2010–2019
Nou kwè nou dwe chas
Avril 2013


Nou Kwè nou Dwe…Chas

Obeyi lwa chastete a ap ogmante bonè nou nan mòtalite a e l ap pèmèt nou pwogrese nan letènite.

Mesaj mwen an poze yon kesyon fondamantal ki gen yon gwo konsekans espirityèl: Poukisa lwa chastete a enpòtan konsa? Mwen priye pou Sentespri a konfime verasite prensip m pral souliyen yo.

Plan bonè Papa a

Moun kapab konprann enpòtans etènèl chastete sèlman nan kontèks pi laj plan bonè Pè Selès nou an pou pitit Li yo. “Tout kretyen vivan--- gason ak fi -- kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven.” (Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129). Tout gason ak tout fi te viv avèk Bondye kòm pitit lespri Li anvan yo te vini sou tè a kòm èt mòtèl. Plan Papa a pèmèt pitit gason ak pitit fi lespri l yo rive gen kò fizik, fè eksperyans mòtèl, epi pwogrese pou ale nan egzaltasyon.

Enpòtans Yon Kò Fizik

Kò fizik nou rann posib yon kantite eksperyans pwofon ak entans ke nou pa tap kapab genyen nan egzistans premòtèl nou an senpleman. Konsa, relasyon nou avèk lòt moun, kapasite nou pou nou rekonèt epi aji selon laverite ak kapasite nou pou nou obeyi prensip ak òdonans yo nan levanjil Jezikri a vin pi gwo nan kò fizik nou. Nan lekòl mòtalite a, nou fè eksperyans tandrès, lanmou, bonte, kè kontan, tristès, desepsyon, doulè, e menm defi limitasyon fizik nan yon seri fason ki prepare nou pou letènite. Pou nou di l yon fason senp, gen leson nou dwe aprann ak eksperyans nou dwe fè, jan ekriti yo dekri l la “daprè kò fizik la” (1 Nefi 19:6; Alma 7:12–13).

Pouvwa pou Fè Pitit la

Apre tè a te fin kreye, Bondye te plase Adan nan Jaden Edenn nan. Sepandan, yon bagay ki enpòtan, Bondye te di: “Sa pa bon pou lòm rete pou kont li” (Moyiz 3:18; gade Jenèz 2:18) tou, epi Èv te vin tounen madanm Adan ak èd li. Konbinezon inik kapasite espirityèl, fizik, mantal, ak emosyonèl toulède ni gason ni fi te nesesè pou aplike plan bonè a. Men, nan lavi n ap mennen ansanm ak Senyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm ” (1 Korentyen 11:11). Gason ak fi fèt pou youn aprann nan men lòt, pou youn fòtifye lòt, pou youn beni ak pèfeksyone lòt.”

Se Bondye ki tabli mwayen ki sèvi pou kreye lavi mòtèl la. “Premye kòmandman… Bondye te bay Adan ak Èv te konsène potansyèl yo pou yo te vin paran kòm mari ak madanm(Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129). Kòmandman pou yo fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a toujou an vigè jodia. Konsa, maryaj ant yon gason ak yon fi se metòd otorize ki la pou pèmèt espri premòtèl yo antre nan mòtalite. Se abstinans seksyèl konplè anvan maryaj ak fidelite total nan maryaj ki pwoteje sentete metòd sakre sa a.

Pouvwa fè pitit la gen yon siyifikasyon espirityèl. Lè moun mal sèvi avèk pouvwa sa a, sa deranje plan Papa ak bi egzistans mòtel nou an. Papa nou ki nan Syèl la ak Pipit Gason Byeneme L la se kreyatè yo ye e yo konfye nou chak yon pòsyon nan pouvwa Kreyatè yo a. Direktiv espesyal pou moun byen sèvi ak kapasite pou yo kreye lavi se eleman vital nan plan Papa a. Jan nou santi nou ak jan nou sèvi avèk pouvwa diven sa a ap detèmine nan yon gran mezi bonè nou nan vi mòtèl la ak desten nou nan letènite.

Èlder Dallin H. Oaks te ekplike:

“Pouvwa kreye lavi mòtèl la se pouvwa ki pi sakre Bondye bay pitit Li yo. Nou te resevwa lòd pou nou sèvi avèk li nan premye kòmandman an, men nou te resevwa yon lòt kòmandman enpòtan ki entèdi nou mal sèvi avèk li. Aksan nou mete sou lwa chastete a jwenn eksplikasyon l nan jan nou konprann bi pouvwa pou nou kreye a kòm yon pati nan akonplisman plan Bondye a….

“Deyò lyen maryaj la, tout lòt jan moun sèvi avèk pouvwa fè pitit la se yon degradasyon koupab ak yon pèvèsyon atribi ki pi diven gason ak fi genyen an.” (“The Great Plan of Happiness,” Ensign, Nov. 1993, 74).

Nòm Moralite Seksyèl la

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen yon sèl nòm moralite seksyèl ki pa janm chanje: relasyon entim apwopriye sèlman ant yon gason ak yon fi nan relasyon maryaj ki preskri nan plan Bondye a. Relasyon sa yo pa senpleman yon kiryozite pou moun eksplore, yon apeti pou moun satisfè, oswa yon tip rekreyasyon ou amizman pou moun chèche jwenn nan yon fason egoyis. Yo pa yon konkèt ou senpleman yon ak pou moun akonpli. Depreferans, nan mòtalite yo se youn nan dènye ekspresyon nati ak potansyèl diven nou ak yon fason pou ranfòse lyen emosyonèl ak espirityèl ant mari ak madanm. Nou se ajan beni ki gen libète pou nou aji pou tèt nou e yo defini nou pa eritaj diven nou kòm pitit Bondye – men non pa konpòtman seksyèl, atitid kontanporen, oswa filozofi monden.

Lòm Natirèl

Nan yon sèten sans, lòm natirèl Wa Bejamen dekri a vivan e li byen nan nou chak (gade Mozya 3:19). Gason oswa fi natirèl pa repanti. Li chanèl e li sansyèl (gade Mozya 16:5; Alma 42:10; Moyiz 5:13), li liberal e li fè anpil eksè, li ògeye e li egoyis. Jan Prezidan Spencer W. Kimball te anseye a: “ ‘Lòm natirèl’ la se ‘lòm terès’ ki kite pasyon animal gwosye kouvri panchan espirityèl li” (“Ocean Currents and Family Influences,” Ensign, Nov. 1974, 112).

Yon lòtbò, “yon gason [oswa yon fi] ki moun Kris la” (Elaman 3:29) se yon moun ki espirityèl e li kontwole tout pasyon li (gade Alma 38:12),, li tanpere, li kontwole tèt li, li byenveyan epi li pa ap chèche enterè pa l. Gason ak fi ki nan Kris la kenbe pawòl Bondye a, yo bliye tèt yo epi yo pran kwa Li (gade Matye 16:24; Mak 8:34; Lik 9:23; D&A 56:2), epi yo avanse sou wout dwat ak etwat la ki mennen nan fidelite, obeyisans ak devouman pou Sovè a ak pou levajil Li a.

Paske nou se pitit gason ak pitit Bondye, nou eritye kapasite diven ki soti nan Li. Men nou ap viv kounyeya nan yon mond dechi. Eleman prensipal ki te sèvi pou kreye kò nou yo dechi pa nati yo e y ap toujou tonbe anba peche, kòripsyon ak lanmò. Pa konsekan, Chit Adan ak Èv la ak konsekans espirityèl ak tanporèl li afekte nou pi dirèkteman nan kò fizik nou. E poutan, nou se èt ki gen de pati, paske espri nou ki se pati etènèl nou an loje nan yon kò fizik ki sijè afekte pa Chit la. Jan Jezi te souliye l pou Apot Pyè a: “Lespri a vrèman byen dispoze, men kò a fèb” (Matye 26:41).

Konsa, nati egzak tès mòtalite a kapab rezime nan kesyon sa a: Èske m reponn a tandans lòm natirèl, oubyen èske mwen soumèt mwen anba enfliyans Sentespri a epi retire lòm natirèl la pou m vin tounen yon sen pa mwayen Ekspyasyon Chris la, Senyè a (gade Mozya 3:19)? Sa a se tès la. Nou kapab simonte tout apeti, dezi, panchan ak pouse lòm natirèl la pa mwayen Sakfis Ekspyatwa Jezikri a. Nou isit sou tè a pou nou kapab devlope kalite diven ak kontwole tout pasyon lachè yo.

Entansyon Advèsè a

Plan Papa a fèt pou bay pitit Li yo direksyon, pou ede yo vin gen kè kontan, epi mennen yo retounen al jwenn ni lakay an sekirite avèk kò ki resisite ak ezalte. Pè Selès la vle pou nou ansanm nan limyè a epi pou nou ranpli avèk espwa. Yon lòt kote, Lisifè ap travay pou mete konfizyon nan mitan pitit gason ak pitit fi Bondye yo, pou rann yo malere epi bloke pwogresyon etènèl yo. Bi prensipal papa manti a se pou fè nou tout vin “mizerab menm jan avèk li” (2 Nefi 2:27). Lisifè vle pou nou finalman vin poukont nou nan tenèb epi san espwa.

Satan ap travay san rete pou defòme eleman ki pi enpòtan yo nan plan Papa a. Li pa gen yon kò e pwogresyon etènèl li kanpe. Menm jan yon baraj kanpe dlo ki ap koule nan yon rivyè, se konsa pwogresyon etènèl li kontrarye paske li pa gen yon kò fizik. Akozde rebelyon l lan, Lisifè anpeche tèt li jwenn tout benediksyon ak eksperyans mòtalite a ki posib pou moun ki gen kò ki fèt avèk chè ak zo. Li pa kapab aprann leson ke sèlman espri ki gen kò kapab aprann yo. Li pa kapab tolere reyalite yon rezirèksyon literal ak inivèsèl pou limanite. Youn nan siyifikasyon puisan mo dane a ilistre nan enkapasite l pou l kontinye devlope epi vin tankou Papa nou ki nan Syèl la.

Paske yon kò fizik si enpòtan pou plan bonè Papa a ak pou devlopman espirityèl nou, Lisifè ap chèche bloke pwogresyon nou pandan l ap tante nou pou nou sèvi mal avèk kò nou. Youn nan dènye iwoni letènite a sè ke advèsè a, ki miserab egzakteman poutèt li pa gen kò fizik, ap pouse nou pou n pataje mizè l la nan sèvi mal avèk kò nou. Se zouti li pa genyen an menm ki premye objektif li pou l atire nou nan destriksyon espirityèl.

Vyole lwa chastete a se yon gwo peche ak yon move izaj tabènak fizik nou. Pou moun ki konnen e ki konprann plan Sali a, souye kò a se yon zak rebelyon (gade Mozya 2:36–37; D&A 64:34–35) ak yon demanti vrè idantite nou kòm pitit gason ak pitit fi Bondye. Lè nou gade pi lwen kesyon mòtalite a epi panche nou sou letènite, li fasil pou nou wè klè ke fo zanmitay advèsè a sigjere a tanporè epi vid.

Benediksyon Moun ki Chas

Alma te konseye pitit gason l Shiblon pou l “kontwole tout pasyon [l] yo, pou l te kapab ranpli ak lanmou ” (Alma 38:12). Menmjan tou, disipline lòm natirèl la lakay nou chak rann lanmou Bondye pou pitit li yo pi rich, pi pwofon, ak pi endiran. Lanmou ogmante lè gen kontwòl ki jis pou nou pa tonbe nan peche e li diminye lè nou sikonbe anba tantasyon.

Prezidan Mario G. Romeny te deklare:

“Mwen pa kapab panse a okenn benediksyon moun bezwen plis pase sa Senyè a pwomèt moun ki gen kè pi e ki vètye yo. Jezi te pale de rekonpans espesyal pou diferant vèti men, dapre mwenmenm, sanble li rezève pi gwo a pou moun ki gen kè pi yo, paske li te di: “Y ap wè Bondye” (Mat. 5:8). E non sèman y ap wè Bondye men tou y ap santi yo alèz nan prezans li.

“Men… pwomès Sovè a: ‘Se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye’ (D&A 121:45)” (“Trust in the Lord,” Ensign, Me 1979, 42).

Nou resevwa pwomès ke, pandan n ap mache sou wout vèti a: “Sentespri a ap konpayon nou tout tan” (D&A 121:46). Konsa, viv lwa chastete a envite kèk nan pi gwo benediksyon gason ak fi kapab resevwa nan vi motèl la: konfyans espirityèl apwopriye nan prezans fanmi, zanmi, kòlèg nan Legliz la, epi finalman, Sovè a. Nou satisfè dezi natirèl nou pou nou aseptab la nan lajistis lè nou mache nan limyè avèk espwa.

Prensip Repantans lan

Kèk nan noumenm k ap resevwa mesaj sa a bezwen repanti pou peche seksyèl oswa lòt peche. Souvan moun di Gran Doktè a lè y ap pale de Sovè a, e tit sa a gen ni sans senbolik ni sans literal. Nou tout fè esksperyans doulè ki asosye avèk yon blesi fizik oswa yon plè. Lè nou gen doulè, nou chèche sekou tou nòmalman e nou rekonesan pou remèd ak tretman ki ede nou soulaje soufrans nou an. Konsidere peche kòm yon blesi espirityèl ki koze kilpabilite oswa “remò konsyans(Alma 42:18). jan Alma dekri l pou pitit gason l lan Koryanton. Efè kilpabilite sou espri nou se menm avèk efè doulè sou kò nou – se yon avètisaman danje ak yon pwoteksyon kont lòt domaj. Nan Sakrifis Ekspayatwa Sovè a nou jwenn yon pomad relaksan ki kapab geri blesi espirityèl nou yo epi retire kilpabilite. Men, remèd sa a ka sèlman aplike nan prensip lafwa nan Senyè Jezikri, repantans ak obeyisans tout tan. Rezilta yon repantans sensè se lapè konsyans, rekonfò ak gerizon ak renouvèlman espirityèl.

Evèk nou an oswa prezidan branch nou se asistan doktè espirityèl la ki otorize pou ede nou repanti ak geri. Men fòk nou sonje ke etandi ak entansite repantans nou an dwe koresponn a nati ak severite peche nou yo, espesyalman pou Sen Dènye Jou ki te fè alyans sakre yo. Blesi espirityèl grav yo mande gwo tretman ak tan pou yo totalman geri.

Yon Pwomès ak yon Temwayaj

Doktrin mwen dekri a ap sanble li akayik oswa li pa alamòd pou anpil moun nan yon mond ki plis anplis ap moke sentete fè pitit e ki ap minimize valè lavi moun. Men bagay ki alamòd, popilarite oswa opinyon piblik pa ka chanje verite Senyè a. Mwen pwomèt ke lè nou obeyi lwa chastete a, sa ap ogmante bonè nou nan mòtalite a e l sa ap rann pwogrè nou nan letènite posib. Chastete ak vèti se toujou, jan yo te toujou ye, e jan y ap toujou rete “bagay ki pi chè ak pi presye pase tout lòt bagay” (Mowoni 9:9). Mwen rann temwayaj sa a nan non sakre Sovè nou an Jezikri, amèn.