2010–2019
“Mwen pap vire do ba ou, mwen pap janm lage ou”
Oktòb 2013


“Mwen pap vire do ba ou, mwen pap janm lage ou”

Papa nou ki nan syèl la … konnen ke nou aprann, nou pwogrese e vin pi solid lè nou afwonte ak simonte difikilte nou dwe travèse yo.

Nan jounal mwen aswè a, mwen pral ekri: “Sa a sete youn nan sesyon ki pi enspiran nan tout konferans jeneral mwen konn asiste. Tout bagay yo di yo se bagay ki gen gwo nati ki pi sakre ki egziste.”

Frè m ak sè m yo, sa gen sis mwa, pandan nou te reyini ansanm nan yon konferans jeneral, madanm mwen, Frances, te kouche lopital, paske l te sibi yon tonbe trè grav kèk jou anvan sa. Nan mwa Me a, apre l te fin pase dè semèn ap lite ak kouraj pou l te simonte blesi l yo, li te glise al nan letènite. Bagay sa a afekte m anpil. Nou te marye nan tanp Salt Lake la Oktòb 7, 1948. Demen se ta pral 65kyèm anivèsè maryaj nou. Li sete amou lavi mwen, konfidan fidèl mwen ak pi bon zanmi mwen. Di ke m manke l anpil la pap menm kòmanse transmèt pwofondè santiman mwen.

Konferans sa a fè 50 tan depi m te aple nan Kolèj Douz Apot yo pa Prezidan David O. McKay. Pandan tout ane sa yo, m te toujou santi soutyen total chè madanm mwen. M pa ka konte sakrifis li te fè pou m te ka mayifye apèl mwen. M pa t janm tande yon plent nan bouch li lè m te konn souvan oblije al pase dè jou e pafwa dè semèn lwen li menm ak pitit nou yo. Li sete vrèman yon zanj.

Mwen vle eksprime remèsiman mwen, osibyen ke pa fanmi mwen, pou bèl devèsman lanmou nou resevwa depi lanmò Frances la. Dè santèn kat ak lèt te rive soti nan tout mond lan pou eksprime admirasyon pou li ak mesaj kondoleyans pou fanmi nou. Nou te resevwa dè douzèn bèl aranjman flè. Nou rekonesan pou pil kontribisyon yo ofri nan non l yo pou Fon Jeneral pou Misyonè a. Nan non nou tout li kite dèyè yo, mwen eksprime pwofon rekonesans mwen pou jantiyès nou ak sensè nou.

Sa ki te pi rekonfòtan pou mwen pandan peryòd emouvan separasyon sa a, sete temwayaj mwen konsènan levanjil Jezikri a ak sètitid mwen genyen ke chè Frances mwen an toujou vivan. Mwen konnen separasyon nou an tanporè. Nou te sele nan kay Bondye a pa yon moun ki gen otorite pou liye sou tè a ak nan syèl la. Mwen konnen nou pral reyini ankò yon jou e nou pap janm separe ankò. Sa se konesans ki soutni mwen.

Frè m ak sè m yo, nou kapab di ak sètitid ke okenn moun pa janm viv totalman san soufrans ak chagren, ni pa t janm te gen yon peryòd nan istwa limanite ki pa t gen lo toumant li ak kalamite li

Lè lavi a pran yon tou ki kriyèl, nou tante pou n poze kesyon sa a: “Pouki se mwen?” Pafwa, nou menm gen enpresyon ke pa gen okenn limyè nan pwent tinèl la, okenn solèy leve pou chase fènwa lannuit la. Nou santi nou anvayi pa desepsyon rèv ki brize ak dezespwa esperans ki disparèt. Nou menm tou, nou lanse siplikasyon biblik sa a: “Èske pa gen remèd nan Galad?”1 Nou santi nou abandone, tris, solitè. Nou tante pou n gade malè nou yo atravè miwa defòme pesimis la. Nou vin enpasyan pou jwenn solisyon pou pwoblèm nou yo, pandan ke nou bliye ke souvan, sa mande vèti selès ki rele pasyans lan.

Difikilte nou rankontre yo reprezante yon tès reyèl sou kapasite nou pou n pèsevere. Nou chak gen pou n reponn yon kesyon fondamantal lè sa a: èske m ap febli, oubyen èske m ap kontinye jiskalafen? Gen moun ki lage sa lè yo wè yo pa kapab simonte pwoblèm yo. Kontinye vle di pèsevere jiska lafen lavi a li menm.

Lè n ap medite sou bagay ki kapab tonbe sou nou yo, nou kapab di avèk Jòb ansyen tan an: “Moun né pou yo soufri.”2 Jòb sete yon mesye “san repwòch ki t ap mache dwat devan Bondye e evite fè sa ki mal.”3 Jòb te san repwòch nan konduit li, li te pwospere vin plen lajan, men li te oblije afwonte yon eprèv ki te ta ka detwi nenpòt moun. Li te pèdi tout byen li, zanmi l yo te meprize li, li te aflije pa soufrans, ebranle paske li te pèdi fanmi li, e yo t ap pouse l pou l te “Joure Bondye, epi mouri.”4 Li te reziste anba tantasyon sa a epi l te deklare, soti nan pwofondè nanm nòb li a:

“Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k ap kanpe pou mwen, yon moun anwo k ap pran defans mwen.”5

“Mwen konnen Redanmtè m nan vivan.”6

Jòb te kenbe lafwa. Èske nou menm n ap fè sa tou lè n ap afwonte eprève nou yo?

Chak fwa nou gen tandans pou n santi nou kraze anba kou lavi a pote yo, annou sonje ke gen lòt moun ki te pase pa menm bagay la, ki te pèsevere, epi ki te simonte yo.

Istwa legliz la nan dispansasyon nou an, ki se dispansasyon plenitid tan yo, ranpli avèk eksperyans moun ki te gen difikilte men ki te rete fèm, ki te pran kouraj. Pou ki rezon? Yo te fè levanjil Jezikri a vin tounen sant lavi yo. Se sa ki pral pèmèt nou simonte kèlkeswa sa k parèt devan nou. N ap kontinye gen gwo difikilte, men n ap vin kapab fè fas avèk yo, n ap vin kapab afwonte yo avèk kouraj, e pote laviktwa sou yo.

Nan mitan doulè nou yo, sou zòrye mouye pa dlo nan je nou yo, nou santi nou monte wo pa asirans divin ak pwomès presye sa a: “Mwen pap vire do ba ou, mwen pap janm lage ou.”7 Kalite rekonfò sa a pa gen pri.

Pandan m ap vwayaje al toupatou nan mond lan pou ranpli responsablite apèl mwen yo, mwen vin aprann anpil bagay---enkli lefèt ke tristès ak soufrans se bagay ki inivèsèl. Li pap posib pou mwen pou m ta mezire tout chagren ak doulè m konn temwen pandan m ap vizite moun k ap fè fas ak chagren, ki anba maladi, k ap fè fas ak divòs, k ap lite avèk yon pitit gason oswa yon pitit fi ki kite legliz la, oubyen moun k ap soufri anba konsekans peche. Lis la san fen, paske gen anpil pwoblèm ki ka tonbe sou nou. Li difisil pou m chwazi yon egzanp, men, lè m ap panse ak eprèv, mwen toujou panse avèk Frè Brems, youn nan enstriktè Lekòldidimanch anfans mwen yo. Li sete yon manm fidèl Legliz la, yon mesye ki te gen bon kè. Li menm ak madanm ni, Sadie, te gen uit pitit, anpil nan yo te gen menm laj ak sa nan fanmi pa m yo.

Lè Frances avèk mwen te fin marye epi nou te chanje pawas, nou te konn rankontre Sè ak Frè Brems ak manm fanmi l yo nan maryaj ak nan antèman, osibyen ke nan reyinyon pawas yo.

An 1968, frè Brems te pèdi madanm ni, Sadie. De nan uit piti li yo te mouri tou nan apre.

Yon jou, sa gen prèske 13 zan, pi gran pitit pitit Frè Brems nan te telefone mwen. Li te eksplike ke granpapa l te atenn laj 105 an. Li te di: “L ap viv nan yon ti mezon retrèt men li reyini avèk fanmi li chak Dimanch, kote li prezante yo yon leson sou levanjil la.” Li te kontinye: “Dimanch pase, Granpapa m te anonse nou ‘Moun mwen yo, m ap mouri semèn sa a. Èske nou ka rele Tommy Monson pou mwen. L ap konnen kisa pou l fè.’”

Mwen t al wè Frè Brems nan demen swa. Mwen pa t wè l lontan. M pa t ka pale avèk li, li pa t tande ankò. Mwen pa t ka ekri yon mesaj pou l te li, paske li pa t wè ankò. Yo te di m ke fanmi li kominike avèk li nan pran dwèt men dwat li epi trase non moun k ap vizite l la nan men goch li. Tout mesaj ki te gen pou li te fèt nan fason sa a. Mwen te suiv pwosedi a kote m te pran dwèt li epi m te ekri “TOMMY MONSON” non li te toujou rele m nan. Frè Brems te vin eksite anpil, epi li te pran men m, li te mete yo sou tèt li. M te konnen li te vle resevwa yon benediksyon. Chofè a ki te mennen m nan sant lan te mete men l sou tèt Frè Brems avèk mwen epi nou te ba l benediksyon l te vle a. Apresa, dlo te koule nan je li. Li te kenbe men nou ak gratitid. Malgre ke li pa t ka tande benediksyon nou te ba li a, Lespri a te fò, e mwen kwè li te jwenn enspirasyon pou konnen nou te ba li benediksyon l te bezwen an. Bon mesye sa a pa t kapab wè ankò. Li pa t kapab tande ankò. Li te konfine lajounen kou lannuit nan yon ti sal nan yon mezon retrèt. Men, malgre sa, souri sou vizaj li ak mo l te di yo te touche kè mwen. Li te di: “Mèsi, Papa m ki nan syèl la te si bon pou mwen.”

Nan lespas yon semèn, jan Frè Brems te predi a, li te mouri. Li pa t janm rete chita sou sa l te manke; men li te toujou pwofondeman rekonesan pou pil benediksyoon l yo.

Papa nou ki nan Syèl la, ki ba nou sitèlman pou nou rejwi a, konnen tou ke nou aprann e nou pwogrese e nou vin pi solid lè nou afwonte ak simonte eprèv nou dwe travèse yo. Nou konnen ke gen anpil moman k ap rive kote n apral konfwonte gwo doulè, kote n apral kriye, kote nou pral teste rive nan limit rezistans nou. Men, difikilte sa yo pèmèt nou chanje pou n vin pi bon, pou rebati lavi nou nan fason Pè Selès la anseye nou an, epi pou nou vin yon moun diferan de sa nou te ye---pi bon pase jan nou te ye, pi konpreyansif pase nou te ye, pi konpatisan pase jan nou te ye, avèk temwayaj pi solid pase sa nou te gen anvan.

Sa dwe rete objektif nou---pou n pèsevere ak andire, men tou pou n vin pi espirityèlman rafine nan pwogrese atravè bon tan ak move tan yo. Si pa t gen difikilte pou nou simonte ak pwoblèm pou nou rezoud, nou t ap esansyèlman rete jan nou ye a, ak ti pwogrè oswa san pwogrè pou ale nan bi nou ki se lavi etènèl la. Powèt la te eksprime menm panse a nan pawòl sa yo:

Bon pyebwa pa grandi san lite,

Plis van an fò, se plis bwa a vin pi solid.

Plis syèl la lwen, se plis li vin pi wo.

Plis tanpèt la di, se plis li vin gen fòs.

Solèy, fredi, lapli, ak la nèj,

Pwodui pyebwa ak moun ki puisan.8

Se sèl Mèt la ki konnen pwofondè eprèv nou, doulè nou, ak soufrans nou. Se li menm sèl ki ofri lapè etènèl nan moman advèsite. Se li menm sèl ki touche nanm tòtire nou an pa pawòl rekonfòtan sa yo:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma ba nou soulajman.

“Pran jouk mwen sou zepòl nou, epi aprann nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè; e na viv ak kè poze.

“Paske jouk mwen fasil, epi fado m lejè.”9

Keseswa nan bon moman oswa nan moman pi difisil yo, Li la avèk nou. Li pwomèt ke sa pap janm chanje.

Frè m ak sè m yo, se pou angajman nou anvè Pè Selès la pa chanje avèk letan oubyen selon pwoblèm n ap afwonte nan lavi nou. Nou pa dwe kite se lefèt ke n ap travèse difikilte ki fè nou sonje li, e nou pa dwe tann pou yo oblije nou gen imilite anvan pou nou ba li lafwa nou ak konfyans nou.

Se pou nou toujou efòse nou pou n rete pwòch Papa nou ki nan Syèl la. Pou nou fè sa, nou dwe priye li ak koute li chak jou. Nou vrèman bezwen li chak èdtan, keseswa nan tan solèy oubyen nan tan lapli. Se pou toujou sonje pwomès sa a: “Mwen pap vire do ba ou, mwen pap janm lage ou.”10

Avèk tout fòs nanm mwen, mwen temwaye ke Bondye vivan e li renmen nou, Sèl Pitit Gason Literal li a te viv e l te mouri pou nou, epi levanjil Jezikri a se limyè penetran sa a ki briye atravè tenèb lavi nou yo. Se pou sa toujou rete konsa, mwen priye, nan non sakre Jezikri, amèn.