ak yon koup misyonè.

Istwa sa a pap sanble l twò ekstraòdinè si nou pa rekonèt men Bondye nan li pou bati wayòm ni an. Mwen wè sa anpil fwa.

M te wè sa nan Nouvo Meksik lè m te jèn. Depi dè jenerasyon, pwofèt yo ap di nou ke nou dwe ede misyonè yo jwenn ak anseye moun k ap sensèman chèche yo epi renmen moun ki vini yo nan wayòm ni an.

Mwen wè pèsonèlman kisa dirijan fidèl nan prètriz la ak manm fidèl kapab fè. An 1955 mwen te vin ofisye nan Lame Ayeryen Etazini an. Evèk mwen nan pawas mwen an te ban m yon benediksyon anvan m te pati ale nan premye baz mwen, ki sete Albuquerque, nan Nouvo Meksik.

Nan benediksyon sa a li te di ke tan m nan lame a t ap pase nan sèvis misyonè. Mwen te rive nan legliz la premye Dimanch mwen nan Premye Branch Albuquerque la. Yon mesye te mache vin jwenn mwen, li te prezante tèt li kòm prezidan distri a, epi l te di m li ta pral aple m pou m te sèvi kòm misyonè distri.

Mwen te di l se kèk semèn sèlman mwen t ap isit la pou fòmasyon epi apresa yo ta pral voye m yon lòt kote nan mond lan. Li te di: “M pa konnen, men m santi nou dwe aple ou pou w sèvi.” Nan mitan fòmasyon militè m nan, nan sa ki te parèt yon aza, yo te chwazi m pami dèsantèn ofisye ki t ap pran fòmasyon an pou m te pran plas yon ofisye nan katye jeneral ki te mouri sibitman.

Konsa, pandan dezan m te la yo, mwen te travay nan biwo mwen. Nan pifò sware yo ak chak wikenn, m te anseye levanjil Jezikri a bay moun manm yo te prezante nou.

Konpayon m yo avèk mwen te travay plis pase 40 èdtan pa mwa nan travay misyonè nou an san nou pa t oglije, menm yon sèl fwa, al frape nan pòt pou nou te jwenn moun pou nou te anseye. Manm yo te sitèlman mennen moun ba nou ke nou te souvan anseye de fanmi nan yon sware. M te wè pèsonèlman pouvwa ak benediksyon ki gen nan apèl repete pwofèt yo fè pou chak manm se yon misyonè a.

Dènye Dimanch avan m te kite Albuquerque la, yo te òganize premye pye nan vil sa a. Kounyeya yo gen yon tanp, yon kay Senyè a, nan yon vil kote yon fwa nou te konn reyini nan yon chapèl avèk sen ki te mennen zanmi yo ba nou pou nou te anseye e pou te santi temwayaj Lespri a. Yo te santi yo te lakay yo nan vrè Legliz Senyè a.

Mwen te wè sa ankò nan Nouvèl Angletè lè m t al fè etid mwen. Yo te aple m kòm konseye yon prezidan distri fòmidab, ki, odepa, pa t enterese ditou nan Legliz la men ki te retounen e te vin tounen yon gwo jeyan espirityèl. Enstriktè nan fwaye li te renmen l ase pou l te inyore sigarèt li t ap fimen an e l te wè sa Bondye te ka wè nan li. Prezidan distri a avèk mwen te konn kondi travèse mòn ak rivyè pou n t al vizite yon pil ti bran ki te epapiye nan tou eta Massachusetts ak Rhode Island yo pou n te bati ak beni wayòm Bondye a.

Nan ane m te sèvi avèk gwo dirijan sa a, nou te wè moun ki t ap mennen zanmi yo nan legliz la atravè egzanp yo ak envitasyon yo te bay pou yo te vin koute misyonè yo. Pou mwen menm, kwasans branch sa yo te parèt lan e ensèten. Men, jou Dimanch anvan m te kite a, senkan apresa, de Apot te vini pou òganize distri nou an fè l vin yon pye, nan chapèl Longfellow Park la, nan Cambridge.

Dèzane apre, mwen te retounen al dirije yon konferans pye nan kote sa a. Prezidan pye a te mennen m wè yon kolin nan Belmont. Li te di m se t ap yon anplasman ideyal pou yon tanp Bondye. Gen yon tanp nan kote sa a jodia. Lè m ap gade li, mwen sonje manm enb sa yo m te chita avèk yo a nan ti branch piti sa yo, ak vwazen yo te konn envite yo ak misyonè yo ki t ap anseye yo a.

Gen yon nouvo dyak nan reyinyon sa a isit la aswè a. Mwen te avèk li menm jou Dimanch Pak sa a kote prèt la m te pale anvan an, te mache apye pou al nan reyinyon ki te gen yon sèl manm nan. Dyak la te souri anpil lè papa l te di l li t ap mennen l nan reyinyon prètriz la avèk li aswè a. Papa l sete yon gwo misyonè nan menm misyon kote granpapa l te prezidan an. Mwen te wè Manyèl misyonè gran gran papa l te genyen an 1937 la. Fanmi li gen yon gwo eritaj nan mennen moun vin antre nan legliz la.

Mwen te pale avèk evèk dyak sa a pou m te dekouvri ki eksperyans li ta renmen nan ranpli responsablite prètriz li pou travay pou rasanble moun pou Senyè a. Evèk la te plen antouzyas lè l t ap dekri kijan dirijan misyon pawas la suiv pwogrè envestigatè yo. Li jwenn enfòmasyon sa yo gras ak kontak regilye li genyen avèk misyonè yo.

Evèk la ak konsèy pawas la pale sou pwogresyon chak envestigatè. Yo deside kisa yo ka fè pou chak moun ak fanmi yo pou ede yo vin zanmi anvan batèm yo, pou enkli yo nan aktivite yo, ak nouri moun ki batize yo. Li te di misyonè yo te konn pafwa gen sitèlman randevou pou yo anseye ke yo te konn pran detantè prètriz Aawon yo kòm konpayon.

Plan misyon pawas la enkli bi kowòm yo pou envite moun yo konnen vin rankontre misyonè yo. Menm prezidans kowòm dyak la envite pou fikse bi ak planifye pou manm kowòm li yo ede mennen moun yo konnen nan wayòm Bondye a.

Kounyeya, yon moun ka panse ke dyak yo nan pawas solid sa a ak nouvo prèt la---konvèti a--- nan ti nouvo gwoup manm toupiti a sanble yo pa gen anpil bagay an komen, antre yo oubyen avèk nou. Ou petèt pa wè anpil resanblans avèk eksperyans pa ou nan edifye Legliz la avèk sa m te konsidere kòm mirak yo nan Nouvo Meksik ak nan Angletè a.

Men gen yon fason kote nou kapab fè youn nan responsablite nou nan prètriz la. Nou sanktifye tèt nou e nou ranpli devwa endividyèl nou nan kòmandman pou nou pote levanjil la bay tout pitit Papa nou ki nan Syèl la yo.

Nou fè menm eksperyans yo nan fason Senyè a bati wayòm ni sou tè a. Nan legliz li a, avèk tout bèl zouti ak òganizasyon li ba nou yo, toujou gen yon verite fondamantal pwofèt yo anseye sou fason nou dwe ranpli devwa nou nan prètriz la pou travay misyonè a.

Nan konferans jeneral Avril 1959 la, Prezidan David O. McKay te anseye prensip sa a, jan pwofèt yo anseye l depi jou sa a, enkli Prezidan Thomas S. Monson. Prezidan McKay te di nan diskou final li a ke an 1923 nan Misyon Anglè a, te gen yon enstriksyon jeneral yo te voye bay manm yo nan Legliz la. Yo te mande yo pou yo pa t depanse lajan yo pou fè piblisite ak pou konbat move santiman moun yo te genyen sou Legliz la. Prezidan McKay te di desizyon an sete “Mete responsablite sou do chak manm Legliz la pou ke, nan ane k pral vini an, 1923, chak manm se yon misyonè. Chak manm se yon misyonè! Ou gen dwa mennen manman w nan legliz la, oubyen papa w oubyen kòlèg travay ou. Yon moun va tande mesaj levanjil la gras avèk ou menm.”

Epi Prezidan McKay te kontinye: “E se mesaj la jodia.Chak manm—yon milyon demi—se yon misyonè!2

Lè yo te anonse an 202 a ke travay misyonè t ap vin responsablite evèk yo, mwen te etone. M sete youn ladan yo yon fwa. Pou mwen menm, kantite travay evèk yo te deja genyen pou sèvi manm yo ak dirije òganizasyon yo nan pawas la te deja prèske twòp pou yo.

Yon evèk m te konnen pa t wè l kòm yon devwa yo te ajoute sou do li men kòm yon opòtinite pou l te fè pawas la vin fè youn nan yon gwo travay kote chak manm vin yon misyonè. Li te aple yon dirijan misyon pawas. Li te reyini avèk misyonè yo li menm chak Samdi pou l te aprann sou travay yo ak pou ankouraje yo. konsèy pawas la te jwenn mwayen pou òganizayson yo ak kowòm yo itilize eksperyans sèvi yo kòm preparasyon misyonè. Epi, kòm jij nan Izrayèl, li te ede jèn yo santi benediksyon Ekspyasyon an pou te kenbe yo pi.

Dènyèman m te mande l kijan li te eksplike ogmantasyon rapid batèm nan pawas li a ak ogmantasyon kantite jèn ki te pare e pa ka tann pou y al pote levanjil Jezikri a bay mond lan. Li te di pou li menm se pa t sitèlman travay moun yo te fè a men fason yo te vin fè youn nan antouzyas yo pou mennen moun nan kominote Sen yo ki te reyalize bèl bagay sa a.

Pou kèk moun sete sa e plis toujou. Tankou pitit gason Mozya yo, yo te santi efè peche nan lavi yo ak bèl gerizon Ekspyasyon an ki andedan Legliz Bondye a. Pa amou ak gratitid pou kado Sovè a te fè yo a, yo te vle ede tout moun yo te ka fè soti anba tristès peche, vin santi lajwa padon, epi reyini avèk yo nan wayòm Bondye a.

Sete amou Bondye ak lanmou pou zanmi yo ak pwochen yo ki te ini yo pou yo te sèvi moun yo. Yo te vle pote levanjil la bay tout moun nan pati pa yo a nan mond lan. Epi yo te prepare pitit yo pou yo te diy pou aple pa Senyè a pou anseye, temwaye, ak sèvi nan lòt pati yo nan jaden rezen l lan.

Keseswa nan yon gwo pawas la kote nouvo dyak la pral akonpli devwa li pou pataje levanjil la ak bati wayòm nan oubyen nan ti gwoup piti byen lwen an kote nouvo prèt la ap sèvi a, y ap fè youn nan objektif yo. Dyak la ap enspire pa amou Bondye pou l lonje lamen bay yon zanmi ki poko manm. La va enkli zanmi l lan nan sèvis oubyen aktivite nan legliz la epi apresa envite li menm ak fanmi li pou misyonè yo anseye yo. Pou moun ki gentan batize yo, l ap vin zanmi yo pral bezwen an.

Prèt la ap envite lòt moun pou vin jwenn ni nan tigwoup Sen an kote li te santi amou Bondye a ak lapè beni Ekspyasyon an.

Si l kontinye fidèl nan devwa prètriz li, l ap wè gwoup la vin tounen yon branch, epi apresa yon pye Siyon ap vini nan vil sa a. Ap gen yon pawas avèk yon bon evèk. Se gen dwa youn nan pitit li oswa pitit pitit gason l yo ki pral sèvi yon jou pou mennen yon sèvitè Bondye nan yon kolin tou pre a pou di “Sa a se ta ap yon bon anplasman pou yon tanp.”

Mwen priye pou kèlkeswa kote nou ye e kèlkeswa devwa nou genyen nan prètriz Bondye a, n ap ini nou nan koz pou pote levanjil la bay tout mond lan e pou nou ankouraje moun nou renmen yo pou yo pwòpte soti nan peche e pou yo vin gen lajwa avèk nou nan wayòm Bondye a. Nan non Jezikri, ke Legliz sa a se legliz li a. amèn.