2010–2019
Èske dòmi pran ou pandan Retablisman an?
Avril 2014


Èske dòmi pran ou pandan Retablisman an?

Sa ap twò riske pou nou si nou menm, pèsonèlman, fanmi nou, e antanke Legliz Kris la, nou ta bay sèlman mwatye efò nou nan travay sakre sa a.

Sa gen prèske desanzan, yon istwa Ameriken “Rip Van Winkle” te vin tounen yon klasik toudenkou. Pèsonaj prensipal la, ki se Rip, se yon mesye san anbisyon, ki trè bon nan evite de bagay: travay ak madanm ni.

Yon jou, pandan l t ap pwomne avèk chyen li nan mòn yo, li te dekouvri yon gwoup mesye ki te abiye etranj ki t ap bwè ak jwe. Apre l te fin aksepte likè yo te ofri l la, Rip te vin anvi dòmi epi l te fèmen je l pou yon ti moman. Lè l te louvri je l ankò, li te etone wè chyen l lan t ale, fizi l la te wouye, epi li te gen yon bàb byen long kounyeya.

Rip te debwouye l retounen nan vilaj la e li te dekouvri tout bagay te chanje. Madanm ni te mouri, zanmi l yo t ale, epi foto Wa George III a nan restoran an te ranplase pa pòtre yon moun li pa rekonèt—Jeneral George Washington.

Rip Van Winkle Rip Van Winkle te dòmi pandan 20 tan! Epi, nan pwosesis la, li te rate youn nan peryòd ki te pi eksitan nan istwa peyi l la—li te dòmi pandan tout Revolisyon Amerikèn nan.

An Me 1966, Dr. Martin Luther King Jr. te itilize istwa sa a pou l te ilistre yon diskou li ki rele “Pa dòmi pandan Revolisyon an.”1

Jodia, mwen ta renmen pran menm tèm sa a pou m poze yon kesyon pou tout moun ki detni prètriz Bondye yo: èske dòmi pran nou pandan Retablisman an?

N ap viv nan epòk Retablisman an

Pafwa nou panse Retablisman levanjil la se yon bagay ki fini, ki deja dèyè nou—Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an, li te resevwa kle prètriz yo, Legliz la te òganize. An reyalite, Retablisman an se yon pwosesis kontini; n ap viv nan li kounyeya la a menm. Li enkli “tout bagay Bondye te revele, tout bagay li revele kounyeya,” epi li pral revele “anpil gwo bagay ki enpòtan ankò.”2 Frè m yo, evenman eksitan aktyèl yo fè pati epòk preparasyon ki te predi depi lontan an, ki ap fini avèk Dezyèm Veni gloriye Sovè nou an, Jezikri.

Se youn nan epòk ki pi remakab nan istwa mond lan! Ansyen pwofèt yo te anvi wè epòk nou an anpil.

Lè tan nou nan mòtalite a fini, ki eksperyans nou pral kapab pataje sou kontribisyon pa nou nan epòk siyifikan sa a nan lavi nou an ak nan fè travay Senyè a avanse a? Èske n ap kapab di nou te twouse manch nou epi nou te travay ak tout kè nou, tout pouvwa nou, tout panse nou, ak tout fòs nou? Oubyen èske nou pral admèt ke wòl nou sete plis yon wòl obsèvatè?

M panse gen tout kalite rezon k fè l fasil pou nou vin yon tijan andòmi lè pou nou bati wayòm Bondye a. Kite m mansyone twa gwo rezon. Pandan m ap fè sa a, mwen envite nou pou nou reflechi si youn nan yo aplike pou nou. Si nou wè kote nou bezwen pote amelyorasyon, m ap mande nou pou n panse a sa nou ka fè pou nou ka chanje sa.

Egoyis

Premyèman, egoyis.

Moun ki egoyis chèche pwòp enterè pa yo ak pwòp plezi pa yo pase tout lòt bagay. Kesyon santral moun egoyis la poze se “Kisa m ap benefisye ladan?”

Frè m yo, mwen sèten nou ka wè atitid sa a klèman kontrè ak espri yo mande pou nou bati wayòm Bondye a.

Lè nou chèche sèvis enterese plis pase sèvis dezenterese, priyorite nou vin santre sou pwòp avantaj nou ak plezi pa nou.

Jenerasyon pase yo te lite avèk anpil fòm egoyis ak vanite, men m panse jodia nou an konpetisyon serye avèk yo. Èske se yon konyensidans ke Diksyonè Oxford la fèk sot pwoklame mo “selfie” a kòm mo ane a?3

Pa nati nou, nou tout gen yon dezi pou yo rekonèt nou, e pa gen anyen ki mal nan pran detant ak amize nou. Men lè se chèche “pwofi ak louwanj mond lan”4 ki pati santral motivasyon nou, nou rate bèl eksperyans ki soti nan lage tèt nou ak tout noumenm nan travay Senyè a.

Kisa remèd la ye?

Repons lan, kòm toujou, chita nan pawòl Kris yo:

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li, se pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi suiv mwen.

“Paske moun ki ta vle sove lavi l va pèdi l; men moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen menm ak pou levanjil la, li va sove li.”5

Moun ki totalman remèt Sovè nou an lavi yo epi ki sèvi Bondye ak pwochen yo, yo dekouvri yon richès ak yon plenitid nan lavi ke moun egoyis la pap janm fè eksperyans. Moun ki pa egoyis bay tout yo menm. Se gen dwa ti jès charite ki fè yon gwo enpak benefik: yon souri, yon lamen, yon akolad, pase tan ap koute, yon ti mo ankourajman, oubyen yon jès atansyon. Tout jès jantiyès sa yo ka chanje kè ak lavi moun. Lè nou pwofite opòtinite san limit pou renmen ak sèvi pwochen nou yo, enkli konjwen nou ak fanmi nou, kapasite nou pou renmen Bondye ak pou sèvi lòt moun grandman ogmante.

Moun ki sèvi lòt moun yo pap andòmi pandan Retablisman an.

Adiksyon

Yon lòt bagay ki ka lakoz nou mache tou dòmi pandan epòk siyifikan sa a nan mond lan se adiksyon.

Adiksyon souvan kòmanse sibtilman. Adiksyon se fil mens ti aksyon repete ki mare ansanm vin tounen gwo kòd abitid. Movèz abitid gen potansyèl pou yo vin tounen adiksyon devoran.

Chenn kòde adiksyon sa yo kapab pran anpil fòm, tankou pònografi, alkòl, sèks, dwòg, sigarèt, jwèt aza, manje, travay, Entènèt, oubyen yon bagay vizib. Satan, enmi komen nou an, gen anpil zouti favori li itilize pou fè nou pèdi potansyèl divin nou pou akonpli misyon nou nan wayòm Senyè a.

Sa atriste Pè Selès la lè l wè konbyen kèk nan pitit gason nòb li yo volontèman lonje bra yo pou aksepte chenn adiksyon devanstan yo.

Frè m yo, nou detni prètriz etènèl Bondye Toupuisan an. Nou se pitit gason Moun ki pi Wo a e nou dote avèk potansyèl endeskriptib. Nou destine pou n atenn pi gwo potansyèl divin nou. Nou pa la pou n limite potansyèl nou akoz dezi terès, anprizonnen nan kamizòl nou menm nou fòse met sou nou.

Kisa remèd la ye?

Premye sa nou dwe konprann sèke adiksyon pi fasil anpil pou prevni pase pou l geri. Jan Sovè a te di: “Pa kite bagay sa yo antre nan kè nou.”6

Sa gen kèk ane, yo te ofri Prezidan Thomas S. Monson avèk mwen opòtinite pou nou te vizite Air Force One nan—bèl avyon mayifik ki transpòte Prezidan Etazini an. Sèvis Sekrè a te fè anpil anpil kontwòl sekirite, e m te yon tijan souri lè ajan yo t ap fouye pwofèt la anvan l te monte nan avyon an.

Pilòt la te envite m pou m te chita sou chèz kapitèn nan. Sete yon eksperyans remakab pou m te chita devan tablo kontwòl yon bèl machin volant ankò, tankou sa m te konn pilote pandan si anpil ane yo. Souvni vòl ap travèse oseyan ak kontinan te ranpli kè mwen. M te imajine dekolaj ak aterisaj eksitan yo nan ayewopò nan kat kwen mond lan.

Prèske san m pa t reyalize, m te mete men sou kat manèt gaz 747 la. Nan menm moman an, yon vwa byeneme te pale byen fèm dèyè do m nan—vwa Thomas S. Monson.

Li te di: “Dieter, ou pa menm bezwen panse sa.”

Mwen pa admèt anyen, men siman Prezidan Monson te li nan panse mwen.

Lè nou gen tantasyon pou nou fè sa nou pa ta dwe fè, annou koute vwa avètisman eman nan men manm fanmi ak zanmi nou, pwofèt byeneme nou an, e toujou Sovè a.

Pi bon pwoteksyon kont adiksyon se pa janm kòmanse.

Men e moun ki twouve yo pran nan atrap adiksyon yo?

Tanpri, m vle nou konnen, toudabò, gen espwa. Chèche èd nan men moun pwòch nou, dirijan Legliz yo, ak moun ki antrene pou sa. Legliz la gen yon pwogram èd pou gerizon anba adiksyon atravè dirijan legliz lokal yo, Entènèt,7 and, e nan kèk zòn, atravè sèvis SDJ pou fanmi yo.

Toujou sonje, avèk èd Sovè a, ou ka libere tèt ou anba adiksyon. Sa ka yon chemen long, difisil, men Senyè a pap abandone ou. Li renmen ou. Jezikri te soufri Sakrifis Ekspyatwa a pou ede ou chanje, pou libere ou anba kaptivite peche.

Sa k pi enpòtan an se kontinye eseye—pafwa sa mande plizyè tantativ anvan yon moun reyisi. Konsa, pa lage. Pa pèdi lafwa. Kenbe kè w tou pre Senyè a, e L ap ba ou pouvwa delivrans. L ap libere ou.

Chè frè m yo, toujou rete lwen abitid ki ka mennen nan adiksyon yo. Moun ki pa fè sa yo, y ap kapab dedye tout kè yo, tout pouvwa yo, tout panse yo, ak tout fòs yo nan sèvis Bondye.

Dòmi pa pral pran yo pandan Retablisman an.

Konfli priyorite

Yon twazyèm obstak ki anpeche nou totalman angaje nan travay sa a se pil konfli priorite n ap konfwonte yo. Gen nan nou ki sitèlman okipe ke nou santi n tankou yon charèt ki tire pa yon douzèn bèt—chak prale nan yon direksyon diferan. Nou mete anpil enèji, men charèt la pa al okenn kote.

Souvan nou konsakre pi bon efò nou nan yon pastan, yon espò, nan enterè pwofesyonèl, ak pwoblèm kominote oswa politik. Tout bagay sa yo ka bon ak onorab, men, èske yop kite tan ak enèji pou sa ki ta dwe priyorite absoli nou yo?

Kisa remèd la ye?

Yon fwa ankò, li soti nan pawòl Sovè a:

“Se pou ou renmen Senyè Bondye w la avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

“Sa se pi gwo kòmandman an an.

“Men dezyèm nan ki gen menm enpòtans lan, se pou ou renmen pwochen ou menmjan ou renmen pwòp tèt pa ou.”8

Tout lòt bagay nan lavi a dwe pase vini apre de gwo priyorite sa yo.

Menm nan sèvi nan Legliz la, li fasil pou nou pase anpil tan ap fè bagay yo machinalman san nou pa gen kè ak sibstans ki fè yon moun disip la.

Frè m yo, nou menm antanke detantè prètriz, nou pran angajman pou nou se yon pèp ki renmen Bondye ak pwochen nou epi ki dispoze pou demontre amou sa a an pawòl ak nan aksyon. Sa se sa nou ye antanke disip Jezikri.

Moun ki suiv prensip sa yo, dòmi p ap pran yo pandan Retablisman an.

Yon apèl pou n reveye

Apot Pòl te ekri: “Leve non, ou menm k ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo, e Kris la va klere ou.”9

Chè zanmi m yo, konnen nou se pitit gason limyè.

Pa kite nou tonbe nan egoyis! Pa tonbe nan abitid ki ka mennen adiksyon! Pa kite konfli priyorite yo fè nou vin endiferan oubyen detache nou nan travay disip nou ak nan sèvis prètriz nòb nou!

Sa ap twò riske pou nou si nou menm, pèsonèlman, fanmi nou, e antanke Legliz Kris la, nou ta bay sèlman mwatye efò nou nan travay sakre sa a.

Efò pou yon moun disip Jezikri a se pa yon efò nou akonpli yon fwa pa semèn oubyen yon fwa pa jou. Se efò nou deside fè yon fwa pou tout.

Pwomès Senyè a fè detantè prètriz li yo prèske twò grandyoz pou nou konprann.

Moun ki fidèl nan Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisedèk la e ki mayifye apèl yo “Lespri a sanktifye yo pou kò yo kapab renouvle.” Se poutèt sa y ap resevwa tout sa Papa nou genyen.10

Mwen temwaye ke pouvwa pirifikatè Ekspyasyon Jezikri a ak pouvwa transfòman Sentespri a kapab geri ak sekouri limanite. Se privilèj pa nou, devwa sakre nou, ak lajwa nou pou nou koute apèl Sovè a, pou suiv li avèk yon espri dispoze epi avèk tout kè nou. Annou “souke chenn yo ki mare nou an, e sòti nan tenèb la, epi leve sòti nan pousyè a.”11

Annou reveye e annou pa sispann fè sa ki byen, paske “n ap poze fondasyon yon gwo travay,”12 ki se prepare pou retou Sovè a. Frè m yo, lè nou ajoute limyè egzanp nou kòm temwayaj sou bote ak pouvwa verite retabli a, dòmi p ap pran nou pandan Retablisman an. Konsènan sa mwen temwaye e m kite benediksyon m pou nou, nan non Jezikri, amèn.