2010–2019
Rezirèksyon Jezikri a
Avril 2014


Rezirèksyon Jezikri a

Jezi, Moun Nazarèt la, se Redanmtè resisite a, epi mwen temwaye konsènan tout sa ki suiv palefèt Rezirèksyon l lan.

Yon gwo santiman defèt ak dezespwa te anvlope disip yo lè Jezi te soufri epi mouri sou kwa a epi yo te mete kò l san vi nan tonbo a. Malgre Sovè a te konn pale tout tan sou lanmò li e di l ap leve ankò, yo pa t konprann. Men, aprèmidi plen nwasè jou Krisifiksyon an te vit suiv pa bèl maten Rezirèksyon an. Men, lajwa sa a te vini sèlman lè disip yo te wè Rezirèksyon an avèk je yo, paske menm deklarasyon zanj yo ki te di Li te resisite a te enkonpreyansib pou yo toudabò—sete yon bagay ki pa t janm te konn fèt.

Mary Magdala ak kèk lòt fi fidèl te vini bonè nan tonb Sovè a jou Dimanch maten sa a, yo te pote epis ak pafen pou yo te fini anbome a ki te kòmanse lè yo te depoze kò Senyè a byen vit nan tonm nan anvan Saba te rive a. Jou maten trè espesyal sa a, yo te rive devan yon tonm louvri, wòch ki te devan l lan te woule, epi de zanj te deklare:

“Poukisa n ap chèche moun vivan an nan mitan mò yo?

“Li pa isit la; li resisite: sonje sa l te di nou lè l te Galile a,

“Li te di: Pitit Gason lòm nan gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou kloure l sou yon kwa. Men, sou twa jou l ap leve soti vivan ankò.”1

“Vin wè kote Senyè a te kouche a

“Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò.”2

Jan zanj yo te mande a, Mari Magdala te gade nan tonm nan, men sanble sèl bagay li te remake sete kò Senyè a ki pa t la. Li te kouri pou l al di Apot yo, li te rankontre Pyè ak Jan epi l te di yo: “Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.”3 Pyè ak Jan te kouri ale epi yo te verifye ke kavo a te vid vre, yo te wè “bann twal fen yo te fè yon pil atè a … epi twal ki te mare tèt li a ... te pliye depoze yon lòt kote.”4 Aparaman, Jan sete premye moun ki te konprann mesaj mayifik rezirèksyon an. Li ekri ke “li wè, li kwè,” pandan ke lòt yo nan pwen sa a “pa t konnen ekriti a, ki te di [Jezi] gen pou l te leve soti vivan pami mò yo.”5

Pyè ak Jan te ale, men Mari te rete dèyè, toujou ap kriye. Pandan tan sa a zanj yo te retounen e yo te mande l jantiman: “Madanm, poukisa w ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Senyè m nan, e m pa konn kote yo mete li.”6 Nan moman sa a, Sovè resisite a ki te kanpe dèyè li te pale: “Madanm, poukisa w ap kriye konsa? Kimoun w ap chèche? Mari, ki te panse sete mèt jaden an, te di li, Mèt, si se ou menm ki wete l, di m ki bò ou mete li. Ma v al pran li.”7

Èldè James E. Talmage te ekri: “Sete avèk Jezi, Senyè byeneme l la li t ap pale a, byenke li pa t konn sa. Yon mo ki te soti nan bouch Senyè a te chanje doulè pwofon l la vin fè l tounen gwo lajwa. ‘Jezi di li, Mari.’ Vwa a, ton an, aksan tandrès la li te konn tande ak renmen nan lepase a te fè l soti nan pwofondè dezespwa li te plonje a. Li te vire gade, epi l te wè Senyè a. Nan yon transpò lajwa, li te lonje bra li pou l anbrase li, pandan l t ap pwononse mo plen afeksyon ak adorasyon sa a ‘Rabbouni”, ki vledi Mèt byeneme m nan.”8

Epi konsa, madanm beni sa a te vin premye moun mòtèl ki te wè Kris resisite a e pale avèk li. Nan apre, nan menm jou sa a, li te parèt devan Pyè nan Jerizalèm oswa toupre;9 devan de disip sou wout Emaus la;10 epi nan aswè li te parèt devan dis nan Apot yo ak lòt moun, li te parèt toudenkou nan mitan yo, li te di: “Gade men m ak pye mwen. Se mwen menm wi. Nou mèt manyen m. Gade m byen; yon espri pa gen chè ak zo jan nou wè m genyen an.”11 Apresa pou l te pi konvenk yo “pandan yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t kwè toujou,”12 Li te manje pwason bouyi ak myèl devan yo.13 Nan apre li te enstwi yo: “Na va sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout tè a.”14

Anplis temwen konfime sa yo nan Jerizalèm nan, nou gen ministè enkonparab Senyè resisite a nan pami ansyen moun ki t ap viv nan Emisfè Lwès yo. Nan peyi Abondans lan, Li te desann soti nan syèl la epi l te envite foul moun ki te rasanble a, prèske 2.500 moun, pou yo te avanse youn pa youn jiskaske yo tout te vini, yo te mete men yo bò kòt li epi yo te touche mak klou yo nan men l ak pye li.15

“Epi, lè yo te fin avanse e yo te konnen pou tèt pa yo, yo te rele ansanm, yo te di konsa:

“Ozana! Se pou non Bondye Ki Pi Wo a beni! Epi yo te tonbe nan pye Jezi e yo te adore l.”16

Rezirèksyon Kris la montre ke egzistans li endepandan ak etènèl. “Paske Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.”17 Jezi te di:

“Papa a renmen m, paske m ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò.

“Pèsonn pa ka wete lavi m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m bay li, mwen gen pouvwa pou m resevwa l ankò.”18

Sovè a pa depann sou manje ni dlo ni oksijèn ni okenn lòt sibstans, pouvwa, oswa moun pou l viv. Antanke Jewova ak Mesi, Li se gran Je Suis a, sèl Bondye ki egziste a.19 Li tou senpleman sa l ye a e se sa l ap toujou ye.

Pa mwayen Ekspyasyon an ak Rezirèksyon an, Jezikri simonte tout aspè Chit la. Lanmò fizik vin pasaje, e menm lanmò espirityèl gen yon fen, paske tout moun retounen nan prezans Bondye, omwen tanporèman, pou yo jije. Nou ka mete konfyans final nou nan pouvwa li pou simonte tout lòt bagay e akòde nou lavi etènèl.

“Paske menmjan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou tè a, menmjan tou se yon sèl moun ki fè moun mouri leve.

“Paske tout moun mouri nan Adan, se menmjan tou tout moun ap reviv nan Kris.”20

Nan pawòl Èldè Neal A. Maxwell: “Viktwa Kris la sou lanmò a te mete fin nan sitiyasyon difisil lèzòm te ye a. Kounyeya se sèlman difikilte pèsonèl ki genyen, epi, yo menm tou n ap soti anba yo si nou suiv ansèyman moun ki te vin pote nou sekou anba ekstèminasyon jeneral la.”21

Paske l te satisfè demann lajistis yo, Kris la kapab pran plas jistis la kounyeya; oubyen nou ka di, Li se jistis, menmjan Li se lanmou an.22 Menmjan tou, anplis ke li se yon Bondye ki pafètman jis, Li se yon Bondye ki pafètman gen mizèrikòd tou.23 Konsa, Sovè a rann tout bagay oke. Pa gen okenn enjistis nan mòtalite a ki pèmanan, menm lanmò, paske Li restore lavi ankò. Okenn blesi, okenn andikap, trayizon, oswa abi pap rete san peye alafen, gras ak jistis ak mizèrikòd final li.

Menmjan tou, nou tout responsab devan li pou lavi nou, chwa nou yo, ak aksyon nou, menm pou panse nou. Paske li te rachte nou anba Chit la, lavi nou se pa li anreyalite. Li te deklare:

“Reyèlman, m te ba nou levanjil mwen an, e se levanjil sa a m te ba nou—m te vini nan mond lan pou m fè volonte Papa m, paske Papa m te voye m.

“Epi Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a, e apre yo fin leve m sou kwa a pou m kapab atire tout moun kote m, pou menm jan lèzòm te leve m sou kwa a, menm jan an tou Papa m leve yo pou yo kanpe devan m, pou yo jije pou zèv yo.”24

Ann panse yon moman sou siyifikasyon Rezirèksyon an pou n definitivman detèmine vrè idantite Jezi Nazarèt la ak rezoud gwo kesyon ak diskisyon filozofik lavi yo. Si Jezi te anfèt literalman resisite, sa obligatwaman vle di li se yon èt divin. Okenn moun mòtèl pa gen pouvwa nan limenm pou l retounen viv ankò apre l fin mouri. Paske li resisite, Jezi pa ka tou senpleman yon chapantye, yon enstriktè, yon rabi, oswa yon pwofèt sèlman. Paske li resisite, Jezi te sètènman yon Bondye, Sèl Pitit Gason Literal Papa a.

Se poutèt sa, sa l te anseye yo se verite; Bondye pa kapab bay manti.25

Se poutèt sa, Li se Kreyatè tè a, jan l te di a.26

Se poutèt sa, syèl la ak lanfè reyèl, jan l te anseye a.27

Se poutèt sa, gen yon mond espri kote li te ale apre lanmò li.28

Se poutèt sa, l ap retounen ankò, jan zanj yo te di a,29 pou l vin “renye pèsonèlman sou tè a.”30

Se poutèt sa, gen yon jijman final ak yon Rezirèksyon pou tout moun.31

Etandone reyalite Rezirèksyon Kris la, dout osijè omnipotans, omnisyans, ak byenveyans Bondye Papa a—ki te bay Sèl Pitit Gason Literal li a pou rachte mond lan Father—dout sa yo san fondman. Dout sou sans ak bi lavi a yo pa fonde. Jezikri se anfèt sèl non e sèl mwayen pou limanite resevwa sali. Gras Kris la reyèl, li pote padon ak pwòpte pou pechè ki repanti a. Lafwa se vrèman plis pase imajinasyon oswa envansyon psikolojik. Gen verite final ak inivèsèl, e gen prensip moral reyèl e enchanjab jan l te anseye a.

Etandone reyalite Rezirèksyon Kris la, repantans pou nenpòt vyolasyon lwa l yo ak kòmandman l yo se yon bagay ki posib e ki ijan. Mirak Sovè a yo reyèl, menmjan ak pwomès li te fè disip yo pou yo fè menm bagay la tou, e menm pi gwo bagay toujou.32 Prètriz li a se nesesèman yon pouvwa reyèl ki “administre levanjil la epi kenbe kle mistè wayòm nan yo, kle konesans Bondye a menm. Se poutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan òdonans prètriz la yo.”33 Etandone reyalite Rezirèksyon Kris la, lanmò se pa yon fen pou nou, e menmsi “vè fin detwi [kò nou] apre nou fin mouri, [na] va wè Bondye ak pwòp je [nou] ankò.”34

Prezidan Thomas S. Monson te pale de yon mesye ki te rele Robert Blatchford, ki, sa gen 100 tan, “nan liv li a ki rele God and My Neighbor (Bondye ak pwoche mwen), ak gwo vigè te atake kwayans kretyèn rekoni yo, tankou Bondye, Kris la, lapriyè, ak imòtalite. Li te deklare kareman: “Mwen deklare ke m pwouve tout sa m te vle pwouve yo si totalman e si definitif ke okenn kretyen, osi gran oswa kapab li ka ye, p ap ka rejte agiman m yo ni ebranle pozisyon mwen.’ Li te antoure tèt li avèk yon miray enkwayans. Epi yon bagay etonan te rive. Miray li a te toudenkou tonbe. … Lantman li te kòmanse ap chèche chemen lafwa li te si meprize ak ridikilize a. Kisa k te lakoz chanjman pwofon sa a nan atitid li a? Madanm ni te mouri. Avèk kè l brize, li te antre nan chanm kote kadav la te ye a. Li te kontanple figi sa a l te si renmen an ankò. Lè l te sòti, li te di yon zanmi: “Se li menm, men se pa li menm. Tout bagay chanje. Gen yon bagay ki te la anvan ki ale. Li pa menm moun nan ankò. Kisa ki ale a si se pa nanm nan?’”35

Èske Senyè a te vrèman mouri ak resisite ankò? Wi. “Prensip fondamantal relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo konsènan Jezikri, ke li te mouri, li te antere, epi l te resisite nan twazyèm jou a, e li te monte nan syèl la; epi tout lòt bagay anrapò avèk relijyon nou an se anèks li yo ye.”36

Lè nesans Jezi, ki te pwofetize a t ap apwoche, te gen moun pami ansyen pèp Nefit ak Lamanit yo ki te kwè, malgre anpil te doute. Lè moman an te rive, siy nesans li a te parèt—yon jou ak yon nuit ak yon jou san fènwa—e tout moun te konnen.37 Menmjan tou jodia, kèk moun kwè nan Rezirèksyon literal Kris la, e anpil moun doute oubyen pa kwè. Men gen moun ki konnen. Lè lè a rive, tout moun pral wè e tout moun pral konnen; anfèt, “tout jenou pral pliye, e tout lang pral konfese devan l.”38

An atandan, mwen kwè n ap jwenn anpil moun ki te temwen Rezirèksyon Sovè a, e eksperyans yo ak temwayaj yo ekri nan Nouvo Testaman an—Pyè ak konpayon l yo nan Douz yo ak Mari Magdala, pami lòt moun. Mwen kwè nan temwyaj yo nou jwenn nan Liv Mòmon an—sou Nefi, Apot la avèk foul moun nan peyi Bountiful la, pami lòt. E mwen kwè nan temwayaj Joseph Smith ak Sidney Rigdon nan ki, apre anpil lòt temwayaj, te rann gwo temwayaj dènye dispansasyon sa a “Li vivan! Paske nou te wè li.”39 Devan grenn je Bondye Toupuisan an ki wè tout bagay la, mwen menm, mwen kanpe kòm yon temwen ke Jezi Nazarèt se Redanmtè resisite a, e mwen temwaye konsènan tout sa ki suiv palefèt li resisite a. Mwen priye pou nou resevwa konviksyon ak rekonfò menm temwayaj sa a, nan non Jezikri, amèn.