2010–2019
Pouvwa, lajwa, ak lanmou nan kenbe alyans
Oktòb 2013


Pouvwa, Jwa, ak lanmou nan kenbe alyans

Mwen envite nou chak pou nou evalye kijan nou renmen Sovè a, selon nan ki degre lajwa nou respekte alyans nou yo.

Mwen ta renmen kòmanse nan pataje yon istwa ki touche kè mwen.

Yon jou swa, yon mesye te rele senk mouton l te genyen pou yo te vin antre nan patiraj yo pou nuit la. Manm fanmi li t ap gade avèk gwo enterè pandan l te senpleman rele yo “Vini,” epi imedyatman tout senk mouton yo te leve tèt yo e yo te vire nan direksyon l te ye a. Kat mouton te kouri vin jwenn ni. Avèk amou, li te jantiman manyen tèt yo chak. Chak mouton yo te konn vwa li e yo te renmen li.

Men senkyèm mouton an pa t kouri vini. Li sete yon gwo femèl mouton mèt li te rejte kèk semèn anvan, e l te rapòte ke l te sovaj, dezobeyisan, e toujou ap fè lòt mouton yo gaye. Nouvo pwopriyetè a te aksepte mouton an epi li te mare l nan yon poto nan jaden li pou kèlke jou pou l te ka aprann ni rete anplas. Ak pasyans, li te anseye l pou renmen li menm ak lòt mouton yo jiskaske finalman li te gen yon ti bout kòd sèlman nan kou li, san li pa t mare nan poto a.

Jou swa sa a, pandan fanmi an t ap obsève, mesye a te pwoche bò femèl mouton an, ki te kanpe nan bò jaden an, epi li te di l jantiman ankò: “Vini non. Ou pa mare ankò. Ou lib.” Epi, avèk amou, li te lonje men li jantiman, li te mete l sou tèt mouton an, epi l te mache retounen avèk li ak lòt mouton yo al nan patiraj la.1

Nan espri istwa sa a, mwen priye, aswè a, pou Sentespri a ede nou aprann ansanm sou zafè kenbe alyans. Fè ak kenbe alyans vle di chwazi pou nou liye tèt nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Se pran angajman pou nou suiv Sovè a. Se mete konfyans nan li epi anvi montre li rekonesans nou pou pri l te peye pou libere nou an pa mwayen kado enfini Ekspyasyon an.

Èldè Jeffrey R. Holland te eksplike ke “yon alyans se yon kontra espirityèl ki liyan, yon pwomès solanèl nou fè Bondye Papa nou an ke n ap viv ak panse ak aji nan yon sèten fason---fason Pitit Gason l lan, Senyè a, Jezikri. Anretou, Papa a, Pitit la, ak Sentespri a pwomèt nou esplandè total lavi etènèl la.”2 Nan kontra liyan sa a, Senyè a fikse kondisyon yo e nou dakò pou n respekte yo. Fè ak kenbe alyans se ekspresyon angajman nou pou n vin tankou Sovè a.3 Sa ki ideyal la se efòse pou n gen atitid sa a yo byen dekri nan kèk pawòl youn nan kantik nou yo: “J’irai òu tu veux que je sois ... Je dirai les mots que tu mets dans mon coeur. ... Ce que tu voudras je serai.”4

Poukisa nou fè ak kenbe alyans?

1. Kenbe alyans fòtifye nou, banou pouvwa, e pwoteje nou.

Nefi te wè nan vizyon ki benediksyon enpòtan Senyè a vide sou moun ki kenbe alyans yo: “Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann ... sou pèp alyans Senyè a, ... epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”5

Dènyèman, mwen te fè yon nouvo zanmi ki chè pou mwen. Li te temwaye ke apre l te fin resevwa dotasyon li nan tanp lan, li te santi l ranpli avèk fòs pou l reziste anba tantasyon l te konn ap lite avèk yo anvan yo.

Lè nou kenbe alyans nou, nou resevwa fòs ak kouraj pou ede nou youn pote fado lòt tou. Yon sè te plen chagren paske li te gen yon pitit gason ki t ap travèse yon pwoblèm trè difisil ki te menase lavi. Gras ak lafwa li te genyen nan sè Sosyete Sekou yo antanke moun k ap kenbe alyans, li te gen kouraj pou l te mande yo pou yo te jene ak priye pou pitit gason l lan. Yon lòt sè te di kijan l te regrèt li pa t mande sè yo pou yo te fè menm bagay la pou li tou. Dèzane anvan, pwòp pitit gason pa li te gen pwoblèm. Li te regrèt anpil dèske l pa t mande yo pou yo te ede fanmi li pote fado sa a. Sovè a te di: “Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”6

O, sè m yo, nou tout gen fado pou nou pote ak fado pou nou pataje. Yon envitasyon pou youn pote fado lòt se yon envitasyon pou kenbe alyans nou. Konsèy Lucy Mack Smith te bay premye sè Sosyete Sekou yo pi jistifye jodia pase jamè anvan: “Nou youn dwe cheri lòt, youn dwe veye sou lòt, youn rekonfòte lòt e enstwi nou, pou nou tout ka chita nan syèl la ansanm.”7 Sa se kenbe alyans ak fè vizit nan fwaye sou pi bon fòm yo!

Liv Mòmon an raple nou ke menm pwofèt Alma te oblije pote fado yon pitit gason rebèl. Men Alma te gen benediksyon pou l te antoure pa frè ak sè ki t ap kenbe alyans nan levanjil la, ki te pwofondeman konvèti nan Senyè a epi ki te aprann ni kisa sa te vle di pou youn pote fado lòt. Nou tout abitye avèk vèsè sa yo nan Mozya ki pale sou gwo lafwa priyè Alma a pou pitit gason l lan. Men anal yo deklare ke “Senyè a ... te tande priyè pèp li a, ak priyè sèvitè li, Alma tou.”8

Nou konnen Senyè a toujou pran anpil plezi “nan nanm ki repanti a,”9 men, pase tout lòt bagay, nou vle pou pitit nou yo suiv konsèy Prezidan Henry B. Eyring nan, pou “kòmanse bonè e rete tennfas” nan fè ak kenbe alyans.10 Sa pa gen lontan, gen yon kesyon sensè ki mande refleksyon ki te poze nan yon konsèy dirijan prètriz ak oksilyè yo: “Èske nou reyèlman atann pou timoun uitan kenbe alyans yo?” Pandan nou t ap reflechi ansanm, yo te sigjere ke yon fason pou prepare timoun yo pou fè ak kenbe alyans sakre batèm yo se ede yo aprann fè yon pwomès senp epi kenbe li.

Paran ki fidèl yo gen dwa pou yo konnen kijan pou yo pi byen anseye pitit yo selon bezwen yo. Lè paran yo chèche revelasyon pèsonèl epi aji sou li, chita ansanm, epi sèvi ak anseye prensip senp levanjil yo, y ap resevwa pouvwa pou fòtifye ak pwoteje fanmi yo. Lòt manm fanmi an kapab ede tou. Granpapa m te anseye nou enpòtans kenbe pwomès atravè yon senp chante ki di konsa: “Anvan ou fè yon pwomès, reflechi byen sou enpòtans li. Epi lè ou fin fè li, grave l nan kè ou. Grave l nan kè ou.” Gran papa m te anseye nou ti chante sa a avèk lanmou, konviksyon, ak pouvwa paske li menm tou li te grave pwomès pa l yo nan kè li.

Yon manman saj mwen konnen entansyonèlman enkli pitit li yo nan efò l pou kenbe alyans li yo. Li jwayezman pote fado vwazen li, zanmi, ak manm pawas li---epi konsole moun ki bezwen konsolasyon. Nou pa t etone ditou lè jèn pitit fi sè sa a te vin mande èd dènyèman pou l te ka konnen kijan pou l te pi byen rekonfòte yon ti zanmi ki te gen papa l fèk mouri. Sete yon okazyon pafè pou n te anseye l ke dezi li pou rekonfòte zanmi l lan sete youn nan fason pou kenbe alyans batèm ni yo. Kijan nou ka atann pitit nou yo ap fè ak respekte alyans tanp yo si nou pa atann pou yo respekte premye alyans yo fè a---alyans batèm nan?

Èldè Richard G. Scott te obsève: “Youn nan pi gwo benediksyon nou ka ofri mond lan se pouvwa yon fwaye ki santre sou Kris la kote levanjil la anseye, alyans kenbe, epi lanmou abonde.”11 Ki kèk fason nou ka kreye yon fwaye konsa pou prepare pitit nou yo pou yo fè ak kenbe alyans tanp yo?

  • Ansanm, nou ka dekouvri kisa sa vle di pou yon moun diy pou yon rekòmandasyon tanp.

  • Ansanm, nou ka dekouvri kijan pou n koute Sentespri a. Paske se pa revelasyon nou resevwa dotasyon tanp lan, nou bezwen akeri talan enpòtan sa a.

  • Ansanm, nou ka dekouvri kijan pou nou aprann gras ak senbòl yo, kòmanse avèk senbòl sakre batèm ak Sentsèn yo.

  • Ansanm, nou ka dekouvri poukisa kò a sakre, poukisa yo pafwa fè referans avèk li kòm tanp, ak kijan abiye ak prezante modèsteman gen rapò avèk nati sakre abiman tanp yo.

  • Ansanm, nou ka dekouvri plan bonè a nan ekriti yo. Plis nou familye avèk plan Papa nou ki nan Syèl la ak Ekspyasyon an nan ekriti yo, se plis adorasyon nan tanp lan ap gen sans pou nou.

  • Ansanm, nou ka aprann istwa zansèt nou yo, fè rechèch jeneyalojik, istwa familyal, ak travay pa pwokirasyon pou zansèt nou ki mouri yo.

  • Ansanm, nou ka dekouvri siyifikasyon tèm tankou dotasyon, òdonans, sèlman, prètriz, kle ak lòt tèm ki anrapò avèk adorasyon tanp.

  • Ansanm, nou ka anseye ke nou ale nan tanp pou fè alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la---epi nou kenbe yo lè nou retounen lakay!12

Annou sonje konsèp “byen, bon, ak pi bon toujou a”13 lè n ap anseye. Li bon pou nou anseye pitit nou yo sou tanp. Li pi bon pou n prepare yo epi atann pou y al fè ak kenbe alayns. Li pi bon toujou pou n montre yo egzanp ke nou jwayezman atache ak pwòp alyans batèm ak alyans tanp pa nou yo! Sè m yo, èske nou reyalize wòl vital nou nan travay sali a lè n ap nouri, anseye, ak prepare pitit nou yo pou yo pwogrese sou chemen alyans lan? Pouvwa pou fè sa a ap vini si nou onore ak kenbe alyans nou yo.

2. Kenbe alyans esansyèl pou vrè bonè.

President Thomas S. Monson Prezidan Monson te anseye: “Gen alyans sakre ke nou dwe respekte, e nou dwe fidèl nan yo pou nou kapab konnen bonè.”14 Nan 2 Nefi, nou li: “Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè.”15 Anvan sa nan menm chapit la, nou aprann ke Nefi ak pèp li a te fèk bati yon tanp. Siman yo sete moun ki te kontan kenbe alyans yo! Epi nan Alma, nou li: “Men gade, pa t janm gen plis lajwa nan pami pèp Nefi a depi epòk Nefi, pase nan epòk Mowoni an.”16 Poukisa? Ankò, nou aprann nan vèsè anvan an ke yo sete “moun ki te respekte kòmandman Senyè a yo avèk lafwa.”17 Moun ki kenbe alyans se moun ki respekte kòmandman!

Mwen renmen ekriti sa a ki di: “Epi kounyeya lè pèp la te tande pawòl sa yo, yo te bat men yo ak lajwa e yo te di konsa: Se dezi kè nou.”18 Mwen renmen dezi kè yo a. Yo te jwayezman dezire pou fè ak kenbe alyans!

Yon jou Dimanch, yon sè te eksklame jwayezman: “M pral pran Sentsèn jodia!” Ki dènye fwa nou rejwi pou privilèj sa a? E kijan nou demontre sa? Nou fè sa nan toujou sonje Sovè a ak toujou respekte kòmandman l yo, ki enkli sanktifye jou Saba a. Nou fè sa nan toujou sonje li lè nou toujou fè priyè pèsonèl ak priyè familyal nou, lè nou fè etid ekriti chak jou, ak sware familyal chak semèn. Epi lè nou neglije oubyen nou pa fè bagay enpòtan sa yo, nou repanti epi nou rekòmanse ankò.

Lè nou fè alyans epi nou kontan kenbe yo, sa valide ak ravive òdonans sali sakre ak enpòtan yo nou bezwen resevwa pou nou kapab jwenn “tout sa Papa a genyen.”19 Òdonans ak alyans yo se “bagay siyifikan” Prezidan Henry B. Eyring te fè referans la lè l te anseye: Sen Dènye Jou yo se yon pèp alyans. Soti nan jou batèm rive nan akonplisman espirityèl yo nan lavi nou, nou fè pwomès avèk Bondye epi Li fè nou pwomès. Li toujou kenbe pwomès li fè nou atravè sèvitè otorize l yo, men tès enpòtan nan lavi nou an se wè si nou ap fè ak kenbe alyans nou menm nou fè avèk li yo.”20

3. Kenbe alyans nou demontre lanmou nou pou Sovè a ak pou Papa nou ki nan Syèl la.

Nan tout rezon k fè nou dwe pi dilijan nan kenbe alyans nou yo, rezon ki pi enpòtan pase tout la---se lanmou. Gen yon vèsè nan Ansyen Testaman an ki pale sou prensip lanmou an ki touche m anpil. Kiyès nan nou ki pa touche pa istwa lanmou Jakòb ak Rachel nan Bib la, lè nou li: “Se konsa Jakòb pase setan ap travay kay Laban pou l te ka marye ak Rachel”?21 Sè m yo, èske nou kenbe alyans nou avèk kalite lanmou pwofon ak devwe sa a?

Poukisa Sovè a te dispoze pou l kenbe alyans li avèk Papa a pou ranpli misyon divin ni pou ekspye pou peche mond lan yo? Sete akoz amou li pou Papa nou ki nan Syèl la ak amou li pou nou. Poukisa Papa a te dispoze pou kite Pitit Gason Literal ak pafè l la soufri doulè ki depase deskripsyon pou l te pran sou tèt li peche, chagren, maladi, ak enfimite mond lan ak tout sa ki enjis nan lavi sa a? Nou jwenn repons lan nan pawòl sa yo: “Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay Sèl Pitit li a pou yo.”22

“Si nou vrèman apresye pil benediksyon nou resevwa atravè redanmsyon an ki te fèt pou nou an, pa gen anyen Senyè ta ka mande nou ke nou pa t ap prese fè san ezite.”23 Selon deklarasyon sa a, Prezidan Joseph Fielding Smith te di: kenbe alyans se yon fason pou eksprime lanmou nou pou Ekspyasyon enkonpreyansib ak enfini Sovè e Redanmtè nou an fè pou nou an ak pou amou pafè Papa nou ki nan Syèl la.

Èldè Holland te sigjere avèk emosyon: “Mwen pa konnen sa k pral rive nou nan jou jijman an, men, mwen ta etone anpil si, nan yon sèten moman oswa yon lòt nan konvèsasyon an, Bondye pa ta poze nou egzakteman kesyon Kris la te poze Pyè a: ‘Èske w te renmen m?’”24 Aswè a, mwen envite nou chak pou nou evalye kijan nou renmen Sovè a, kote n ap itilize, kòm mezi, nan ki degre nou kontan kenbe alyans nou yo. Sovè a te di: “Moun ki aksepte kòmandman m yo, epi ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen; Papa m va renmen moun ki renmen mwen, epi mwen menm tou, ma renmen l, epi ma fè l wè mwen.”25 Ala bezwen nou tout bezwen yon manifestasyon regilye nan men Sovè a nan lavi nou chak jou!

Annou sonje ke menm moun ki te elwaye yo nan lepase yo, oubyen sa k ap lite yo kounyeya, kapab santi touch men Bon Bèje a sou tèt yo epi tande vwa li k ap di yo: “Vini non. Ou pa mare ankò. Ou lib.” Sete Sovè a ki te di: “Mwen se Bon Bèje a: bon bèje a bay lavi l pou mouton l yo.”26 Li kapab di sa paske li te kenbe alyans li avèk amou. Kesyon an kounyeya se, èske n ap kenbe pa nou yo tou? Se pou nou avanse devan ak lafwa, ak kè kontan, ak yon gwo dezi pou nou respekte alyans nou yo. Se fason sa a n ap demontre amou nou pou Papa nou ki nan Syèl la ak pou Sovè nou an, e konsènan yo mwen temwaye avèk gwo lanmou, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade D. Todd Christofferson, “You Are Free,” Ensign, Mas 2013, 38, 40; oswa Liahona, Mas 2013, 16, 18.

  2. Jeffrey R. Holland, “Keeping Covenants: A Message for Those Who Will Serve a Mission,” New Era, Jan. 2012, 3; oswa Liahona, Jan. 2012, 49.

  3. Gade “Understanding Our Covenants with God,” Ensign, Jiyè 2012, 25; oswa Liahona, Jiyè 2012, 23.

  4. “J’irai où tu veux,” Cantiques, no. 174; italik ajoute.

  5. 1 Nefi 14:14.

  6. Jan 13:35.

  7. Lucy Mack Smith, nan Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 25.

  8. Mozya 27:14; italik ajoute.

  9. Doktrin ak Alyans 18:13.

  10. Gade Henry B. Eyring, “Spiritual Preparedness: Start Early and Be Steady,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2005, 37–40.

  11. Richard G. Scott, “For Peace at Home,” Ensign oswa Liahona, May 2013, 30.

  12. Gade D. Todd Christofferson, “L’Evangile est la reponse aux problèmes et aux défis de la vie” (réunion de formation mondiale des dirigeants, Fev. 2012); lds.org/broadcasts.

  13. Gade Dallin H. Oaks, “Bon, mieux, encore mieux,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 104.

  14. Thomas S. Monson, “Happiness—the Universal Quest,” Ensign, Okt. 1993, 4; oswa Liahona, Mas. 1996, 5.

  15. 2 Nefi 5:27.

  16. Alma 50:23.

  17. Alma 50:22.

  18. Mozya 18:11.

  19. Doktrin ak Alyans 84:38.

  20. Henry B. Eyring, “Witnesses for God,” Ensign, Nov. 1996, 30; italik ajoute.

  21. Jenèz 29:20.

  22. Jan 3:16.

  23. Joseph Fielding Smith, “Importance of the Sacrament Meeting,” Relief Society Magazine, Okt. 1943, 592.

  24. Jeffrey R. Holland, “The First Great Commandment,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 84.

  25. John 14:21.

  26. Jan 10:11.