2010–2019
Pwoteksyon anba pònografi—yon fwaye santre sou Kris la
Avril 2014


Pwoteksyon anba pònografi—yon fwaye santre sou Kris la

Pi gwo pwoteksyon nan mond lan … se pwoteksyon pèsonèl alenteryè ki soti nan yon temwayaj pwofon ak dirab.

Chè frè m ak sè m yo, jodia m gen benediksyon pou m gen 13 pitit pitit pitit nan asanble a. Sa te pouse m poze tèt mwen kesyon sa a: “Kisa m ta renmen pitit pitit mwen yo konnen?” Maten an, mwen ta renmen pale klèman avèk fanmi m ak pa nou.

Nou menm, kòm dirijan, nou plis anplis gen enkyetid pou destriksyon pònografi ap fè nan lavi manm legliz yo ak fanmi yo. Satan ap atake avèk yon raj san presedan.

Youn nan rezon k fè nou isit sou tè a se pou n aprann kontwole pasyon ak santiman kò mòtèl nou. Santiman sa yo Bondye ba nou an se pou ede nou marye ak fè pitit. Relasyon entim maryaj ant yon gason ak yon fi a, ki mennen timoun nan mòtalite a, te deziyen tou pou l se yon bèl eksperyans plen lanmou ki makònen de kè devwe ansanm, ini ni espri a ni kò a, epi pote yon plenitid lajwa ak bonè si nou aprann mete bezwen lòt la anpremye. Prezidan Spencer W. Kimball te anseye ke nan maryaj, “konjwen an ... pran premye plas nan lavi mari a oswa madanm nan, epi ... [okenn] lòt enterè [ni] okenn lòt moun [ni] okenn lòt bagay pa dwe janm pase anvan konjwen an. …

“Maryaj egzije lwayote total ak fidelite total.”1

Sa gen kèk ane, youn nan pitit mwen yo te parèt pètibe. Mwen te antre nan chanm ni, kote li te pale avèk mwen e eksplike m ke li t al lakay yon zanmi epi li te aksidantèlman tonbe sou imaj ak aksyon chokan e twoublan nan televizyon an ant yon gason ak yon fi ki te toutouni. Li te kòmanse kriye e li te di kijan l te santi l choke pou sa l te wè a e li swete l te ka retire imaj la nan tèt li. Mwen te rekonesan anpil dèske li te konfye m sa a, pou l te ban m chans pou m te kalme kè inosan e blese l la epi ede l konnen kijan pou l jwenn rekonfò nan Ekspyasyon Sovè nou an. Mwen sonje santiman sakre m te santi lè nou te mete ajenou ansanm, manman ak pitit, pou nou te mande èd Papa nou ki nan Syèl la.

Anpil timoun, jèn moun, ak adilt envolontèman ekspoze anba pònografi, men, gen yon kantite gason ak fi ki plis anplis ap chwazi pou gade li e yo santi yo rale tounen ladan san rete jiskaske yo vin tonbe nan depandans. Moun sa yo gen dwa petèt anvi soti nan atrap sa a avèk tout kè yo men, souvan, yo pa gen kapasite pou simonte l poukont yo. Ala nou rekonesan lè moun byeneme sa yo chwazi pou konfye yo nan nou menm, paran, oubyen nan yon dirijan Legliz la. Nou dwe gen ase sajès pou n pa reyaji pou montre nou choke, ankòlè, oubyen rejte yo, sa ki ka lakoz yo ka fè silans ankò.

Antanke paran ak dirijan, nou bezwen toujou konseye pitit nou yo ak jèn nou yo, koute yo avèk amou ak konpreyansyon. Nou dwe fè yo konnen danje pònografi ak kòman li pran kontwòl lavi yon moun, sa ki pote kòm konsekans: pèdi Lespri, santiman defòme, mansonj, relasyon degrade, pèdi kontwòl tèt, e akapare prèske tout tan, tout panse, ak tout enèji moun nan.

Pònografi pi debòde, pi dyabolik, ak pi chokan pase jamè anvan. Lè n ap konseye pitit nou yo, ansanm nou ka etabli yon plan familyal avèk prensip ak limit, pou nou aji nan fason veyatif pou pwoteje lakay nou avèk filtè n ap mete sou aparèy elektwonik yo. Paran yo, èske nou konprann ke aparèy elektwonik ki ka al sou entènèt yo, pa konpitè sèlman, se pi gwo pwoblèm nan?2

Jèn yo ak adilt yo, si nou pran nan pyèj pònografi Satan an, sonje konbyen Sovè byeneme nou an plen mizèrikòd. Èske nou konprann nan ki pwen Senyè a renmen nou e cheri nou, menm nan moman sa a? Sovè nou an gen pouvwa pou pwòpte nou ak geri nou. Li ka retire doulè ak chagren nou santi a e fè nou pwòp ankò pa mwayen Sakrifis Ekspyatwa l la.

Antanke dirijan, nou sousye anpil pou anpil konjwen ak fanmi moun k ap soufri anba adiksyon pònografi yo. Èldè Richard G. Scott te sipliye nou: “Si nou menm nou pa komèt peche grav, pa soufri initilman akoz konsekans peche yon lòt moun. ... Nou ka santi konpasyon pou yon moun ki nan fyèl amètim akoz peche. Men nou pa ka santi nou responsab pou aksyon sa yo.”3 Konnen ke nou pa poukont nou. Gen èd. Gen reyinyon pou tretman konjwen sa yo ki disponib, ansanm avèk reyinyon nan telefòn, ki ap pèmèt yo rele pou patisipe nan yon reyinyon pandan yo andedan lakay yo.

Frè m ak sè m yo, kijan pou nou pwoteje pitit nou yo ak jèn nou yo? Filtè yo se zouti ki itil, men pi gwo filtè nan mond lan, sèl sa ki finalman ap fonksyone a, se filtè pèsonèl alenteryè a ki soti nan yon temwayaj pwofon ak dirab sou amou Pè Selès nou an ak sou sakrifis ekspyatwa Sovè nou an pou nou chak la.

Kijan nou ka ede pitit nou yo vin gen konvèsyon pwofon ak aksè nan Ekspyasyon Sovè a? Mwen renmen deklarasyon pwofèt Nefi a ki eksplike kisa pèp li a te fè pou fòtifye jèn yo nan epòk li a. “Nou pale konsènan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”4

Kijan nou ka fè sa nan fwaye nou? Gen nan nou ki konn tande m rakonte kijan mari m Mel, avèk mwen te santi nou te depase kòm paran kat jèn timoun. Pandan nou t ap travèse difikilte wòl paran nou yo e debwouye nou pou n te fè fas ak demann lavi yo, nou te dezespereman bezwen èd. Nou te priye tout tan pou n te konnen kisa pou n te fè. Repons la te vini byen klè: “Sa pa fè anyen si kay la an dezòd epi timoun yo gen pijama toujou sou yo e kèk bagay poko fèt. Sèl sa ki reyèlman bezwen akonpli nan kay la se etid ekriti ak priyè chak jou, ak sware familyal chak semèn.”

Nou te konn eseye fè bagay sa yo, men yo pa t toujou priyorite epi, nan mitan konfizyon an, nou te konn pafwa neglije yo. Nou te chanje fokis nou e nou te eseye pou n pa t twò preyokipe pa bagay ki te mwens enpòtan yo. Priyorite nou te vin tounen pale, rejwi nou, preche, ak temwaye konsènan Kris la nan efòse nou chak jou pou nou te priye ak etidye ekriti yo nan fwaye a ak fè sware familyal.

Dènyèman, yon zanmi te avèti mwen: “Lè nou mande sè yo pou yo li ekriti ak priye pi plis la, nou bayo strès. Yo deja santi yo gen twòp pou yo fè.”

Frè m ak sè m yo, apati eksperyans pa mwen, ak pa mari m, mwen dwe temwaye nou konsènan benediksyon ki genyen nan li ekriti yo ak priye ak fè sware familyal regilyèman. Bagay sa yo se abitid ki diminye strès, ki bay lavi nou direksyon, e ki pote pwoteksyon anplis nan fwaye nou. Konsa, si fanmi nou pran anba pònografi ak lòt difikilte, nou ka sipliye Senyè a avèk konfyans epi atann pou nou gide pa Lespri a, konesan ke nou fè sa Pè Selès nou an mande nou pou nou fè.

Frè m ak sè m yo, si pratik sa yo poko etabli nan fwaye nou, nou ka kòmanse yo kounyeya menm. Si pitit nou yo pi gran e yo refize vini, nou ka kòmanse avèk tèt nou. Si nou fè sa, enfliyans Lespri a ap kòmanse ranpli fwaye nou ak lavi nou epi, avèk letan, timoun yo ka reponn.

Sonje ke palentèmedyè Apot aktyèl yo, Papa nou ki nan Syèl la pwomèt nou si nou chèche zansèt nou yo e nou prepare non fanmi nou pou tanp, n ap jwenn pwoteksyon kounyeya e pandan tout lavi nou, si nou kenbe tèt nou diy pou yon rekòmandasyon tanp.5 Ala bèl pwomès!

Nou menm jèn yo, pran responsablite pwòp byennèt espirityèl nou. Fèmen telefòn nou si sa nesesè, chante yon chan Primè, priye pou n jwenn èd, panse ak yon ekriti, mache soti nan yon fim, panse ak Sovè a, pran Sentsèn diyman, etidye bwochi Pou fòs jèn yo, rete yon egzanp pou zanmi nou, pale avèk yon paran, al wè evèk nou, mande èd, epi al wè psikològ, si nesesè.

Kisa m ta vle pitit pitit mwen yo konnen? M vle yo menm avèk nou konnen ke m konnen Sovè a vivan e li renmen nou. Li peye pri pou peche nou yo, men nou dwe mete ajenou devan Papa nou ki nan Syèl la, nan imilite pwofon, pou konfese peche nou yo, epi priye l pou l padone nou. Nou dwe anvi chanje kè nou ak dezi nou yo epi mete nou ase enb pou n chèche jwenn èd ak padon moun nou ofanse yo oubyen nou abandone yo.

Mwen konnen Joseph Smith te wè Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, ak Sovè nou an, Jezikri. Mwen temwaye ke nou gen yon pwofèt vivan sou tè a, Prezidan Thomas S. Monson. Mwen temwaye tou ke nou pap janm egare si nou suiv konsèy pwofèt Bondye a. Mwen temwaye sou pouvwa alyans nou yo ak benediksyon tanp yo.

Mwen konnen Liv Mòmon an vrè! Mwen pa ka eksplike pouvwa gwo liv sa a. Mwen sèlman konnen ke, ansanm ak lapriyè, Liv Mòmon an gen pouvwa pou pwoteje fanmi yo, pou ranfòse lyen familyal yo, ak bay konfyans pèsonèl devan Senyè a. Mwen temwaye konsènan bagay sa yo nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball (2006), 199–200.

  2. Gade Clay Olsen, “What Teens Wish Parents Knew” (diskou l te bay nan konferans Utah Coalition Against Pornography a, Mas. 22, 2014); utahcoalition.org.

  3. Richard G. Scott, “To Be Free of Heavy Burdens,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2002, 88.

  4. 2 Nefi 25:26.

  5. Gade David A. Bednar, “The Hearts of the Children Shall Turn,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 24–27; Richard G. Scott, “The Joy of Redeeming the Dead,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 93–95; Neil L. Andersen, “Find Our Cousins!” (diskou ki te fèt nan konferans sou istwa familyal 2014 RootsTech la, Fev. 8, 2014); lds.org/prophets-and-apostles/unto-all-the-world/find-our-cousins.