2010–2019
“Senyè, èske se mwen?”
oktòb 2014


“Senyè, èske se mwen?”

Nou dwe mete lògèy nou akote, depase vanite nou, epi mande avèk imilite mande: “Senyè, èske se mwen?”

Sete dènye nuit Sovè byeneme nou an nan mòtalite a, jou swa anvan Li ta pral ofri tèt li kòm ranson pou tout limanite a. Pandan L t ap kase pen an avèk disip Li yo, Li te di yon bagay ki dwe te ranpli kè yo avèk gwo alàm ak pwofon tristès. Li te di yo: “Youn nan nou pral trayi mwen.”

Disip yo pa t doute verite sa a L te di a. Ni nonplis yo pa t vire gade bòkote yo, ap lonje dwèt sou yon lòt, pou mande Li: “Èske se li menm?”

Okontrè, sa te “fè yo lapenn anpil, epi youn apre lòt yo te mande Li, Senyè,èske se mwen?1

M ap mande m kisa nou chak t ap fè si Sovè a ta poze nou menm kesyon sa a. Èske nou t apral vire gade bò kote nou epi di nan kè nou: “Li siman ap pale de Frè Johnson. M toujou gen dout sou li,” oubyen “M kontan Frè Entèl la. Li reyèlman bezwen tande bagay sa a”? Oubyen, èske, menmjan ak disip sa yo, nou t ap konsidere tèt nou e poze kesyon penetran sa a; “Èske se mwen?”

Nan senp mo sa yo, “Senyè, èske se mwen?” an, nou jwenn kòmansman lasajès ak chemen konvèsyon pèsonèl ak chanjman dirab la.

Yon parabòk sou flè dandelyon

Yon fwa, te gen yon mesye ki te renmen al pwomne aswè nan katye kote l te rete a. Li te patikilyèman renmen pase devan kay vwazen an. Vwazen an te toujou fè gazon lakay li a byen bèl, flè te toujou ap fleri, pyebwa yo te ansante epi yo te bay lonbraj. Sa te evidan ke vwazen an te fè tout efò li pou l te gen yon bèl devan pòt.

Men yon jou, pandan mesye a t ap pase devan kay vwazen an, li te remake ke nan mitan bèl gazon an te gen yon grenn flè dandelyon jòn byen gwo.

Flè a te si parèt pa nan plas li ke sa te etone mesye a. Poukisa vwazen an pa t rache li? Èske l pa t wè li? Èske l pa t konnen dandelyon an ka simaye grenn movezèb ki ka fè dè douzèn lòt movezèb pouse?

Grenn dandelyon sa a te deranje li odela deskripsyon, e li te vle fè yon bagay pou sa. Èske l pa ta dwe jis rache li? Oubyen flite l avèk likid pou movezèb? Petèt si l ta veye lè l fè nwa, li ta ka retire l san yo pa wè.

Panse sa yo te totalman okipe lespri li pandan l t ap mache tounen lakay li a. Li te antre lakay li san l pa t menm voye yon je sou gazon devan lakay li a—ki te kouvri anba dè santèn dandelyon jòn.

Boutbwa ak tipay

Èske istwa sa a pa raple nou pawòl Sovè a?

“Poukisa pou w ap gade tipay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo boutbwa ki nan je w la? …

“…Wete gwo boutbwa ki nan je pa w la anvan; apresa wa wè klè pou w ka wete tipay ki nan je frè w la.”2

Istwa boutbwa ak tipay sa a sanble li makònnen anpil avèk enkapasite nou pou wè tèt nou klèman. M pa konn kijan k fè nou ka fè dyanostik e preskri remèd pou maladi lòt moun si byen konsa, pandan ke nou souvan gen difikilte pou nou wè pwòp maladi pa nou.

Sa gen kèk ane, te gen yon istwa yo te ban nan nouvèl sou yon mesye ki te panse ke, si l te pase ji sitwon nan figi li, li t ap envizib pou kamera. Konsa, li te pase ji sitwon sou tout figi li, li te sòti, epi l t al kase de bank. Sa pa t pran lontan pou yo te arete li, lè yo te pase foto l nan televizyon nan nouvèl jou swa sa a. Lè lapolis te montre mesye a videyo yo te pran sou li nan kamera sekirite a, li pa t ka kwè bagay sa a. Li te pwoteste: “Men, m te pase ji sitwon sou figi m.3

Lè yon syantis nan Inivèsite Cornell la te tande istwa sa a, sa te entrige l pou l te wè ke yon moun te ka si enkonsyan de enkonpetans li konsa. Pou yo te ka te wè si sete yon pwoblèm jeneral, de moun ki t ap fè rechèch te envite kèk etidyan inivèsite pou yo te patisipe nan yon seri tès sou plizyè kalite konpetans pratik, epi apresa yo te mande yo pou yo te evalye sa yo te fè a. Etidyan ki te gen rezilta pi medyòk yo te mwens kapab evalye rezilta pa yo a byen—gen nan yo ki te estime ke nòt yo a ta dwe senk fwa pi wo pase jan l te ye a.4

Yo te refè etid sa a nan plizyè lòt fason, e yo te toujou abouti a menm konklizyon an: anpil nan nou gen difikilte pou wè tèt nou jan nou reyèlman ye a, e menm dè moun ki gen siksè twò estime akonplisman pa yo e souzestime akonplisman lòt moun.5

Sa gen dwa pa sitèlman enpòtan si nou vante tèt pou di nou yon bon chofè oubyen ki distans nou ka voye yon bal sou yon teren gòlf. Men lè nou kòmanse panse ke kontribisyon pa nou nan kay la, nan travay nou, ak nan legliz la pi enpòtan pase jan l reyèlman ye, nou avegle tèt nou pou benediksyon ak opòtinite pou amelyore nou nan fason pwofon ak siyifikan.

Tach espirityèl avèg

Gen yon zanmi mwen ki te abitye viv nan yon pawas kote te gen kèk nan statistik ki pi wo yo nan Legliz la—asistans yo te wo, kantite vizit nan fwaye yo te wo, timoun yo nan Primè a te toujou gen bon konpòtman, dine pawas yo te gen manje fantastik ke manm yo te raman konn lage atè, e m panse pa t janm te gen okenn diskisyon nan bal yo nan Legliz la.

Nan apre, yo te aple zanmi m nan ak madanm ni pou yo t al nan misyon. Lè yo te retounen twazan apre, koup sa a te etone aprann ke, pandan yo pa t la a, 11 maryaj te fini nan divòs.

Malgre ke pawas la te gen tout aparans eksteryè fidelite ak fòs, te gen yon bagay regretab ki t ap pase nan kè ak nan lavi manm yo. E sa ki enkyetan an, sèke sitiyasyon sa a gen parèy. Gen bagay osi terib e souvan ki pa nesesè ki rive lè manm Legliz yo kòmanse neglije prensip levanjil yo. Sou deyò, yo gen dwa parèt yo se disip Jezikri men, andedan, kè yo separe avèk Sovè yo a ak ansèyman L yo. Tikal pa tikal, yo vire do bay bagay Lespri yo e yo ale nan bagay mond lan.

Detantè prètriz ki te konn diy anvan sa, kòmanse ap di tèt yo ke Legliz la se yon bon bagay pou medàm yo ak timoun yo, men pa pou yo. Oubyen genyen ki vin konvenki ke orè chaje yo oswa sikonstans patikilye yo dispanse yo de aksyon devosyon ak sèvis kotidyen ki ta ka kenbe yo pwòch Lespri a. Nan epòk otojistifikasyon ak adorasyon tèt sa a, li fasil pou yon moun vin tonbe nan jwenn tout kalite ekskiz pou l pa regilyèman apwoche kot Bondye nan lapriyè, pou ranvwaye etid ekriti yo, evite reyinyon Legliz yo ak sware familyal, oubyen pou pa peye yon dim ak ofrann onèt.

Frè mwen, tanpri èske ou vle sonde kè ou epi poze senp kesyon sa a: “Senyè, èske se mwen?”

Èske ou dezangaje tèt ou—menm tou piti—nan levanjil Bondye beni a, ke Li te konfye [w] la”?6 Èske ou kite “bondye mond sa a” avegle lespri ou pou fè w pa ka wè “limyè levanjil gloriye Kris la”?7

Zanmi byeneme mwen, chè frè mwen, mande tèt nou: “Ki kote trezò m ye?”

Èske kè nou atache ak bagay ki nan mond sa a, oubyen èske li fikse sou ansèyman Jezikri dilijan an? “Paske kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.”8

Èske Lespri Bondye a demere nan kè nou? Èske nou “anrasinen ak fonde” nan amou Bondye ak amou pwochen nou? Èske nou bay ase tan ak kreyativite pou pote bonè nan maryaj nou ak nan fanmi nou? Èske nou bay tout enèji nou pou bi siprèm ki se konprann ak viv “longè, lajè, pwofondè, ak wotè”9 levanjil retabli Jezikri a?

Frè mwen, si pi gwo dezi ou se kiltive kalite kretyen tankou “lafwa, vèti, konesans, tanperans, pasyans, jantiyès fratènèl, sentete, charite, imilite, [ak sèvis],”10 Pè Selès la ap fè ou vin yon enstriman nan men Li pou kapab sove anpil nanm.11

Egzamine lavi nou

Frè m yo, okenn nan nou pa renmen admèt lè l ap devye kite chemen dwat la. Souvan nou eseye evite gade andedan nou pou konfwonte feblès, limitasyon ak laperzèz nou yo. Konsa, lè nou egzamine lavi nou, nou gade atravè linèt prejije nou, ekskiz nou yo, ak istwa n ap rakonte tèt nou, pou jistifye panse ak aksyon endiy nou yo.

Men li esansyèl pou nou kapab wè tèt nou klèman pou pwogresyon nou ak byennèt espirityèl nou. Si feblès nou yo ak erè nou yo rete kache nan fènwa, enben, pouvwa redanmtè Sovè a pa kapab geri yo ni fè yo vin pwen fò pou nou.12 Iwonikman, avègleman nou pou feblès imèn nou yo ap vin rann nou avèg pou nou pa wè potansyèl divin Papa a vle nouri andedan nou chak la tou.

Konsa, kijan nou ka fè limyè pure verite Bondye a briye andedan nanm nou epi wè tèt nou jan Li wè nou an?

Kite m sigjere ke ekriti yo ak diskou yo bay nan konferans jeneral yo se yon mirwa efikas nou ka itilize pou egzamine tèt nou.

Lè n ap koute oubyen n ap li pawòl pwofèt ansyen ak modèn yo, eseye pa panse sou kijan pawòl sa yo aplike pou yon lòt moun men olyesa poze senp kesyon sa a: “Senyè, èske se mwen?”

Nou dwe apwoche Pè Etènèl nou an avèk kè brize ak lespri dispoze pou nou enstwi. Nou dwe dispoze pou nou aprann ak chanje. E, nou ka jwenn anpil si nou pran angajman pou n mennen kalite lavi Pè Selès la vle pou nou an.

Mou ki pa vle aprann ni chanje yo pwobableman p ap aprann ni chanje e yo plis apral kòmanse mande tèt yo si Legliz la gen yon bagay pou ofri yo.

Men moun ki vle amelyore ak pwogrese yo, moun ki aprann nan men Sovè e ki vle vin menmjan avèk Li yo, moun ki bese tèt yo tankou yon timoun piti epi chèche mete panse yo ak aksyon yo an amoni avèk volonte Pè Selès nou an—y ap fè eksperyans mirak Ekspyasyon Sovè a. Y ap asireman santi Lespri resplandisan Bondye a. Ya va goute lajwa endeskriptib ki se fwi yon kè dou ak plen tandrès la. Y ap beni avèk dezi ak disiplin pou yo vin tounen vrè disip Jezikri a.

Pouvwa Bondye

Nan kous lavi mwen, m te gen opòtinite pou m kotwaye kèk nan gason ak fi ki pi konpetan ak pi entelijan mond sa a gen pou ofri. Lè m te pi jèn, mwen te konn enpresyone pa moun ki te kiltive, akonpli, ki te rekoni, e aplodi pa mond lan. Men amezi ane ap pase, m vin reyalize ke m plis enpresyone pa bèl nanm ekstraòdinè e beni ki vrèman bon e san twonpri.

E, èske se pa sa levanjil la ye, e èske se pa sa l fè pou nou? Se bòn nouvèl la, epi li ede nou vin bon.

Pawòl Apot Jak yo aplike pou nou jodia:

“Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo, men li fè moun ki enb yo gras. …

“Desann nou devan Bondye, e la va leve nou.”13

Frè m yo, nou dwe abandone ògèy nou, depase vanite nou, e mande avèk imilite, “Senyè, èske se mwen?”

E si repons la ta “Wi, pitit gason m, gen bagay ou dwe amelyore, bagay m ka ede w simonte,” mwen priye pou nou ta enbleman rekonèt peche nou ak erè nou yo, epi chanje abitid nou yo pou nou vin pi bon mari, pi bon papa, pi bon pitit. Se pou apati jodia menm, nou chèche avèk tout kè nou pou n mache konstamman sou chemen beni Sovè a—paske, wè tèt nou klèman se kòmansman lasajès.

Si nou fè sa, Bondye plen jenewozite nou ap pran men nou pou dirije nou; n ap “vin fò, e n ap resevwa benediksyon ki soti anwo.”14

Zanmi byeneme m yo, premye etap sou chemen remakab ak ekstraòdinè disip la kòmanse lè nou poze tèt nou senp kesyon sa a:

“Senyè, èske se mwen?”

Konsènan sa mwen temwaye e m kite benediksyon m pou nou, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 26:21–22; italik ajoute.

  2. Matye 7:3, 5.

  3. Gade Errol Morris, “The Anosognosic’s Dilemma: Something’s Wrong but You’ll Never Know What It Is,” New York Times, June 20, 2010; opinionator.blogs.nytimes.com/2010/06/20/the-anosognosics-dilemma-1.

  4. Gade Justin Kruger ak David Dunning, “Unskilled and Unaware of It: How Difficulties in Recognizing One’s Own Incompetence Lead to Inflated Self-Assessments,” Journal of Personality and Social Psychology, Des. 1999, 1121–34. “Kòm konklizyon kat etid, otè yo dekouvri ke patisipan ki te gen yon to reyisit nan tès sou imou, gramè, ak lojik yo te grandman souzestime rezilta yo ak konpetans yo. Byenke repons yo pou tè yo te mete yo nan 12 sou 100, yo te bay tèt yo yon nòt 62 sou 100” (soti nan kontrandi etid la nan psycnet.apa.org/?&fa=main.doiLanding&doi=10.1037/0022–3514.77.6.1121).

  5. Gade Marshall Goldsmith, What Got You Here Won’t Get You There (2007), chapit 3. Chèchè yo te mande twa asosye pou evalye kontribisyon pèsonèl yo sou siksè antrepriz la. Total evalyasyon yo a te rive nan 150 pousan.

  6. 1 Timote 1:11.

  7. 2 Korentyen 4:4.

  8. Lik 12:34.

  9. Efezyen 3:18.

  10. Doktrin ak Alyans 4:6.

  11. Gade Alma 17:11.

  12. Gade Etè 12:27.

  13. Jak 4:6, 10.

  14. Doktrin ak Alyans 1:28.