2010–2019
Apwoche bò twòn Bondye a avèk konfyans
oktòb 2014


Apwoche bò twòn Bondye a avèk konfyans

Lè nou aplike Ekspyasyon Jezikri a, nou ka kòmanse grandi konfyans espirityèl nou jodia menm, si nou dispoze pou nou koute epi aji.

Sou yon echèl 1 a 10, nan ki nivo ou ka evalye konfyans espirityèl ou devan Bondye? Èske ou gen temwanyaj pèsonèl ke kontribisyon aktyèl ou kòm Sen Dènye Jou sifi pou ou eritye lavi etènèl la? Èske ou kapab di andedan kè ouke Papa nou ki nan Syèl la kontan avèk ou? Ki panse k t ap vin nan lespri ou si ou ta gen yon entèvyou pèsonèl avèk Sovè a nan yon minit? Èske peche, regrè, ak erè yo t ap domine nan sa w panse de tèt ou, oubyen èske ou t ap senpleman kòmanse santi lajwa? Èske ou t ap gade l nan je oubyen ou t ap evite rega li? Èske w t ap rete bò pòt la oubyen èske w t ap mache dwat al jwenn ni?

Lè li pa kapab pèsyade Sen enpafè men detèmine tankou nou menm pou abandone kwayans nou nan you Bondye ki pèsonèl ak eman, advèsè a anplwaye yon taktik malveyan pou mete plis distans posib ant noumenm ak Bondye. Advèsè a konnen ke lafwa nan Kris la—kalite lafwa ki toujou pwodwi yon flo mizerikòd plen tandrès e menm gwo mirak konstan an—mache men nan lamen avèk asirans pèsonèl ke n ap efòse nou pou nou chwazi sa ki byen. Pou rezon sa a, li cheche gen aksè nan kè nou pou l bannou manti—pou di nou Papa nou ki nan Syèl la pa kontan avèk nou, ke Sakrifis ekspyatwa a pa alapòte nou, ke nou pa menm bezwen eseye, ke tout lòt moun pibon pase nou, ke nou endiy, ak dèmilye diferant pawòl mechan konsa.

Si nou kite vwa sa yo wonje nanm nou, nou pap kapab apwoche bò twòn Bondye a avèk konfyans reyèl. Kèlkeswa sa n ap fè, kèlkeswa pou sa n ap priye a, kèlkeswa mirak nou espere a, ap toujou gen yon dout pou eseye detwi lafwa nou—non sèlman lafwa nou nan Bondye, men konfyans nan tèt nou tou. Viv levanjil la nan fason sa a pa agreyab ditou, ni sa pa nòmal tou. Epitou, sa totalman pa nesesè! Desizyon pou nou chanje a se pa nou—e pa nou sèlman.

Mwen ta renmen ba nou sis konsèy pratik ki, si nou suiv yo, ap elwaye vwa mechan sa yo epi retabli pou nou kalite asirans pezib ak konfyans espirityèl ki aksesib pou nou an si nou reyèlman vle. Kèlkeswa nivo nou evalye tèt nou sou echèl 1 a 10 la, si nou aplike Sakrifis ekspyatwa Jezikri a nou kapab kòmanse ogmante konfyans espirityèl nou jodia, si nou dispoze pou n koute epi aji. M ap pale franchman, nan lespwa pou m edifye e non pa pou m ofanse.

1. Pran responsablite pwòp byennèt espirityèl nou. Sispann blame lòt moun oubyen sitiyasyon nou, sispan jistifye tèt nou, epi sispann jwenn eskiz pou rezon k fè nou pa totalman eseye pou n obeyisan yo. Aksepte ke nou “lib dapre lachè” ak “lib pou nou chwazi libète ak lavi etènèl” (2 Nefi 2:27 ). Senyè a pafètman konnen sitiyasyon nou, men tou, li konnen byen si nou chwazi senpleman pou nou pa viv levanjil la totalman. Si se ka a, se pou nou ase onèt pou admèt sa, epi eseye pefeksyone nou nan sitiyasyon nou yo. Konfyans espirityèl nou ap grandi lè nou pran responsablite byennèt espirityèl nou nan aplike Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a chak jou.

2. Pran responsablite byennèt fizik nou. Nanm nou konpoze de kò nou ak lespri nou (gade D&A 88:15). Si nou nouri nanm nan pandan n ap neglije kò a, ki se yon tanp, sa jeneralman mennen konfli espirityèl e sa desann estim nou. Si nou pa ansante, si nou pa alèz nan kò nou epi nou ka fè yon bagay pou sa, fè li! Eldè Russell M. Nelson te ansenye ke nou ta dwe “konsidere kò nou kòm tanp pèsonèl nou” epi nou ta dwe “kontwole manje nou e fè egzèsis pou nou ka nan bon kondisyon fizik” (“We Are Children of God,”Ensign, Nov. 1998, 87; Liahona, Jan. 1999, 103).

Prezidan Boyd K. Packer te ansenye ke “Lespri nou ak kò nou si tèlman ini ansanm ke kò nou vin tounen enstriman lespri nou ak fondman karaktè nou” ” (“The Instrument of Your Mind and the Foundation of Your Character” [Kwendfe Sistèm Edikatif Legliz la, Fev. 2, 2003], 2; speeches.byu.edu). Se poutèt sa, tanpri itilize bon jijman nan sa n ap manje, espesyalman nan kantite n ap manje, epi bay kò nou egzèsis li bezwen an ke l merite a regilyèman. Si kondisyon fizik nou bon, deside jodia menm pou nou rete mèt pwòp kay nou epi kòmanse yon pwogram egzèsis regilye alontèm, ki apwopriye pou kapasite nou, konbine avèk yon pi bon rejim. Konfyans espirityèl nou grandi lè lespri nou, avèk èd Sovè a, vrèman pran kontwòl lòm natirèl lakay nou an.

3. Entegre obeyisans volontè ak total nan lavi nou. Rekonèt ke nou pa kapab renmen Bondye san nou pa renmen kòmandman L yo tou. Prensip Sovè a klè e senp: “Si nou renmen mwen, obeyi kòmandman m yo” (Jan 14:15). Obeyisans amwatye pote benediksyon amwatye, epi chwazi yon bagay mal olye de yon bagay ki pi mal se toujou chwazi mal. Nou pa kapab gade yon film vyolan oswa endesan epi atann pou nou santi nou vètye paske nou pa t gade yon fimtrè vyolan ou trè endesan. Obsève kèk kòmandman fidèlman pa jistifye ke nou neglije lòt yo. Abraham Lincoln te byen di: “Lè m fè byen, m santi m byen. Lè m fè mal, m santi m mal” (nan William H. Herndon and Jesse William Weik, Herndon’s Lincoln: The True Story of a Great Life, 3 vols. [1889], 3:439).

Epitou, fè sa ki jis pou bòn rezon yo. Senyè a ki “vle yon kè ak yon panse ki byen dispoze” (D&A 64:34) e ki kapab “sonde panse ak entansyon kè moun” (D&A 33:1), konn poukisa nou al legliz, keseswa nou sèlman prezan fizikman oubyen nou reyèlman ap adore li. Nou pa kapab chante “O Babylone, O Babylone, à toi nos adieux” nan jou Dimanch lan epi apre n al chèche konpayi li oubyen tolere konpayi li ankò kèk minit apre (“Anciens d’Israël,” Cantiques, no. 319). Sonje ke neglijans nan zafè espirityèl pa t janm pote bonè. Fè legliz la ak levanjil retabli a vin tout lavi nou, e pa sèlman yon pati nan lavi eksteryè nou oswa lavi sosyal nou. Chwazi jodia menm kiyès nou vle sèvi a se pawòl nan bouch sèlman la p rete—si nou pap reyèlman viv lavi nou selon jan l di a (gade Jozye 24:15). Konfyans espirityèl nou ogmante lè volontèman e pou bon rezon an, n ap eseye viv yon lavi konsakre malgre enpèfeksyon nou yo!

4. Nou dwe vrèman metrize zafè repanti sensèman e rapidman an. Etandone Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a trè pratik, nou dwe aplike li jenerezman, vennkat sou vennkat, paske li pa janm fini. Anbrase Sakrifis ekspyatwa Jezikri a ak repantans tankou yon bagay nou dwe akeyi ak aplike chak jou selon enstriksyon Gran Doktè a. Etabli yon atidid repantans kontinyèl, ak kè kontan kote n ap fè l tounen chwa lavi nou. Lè n ap fè sa a, fè atansyon avèk tantasyon pou nou ranvwaye sa pou pita a, e pa atann ke mond lan pral soutni nou e aklame nou. Fikse je nou sou Sovè a, sousye plis de sa Li menm Li panse de nou, epi kite konsekans yo suiv. Konfyans espirityèl nou grandi lè nou volontèman repanti pou peche nou yo ak kè kontan, ke l te piti oubyen gwo, nan moman reyèl la, kote n ap aplike Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

5. Vin reyèlman bon nan padone. “Mwen menm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun” (D&A 64:10). Padone tout moun, tout bagay, toutan, oubyen omwen eseye fè sa, pou nou pèmèt padon antre nan pwòp lavi pa nou. Pa kenbe rankin, pa ofanse fasil, padone epi bliye byen vit, epi, pa janm panse ke nou egzan nan kòmandman sa a. Konfyans espirityèl nou ogmante lè nou konnen Senyè a konnen ke nou pa gen okenn move santiman pou lòt moun.

6. Aksepte eprèv, obstak ak “sipriz” yo kòm yon pati nan eksperyans nou nan mòtalite a. Sonje ke nou isit la pou nou pase aleprèv e anba tès, “pou wè si [nou] pral fè tout bagay Senyè Bondye [nou] an pral kòmande [nou]” (Abraram 3:25)—epi m ap ajoute, “nan tout sikonstans.” Dè milyon nan frè ak sè nou yo te teste oubyen ap teste konsa, poukisa pou nou ta epanye? Kèk eprèv soti nan pwòp dezobeyisans oswa neglijans pa nou. Gen lòt eprèv ki soti nan neglijans lòt moun oubyen senpleman paske n ap viv nan yon mond dechi. Lè eprèv sa yo vini, patizan advèsè a yo kòmanse pwopaje ke nou fè yon bagay ki mal, ke se yon pinisyon, yon siy ke Pè Selès la pa renmen nou. Inyore sa! Olyesa, eseye souri, gade syèl la, epi di konsa: “Mwen konprann, Senyè. Mwen konnen sa sa ye. Se yon okazyon pou m fè prèv mwen, pa vre?” Epi apresa, travay ansanm avèk Li pou nou ka andire jiskalafen. Konfyans espirityèl nou ogmante lè nou aksepte ke “souvan eprèv ak tribilasyon yo vini antre nan [lavi nou] akoz sa ki byen [n ap] fè” (Glenn L. Pace, “Crying with the Saints” [Brigham Young University devotional, Dec. 13, 1987], 2; speeches.byu.edu).

Pandan m te prezidan Misyon Kyèv la nan Ukraine, yon fwa m te mande youn nan sè ki te pi fidèl yo poukisa li te toujou sevè ak tèt li konsa, poukisa li te toujou ap trakase tèt li pou nenpòt ti bagay. Repons li te ban m nan sete yon egzanp klasik sou yon moun k ap koute move vwa a, li te reponn: “Se pou pèsonn pa pran devan mwen.”

Frè ak sè m yo, konsèy m te bay sè misyonè sa a se menm konsèy la m ap banou: rekonèt feblès nou epi afwonte yo, men pa kite yo imobilize nou, paske gen nan yo k ap rete avèk nou jiskaske nou kite vi terès sa a. Kèlkeswa kondisyon aktyèl nou, nan moman menm nou chwazi volontèman pou nou fè yon repantans onèt, jwaye, chak jou epi nou efòse nou pou nou fè sa nou kapab la, Sakrifis Eekspyatwa Sovè a vlope nou e akonpaye nou, si m ka di, tout kote nou ale. Si nou viv nan fason sa a, nou ka vrèlman “kontinye gen padon pou peche nou yo” (Mozya 4:12) chak èdtan nan chak jou, chak segond nan chak minit, epi konsa vin totalman pwòp e akseptab devan Bondye tout tan.

Nou gen privilèj, si nou vle, pou nou vin konnen pou tèt pa nou, jodia oubyen byento, ke n ap fè Bondye plezi malgre enpèfeksyon nou yo. Mwen temwanye de yon Sovè eman ki atann pou nou viv kòmandman yo. Mwen temwanye de yon Sovè eman ki gen anpil dezi pou devèse gras Li ak mizèrikòd Li sou nou. Mwen temwanye de yon Sovè eman ki rejwi lè nou aplike Sakrifis Ekspyatwa L la chak jou, avèk asirans pezib ke nou prale nan bon direksyon an. Mwen temwanye de yon Sovè eman ki vle pou “konfyans nou grandi anpil nan prezans Bondye” (D&A 121:45). Nan non Jezikri, amèn.