2010–2019
Kle pwoteksyon espirityèl la
Oktòb 2013


Kle pwoteksyon espirityèl la

Lapè kapab enstale nan kè tout moun ki plonje yo nan ekriti yo e l ap libere pwomès pwoteksyon ak redanmsyon an.

Sa pa gen twò lontan, m te sele yon jèn koup nan tanp lan. Koup sa a te kenbe tèt yo diy pou yo te rive nan jou mèveye sa a kote yon pitit gason ak yon pitit fi kite fwaye kote yo te grandi a pou yo vin tounen mari ak madanm. Nan okazyon sakre sa a, yo te pi ak pwòp. Lè lè a rive, yo pral kòmanse elve pwòp pitit pa yo, selon modèl Pè Selès nou an etabli a. Bonè yo ak bonè jenerasyon apre yo depann son fason yo aplike prensip sa yo Sovè a etabli yo ke yo eksplike nan ekriti l yo.

Jodia, paran yo ap mande tèt yo si gen yon kote asire pou yo elve pitit yo. Yo gen yon kote ki asire. Se nan yon fwaye ki santre sou levanjil la. Nan legliz la, nou konsantre sou fanmi epi nou konseye paran yo toupatou pou yo elve pitit yo nan lajistis.

Apot Pòl te pwofetize e l te avèti ke “nan dènye jou yo tan an pral difisil anpil.

“Paske lèzòm pral fè rayisab, y ap renmen lajan, y ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y ap pale Bondye mal, y ap dezobeyi papa ak manman yo, y ap engra, y ap san okenn respè pou bagay Bondye.

“Kè yo ap di, y ap san pitye, y ap pale moun mal, y ap fè gwo kòlè, y ap brital, yo pap vle wè sa ki byen,

“Y ap trèt, ya fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo, y ap pito plezi pase Bondye;

“Y ap fè tankou y ap sèvi Bondye, men yo pa kwè nan pouvwa l tout bon vre: pa mele ak moun konsa menm.”1

Pòl te pwofetize tou, “Men, mechan k ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y ap kite moun twonpe pwòp tèt pa yo.”2

Vèsè sa yo sèvi kòm avètisman, pou montre nou konpòtman nou dwe evite. Nou dwe toujou atantif ak dilijan. Nou ka egzamine chak nan pwofesi sa yo epi konstate ke yo chak egziste nan mond lan jodia e sa dwe preyokipe nou.

Tan difisil—prezan. N ap viv nan tan trè difisil.

Rayisab, renmen lajan, fè grandizè—tout prezan e pami nou jodia.

Pale Bondye mal, dezobeyi paran, engra, san respè pou bagay Bondye, kè di—tout bagay sa yo nou konstate yo nan mond nou an.

San lwayote, pale moun mal, elatriye—nou ka verifye ke yo tout prezan anpil nan mond ki antoure nou an.

Mowoni te pale sou mechanste k ap genyen nan epòk nou an tou lè l te avèti:

“Lè nou wè bagay sa yo vini nan pami nou … reveye, epi pran sans sitiyasyon terib nou ye. …

“Se poutèt sa, mwen menm Mowoni, m te resevwa kòmandman pou m ekri bagay sa yo, pou mal kapab efase, epi pou lè a rive pou Satan kapab pa gen pouvwa sou kè lèzòm ankò, men, pou yo kapab pèsyade pouyo fè byen tout tan, pou yo vini nan fontèn ki plen lajistis la, epi pou yo sove.”3

Deskripsyon Pòl ak Mowoni bay pou epòk nou yo si klè ke nou pa ka inyore yo. Pou anpil moun, sa yon ti jan deranjan, menm dekourajan. Men, lè m ap panse ak demen, mwen anvayi avèk santiman pozitif.

Nan revelasyon Pòl la, anplis lis pwoblèm ak difikilte yo, li di nou kisa pou nou fè pou nou pwoteje tèt nou tou,

“Se pou ou kenbe fèm nan bagay ou te aprann yo, ke w te rekonèt ki te vre yo, paske ou konnen nan men kimoun ou te aprann yo;

“Depi ou te tou piti ou e konnen sa ki nan ekriti sent yo, ki ka fè ou kapab vin saj rive nan sali atravè lafwa nan Jezikri.”4

Ekriti yo gen kle pou pwoteksyon espirityèl. Yo gen doktrin ak lwa ak òdonans k ap mennen chak pitit Bondye vin gen yon temwayaj sou Jezikri antanke Sovè ak Redanmtè nou.

Atravè anpil ane preparasyon, te gen gwo efò k te fèt pou pibliye ekriti yo nan tout lang, avèk nòt anba paj ak referans kwaze. Nou chèche rann yo disponib pou tout moun ki anvi aprann. Yo anseye nou ki kote pou nou ale ak kisa pou nou fè. Yo ofri espwa ak konesans.

Sa gen dèzane, Èldè S. Dilworth Young, nan Swasanndis yo, te anseye m yon leson sou fè lekti nan ekriti yo. Yon pye t ap lite anba tansyon ak difikilte pami manm yo, epi yo te bezwen konsèy.

Mwen te mande Prezidan Young, “Kisa m ta dwe di.”

Li te reponn senpleman, “Di yo pou yo li ekriti yo.”

M te mande, “Ki ekriti?”

Li te di, “Sa pa gen enpòtans. Di yo pa egzanp, pou yo louvri Liv Mòmon an epi kòmanse li l. Santiman lapè ak enspirasyon an ap vini tousuit, e yon solisyon va prezante tèt li.”

Se pou nou fè lekti ekriti yo vin yon abitid regilye nan lavi chak jou nou, epi benediksyon yo ap suiv. Nan ekriti yo, gen yon vwa avètisman, men gen gwo anrichisman tou.

Si langaj ekriti yo parèt etranj pou ou pou kòmanse, kontinye li. Byen vit w ap vin rekonèt bote ak pouvwa ki nan paj sa yo.

Pòl te di, “Tout ekriti enspire pa Bondye, epi yo itil pou anseye, pou konvenk, pou korije, pou enstwi nan lajistis.”5

Ou kapab teste pwomès sa a pou tèt pa w.

N ap viv nan tan difisil; men, nou ka jwenn esperans ak lapè pou tèt pa nou ak pou fanmi nou. Moun k ap viv nan chagren yo, ki dezespereman ap mande tèt yo si yo ka jwenn posiblite pou sove yon timoun soti kote mond lan detounen l mennen an, pa dwe janm dekouraje. “Pa pè, kwè sèlman.”6 Lajistis pi puisan pase mechanste.

Timoun nou anseye pou konprann ekriti yo bonè nan lavi yo ap vin konnen chemen yo dwe mache a e y ap vin pi kapab rete sou chemen sa a. Sa ki detounen yo ap gen posiblite pou yo retounen epi, avèk èd, yo ka jwenn wout yo pou yo retounen an.

Pitit gason Mozya yo te konbat kont legliz la pandan yon tan men nan apre yo te repanti epi yo te sibi yon chanjman radikal. Nan Alma nou li, “Pitit gason Mozya yo … te grandi nan konesans verite a; paske se te dèzòm entèlijan, e yo te fouye ekriti yo avèk dilijans pou yo te kapab konnen pawòl Bondye.”7

Prezidan Joseph F. Smith te gen senkan lè yo te touye papa li, Hyrum, nan Prizon Kataj la. Nan apre, li te travèse plèn yo avèk manman l ki te vèv.

Nan laj 15 zan, yo te voye l nan yon misyon nan Awayi. Li te santi l pèdi e poukont li epi l te di, “Mwen te santi m oprese anpil. … M te santi kòmsi m te si enferyè nan eta pòvrete m nan, nan mank entèlijans ak konesans mwen, m te jis yon tigason, ki pa t ka menm oze gade [moun] nan je.”

Pandan l t ap medite sou sitiyasyon difisil sa a yon jou swa, Joseph te reve ke l te nan yon vwayaj, li t ap kouri osi vit li te kapab. Li te gen yon ti valiz nan men li. Finalman, li te rive nan yon bèl kay ki sete destinasyon li. Pandan l t ap apwoche, li te wè yon siy ki te ekri “Benyen.” Li te vin kouri antre al lave kò li. Li te louvri ti valiz la e l te jwenn bon rad blan pwòp. Li te di, “Yon bagay m pa t wè depi lontan.” Li te mete yo sou li epi l te kouri al nan pòt kay la.

Li di, “M te frape, epi pòt la te louvri, epi mesye ki te kanpe nan pòt la sete Pwofèt Joseph Smith. Li te gade m ak yon ti repwòch, epi premye pawòl li te di [sete]: ‘Joseph, ou anreta.’ Men m te reprann konfyans epi m te di:

“‘Wi, men mwen pwòp—mwen pwòp’”8

M ta swete sa ta konsa pou nou chak.

Si nou sou wout lafwa epi nou aktif nan legliz la, rete sou wout sa a epi kenbe alyans nou yo. Kontinye avanse jiskaske tan an rive kote benediksyon Senyè a ap vin jwenn nou e Sentespri a va revele kòm yon fòs enfliyan nan lavi nou.

Si pou moman an ou sou yon wout ki opoze ak wout yo pale nan ekriti yo, kite m asire w ke gen yon mwayen pou w retounen.

Jezikri te preskri yon metòd trè klè pou nou repanti pou n ka jwenn gerizon nan lavi nou. Remèd pou pifò nan erè nou yo nou kapab jwenn ni nan chèche padon pa mwayen lapriyè pèsonèl. Men, gen kèk maladi espirityèl, patikilyèman sa ki anrapò avèk vyolasyon lwa moral yo, ki absoliman mande asistans ak tretman yon doktè espirityèl kalifye.

Sa gen kèk ane, yon jènfi ak papa l ki te aje, te vin nan biwo mwen. Jènfi a te mennen papa l vwayaje soti byen lwen pou vin chèche yon remèd pou kilpablite l te santi a. Lè l te jènjan, li te komèt yon gwo erè, epi, avèk laj, souvni bagay sa a te retounen nan tèt li. Li pa t ka debarase l anba santiman kilpablite sa a. Li pa t ka retounen pou al fikse pwoblèm nan l te fè nan jenès li a poukont li, men li te ka kòmanse kote l te ye a epi, avèk èd, efase kilpablite a k t ap suiv li pandan tout ane sa yo.

Mwen te rekonesan dèske lè m te anseye l prensip yo ki nan Liv Mòmon an, sete kòmsi m te retire yon pwa lou sou zepòl li. Lè li menm ak pitit fi l la te retounen lakay yo sou plizyè kilomèt sa yo, granmoun nan te kite kilpablite transgresyon pase l la dèyè.

Si ou “reveye epi pran sans sitiyasyon terib ou a”9 epi ou anvi retounen vin gen foul sante espirityèl, al wè evèk ou. Li gen kle yo e li kapab ede ou sou chemen repantans lan.

Repantans se yon bagay endividyèl, ni padon tou. Senyè a mande sèlman pou w vire do bay peche w yo, epi “[L] ap padone inikite yo, epi … li pap sonje peche yo ankò.”10

Amezi w ap fè pwosesis repantans lan, w ap vin konprann sans pwomès Ezayi a sou Ekspyasyon an: “Senyè a di: Vini non! Ann regle koze a. Menmsi peche w yo wouj tankou san, m ap fè yo vin blan tankou lanèj; menmsi yo ta wouj fonse, y ap vin blan tankou lenn.”11

Menmjan nou ka efase sa k ekri avèk lakrè sou yon tablo a, se menmjan tou, avèk repantans sensè, efè transgresyon nou yo kapab efase pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a. Pwomès sa a aplike pou tout sitiyasyon.

Levanjil la anseye nou pou n gen kè kontan, pou nou gen lafwa olye lakrent, pou nou jwenn espwa e venk dezespwa, pou nou kite fènwa e tounen vè limyè levanjil etènèl la.

Pòl ak lòt yo te avèti nou sou difikilte epòk nou yo ak sou jou ki gen pou vini yo. Men lapè kapab chita nan kè nou chak ki tounen nou vè ekriti yo pou delòk pwomès pwoteksyon ak redanmsyon yo anseye nou ladan yo a. Nou envite tout moun pou tounen vè Sovè nou an, Jezikri, vè ansèyman l yo nou jwenn nan Ansyen Testaman an, nan Nouvo Testaman an, nan Liv Mòmon an, nan Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a.

Mwen rann nou temwayaj sou ekriti yo kòm kle pou pwoteksyon espirityèl nou. Mwen rann temwayaj tou sou pouvwa gerizon Ekspyasyon Jezikri a, “pou tout moun kapab sove pa mwayen li”12 Legliz Senyè a etabli sou tè a yon fwa ankò. Konsènan verasite levanjil la, mwen temwaye. Konsènan li man m se yon temwen an. Nan non Jezikri, amèn.