2010–2019
Byenveni nan konferans lan
Avril 2013


Byenveni nan konferans lan

Mwen egzòte nou pou nou atantif e pou nou byen resevwa mesaj nou pral tande la yo. Mwen priye pou nou kapab fè sa.

Frè ak sè byeneme m yo, ala kontan m kontan pou m swete nou byenveni nan 183zyèm konferans Jeneral Anyèl Legliz la.

Pandan sis mwa k pase depi nou te rankontre yo, m te gen okazyon pou m te vwayaje ak rankontre anpil nan nou nan zòn kote nou ye yo. Apre konferans jeneral Oktòb la, mwen te vwayaje al an Almay, kote m te gen privilèj pou m te rankontre manm nou yo nan plizyè kote nan peyi sa a, osibyen nan kèk pati nan Otrich.

Nan fen mwa Oktòb la mwen te konsakre Tanp Calgary a an Alberta nan Canada, avèk asistans Èldè M. Russel Ballard ak madanm ni, Èldè Craig C. Christensen ak madanm ni, ak Èldè William R. Walker ak madanm ni. Nan mwa Novanm nan mwen te rekonsakre tanp Boise la nan Idaho. Moun ki te vwayaje avèk mwen e ki te patisipe nan konsekrasyon an sete Èldè David E. Bednar ak madanm ni, Èldè Craig C. Christensen ak madanm ni, ak Èldè William R. Walker ak madanm ni.

Selebrasyon kiltirèl ki te fèt nan okazyon de konsekrasyon sa yo te ekstraòdinè. Mwen pa t pèsonèlman asiste selebrasyon nan Calgary a, paske sete katrevensenkyèm anivèsè Sè Monson e m te santi m te dwe rete avèk li. Men, li menm avèk mwen te gen privilèj pou n te gade selebrasyon an nan salon lakay nou sou televizyon, epi nan demen maten m te vwayaje al Calgary pou konsekrasyon an. Nan Boise te gen plis pase 9.000 jèn nan distri tanp lan ki te patisipe nan selebrasyon kiltirèl la. Te gen sitèlman jèn ki te enplike nan bagay sa a ke pa t gen ase plas pou manm fanmi yo te vin asiste nan estad la kote yo t ap fè prezantasyon an.

Mwa pase a, Prezidan Dieter F. Uchtdorf, akonpaye pa Sè Uchtdorf. Èldè Jeffrey R. Holland ak Sè Holland ak Èldè Gregory A. Schwitzer ak Sè Schwitzer, te vwayaje ale Tegucigalpa, Honduras, pou yo te konsakre tanp nou fèk konstwi a nan kote sa a. Te gen yon bèl selebrasyon kiltirèl jèn yo te fè jou swa anvan konsekrasyon an.

Gen lòt tanp ki te anonse e ki nan plizyè etap pwosesis preliminè yo oubyen ki an konstriksyon.

Maten an, mwen gen privilèj pou m anonse de lòt tanp, ki, nan mwa ak ane k ap vini yo apral konstwi nan kote sa yo: Cedar City, nan Uta, ak Rio de Janeiro, nan Brezil. Frè m ak sè m yo, konstriksyon tanp yo ap kontinye san ralanti.

Jan nou konnen, nan konferans jeneral Oktòb la, m te anonse chanjman nan laj pou jènjan yo ak jènfi yo al sèvi kòm misyonè aplentan yo, avèk jènjan yo ki kounyeya kapab sèvi apati laj 18 tan e jènfi yo nan laj 19 an.

Reyaksyon jèn nou yo te ekstraòdinè ak enspiran. Rive 4 Avril, sa gen dejou, nou gen 65.634 misyonè aplentan k ap sèvi, avèk 20.000 anplis ki gen tan resevwa apèl yo men ki poko antre nan yon sant fòmasyon misyonè ak plis pase 6.000 ankò ki nan pwosesis entèvyou avèk evèk yo ak prezidan pye yo. Nou te oblije kreye senkantuit nouvo misyon pou resevwa kantite misyonè nou yo k ap ogmante yo.

Pou ede nou soutni gwo fòs misyonè sa a, e paske anpil nan misyonè nou yo soti nan sikonstans difisil, nou envite ou, si ou kapab, pou w kontribye avèk anpil jenewozite nan Fon Jeneral Misyonè a nan Legliz la.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, nou pral tande mesaj enspire, jodia ak demen. Moun ki pral pale avèk nou yo te enbleman chèche konnen, nan lapriyè, sa Senyè a vle nou tande nan moman sa a.

Mwen egzòte nou pou nou atantif e byen pote atansyon ak mesaj nou pral tande yo. Mwen priye pou nou kapab fè sa nan non Jezikri, amèn.