2010–2019
Lib pou tout tan, pou yo kapab chwazi pou tèt pa yo
oktòb 2014


Lib pou tout tan, pou yo kapab chwazi pou tèt pa yo

Volonte Bondye se pou nou ka gason ak fi lib ki kapab elve tèt yo rive nan tout potansyèl tanporèlman ak espirityèlman.

Pyès teyat William Shakespeare la ki rele The Life of King Henry V (Lavi Henry V) a gen yon sèn ki fèt lannuit nan kan sòlda Anglè yo nan Agincourt, jis anvan batay yo a kont Lame Fransè a. Nan fènwa a e anpati degize, Wa Henry ap pwomne pami sòlda l yo, san yo pa rekonèt li. Li pale avèk yo, li eseye sonde moral twoup sòlda l yo ke lòt yo te plis pase yo a, e paske yo pa reyalize kiyès li ye, yo fè kòmantè yo sensèman. Nan youn nan dyalòg yo, yo pale sou kesyon pou konnen kiyès ki responsab sa k rive moun yo nan batay la—wa a oubyen chak sòlda.

Nan yon pwen, Wa Henry deklare: “M pa kwè gen yon lòt kote pou m ta mouri ak kontantman pase nan konpayi wa a: paske kòz li a jis.”

Michael Williams reponn: “Sa depase konesans nou.”

Konpayon l lan dakò: “Wi, oubyen plis pase sa nou ta dwe chèche; paske li sifi pou nou konnen ke nou se sijè wa a: si kòz li a pa jis, nou pa responsab, paske se obeyi nou senpleman ap obeyi li”

Williams ajoute: “Si kòz la pa jis, se sèl wa a ki responsab pou sa li mande nou fè a.”

Se pa etonan ke Wa Henry pa dakò: “Responsablite chak moun se responsablite wa a, men nanm chak moun se pa li.”1

Shakespeare pa eseye rezoud deba sa a nan pyès la, epi, nan yon fason oswa yon lòt, se yon deba ki kontinye jiska jodia—kimoun ki responsab sa k rive nan lavi nou?

Lè bagay yo vire mal, nou gen tandans pou nou blame lòt moun oubyen menm Bondye. Pafwa nou gen dwa santi ke yo dwe nou tout bagay epi konsa, dè moun oswa dè gwoup moun eseye mete responsablite byennèt yo sou do lòt moun oswa sou do gouvènman yo. Nan domèn espirityèl, gen moun ki panse ke gason yo ak fi yo pa bezwen fè efò pou yo akeri ladwati pèsonèl palefèt ke Bondye renmen nou e l ap sove nou “jan nou ye a.”

Men, Bondye vle pou pitit Li yo aji selon libète moral Li ba yo a, “pou chak moun kapab responsab pou pwòp peche pa li nan jou jijman an.”2 Plan li ak volonte li se pou nou jwe wòl prensipal la nan pran desizyon nan lavi nou. Bondye pa p viv lavi nou nan plas nou ni Li pa p kontwole nou kòmsi nou se maryonèt, jan Lisifè te pwopoze yon fwa a. Pwofèt Li yo nonplis pap aksepte wòl “chèf maryonèt” nan plas Bondye. Brigham Young te deklare: “Mwen pa vle pou yon sèl sen dènye jou nan mond lan oubyen nan syèl la satisfè ak kèlkeswa sa m fè, sof si Lespri Senyè Jezikri a—lespri revelasyon an, manifeste l sa. Mwen vle pou yo konnen poutèt pa yo e konprann poutèt pa yo.”3

Konsa, Bondye pa sove nou “jan nou ye a,” toudabò, paske “jan nou ye a” nou pa pwòp, e “okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete … nan prezans li; paske, nan langaj Adan, Lòm Sentete se non li, epi non Sèl Pitit Literal la se Pitit Gason Lòm nan [Sentete].”4 Epi dezyèmman, Bondye pa pral aji pou fè nou vin yon bagay nou pa chwazi pou nou devni pa aksyon nou yo. Se vre ke Li renmen nou, e paske li renmen nou, li pa enpoze nou anyen ni abandone nou. Men, olyesa, Li ede nou e gide nou. Anfèt, vrè manifestasyon amou Bondye a se kòmandman L yo.

Nou dwe rejwi nou (e nou oblije) rejwi nou nan plan Bondye etabli a ki pèmèt nou fè chwa pou nou aji poutèt pa nou epi afwonte konsekans yo, oubyen, jan ekriti a di a, pou nou “goute sa ki anmè, pou [nou] kapab konnen pri bagay ki bon.”5 Nou rekonesan ajamè dèske Ekspyasyon Sovè a simonte peche orijinèl la pou pèmèt nou fèt nan mond sa a san nou pa resevwa pinisyon pou transgresyon Adan an.6 Palefèt ke nou rachte anba Chit la, nou antre nan lavi a inosan devan Bondye epi nou “lib pou tout tan, paske nou te vin konnen byen ak mal; pou nou ka chwazi [pou tèt pa nou] e non pa pou moun fè nou chwazi.”7 Nou kapab chwazi pou nou vin kalite moun nou vle ye a, epi avèk èd Bondye, sa kapab menmjan Li menm Li ye a.8

Levanjil Jezikri a louvri chemen pou nou ka vin sa nou ka devni an. Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, enkapasite nou pou n viv lwa selès la pafètman e konstamman nan mòtalite a kapab efase epi nou ka vin devlope yon karaktè kretyen. Men, lajistis mande pou okenn nan bagay sa yo pa fèt san konsantman ak patisipasyon volontè nou. Se konsa l te toujou ye. Prezans nou menm sou tè a antanke èt fizik se konsekans yon chwa nou chak te fè pou n patisipe nan plan Papa nou an.9 Konsa, sali se pa yon bagay ki pwodui pa volonte divin sèlman .10

Jistis se yon karakteristik esansyèl Bondye genyen. Nou ka gen lafwa nan Bondye paske nou totalman fè L konfyans. Ekriti yo anseye nou ke “Bondye pa mache nan chemen kwochi, li pa vire ni adwat ni agoch, li pa chanje nan sa l te di, se poutèt sa chemen li yo dwat, epi wout li se yon won etènèl”11 epi “ Bondye pa fè eksepsyon moun.”12 Nou konte sou kalite divin lajistis la pou nou ka gen lafwa, konfyans, ak esperans.

Men palefèt ke Li pafètman jis la, gen kèk bagay Bondye pa kapab fè. Li pa ka abitrèman sove kèk moun epi bani kèk lòt. Li “pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans.”13 Li pa kapab pèmèt mizèrikòd vòlè lajistis.14

Yon prèv evidan sou jistis Bondye sèke Li etabli prensip mizèrikòd la kòm konpayon lajistis. Se paske Li jis ki fè L mete yon mwayen pou mizèrikòd la ka jwe wòl endispansab li nan destine etènèl nou. Konsa, kounyeya, “lajistis fè tout reklamasyon pa l, epi mizèrikòd reklame tout moun ki pou li.”15

Nou konnen se “soufrans ak lanmò moun ki pa t fè peche a, moun ki te fè [Papa a] plezi a; … san Pitit Gason [Li a] ki te koule a”16 ki satisfè egzijans lajistis yo, ki pote mizèrikòd, e rachte nou.17 Malgre sa, “selon lajistis, plan redanmsyon an pa t ap kapab fèt, eksepte sou kondisyon repantans.18 Se egzijans repantans lan ak posiblite l yo ki pèmèt mizèrikòd akonp li travay li san l pa kraze lajistis.

Kris la pa t mouri pou L te sove nou san distenksyon men pou L te ofri repantans. Nou repoze nou “totalman sou merit moun ki puisan pou sove a”19 nan pwosesis repantans lan men, repanti se yon chanjman volontè. Konsa, lè nou fè repantans vin yon kondisyon pou nou ka resevwa don lagras la, Bondye pèmèt nou konsève responsablite pou tèt nou. Repantans respekte e soutni libète moral nou: “Epi konsa, mizèrikòd kapab satisfè egzijans lajistis, epi li kapab vlope yo anba bra sekirite, pandan sa, moun ki gen lafwa pou repantans, li ekspoze anba tout lalwa ki reklame lajistis; se poutèt sa, se sèlman pou moun ki gen lafwa pou repantans, gran plan redanmsyon etènèl la te akonpli.”20

Mal konprann jistis ak mizèrikòd Bondye se youn; renye egzistans Bondye oubyen otorite siprèm ni se yon lòt bagay, men yo toulède mennen nou akonpli mwens—pafwa mwens anpil—pase sa potansyèl divin nou pèmèt nou. Yon Bondye ki pa fè egzijans se ekivalan yon Bondye ki pa egziste. Yon mond san Bondye, Bondye vivan ki etabli lwa moral pou gouvène ak pèfeksyone pitit li yo, se yon mond san verite ni jistis absoli tou. Se yon mond ki inivèsèlman aksepte ke sa k byen ak sa ki mal diferan pou chak moun.

Sa vledi ke chak moun se pwòp otorite siprèm tèt li. Natirèlman, se pa sèlman moun ki niye esgizsans Bondye yo ki aksepte filozofi sa a. Gen moun ki kwè nan Bondye men an menm tan ki panse ke pou tèt pa yo, pèsonèlman, yo ka deside sa ki byen ak sa ki mal. Yon jèn adilt te eksprime l nan fason sa a: “M pa kwè m ka di Hindouism oubyen Katolik pa bon, ni di l pa bon pou yon mou Episkopalyen—m panse ke sa depann sèlman sou sa w kwè. … M pa kwè ke gen yon byen ak yon mal.”21 Yon lòt yo te mande ki fondman kwayans relijye li te reponn: “Pou mwen menm— se sa li reyèlman ye. M vledi, kijan pou ta ka fè gen otorite nan sa yon moun kwè?”22

Pou moun ki kwè ke tout bagay e nenpòt bagay ka kalifye kòm verite yo, deklarasyon sou verite objektif, fiks, ak inivèsèl la se tankou lafòs li ye pou yo—“Yo pa ta dwe fòse m kwè ke yon bagay mwen pa renmen se verite.” Men sa pa chanje reyalite a. Rejte lwa gravite a p ap anpeche ke yon moun tonbe si li al eseye vole anlè yon falèz. Se menm bagay la tou pou lwa ak jistis etènèl la. Libète pa vini nan reziste anba li men nan aplike li. Sa se yon baz fondamantal pou pwòp pouvwa Bondye. Si pa t gen verite etabli e enchanjab, don libabit la pa t ap gen sans paske nou pa t ap janm anmezi pou prevwa ak aksepte konsekans aksyon nou. Jan Leyi te eksprime a: “Si w di pa gen lalwa, w ap di pa gen peche tou. Si w di pa gen peche, w ap di pa gen lajistis tou. Epi si pa gen lajistis, pa gen bonè. E si pa gen lajistis ni bonè, pa gen pinisyon, ni mizè. Epi si bagay sa yo pa egziste, pa gen Bondye. E si pa gen Bondye, nou pa egziste, ni tè a tou; paske okenn bagay pa t ap kapab kreye, ni pou aji ni pou sibi aksyon; se poutèt sa, tout bagay t ap disparèt.”23

Nan domèn tanporèl ak espirityèl, posiblite pou asime responsablite pèsonèl la se yon don Bondye, san limenm nou pa ka reyalize tout potansyèl nou kòm pitit fi ak pitit gason Bondye. Responsablite pèsonèl la se yon dwa ak yon devwa nou dwe konstaman defann; li anba atak depi anvan Kreyasyon an. Nou dwe defann responsablite kont moun ak òganizasyon ki (pafwa avèk meyè entansyon an) vle rann nou depandan yo. Epi nou dwe defann li kont pwòp enklinasyon pa nou pou evite travay sa mande pou kiltive talan nou, kapasite nou, ak matirite espirityèl nou an.

Gen yon istwa sou yon mesye ki tou senpleman pa t vle travay. Li te vle pou moun te pran swen tout bagay li. Selon rezonman pa li, Legliz la oswa gouvènman an, oubyen toulède, te gen devwa pou okipe li paske li peye enpo e li peye dim. Li pa t gen anyen pou l manje men li te refize travay pou okipe tèt li. Pa dezespwa ak degou, moun ki te konn ap chèche ede l yo te deside ke, etandone li pa t vle leve yon tidwèt pou l pran tèt li anchaj, pito yo ta mennen l nan simityè a epi kite l la pou l mouri. Pandan yo t apral nan simityè a, gen yon mesye ki te di: “Nou pa ka fè sa. Mwen gen mayi, m pral ba l enpe.”

Konsa yo te eksplike mesye sa, epi li te mande: “Èske mayi yo kale?’

Yo te reponn ni: “Non.”

Li te di: “Enben, nou mèt kontinye.”

Volonte Bondye se pou nou vin gason ak fi lib ki gen posiblite pou elve tèt nou rive nan tout potansyèl nou, tanporèlman ak espirityèlman, pou nou pa sibi limitasyon imilyan pòvrete ak esklavaj peche, pou nou gen respè tèt nou ak endepandans, pou nou prepare nan tout bagay pou n al jwenn ni nan wayòm selès Li a.

Mwen pa fè tèt mwen ilizyon pou m panse nou ka atenn bagay sa yo pa pwòp efò pa nou san èd konstan ak konsiderab Li. “Nou konnen ke se pa mwayen lagras nou sove, apre tout sa nou kapab fè.”24 Epi nou pa bezwen atenn yon sèten nivo kapasite oswa bonte anvan pou Bondye vin ede nou—nou ka jwenn èd divin nan chak èdtan nan chak jou, kèlkeswa kote nou ye sou chemen obeyisans lan. Men, mwen konnen ke anplis aspire ak èd li a, nou bezwen fè tout efò nou, repanti, epi chwazi Bondye, pou l kapab aji nan lavi nou selon lajistis ak libète moral la. Egzòtasyon mwen se pou nou senpleman pran responsablite nou epi mete nou nan travay pou nou bay Bondye yon bagay kote li ka ede nou.

Mwen temwaye nou ke Bondye vivan, Pitit Gason L lan, Jezikri, se Redanmtè nou, epi Sentespri a prezan avèk nou. Dezi yo pou ede nou enkontestab, epi kapasite yo pou fè sa a enfini. Annou “reveye epi leve soti nan pousyè a, … pou alyans Papa Etènèl la te fè avèk [nou] an kapab akonpli.”25 Nan non Jezikri, amèn.