2010–2019
Fòtifye nou e pran kouraj
Avril 2014


Fòtifye nou e pran kouraj

Annou—nou tout—gen kouraj pou nou afwonte opinyon jeneral la, kouraj pou defann prensip nou yo.

Frè byeneme m yo, ala sa bon pou nou ansanm yon fwa ankò. Mwen priye pou m jwenn èd syèl la pandan m ap pwofite opòtinite pou adrese nou an.

Apa Sant Konferans sa a, gen dè milye lòt moun ki rasanble nan chapèl ak nan lòt kote toupatou nan pifò nan mond lan. Nou tout gen yon bagay komen ki liye nou ansanm, paske yo konfye nou responsablite detni prètriz Bondye a.

Nou isit la sou tè a nan yon epòk remakab nan istwa li. Opòtinite nou yo prèske san limit, men nou fè fas ak yon pakèt difikilte tou, kèk nan yo espesyal a epòk nou an menm.

N ap viv nan yon mond kote pou pifò, yo rejte valè moral yo, kote peche pibliye ouvètman, e kote tantasyon pou devye soti nan chemen etwat la antoure nou. Nou fè fas avèk presyon pèsistan ak enfliyans trèt k ap kraze bagay ki gen desans yo pou eseye ranplase yo pa filozofi ak koutim sipèfisyèl yon sosyete pwofàn.

Akoz pwoblèm sa yo ak lòt tou, nou gen desizyon ki devan nou konstaman ki ka detèmine destine nou. Pou nou ka pran desizyon ki kòrèk yo, nou bezwen kouraj—kouraj pou n di “non” lè nou dwe fè sa, kouraj pou n di “wi” lè sa apwopriye, kouraj pou nou fè sa ki byen paske se byen.

Paske tandans nan sosyete a jodia ap rapidman derape ale lwen valè ak prensip Senyè a ba nou yo, nou pral sètènman aple pou nou defann sa nou kwè. Èske n ap gen kouraj pou n fè sa?

Prezidan J. Reuben Clark Jr., ki te manm Premye Prezidans lan pandan plizyè ane, te di: “Konn gen sitiyasyon kote moun ki sanse gen lafwa yo … konn santi, etandone si yo deklare lafwa yo plènman sa ka lakoz kòlèg enkwayen yo pase yo nan betiz, yo dwe modifye oubyen jistifye lafwa yo, oubyen detwi li, oubyen menm pretann pou rejte li. Moun sa yo se ipokrit.”1 Okenn nan nou pa ta swete yo ba nou yon etikèt konsa, men èske nou ezite pou deklare lafwa nou nan kèk sikonstans?

Youn nan bagay ki ka ede nou nan dezi nou pou fè sa ki dwe fèt la se ale nan kote pou n patisipe nan aktivite ki ap gen yon efè benefik sou panse nou e kote Lespri Senyè a ap santi l konfòtab.

Mwen raple m, sa gen kèk tan, m te li konsèy yon papa te bay pitit gason li lè l t ap deplase pou al lekòl: “Si jamè ou apèsi w nan yon kote ou pa ta dwe ye, soti!” M ap ba nou chak menm konsèy la: “Si jamè nou ta apèsi nou nan yon kote nou pa ta dwe ye, soti!”

Apèl pou nou kouraje a prezante konstaman devan nou chak. Chak jou nan lavi nou, nou bezwen kouraj—pa sèlman pou evenman trè enpòtan yo, men pi souvan lè n ap pran desizyon oubyen reponn a sitiyasyon ki devan nou yo. Powèt Ekosè ki rele Robert Louis Stevenson nan te di: “Kouraj chak jou a pa gen anpil temwen. Men kouraj ou toujou nòb menmsi pa gen okenn tanbou yo bat pou ou ni foul moun k ap aklame ou.”2

Kouraj vini sou plizyè fòm. Otè Kretyen an, Charles Swindoll te ekri: “Kouraj pa limite nan chan batay sèlman … oswa nan bravman kenbe yon vòlè lakay nou. Vrè tès kouraj yo pi sibtil. Yo se tès alenteryè, tankou rete fidèl lè okenn moun pap gade, … tankou defann pozisyon nou lè yo pa konprann nou.”3 Mwen ta ajoute ke kouraj enteryè sa a enkli fè sa ki dwe fèt la menmsi nou pè, defann kwayans nou menmsi yo ka pase nou nan betiz, e kenbe kwayans sa yo menm lè nou menase pèdi zanmi oswa ran sosyal. Moun ki kanpe fèm pou sa ki dwat yo riske pou yo pa apwouve yo ni pou yo pa popilè.

Pandan m t ap sèvi nan Lame Etazini an, nan Dezyèm Gè Mondyal la, mwen te tande pale sou aksyon bravou, sou egzanp vanyans, ak egzanp kouraj. Gen youn mwen pap janm bliye ki sete kouraj silansye yon maren 18 tan—ki pa t manm legliz nou an—ki pa t twò ògeye pou l te priye. Sou 250 moun ki te nan konpayi l la, li sete sèl moun ki te konn mete ajenou chak swa bò kabann ni, pafwa nan mitan mokri ak plezantri moun ki pa t kwayan yo. Avèk tèt li bese, li te konn priye Bondye. Li pa t janm pè priye. Li pa t janm ezite. Li te gen kouraj.

Sa pa gen lontan, m te tande pale de egzanp yon moun ki asireman te sanble l manke kouraj enteryè sa a. Yon zanmi te rakonte m yon reyinyon Sentsèn espirityèl trè edifyan li menm ak mari l te asiste nan pawas yo. Yon jenòm ki detni ofis prèt nan Prètriz Aawon an te touche kè tout kongregasyon an lè l te pale sou verite levanjil yo ak sou lajwa ki genyen nan respekte kòmandman yo. Li te rann yon temwayaj fèvan e touchan pandan l te kanpe sou chè a, li te parèt byen pwòp ak byen prezantab nan chemiz blanch ak kravat li.

Nan pita nan menm jou sa a, pandan madanm sa a ak mari li t ap soti nan katye yo a nan machin yo, yo te wè menm jenòm sa a ki te si enspire yo kèk èdtan anvan an. Men, fwa sa a, li te parèt toutafè diferan pandan l t ap mache sou twotwa a tou debraye—ap fimen yon sigarèt. Zanmi m nan ak mari li te non sèlman desi ak tris, men yo te twouble anpil pou wè avèk ki fasilite li te ka pase sot nan yon moun ki te fè yon gwo enpresyon si konvenkan nan reyinyon Sentsèn nan pou vin lòt moun sa a ki si totalman diferan an.

Frè m yo, èske nou se menm moun nan kèlkeswa kote nou ye ak kèlkeswa sa n ap fè—moun Pè Selès la vle pou nou ye a ak moun nou konnen nou dwe ye a?

Nan yon entèvyou ki te pibliye nan yon revi nasyonal, yo te mande Jabari Parker, jwè baskètbòl Ameriken renome a, ki se yon manm legliz la, pou l te pataje pi bon konsèy li te resevwa nan men papa li. Jabari te di; “[Papa m] toujou di, Se pou w rete egzakteman menm moun ou ye a, keseswa ou nan fènwa oubyen nan limyè.”4 Frè m yo, sa se yon konsèy ki enpòtan pou nou tout.

Ekriti nou yo ranpli avèk egzanp sou kalite kouraj nou chak bezwen jodia. Pwofèt Danyèl te demontre kouraj siprèm nan defann sa l te konnen ki te dwat e nan demontre kouraj pou l te priye, malgre yo te menase l lanmò si l te fè sa.5

Kouraj sete karakteristik lavi Abinadi, jan sa montre nan dispozisyon li pou l te pèdi lavi li olye l te renye laverite a.6

Kimoun ki ka pa enspire pa lavi 2000 gèrye Elaman yo, ki te anseye ak demontre kouraj pou yo te suiv ansèyman paran yo pou yo te rete chas ak pi a?7

Petèt chak nan resi sa yo nan ekriti yo kouwone pa egzanp Mowoni, ki te gen kouraj pou l te pèsevere nan ladwati jiskalafen an.8

Pandan tout lavi li, Pwofèt Joseph Smith te bay egzanp kouraj san konte. Youn nan egzanp ki te pi enpresyonan yo te rive lè li menm ak lòt nan frè yo te anchennen ansanm—imajine, anchennen ansanm—epi yo te kenbe yo fèmen nan yon kabin san fini tou pre tribinal la nan Richmond, Missouri a. Parley P. Pratt, ki te pami prizonye yo, te ekri apwopo yon jou swa byen patikilye: “Nou te kouche kòmsi nou t ap dòmi jiskaske minui te pase, epi zòrèy nou ak kè nou te fè nou mal, lè pandan plizyè èdtan nou t ap tande plezantri obsèn, sèman orib, langaj sal plen blasfèm gad nou yo.”

Èldè Pratt kontinye:

“Mwen te koute jiskaske m te vin si degoute, si choke ak orifye, ak si plen santiman endiye ke m pa t kapab kenbe ankò pou m te leve kanpe pou m te reprimande gad yo; men m pa t di ni Joseph ni lòt moun yo anyen, malgre m te kouche bò kote li e m te konnen je l te klè. Epi toudenkou, li te leve kanpe, epi l te pale avèk yon vwa tonè, tankou kri yon lyon, osibyen m te ka sonje, li te di pawòl sa yo:

“‘SILANS!. … Nan non Jezikri m reprimande nou, e m kòmande nou pou nou pe; M pap viv yon lòt minit ankò pou m tande yon langaj konsa. Sispann pale konsa, oubyen nou menm avèk mwen ap mouri KOUNYEYA MENM!’”

Joseph “te kanpe nan yon majeste terib,” jan Èldè Pratt dekri a. Li te nan chenn, san yon zàm, men, malgre sa li te kalm ak diy. Li te poze je l sou gad yo k t ap tranble, ki t al chita nan yon kwen oubyen ranpe nan pye li. Mesye ki te parèt enkontwolab sa yo te mande l padon epi yo te pe.9

Se pa tout zak kouraje ki pote rezilta osi espektakilè ou imedyat konsa, men yo tout pote lapè despri ak yon asirans ke nou te defann byen ak laverite.

Li enposib pou yon moun kanpe dwat lè rasin ni chita sou sab opinyon ak apwobasyon popilè. Nou bezwen kouraj yon Danyèl, yon Abinadi, yon Mowoni, oswa yon Joseph Smith pou nou ka kanpe fèm ak solid pou defann sa nou konnen ki dwat. Yo te gen kouraj pou yo te fè non pa sa k te fasil la men sa k te dwat la.

Nou tout gen pou n fè fas ak laperèz, fè eksperyans mokri, e rankontre lopozisyon. Annou—nou tout—gen kouraj pou nou afwonte opinyon jeneral la, kouraj pou nou defann prensip nou yo. Se kouraj, non pa konpwomi, k ap pote souri apwobasyon Bondye. Kouraj vin tounen yon vèti aktiv ak atiran lè nou konsidere l non sèlman kòm lefèt pou nou prè pou n mouri ak diyite a, men tou, kòm detèminasyon pou mennen yon lavi ki diy. Pandan n ap pwogrese, ap eseye viv jan nou ta dwe, n ap asireman resevwa èd nan men Senyè a e nou ka jwenn rekonfò nan pawòl li yo. Mwen renmen pwomès li a ki ekri nan liv Jozye a:

“Mwen pap vire do ba ou, mwen pap janm lage ou. …

“…Fòtifye ou e pran kouraj; ou pa bezwen pè, ni ou pa bezwen dekouraje: paske Senyè a, Bondye w la, ap toujou la avèk ou kote ou pase.”10

Frè byeneme m yo, avèk kouraj pou konviksyon nou, se pou nou deklare, avèk Apot Pòl: “Mwen pa wont levanjil Kris la.”11 Epi apre sa a, ak menm kouraj sa a, se pou nou suiv konsèy Pòl la: “Se pou nou rete yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, nan pite.”12

Konfli katastwofik ale vini, men lagè k ap fèt pou konkeri nanm lèzòm nan kontinye san rete. Tankou apèl yon klewon, pawòl Senyè a vini pou nou menm, pou mwen menm, ak pou detantè prètriz toupatou: “Se sa ki fè, kounyeya, se pou tout moun aprann devwa yo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a avèk tout dilijans.”13 Lè sa a, n ap vin, jan Apot Pyè deklare a, “yon pretriz wayal,”14 ini nan bi e dote avèk pouvwa ki soti anwo.15

Se pou nou chak kite isit la aswè a avèk detèminasyon ak kouraj pou nou di, menmjan ak Jòb nan tan ansyen an: “Toutotan m poko mouri, ... m ap kenbe entegrite mwen.”16 Pou nou fè sa, mwen priye enbleman, nan non Jezikri, amèn.