2010–2019
Renmen lòt moun e aksepte diferans yo
oktòb 2014


Renmen lòt moun e aksepte diferans yo

Antanke disip Kris la, nou dwe aprann viv anpè avèk moun ki pa pataje valè nou yo ni ki pa aksepte ansèyman ki fòme fondasyon nou yo.

I.

Nan dènye jou ministè Li nan mòtalite a, Jezi te bay disip Li yo sa Li te rele “yon nouvo kòmandman” (Jan 13:34). Kòmandman sa a, ke L te repete twa fwa, te senp men difisil: “Se pou nou youn renmen lòt, menmjan mwen renmen nou an” (Jan 15:12; gade vèsè 17). Ansèyman pou youn renmen lòt la sete yon ansèyman santral nan ministè Sovè a. Dezyèm gwo kòmandman an sete “Renmen pwochen ou menmjan ou renmen tèt ou” (Matye 22:39). Jezi te menm anseye: “Renmen enmi nou” (Matye 5:44). Men kòmandman pou renmen lòt moun jan Li te renmen twoupo L la sete pou disip Li yo—e pou nou—yon defi eksepsyonèl. Prezidan Monson te anseye nou Avril pase a: “Anfèt, lanmou se esans levanjil la, epi Jezikri se Egzanp nou. Lavi li se yon eritaj lanmou.”1

Poukisa li si difisil pou nou gen amou kretyen youn pou lòt konsa? Sa difisil paske nou dwe viv pami moun ki pa pataje menm kwayans ak valè ak obligasyon nou pran nan alyans yo avèk nou. Nan bèl Priyè Entèsesyon L lan, ke Li te fè anvan Krisifiksyon an, Jezi te priye pou disip Li yo konsa: “Mwen ba yo pawòl ou; epi mond lan rayi yo paske yo menm yo pa moun mond lan, menmjan mwen menm mwen pa moun mond lan” (Jan 17:14). Epi, Li te priye Papa a: “Mwen pa mande ou pou w wete yo nan mond lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan” (vèsè 15).

Nou oblije viv nan mond lan men nou pa dwe fè pati mond lan. Nou dwe viv nan mond lan paske, jan Jezi te anseye nan parabòl la, wayòm ni an se “tankou leven,” ki gen kòm fonksyon pou leve tout pat la pa enfliyans li (gade Lik 13:21; Matye 13:33; gade tou 1 Korentyen 5:6–8). Disip Li yo pa ka fè sa si yo frekante sèlman moun ki pataje menm kwayans ak pratik avèk yo. Men Sovè a te anseye tou ke si nou suiv Li, n ap obeyi kòmandman L yo (gade Jan 14:15).

II.

Levanjil la gen anpil ansèyman sou obeyi kòmandman yo pandan n ap viv nan mitan moun ki gen kwayans ak pratik diferan avèk pa nou. Ansèyman sou kontansyon yo se santral la. Lè Kris resisite a te wè Nefit yo ap diskite osijè jan pou fè batèm, Li te bayo direksyon klè sou fason pou òdonans sa a te akonpli. Apresa Li te anseye gwo prensip sa a:

“Epi p ap gen diskisyon nan pami nou jan sa te konn ye a; ni tou p ap gen diskisyon nan pami nou konsènan pwen doktrin mwen an, jan sa te konn ye a.

“Paske anverite anverite, m ap di nou, yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt.

“Gade … doktrin mwen se pou bagay konsa sispann” (3 Nefi 11:28–30; italik ajoute).

Sovè a pa t limite mizangad li yo kont chirepit la pou moun ki pa t obeyi kòmandman sou batèm yo sèlman. Li entèdi tout moun pou yo pa fè kontansyon. Menm moun ki respekte kòmandman yo pa dwe soulve kè moun pou yo goumen nan kòlè. “Papa chirepit la” se dyab la; Sovè a se Prens Lapè a.

Menmjan tou, Bib la anseye ke “moun ki saj kalme kòlè” (Pwovèb 29:8). Premye Apot yo te anseye ke nou dwe “chèche bagay ki pote lapè” (Women 14:19) ak “[pale] verite a avèk lanmou” (Efezyen 4:15), “paske kòlè lòm pa akonpli jistis Bondye” (Jak 1:20). Nan revelasyon modèn nan Senyè a te kòmande pou bòn nouvèl levanjil retabli a deklare pa “chak moun pou pwochen li, nan jantiyès ak dousè” (D&A 38:41), “avèk anpil imilite, … pa goumen avèk moun k ap goumen yo” (D&A 19:30).

III.

Menm pandan n ap chèche pou nou gen dousè e evite kontansyon an, nou pa dwe fè konpwomi ni febli nan angajman nou nan verite nou konprann yo. Nou pa dwe abandone pozisyon nou ni valè nou yo. Levanjil Jezikri a ak alyans nou fè yo inevitableman klase nou kòm konbatan nan batay etènèl ant laverite ak erè a. Pa gen demi mezi nan batay sa a.

Sovè a te montre nou chemen an lè advèsè L yo te vin konfwonte Li avèk fi yo te “kenbe nan adiltè a” (Jan 8:4). Lè yo te oblije wont poutèt ipokrizi yo, akizatè yo te vire ale epi yo te kite Jezi poukont li avèk fi a. Li te trete l ak jantiyès kote li pa t kondane li nan moman an. Men Li te kòmande l byen fèm pou l “pa peche ankò” (Jan 8:11). Se vre nou dwe gen bonte, men yon disip Kris la—menmjan ak Mèt la—dwe kanpe fèm pou laverite.

IV.

Menmjan ak Sovè a, disip Li yo pafwa konfwonte avèk konpòtman pechè, e jodia yo pafwa rele yo “sektaris” oswa “fanatik” lè y ap defann sa ki byen e denonse sa ki mal, jan yo konprann ni an. Anpil nan valè ak pratik mond lan prezante kalite difikilte sa a pou Sen Dènye Jou yo. Pami sa ki pi enpòtan yo jodia se gwo kouran puisan ki legalize maryaj ant moun menm sèks yo nan anpil eta nan Etazini ak Kanada ak nan anpil peyi nan mond lan. N ap viv nan mitan anpil moun ki pa kwè ditou nan maryaj tou. Genyen ki pa kwè nan fè pitit. Genyen ki opoze ak tout fòm entèdiksyon sou pònografi oubyen dwòg. Yon lòt egzanp—ki familye pou pifò kwayan—se pwoblèm ki se viv avèk yon konjwen oubyen yon manm fanmi ki pa kwayan an, oubyen kontwaye kòlèg travay ki pa kwayan.

Nan kote ki konsakre yo, tankou tanp yo, chapèl yo, ak pwòp lakay nou, nou dwe anseye verite a ak kòmandman yo klèman e nan fason apwopriye, jan nou konprann yo gras ak plan sali a ki revele nan levanjil retabli a. Nou gen dwa pou nou fè sa selon garanti Konstitisyon an ba nou sou libète ekspresyon ak libète relijye, e selon respè vi prive ke yo rekonèt menm nan peyi ki pa gen garanti konstitisyonèl ofisyèl yo.

An piblik, sa moun relijye yo di ak fè yo enplike lòt konsiderasyon. Libète pou egzèse relijyon an kouvri laplipa nan aksyon piblik yo, men li soumèt anba kondisyon ki nesesè pou kite plas pou kwayans ak pratik lòt moun tou. Lalwa gen dwa entèdi konpòtman yo jeneralman rekonèt kòm pa bon oswa pa akseptab, tankou eksplwatasyon seksyèl, vyolans oswa aksyon teworis, menm lè yo akonpli pa moun ekstremis nan non larelijyon. Gen konpòtman ki mwens grav, malgre ke inakseptab pou kèk kwayan, ke nou senpleman oblije sipòte si yo legalize pa sa yon pwofèt nan Liv Mòmon an rele “vwa pèp la” (Mozya 29:26).

Sou sijè diskou piblik la, nou tout dwe suiv ansèyman levanjil yo sou renmen pwochen nou ak evite kontansyon an. Disip Kris yo dwe rete eganp politès. Nou dwe renmen tout moun, aprann koute yo, e montre enterè pou kwayans sensè yo. Menmsi nou pa dakò, nou pa oblije dezagreyab. Pozisyon nou ak deklarasyon nou sou sijè dezakò yo pa dwe deklare nan espri chirepit. Nou dwe demontre sajès lè n ap eksplike ak defann pozisyon nou e egzèse enfliyans nou. Lè nou fè sa, nou mande pou lòt moun yo pa ofanse poutèt kwayans relijye sensè nou yo ak lib egzèsis relijyon nou. Nou ankouraje tout moun pou yo aplike Règ Lò Sovè a: “Tout sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo” (Matye 7:12).

Lè yo pa aksepte pozisyon nou, nou dwe aksepte rezilta ki pa anfavè nou yo poliman, epi demontre koutwazi pou advèsè nou yo. Nan tout sikonstans, nou dwe rete moun ki gen bòn volonte pou tout moun, ki rejte pèsekisyon sou tout fòm, enkli pèsekisyon ki baze sou ras, koulè, kwayans oswa enkwayans relijye, ak diferans nan oryantasyon seksyèl.

V.

Mwen sot pale sou prensip jeneral. Kounyeya m pral pale sou fason prensip sa yo ta dwe aplike nan diferant kalite sikonstans familye kote nou dwe suiv ansèyman Sovè a pi fidèlman.

M ap kòmanse avèk sa jèn timoun nou yo aprann lè y ap jwe. Twò souvan, isit la nan Uta, gen moun ki pa Mòmon ki ofanse ak ekate pa manm nou yo, ki pa otorize pitit yo pou fè zanmi avèk pitit moun ki nan lòt relijyon. Se sèten ke nou ka anseye pitit nou yo valè ak règ konpòtman san ke nou pa mande yo pou yo rete lwen lòt moun ki diferan oubyen manke yo respè.

Anpil enstriktè nan legliz la ak nan lekòl atriste pou fason yo wè kèk tinedjè, enkli jèn nan legliz nou yo, ap trete lòt. Pa gen okenn dout ke kòmandman pou youn renmen lòt la mande lanmou ak respè pou moun relijyon diferan ak moun ki ras, kilti, ak ekonomi diferan tou. Nou mande tout jèn yo pou yo evite pèsekite, ensilte lòt, oubyen itilize langaj ak pratik ki delibereman fè lòt moun lapenn. Tout bagay sa yo vyole kòmandman Sovè a pou youn renmen lòt la.

Sovè te anseye ke kontansyon se zouti dyab la. Sa klèman anseye kont kèk nan fòm langaj ak pratik ki kouran nan politik jodia. Viv avèk moun ki gen opinyon diferan se bagay ki esansyèl nan politik, men diferans opinyon yo pa bezwen mennen atak pèsonèl k ap anpwazonnen pwosesis gouvènman an ak pini patisipan yo. Nou tout dwe bani deklarasyon rayisab yo e pratike respè pou diferans opinyon yo.

Kote ki pi enpòtan pou nou evite kontansyon e pratike respè pou diferans yo se nan fwaye nou ak nan relasyon familyal nou. Diferans se bagay ki inevitab—genyen ki minim e genyen ki gwo. Pou gwo diferans yo, imajine ke yon manm fanmi ou ap viv nan plasaj. Sa kreye yon konfli ant de valè enpòtan—amou nou pou manm fanmi an ak angajman nou vizavi kòmandman yo. Si nou suiv egzanp Sovè a, nou ka montre jantiyès pandan ke nou toujou rete fèm nan laverite kote nou evite aji nan fason k ap fasilite oubyen ki sanble tolere sa nou konnen ki pa bon an.

M ap fini avèk yon lòt egzanp relasyon familyal. Nan yon konferans pieu nan Midwest la sa gen 10 zan, m te rankontre yon sè ki te di m ke mari li ki pa t manm toujou akonpaye l al legliz pandan depi douzan men li pa t janm antre Legliz la. Li te mande m kisa pou l te fè. Mwen te konesye li pou l te kontinye fè tout sa ki byen epi rete pasyan e janti anvè mari li.

Prèske yon mwa apre, li te ekri mwen: “Enben, m te panse ke douzan sa yo sete yon bèl prèv pasyans, men m pa t konnen pou jantiyès la. Konsa, m te travay di pou m te janti pandan plis pase yon mwa, epi li batize.”

Jantiyès se bagay ki puisan, espesyalman nan kad familyal nou. Lèt la te kontinye: “Mwen menm eseye pi janti kounyeya paske n ap prepare pou n al sele nan tanp ane sa a!”

Sizan apre, li te ekri m yon lòt lèt: “Yo fèk aple mari m e mete l apa kòm evèk [pawas nou an].”2

VI.

Gen anpil relasyon ak sitiyasyon nan lavi a kote nou dwe viv avèk diferans yo. Lè sa enpòtan, bò kote pa nou, nou pa dwe renye ni abandone diferans sa yo, men antanke disip Kris la, nou dwe viv anpè avèk lòt moun ki pa gen menm valè nou ni ki pa aksepte ansèyman ki se fondman nou yo. Plan sali Papa a, ke nou konnen pa revelasyon pwofesik la, te mete nou nan mòtalite a kote nou dwe respekte kòmandman L yo. Sa enkli renmen pwochen nou ki gen kilti ak kwayans diferan ak pa nou, jan Li renmen nou an. Jan yon pwofèt nan Liv Mòmon an te anseye a, nou dwe avanse, avèk “yon lanmou pou Bondye ak tout moun” (2 Nefi 31:20).

Osi difisil sa ye pou nou viv nan ajitasyon ki antoure nou an, kòmandman Sovè nou an pou youn renmen lòt jan L renmen nou an se pwobableman pi gwo defi nou. Mwen priye pou nou ka konprann ni epi chèche viv li nan tout relasyon nou ak tout aktivite nou, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “Love—the Essence of the Gospel,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 91.

  2. Lèt yo te voye bay Dallin H. Oaks, Jan. 23, 2006, ak Okt. 30, 2012.