2010–2019
Vini, vin jwenn nou
Oktòb 2013


Vini, vin jwenn nou

Kèlkeswa sitiyasyon ou, istwa pèsonèl ou, oubyen fòs temwayaj ou, gen plas pou ou nan Legliz sa a.

Yon fwa, te gen yon mesye ki te reve l te nan yon gwo sal kote tout relijyon nan mond lan te reyini. Li te reyalize ke chak relijyon te gen anpil bagay ki te parèt dezirab ak diy.

Li te rankontre yon mari ak madanm byen janti ki reprezante Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi li mande yo “Nou menm, kisa nou mande manm legliz nou yo?”

Yo te reponn: “Nou pa egzije yo anyen. Men Senyè a mande pou nou konsakre l tout bagay.”

Koup la te kòmanse ba l eksplikasyon sou apèl nan Legliz la, sou vizit ansèyman ak vizit nan fwaye, sou misyonè aplentan, sware familyal chak semèn, travay nan tanp, antrèd ak sèvis imanitè, ak tach pou anseye.

“Mesye a te mande: “Èske nou peye moun sa yo pou tout travay y ap fè yo?

Koup la te reponn: “O, non. Yo ofri tan yo gratis.”

Yo te kontinye: “Epitou, chak sis mwa, manm Legliz nou yo pase yon fen semèn ap patisipe oswa gade dizèdtan konferans general.”

Mesye a te di: “Dizèdtan pou koute moun k ap fè diskou?”

“E reyinyon Legliz chak semèn yo, konbyen èdtan yo dire?”

“Twazèdtan, chak dimanch!”

“Mesye a te di: “Mezanmi! Èske manm Legliz yo reyèlman fè tout sa ou di la yo?”

““Wi, e yo fè plis toujou. Nou poko menm mansyone rechèch istwa familyal, kan pou jèn yo, devosyon, etid ekriti, reyinyon fòmasyon pou dirijan, aktivite chak semèn pou jèn yo, seminè bonè chak maten, antretyen batiman Legliz yo, epi natirèlman gen lwa sante Senyè a, ak jèn chak mwa pou ede pòv yo, ak ladim.”

Mesye a te di konsa: “M yon tijan nan konfizyon. Poukisa yon moun ta vle vin manm yon legliz konsa?”

Koup la te souri epi yo te di: “Nou te panse ou pa tap janm poze kesyon sa a.”

Poukisa yon moun ta antre nan yon Legliz konsa?

Nan yon epòk kote anpil legliz nan mond lan ap sibi gwo rediksyon nan kantite manm yo, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo---malgre l pitit konpare avèk anpil lòt---se yonn nan legliz kap grandi pi rapid nan mond la. Rive Septanm 2013, Legliz la gen plis pase kenz milyon manm nan mond lan.

Gen anpil rezon ki eksplike bagay sa a, men, èske m ka prezante nou kèk ladan yo?

Legliz Sovè a

Toudabò, se Jezikri Limenm ki retabli Legliz sa a nan epòk pa nou an. Ladan l nou jwenn otorite pou n aji nan non li—pou batize pou remisyon peche, konfere don Sentespri a, epi sele sou tè a ak nan syèl la.1

Moun ki vin manm Legliz la yo renmen Sovè a, Jezikri, epi yo vle swiv li. Yo rejwi pou konnen Bondye pale avèk lòm ankò. Lè yo resevwa òdonans sakre prètriz yo epi yo fè alyans avèk Bondye, yo kapab santi pouvwa L nan lavi yo.2 Lè yo antre nan tanp, yo santi yo nan prezans Li. Lè yo li ekriti yo3 epi yo suiv ansèyman pwofèt Li yo, yo rapwoche pi pre Sovè a yo renmen an.

Yon lafwa aktif

Yon lòt rezon, se paske Legliz la bay moun opòtinite pou yo fè byen.

Kwè nan Bondye se yon bagay ki louwab, men, majorite moun vle fè plis pase koute diskou enspire oubyen reve sou chato yo nan syèl la.4 Yo vle mete lafwa yo an pratik. Yo vle twouse manch yo pou yo vin angaje nan gran koz sa a.

E, se sa k pase lè yo vini jwenn nou—yo gen anpil opòtinite pou transfòme talan yo, konpasyon yo, ak tan yo pou fè yo vin tounen bon bagay. Kòm nou pa gen okenn klèje nou peye nan kongregasyon nou yo atravè mond lan, manm nou yo akonpli travay ministè a yo menm. Yo aple pa enspirasyon. Kèk fwa nou pòte nou “volontè”; kèk fwa yomande nou pou nou sèvi. Nou konsidere responsablite sa yo non pa kòm fado men kòm opòtinite pou nou akonpli alyans nou fè avèk jwa pou nou sèvi Bondye ak pitit Li yo.

Benediksyon presye

Yon twazyèm rezon ki fè moun vin manm Legliz la se paske mache nan chemen disip la mennen nan benediksyonn presye.

Nou konsidere batèm kòm pwen demaraj nan vwayaj nou kòm disip la. Mache chak jou avèk Jezikri mennen nan lapè ak bi nan lavi sa a ak lajwa pwofon ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.

Moun ki swiv chemen sa a fidèlman yo evite anpil pyèj, chagren, ak regrè nan lavi a.

Moun ki pòv an espri e ki onèt nan kè yo jwenn gwo trezò konesans ladan.

Moun kap soufri oubyen ki aflije yo jwenn gerizon ladan.

Moun k ap pote pwa peche yo jwenn padon, libète, ak repo ladan.

Pou moun ki kite yo

Rechèch verite a mennen dè milyon moun nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sepandan, gen moun ki kite Legliz la yo te renmen yon fwa a.

Yon moun ka mande tèt li: “Si levanjil la si bèl konsa, poukisa yon moun kite l?”

Pafwa nou asime ke se paske lòt moun te ofanse yo, oubyen yo parese, oubyen yo peche. An reyalite, sa pa osi senp. Anfèt, gen plis pase yon sèl rezon ki aplike pou tout varyete sitiyasyon sa yo.

Kèk nan manm byenneme nou yo lite pandan dèzane avèk kesyon pou konnen si yo dwe separe tèt yo avèk Legliz la.

Nan Legliz sa a kote nou si respekte libabit la, ki te retabli pa yon jèn gason ki t ap poze tèt li kesyon epi ki t ap chèche repons la, nou respkte moun k ap onètman chèche laverite yo. Sa ka brize kè nou lè vwayaj yo mennen yo ale lwen Legliz la nou renmen an ak verite a nou jwenn ladan an, men, nou respekte dwa yo genyen pou yo adore Bondye Toupwisan an daprè lide pwòp konsyans pa yo, menmjan nou reklame privilèj sa a pou tèt pa nou an.5

Kesyon san repons

Gen moun k ap lite avèk kesyon san repons sou bagay ki te fèt oubyen ki te di nan lepase. Nou rekonèt onètman ke nan prèske 200 zan istwa Legliz la—nouri pa yon kantite evenman enspire, onorab ak divin san rete—gen bagay ki te di ak bagay ki te fèt ki ka lakoz moun poze tèt yo kesyon.

Pafwa kesyon soulve senpleman paske nou pa ko gen tout enfòmasyon yo epi nou jis bezwen yon ti kras plis pasyans. Lè tout verite a va finalman revele, bagay ki pat fè sans pou nou anvan yo ap rezoud pou satisfaksyon nou.

Pafwa, gen yon diferans opinyon ki egziste konsènan sa “bagay” yo reyèlman vledi. Yon kesyon ki kreye dout nan panse kèk moun, gen dwa bati lafwa yon lòt moun apre yon envestigasyon byen fèt.

Erè moun ki pa pafè

Epi, an tout franchiz, gen dèfwa kote manm oswa dirijan nan Legliz la konn tou bònman fè erè. Ka gen dè bagay ki te di oubyen ki te fèt ki pa t konfòm avèk valè nou yo, prensip nou yo, oswa doktrin nou an.

Mwen sipoze ke Legliz la tap pafè sèlman si l te dirije pa moun ki pafè. Bondye pafè, epi doktrin Li a pafè. Men, Li travay atravè nou menm—pitit enpafè l yo—e moun ki enpafè fè erè.

Nan premye paj Liv Mòmon an, nou li: “Kounyeya, si gen fòt se erè lèzòm yo ye; se poutèt sa, pa kondane bagay Bondye, pou w kapab san tach devan fotèy jijman Kris la.”6

Se konsa sa te toujou ye, e se konsa sa ap rete rive jis nan jou pafè kote Kris la li menm pral reye pèsonèlman sou tè a.

Se domaj ke kèk moun trebiche akoz erè lèzòm komèt. Men, malgre sa, verite etènèl levanjil retabli a ki nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pa tache, ni diminye, ni detwi.

Antanke yon Apot Senyè Jezikri epi antanke yon moun ki pèsonèlman asiste konsèy yo ak travay k ap fèt yo nan Legliz sa a, mwen rann temwayaj solanèlman ke pa gen okenn desizyon enpòtan konsènan Legliz sa a oswa manm li yo ki janm pran san yo pa onètman chèche enspirasyon, direksyon, ak apwobasyon Pè Etènèl nou an. Sa a se Legliz Jezikri. Bondye pap kite legliz li a pati kite wout ki trase pou li a, ni echwe nan akonpli destine divin ni.

Gen plas pou ou

Pou moun ki separe tèt yo avèk Legliz la, m ap di, chè zanmi mwen, toujou gen plas pou ou isit la.

Vini epi ajoute talan ou, don ou, ak enèji ou sou pa nou. Konsa, nou tout va vin pi bon.

Kèk moun gen dwa mande, “Men, sa k pral pase ak dout mwen yo?”

Li natirèl pou nou gen kesyon—semans yon rechèch onèt souvan jèmen epi devlope vin tounen yon gwo pye bwadchèn konpreyansyon. Pa gen anpil mann Legliz la ki, nan yon moman oswa yon lòt, pa t lite avèk kesyon grav ak serye. Yonn nan objektif Legliz la se nouri ak kiltive grenn lafwa a—menm nan tè ki pafwa plen dout ak ensètitid. Lafwa se espere nan bagay nou pa wè men ki vrè.7

Se poutèt sa, chè frè m ak sè m yo—chè zanmi mwen—tanpri, doute sou dout nou yo dabò anvan nou doute sou lafwa nou.8 Nou pa dwe janm kite dout fè nou prizonye, pou kenbe nou lwen amou, ak lapè, ak don diven yo akòde nou yo atravè lafwa nan Senyè a, Jezikri.

Gen moun ki ka di, “Mwen pa santi m nan plas mwen pami moun yo nan legliz la.

Si ou ta ka gade andedan kè nou, ou tap pwobableman wè ke ou chita ladan pi byen pase ou sipoze. Ou ta etone wè ke nou gen aspirasyon ak pwoblèm ak espwa ki menmjan avèk pa w yo. Pase ou oswa edikasyon ou kapab sanble yo diferan avèk sa w panse l ye nan anpil Sen Dènye Jou, men, sa kapab vin yon benediksyon. Frè m ak sè m yo, chè zanmi m yo, nou bezwen talan ou ak pwendvi san parèy ou yo. Divèsite moun ak pèp nan tout mond la se yon fòs pou Legliz sa a.

Gen moun ki ka di, “M pa panse m ka viv alawotè prensip nou yo.

Tout sa se rezon pou nou vini! Legliz la la pou nouri moun ki enpafè, moun kap lite, ak moun ki fatige. Li chaje avèk moun ki gen dezi avèk tout kè yo pou yo respekte kòmandman yo, menmsi yo poko metrize yo.

Gen moun ki ka di, “M konn yon manm nan legliz nou an ki ipokrit. M pap janm ka antre nan yon legliz ki gen yon moun tankou li kòm manm.

Si ou defini ipokrit kòm yon moun ki pa reyisi viv pafètman sa li kwè, enben, nou tout se ipokrit. Nou yonn pa osi kretyen ke nou konnen nou ta dwe ye. Men nou sensèman anvi simonte fot nou yo ak dezi pou peche ki nan nou yo. Avèk tout kè nou ak tout nanm nou, nou aspire pou nou vin pi bon avèk èd Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Si se sa ou vle, enben, kèlkeswa sitiyasyon ou, istwa pèsonèl ou, oswa fòs temwayaj ou, gen plas pou ou nan Legliz sa a. Vini, jwenn nou!

Vini, vin jwenn nou!

Malgre enpèfeksyon imen nou yo, mwen konnen ke nan pami manm yo nan Legliz sa a, w ap jwenn anpil nan pi bon moun mond sa a gen pou ofri. Legliz Jezikri a sanble l atire moun ki emab, ki pi byenveyan, ki pi onèt, epi ki pi renmen travay yo.

Si ou atann ou pral jwenn moun ki pafè ladan l, w ap desi. Men, si w ap chèche doktrin pi Kris la, pawòl Bondye a “ki geri nanm ki blese a,”9 ak enfliyans sanktifyan Sentrespri a, enben, w ap jwenn sa isit la. Nan epòk sa a kote lafwa ap diminye a—kote si anpil moun santi yo lwen bra Bondye—isit la wap jwenn yon pèp ki anvi konnen Sovè yo a ak pwoche pi pre li nan sèvi Bondye ak pwochen yo, menmjan avèk ou. Vini, jwenn nou!

E ou men, èske ou pral kite nou tou?

M raple m yon fwa nan lavi Sovè a kote anpil moun te abandone Li.10 Jezi te mande douz disip li yo:

“Nou menm, nou pa vle ale tou?

“Simon Pyè te reponn li: “Senyè, ki moun pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl yo.”11

Gen moman kote nou dwe reponn menm kesyon an. Èske nou prale tou? Oubyen èske, menmjan ak Pyè, n ap kenbe fèm nan pawòl lavi etènèl yo?

Si w ap chèche laverite, yon sans nan lavi, ak yon fason pou transfòme lafwa ou vin tounen aksyon; si w ap chèche yon kote ou santi w lakay ou: Vini, vin jwenn nou!

Si ou kite lafwa sa a ou te anbrase yon fwa a: Retounen. Vin jwenn nou!

Si ou gen tantasyon pou ou kite: Fè yon ti rete pi lontan. Gen plas pou ou isit la.

M ap priye tout moun kap koute oubyen kap li pawòl sa yo: Vini, vin jwenn nou. Vin koute apèl dou Kris la. Pran kwa ou epi swiv Li.12

Vini, vin jwenn nou! Paske isit la, wap jwenn sa ki presye pase tout bagay la.

Mwen temwaye ke isit la w ap jwenn pawòl lavi etènèl yo, pwomès redanmsyon beni a, ak chemen ki mennen nan lapè ak bonè a.

Mwen priye sensèman pou rechèch w ap fè sou laverite a mete nan kè ou yon dezi pou ou vin jwenn nou. Nan non Jezikri, amèn.