2010–2019
Kote trezò ou ye
Avril 2014


Kote trezò ou ye

Si nou pa fè atansyon, n ap kòmanse atache nou avèk bagay tanporèl yo plis pase bagay espirityèl yo.

Yon ti bout tan apre konferans jeneral Oktòb 2007 la, youn nan frè m yo te di sa t ap pran m prèske setan anvan pou m reviv eksperyans difisil sa a ankò. Mwen te santi m soulaje e m te di l m t ap konsidere sèt ane sa yo kòm “sèt ane abondans.” Enben, men mwen; setan abondans yo rive nan fen yo.

Mwa Janvye k sot pase a, madanm mwen, Grace, avèk mwen te resevwa tach pou n t al vizite manm nan Filipin yo ki te devaste pa yon gwo tranblemandtè ak yon gwo siklòn terib. Nou te kontan paske tach sa a sete repons priyè nou ak yon temwayaj sou mizèrikòd ak bonte yon Papa eman ki nan Syèl la. Sete reyalizasyon dezi nou pou n te pèsonèlman al eksprime yo amou nou ak sousi nou pou yo.

Pifò nan manm nou te rankontre yo te toujou ap viv nan abri tanporè tankou tant, sant kominotè, ak chapèl legliz yo. Kay nou te vizite yo te gen oubyen mwatye twati oubyen okenn twati ditou. Moun yo te deja pa t gen, e ti kras yo te genyen an te ale. Te gen labou ak debri tout kote. Men, yo te plen rekonesans pou ti èd yo te resevwa yo e yo te kontan e yo te gen bon moral malgre sikonstans difisil yo te ye a. Lè nou te mande yo kijan yo te debwouye yo, tout moun te reponn ak yon gwo “Nou oke.” Klèman, lafwa yo nan Jezikri te ba yo espwa ke tout bagay t ap mache alafen. Kay apre kay, tant apre tant, Sè Teh avèk mwen te resevwa leson nan men Sen fidèl sa yo.

Nan tan kalamite oubyen trajedi, Senyè a gen yon fason pou rekonsantre nou menm ak priyorite nou yo. Toudenkou, tout byen materyèl nou te travay si di pou akeri yo pa gen okenn enpòtans. Tout sa k konte se fanmi nou ak relasyon nou avèk lòt moun. Yon bon sè di l nan fason sa a: “Apre dlo a te fin ale e tan te rive pou n te kòmanse netwaye, m te gade lakay mwen e m te panse ‘Waw, m te akimile yon pakèt fatra pandan tout ane sa yo.’”

Mwen sispèk sè sa a te vin gen yon pi bon pèspektiv epi konsa l apral fè atansyon lè l ap deside ki sa ki nesesè ak sa li ka reyèlman viv san yo.

Pandan nou t ap travay avèk anpil manm atravè ane yo, nou te vin kontan obsève yon abondans fòs espirityèl. Nou te wè ni abondans ni mank byen materyèl pami manm fidèl sa yo tou.

Pa nesesite, anpil nan nou oblije al fè lajan ak akeri kèk byen mond lan pou nou kapab soutni fanmi nou. Sa mande yon bon pati tan nou ak atansyon nou. Pa gen fen nan sa mond lan gen pou ofri, konsa li enpòtan pou nou aprann rekonèt lè nou gen ase. Si nou pa fè atansyon, n ap kòmanse kouri dèyè materyèl la plis pase espirityèl la. Lè sa a, n ap pase rechèch pou bagay espirityèl ak etènèl yo dèyè, olye se lòt fason an nou fè sa. Malerezman, sanble gen yon gwo tandans pou akeri plis anplis byen ak posede dènye bagay ki pi resan ak pi sofistike yo.

Kijan nou ka asire nou ke nou pa tonbe nan chemen sa a? Jakòb bay konsèy sa a: “Se poutèt sa, pa depanse lajan nou pou bagay ki san valè, ni travay nou pou sa ki pa kapab satisfè nou. Koute m avèk dilijans, e sonje pawòl m te pale yo; e vin jwenn Sen Izrayèl la e fè fèt pou sa ki p ap peri, ni tou ki pa kapab kowonpi e kite nanm ou pral plezi nan lagras.”1

Mwen espere okenn nan nou p ap depanse lajan pou sa ki pa vo anyen ni travay pou sa ki pa satisfè nou.

Sovè a te anseye Juif yo ak Nefit bagay sa a:

“Pa ranmase trezò sou tè a, kote mit bwa ak lawouy kapab wonje, e kote vòlè kapab kraze pou yo vòlè;

“Men, ranmase trezò nan syèl la, kote ni mit bwa ni lawouy p ap kapab wonje e kote vòlè p ap kapab kase, ni fè vòl.

“Paske, kote trezò nou ye se lakè nou ye tou.”2

Nan yon lòt sitiyasyon, Sovè a te bay parabòl sa a:

“Te gen yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l anpil.

“Li t ap di nan kè li: Kisa pou m fè, paske mwen pa gen plas pou m sere rekòt mwen yo?

“Epi l te di, men sa m ap fè: m ap kraze depo m yo, m ap bati lòt pi gwo pou m mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen m yo.

“Apresa m ap di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou plizyè ane. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.

“Men Bondye te di li: Ensanse, aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tout sa w sere yo, poukimoun ya ye?

“Se konsa sa ye tou pou moun k ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye.”3

Prezidan Dieter F. Uchtdorf Prezidan Dieter F. Uchtdorf te bay konsèy sa a, sa pa gen lontan:

“Pè Selès nou an wè vrè potansyèl nou. Li konnen sou nou dè bagay nou menm nou pa konnen. Li mande nou, pandan lavi nou, pou nou ranpli mezi kreyasyon nou an, pou nou viv yon bon lavi, epi retounen nan prezans li.

“Konsa, poukisa nou konsakre sitèlman nan tan nou ak enèji nou nan bagay ki si pasaje, si frivòl, si sipèfisyèl konsa? Èske nou refize wè foli ki gen nan chèche sa ki ensiyifyan ak pasaje yo?”4

Nou tout konnen ke lis trezò terès nou yo konpoze pa lògèy, richès, byen materyèl, pouvwa, ak onè lèzòm. Yo pa merite pou nou ba yo plis tan ak atansyon, konsa, m pral konsantre sou bagay ki konstitiye trezò nou nan syèl la olyesa.

Ki trezò nou ka ranmase nan syèl la pou tèt nou? Pou kòmanse, sa ap bon pou nou akeri kalite kretyen tankou lafwa, lesperans, imilite, ak charite. Yo toujou konseye nou pou nou “retire lòm natirèl la nan kò nou epi ... [vin] tankou yon timoun piti.”5 Konsèy Sovè a ba nou se pou nou eseye vin pafè menmjan avèk li menm ak Papa nou ki nan syèl la.6

Dezyèmman, nou bezwen mete plis kantite tan ak efò nan fòtifye relasyon familyal nou. Apretou, “se Bondye ki òdone fanmi. Se inite ki pi enpòtan an nan letan ak nan letènite.”7

Twazyèmman, sèvi lòt moun se mak fabrik yon vrè disip Kris la. Li te di: “Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”8

Katriyèmman, konprann doktrin Kris la e fòtifye temwayaj nou se yon travay k ap pote lajwa ak satisfaksyon reyèl. Nou bezwen toujou ap editye pawòl Kris yo jan yo ye nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo. “Paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.”9

Kite m fini avèk istwa yon vèv 73 zan m te rankontre pandan vwayaj nou nan Filipin nan:

Lè tranblemandtè a te frape zile Bohol la, kay li menm ak mari l ki mouri a te travay si di pou yo te bati a te tonbe atè, li te touye pitit fi l la ak pitit pitit gason li. Kounyeya, poukont li, li te oblije travay pou sipòte tèt li. Li te kòmanse ap fè lesiv pou moun (alamen) epi li te oblije monte desann yon gwo mòn plizyè fwa pa jou pou l t al chèche dlo. Lè nou te rann ni vizit la, li t ap viv nan tant toujou.

Men sa l te di: “Èldè, mwen aksepte tout sa Senyè a mande m pou m travèse. Mwen pa gen okenn move santiman. Mwen cheri rekòmandasyon tanp mwen e m kenbe l anba zòrye mwen. M vle w konnen mwen peye yon dim konplè sou ti rantre byen mèg mwen genyen nan fè lesiv la. Kèlkeswa sa k rive, m ap toujou peye dim mwen.”

Mwen rann temwayaj ke priyorite nou, tandans nou, enklinasyon nou, dezi nou, apeti ak pasyon nou yo pral gen enpak dirèk sou pwochen eta nou an. Annou toujou sonje pawòl Sovè a: “Paske kote trezò nou ye, se la kè nou ye tou.” Se pou kè nou nan plas egzat la, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.