2010–2019
Kris Redanmtè a
Avril 2014


Kris Redanmtè a

[Sakrifis Redanmtè a] se yon benediksyon pou tout moun, depi Adan, premye a, rive nan dènye nan tout kretyen vivan yo.

Jezikri, Pitit Gason Bondye a, te fèt e l te mouri nan sikonstans san parèy. Li te viv e l te grandi nan kondisyon enb, san byen materyèl. Li te di apwopo li menm “Chat mawon gen two yo, zwazo nan syèl la gen nich yo; men Pitit Gason lòm nan pa gen okenn kote pou l poze tèt li” (Lik 9:58).

Li pa t janm resevwa onè, favè, apresyasyon, ni tretman prefere nan men dirijan politik ni nan men dirijan relijye yo sou tè a nan epòk li a. Ni li pa t chita nan plas ki pi wo yo nan sinagòg yo.

Prèch li te senp, e malgre foul moun t ap suiv li, ministè li sete toujou pou beni moun youn pa youn. Li te akonpli mirak san konte pami moun ki te aksepte li antanke moun Bondye te voye a.

Li te bay Apot li yo otorite ak pouvwa pou yo fè mirak “ak pi gwo bagay toujou (Jan 14:12), pase sa l te akonpli yo, men li pa t janm delege yo privilèj pou padone peche a. Enmi l yo te vin endiye lè yo te tande l di: “Ale, pa peche ankò” (Jan 8:11) oubyen “Peche w yo padone” (Lik 7:48). Dwa sa a apatni a li menm sèlman paske Li se Pitit Gason Bondye a e paske Li te peye pou peche sa yo avèk Sakrifis Ekspyatwa l la.

Pouvwa li sou lanmò

Pouvwa li sou lanmò sete yon karakteristik divin tou. Jairus, yon chèf sinagòg la, te priye “pou l te ale lakay li; paske li te gen sèl pitit fi douzan l lan ki te prèske mouri” (Lik 8:41–42).” Mèt la te tande kri li, epi pandan yo t ap mache a, yon sèvitè te vin di Jairus “Pitit fi w la mouri; ou pa bezwen deranje Mèt la ankò” (Lik 8:49). Lè l te antre nan kay la, Jezi te mande pou tout moun sòti, epi li te mache, li te pran men tifi a, li te di l “Leve!” (Lik 8:54).

Nan yon lòt okazyon, pandan l t ap vwayaje ale nan vil Nain, li te rive devan yon antèman, yon vèv t ap kriye poutèt lanmò sèl grenn pitit gason l lan. Ranpli ak mizèrikòd, li te touche sèkèy la, epi l te di: “Jenòm, mwen di ou, Leve” (Lik 7:14). Lè yo te wè mirak la, moun yo te di “Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou; epi … Bondye vin sove pèp li a” (Lik 7:16). Mirak sa a te menm pi remakab paske yo te deja deklare jenòm nan mouri selon lalwa e yo ta pral antere li. Avè de jèn moun sa yo ki te retounen viv ankò a, prèv otorite li ak pouvwa li sou lanmò te etone kwayan yo e te ranpli moun ki pa t vle wè l yo ak krent.

Twazyèm okazyon an te pi enpresyonan toujou. Mat, Mari ak Laza sete frè ak sè Kris la te konn vizite souvan. Lè moun yo te vin di l Laza te mouri, li te pran kat jou pou l te al wè fanmi an. Pou konsole Mat, li te kategorikman temwaye ba li: “M se rezirèksyon an ak lavi a; moun ki kwè nan mwen, menmsi yo mouri, y ap viv ankò” (Jan 11:25).

Lè Sovè a te mande moun ki t ap kriye yo pou yo te retire wòch la devan kav la, Mat te chichote timidman, ba li: “Senyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a” (Jan 11:39).

Lè sa a Jezi te raple li: “Mwen pa deja di ou, Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?” (Jan 11:40). Epi apre l te fin di sa, li te di byen fò:

“Laza, sòti deyò!

“Epi mò a te soti” (Jan 11:43–44).

Apre kat jou Laza te fin pase nan kavo a, enmi Pitit Gason Bondye yo te devan prèv total ke yo pa t ka inyore, ni minimize, ni defòme epi yon bagay san sans e plen malis, yo te “pran desizyon pou yo touye li” (Jan 11:53).

Nouvo kòmandman an

Nan apre, Kris vivan an te selebre dènye Fèt Pak la nan Jerizalèm, ansanm avèk Apot li yo, li te etabli òdonans Sentsèn nan, epi l te ba yo kòmandman pou youn renmen lòt atravè sèvis sensè.

Agoni li nan Jetsemani

Apre sa, nan demonstrasyon siprèm lanmou li pou limanite, e an total akò avèk volonte li, li te mache bravman e byen detèmine pou l t al fè fas ak eprèv ki te pi difisil li a. Nan Jaden Jestemani an, nan solitid total, li te soufri agoni ki pi atwòs la, li te senyen nan tout twou swè kò li. An total soumisyon devan Papa li, li te ekspye pou peche nou yo epi l te pran sou li maladi nou ak afliksyon nou yo pou l ka konnen kijan pou l pote nou sekou (gade Alma 7:11–13).

Nou gen dèt anvè li e anvè Pè Selès la, sakrifis li a se yon benediksyon pou tout moun, soti nan Adan, premye a, jiska dènye nan tout kretye vivan yo.

Kondanasyon ak Kriskfiksyon Sovè a

Yon fwa agoni nan Jetsemani an te fini, li te volontèman livre tèt li bay enmi l yo. Trayi pa pwòp moun pa l, yo te kouri kondane li, nan yon fason enjis ak ilegal, nan yon jijman ki te manipile e ki te enkonplè. Menm nuit sa a yo te akize l pou krim blasfèm epi yo te kondane li pou l te mouri. Nan rayiman yo ak swaf vanjans yo—poutèt li te temwaye yo ke l sete Pitit Bondye—enmi l yo te fè konplo pou Pilat te kondane li. Pou fè sa, yo te chanje akizasyon blasfèm nan pou rebelyon pou yo asire ke lanmò li se t ap krisifiksyon.

Kondanasyon li pami Women yo te menm pi kriyèl toujou: mokri yo ak mepri yo pou wayòm espirityèl li a, kouwònman imilyan an avèk yon kouwòn pikan an, kal douloure a, ak agoni pwolonge a Krisifiksyon piblik li a, tout sete avètisman klè pou tout moun ki ta oze deklare yo se disip li.

Nan chak etap soufrans li yo, Redanmtè mond lan te montre metriz eksepsyonèl. Li te toujou panse pou beni lòt; avèk jantiyès ak tandrès, li te mande Jan pou l te pran swen manman li, Mari. Li te mande Papa l ki nan Syèl la pou padone egzekitè l yo ki t ap krisifye l la. Avèk travay li sou tè a ki te fin akonpli, li te rekòmande lespri l bay Bondye e li te rann dènye souf li. Yo te mete kò fizik Kris la nan tonm nan epi li te rete la pandan twa jou.

Travay Redanmtè a nan pami mò yo

Alòske disip li yo t ap soufri anba tristès, dekourajman, ak ensètitid, Sovè nou an, nan yon lòt faz nan plan gloriye Papa l la, te kontinye ministè li nan yon nouvo fason. Nan ti bout peryòd twa jou a, li te travay san rete pou òganize travay sali imans lan pami mò yo. Jou sa yo te vin kèk nan jou ki te pi ranpli ak lespwa pou tout fanmi Bondye a. Pandan vizit sa a, li te òganize disip fidèl yo pou yo te ka al pote bò nouvèl redanmsyon an bay moun ki nan lavi yo pa t gen tan konnen plan gloriye a oubyen ki te rejte l yo. Kounyeya, yo te gen opòtinite pou yo te libere anba kaptivite e pou yo te rachte pa Bondye ni vivan yo ni mò yo (gade D&A 138:19, 30–31).

Fwi Rezirèksyon yo

Apre l te fin akonpli travay li nan mond lespri a, li te retounen sou tè a—pou ini lespri li ak kò fizik li pou tout tan. Malgre ke l te totalman montre pouvwa li sou lanmò, resi moun li te fè retounen viv yo anvan Rezirèksyon l lan demontre ke yo te sèlman retounen pou yon lavi ki te pwolonje mirakilezman; men yo t ap mouri ankò.

Kris la sete premye moun ki te resisite pou l pa janm mouri ankò, pou posede yon kò pafè ak etènèl pou tout tan. Nan eta resisite li, li te parèt devan Mari, ki, osito li te rekonèt li, te kòmanse adore li. Redanmtè nou an, avèk gwo tandrès, te avèti l konsènan nouvo kondisyon gloriye l la: “Pa manyen m; paske mwen poko al jwenn Papa m” (Jan 20:17)—sa ki bay yon temwayaj adisyonèl ke ministè li a nan mond espri an te reyèl ak total. Nan apre, kote l te itilize langaj ki te konfime reyalite Rezirèksyon l lan, Li te di: “M ap monte bò kot Papa m, ki Papa nou tou; bò kot Bondye m, ki Bondye nou tou” (Jan 20:17). Lè l te fin ale kot Papa l la, li te retounen ankò e l te parèt devan Apot li yo; “li te montre yo de pla men l ak bò kòt li. Lè sa a disip yo te kontan, lè yo te wè sete Senyè a” (Jan 20:20).

Redanmtè a ap retounen

Mwen temwaye ke Kris la ap retounen nan yon fason trè diferan ak jan l te premye vini an. L ap vini nan pouvwa ak laglwa, avèk tout jis yo ak tout fidèl yo. L ap vini antanke Wa tou wa yo ak Senyè tout senyè yo, antanke Prens Lapè a, Mesi pwomi an, Sovè e Redanmtè a, pou jije ni vivan yo ni mò yo. Mwen priye pou nou ka rete diy pou viv avèk li, pou nou ka sèvi ak lajwa ak devouman, epi pou nou rete fidèl anvè li jiskalafen. Nan non Jezikri, amèn.