2010–2019
Devwa sakre nou pou sèvi a
Avril 2013


Devwa sakre pou nou sèvi a

Nou resevwa pouvwa, otorite, ak devwa sakre pou nou sèvi a apati moman yo òdone nou nan prètriz la.

Lajwa nan sèvis

Jènjan Prètriz Aawon yo, nou se pitit gason byenneme Bondye, e Li genyen yon gran travay pou nou fè. Pou nou akonpli travay sa a, nou dwe ranpli devwa sakre pou nou sèvi lòt moun nan.1

Eske nou konnen sa sa vle di pou nou sèvi? Panse apwopo kesyon sa a pandan map rakonte nou yon istwa sou yon tifi ki rele Chy Johnson.

Lè Chy te kòmanse lekòl segondè ane pase, li te viktim diskriminasyon kriyèl ak mechan. Lè l t ap mache al lekòl, yo te konn maltrete l, pouse l e pase l nan rizib--gen kèk elèv ki te konn menm voye fatra sou li. Nou pwobableman konn wè y ap maltrete moun konsa tou nan lekòl nou.

Pou twòp timoun, ane tinedjè yo se yon peryòd solitid ak laperèz. Li pa sipoze konsa. Erezman pou Chy, te gen jènjan nan lekòl li a ki te konprann kisa sèvi vle di.

Manman Chy te mande pwofesè yo nan lekòl la pou yo te ede sispan brimad sa yo, men yo te kontinye. Konsa li te kontakte Carson Jones, yon detantè Prètriz Aawon epi ki te jwe aryè santral nan ekip foutbòl la. Li te mande l pou ede l jwenn kiyès ki t ap fè Chy sibi bagay sa yo.

Carson te dakò pou ede, men nan kè li, li te santi l te kapab fè plis pase idantifye moun yo. Lespri te temwanye li ke l te bezwen ede Chy santi moun renmen li.

Carson te mande kèk nan kamarad ekip li yo pou yo te mete ansanm pou yo sèvi Chy. Yo te envite l vin chita avèk yo nan lè manje. Yo te akonpaye al nan klas li pou asire yo ke li te ansekirite. Sa pa etonan pou nou aprann ke, avèk jwè ekpi foutbòl la kòm bon zanmi li, okenn moun pa t anmède Chy ankò.

Sete yon sezon eksitan pou ekip foutbòl la. Men malgre kontantman yon sezon san defèt, jènjan sa yo pa t bliye Chy. Yo te envite li pou l te vin jwenn yo sou teren an apre jwèt yo. Chy te santi lanmou ak apresyasyon. Li te santi l ansekirite. Li te kontan.

Ekip football la te rive genyen chanpyona Leta a. Men yon bagay pi enpòtan pase chanpyona foutbòl la te rive nan lekòl yo a. Egzanp jènjan sa yo te motive lòt elèv yo pou yo te gen plis tolerans, pou yo te pi emab. Kounyeya youn trete lòt avèk plis jantiyès ak respè.

Medya nouvèl nasyonal yo te aprann sa jènjan sa yo te fè a e yo te simaye istwa a atravè tout peyi a. Sa ki te kòmanse kòm yon efò pou sèvi yon moun nan te enspire dèmilye lòt moun pou fè menm bagay la tou.

Manman Chy rele jènjan sa yo “zanj degize”. Carson ak zanmi l yo toujou di byen vit ke Chy te beni lavi yo plis pase yo te beni lavi ap li. Se sa k rive lè ou bliye tèt ou pou sèvi lòt moun---ou retwouve w.2 Ou chanje epi ou grandi nan fason ki pa t ap posib otreman. Jènjan sa yo te fè eksperyans lajwa nan sèvis epi yo kontinye ap chèche opòtinite pou beni lòt moun. Yo panse pou etann sèvis yo nan mwa k ap vini yo kote yo pral sèvi kòm misyonè aplentan.3

Yon bezwen ak yon Devwa

Gen dèmilye Chy Johnson atravè tout mond lan---moun ki bezwen santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la. Yo nan lekòl nou yo, nan kowòm nou yo, e menm nan fanmi nou. Gen kèk ki vini nan lespri nou byen vit. Gen lòt ki gen bezwen ki pa osi klè. Pratikman, tout moun nou konnen kapab vin beni nan yon fason pa sèvis nou. Senyè a konte sou nou pou nou lonje lamen ba yo.

Nou pa bezwen se yon vedèt pou nou sèvi lòt moun. Nou resevwa pouvwa, otorite, ak devwa sakre pou nou sèvi a nan moman yo òdone nou nan pretriz la. Prezidan James E. Faust te ansenye: “ Pretriz la se otorite yo delege bay lòm pou ministre nan non Bondye.”4 Pretriz Aawon an gen kle ministè zanj yo.5

Jan nou renmen pitit Li yo, Papa nou ki nan Syèl la ap gide nou epi zanj yo ap asiste nou.6 Nap resevwa pouvwa pou nou beni lavi epi sove nanm.

Jezikri se egzanp nou. Li te “vini non pa pou moun te rann ni sèvis, men pou l sèvi.”7 Sa vle di pou renmen ak pran swen lòt moun. Sa vle di pran swen bezwen fizik ak espirityèl yo. Pou nou di senpleman, sa vle di fè sa Sovè a t ap fè si l te la.

Fanmi nou

Kòmanse nan pwòp fwaye nou. Se kote nou kapab rann sèvis pi enpòtan nou.8

Eske ou vle fè yon eksperyans enteresan? Pwochèn fwa manman ou mande w pou w ede nan kay la, di konsa: “Mèsi manman dèske w mande sa. Mwen ta renmen ede w.” Apresa gade reyaksyon li. Kèk nan nou petèt ta dwe repase sa nou konnen sou bay premye swen anvan nou eseye fè sa. Nou ka fè l endispoze. Lè nou fin fè l revni, n ap remake yon bon jan amelyorasyon nan relasyon nou avèk li, ak yon ogmantasyon Lespri nan fwaye a.

Sa se jis yon fason pou nou sèvi nan fanmi nou, gen anpil lòt ankò. Nou sèvi lè nou pale jantiman avèk manm fanmi nou. Nou sèvi lè nou trete frè n ak sè nou kòm pi bon zanmi nou.

Petèt pi enpòtan toujou, ou sèvi lè ou ede papa w nan devwa li kòm dirijan espirityèl fwaye a. Bay tout sipò ak ankourajman ou pou sware familyal, priyè familyal, ak etid ekriti anfanmi. Fè pati pa ou pou w asire n ke Lespri a prezan nan fwaye ou. Sa ap ranfòse papa ou nan wòl li epi sa ap prepare ou pou w vin yon papa yon jou. Si ou pa gen yon papa nan fwaye a, ou gen ankò plis responsablite pou w sèvi fanmi ou.

Kowòm ou

Ou gen responsablite pou ou sèvi nan kowòm ou tou.

Pretriz la ap pwopaje atravè tout mond lan. Anpil nan noumenm tande apèl Prezidan Monson nan pou al chèche lòt yo. Gen plis detantè pretriz Aawon ki aktif jodia pase jamè anvan nan istwa legliz la. Men, genyen ki toujou inaktif e ki bezwen nou.

Mwa Jen ki sot pase a, lè yon nouvo branch te kreye nan Bangalore, en Inde, sèl jènjan nan reyinyon pretriz la sete yon dyak ki te fèk odone ki te rele Gladwin.

Gladwin, ansanm avèk Prezijan Jènjan an ak Prezidan Branch lan, te kòmanse rele jènjan inaktif yo epi yo t al vizite yo lakay yo. Byen vit, yon dezyèm jènjan, Samuel, te kòmanse vin legliz ankò.

Chak semèn Gladwin ak Samuel te rele sila ki pat vini nan reyinyon kowòm yo epi yo te pataje sa yo te aprann avèk yo. Yo te rele yo oubyen rann yo vizit jou fèt yo. Youn pa youn, jènjan inaktif sa yo te kòmanse vin zanmi yo epi yo te kòmanse aksepte envitasyon pou vini nan aktivite kowòm yo, pou ale nan reyinyon kowòm, epi finalman pou rann pwòp sèvis pa yo. Jodia, tout jènjan yo nan branch la aktiv nan legliz la.

Ekriti yo anseye nou ke kowòm prètriz Aawon yo dwe chita ansanm an konsèy pou yo edifye—oubyen grandi ak fòtifye youn lòt.9 Nou edifye lè nou ansenye verite levanjil yo, pataje eksperyans espirityèl, epi rann temwanyaj. Pwogram jèn yo ankouraje kalite relasyon sa yo nan reyinyon kowòm yo, men sa ka rive sèlman si chak manm kowòm nan santi lanmou ak respè. Mokri ak fawouch pa gen plas yo nan yon reyinyon kowòm---espesyalman lè santiman yo pataje ouvètman. Prezidans kowòm yo dwe pran direksyon an pou asire ke reyinyon kowòm yo se yon kote ki gen sekirite pou chak moun kap patisipe.

Apot Pol te rekomande, “Pa kite okenn move pawòl soti nan bouch ou, men pale bon koze ki ka ede lòt moun grandi nan konfyans Bondye, pou yo ka fè byen pou moun k ap tande yo.”10

Detantè pretriz yo pa dwe janm itilize langaj vilgè oubyen langaj sal. Yo pa janm diminye oubyen blese lòt moun. Yo toujou edifye ak fòtifye lòt moun. Sa se fason senp men puisan pou sèvi.

Tout tan

Travay sèvi a li pa limite nan fè òdonans oubyen vizit nan fwaye oubyen pwojè sèvis okazyonèl. Nou toujou rete gason prètriz---pa sèlman le Dimanch e pa sèlman lè nou mete yon chemiz blan avèk kòl. Nou gen yon devwa pou nou sèvi nenpòt kote nou ka ye. Sèvi se pa jis yon bagay nou fè--- li defini kiyès nou ye.

Sèvi chak jou. Opòtinite yo toupatou bò kote nou. Chèche yo. Mande Senyè a pou ede nou rekonèt yo. N ap reyalize ke pifò ladan yo chita nan ti aksyon sensè k ap ede lòt moun vin disip Jezikri.11

Pandan n ap fè efò pou nou rete diy pou Lespri a, n ap rekonèt panse ak santiman k ap pouse nou pou sèvi yo. Si nou aji sou enspirasyon sa yo, n ap resevwa plis toujou, epi opòtinite ak kapasite pou nou sèvi yo ap ogmante epi elaji.

Jèn frè m yo, mwen temwaye ke nou te resevwa otorite ak pouvwa Pretriz Aawon mayifik la pou nou sèvi nan non Bondye.

Mwen temwanye ke pandan n ap fè sa, n ap tounen yon enstriman nan men Bondye pou ede lòt moun. Lavi nou ap vin pi rich ak pi siyifikatif. N ap jwenn pi gran fòs pou nou reziste satan. Nap jwenn vrè bonè---kalite bonè ke sèl vrè disip Jezikri yo konnen an.

Se pou nou fè eksperyans lajwa nan ranpli devwa sakre nou pou nou sèvi a, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.