2010–2019
Fè egzèse lafwa a vin premye priyorite nou
oktòb 2014


Fè egzèse lafwa a vin premye priyorite nou

Malgre tout pwoblèm negatif nou genyen nan lavi a, nou dwe pran tan pou nou aktivman egzèse lafwa nou.

Lè Adan ak Èv te nan Jaden Eden nan, yo te gen tout sa yo te bezwen pou yo te ka sibziste chak jou. Yo pa t gen ni difikilte, ni eprèv, ni doulè. Paske yo pa t janm travèse difikilte, yo pa t konnen ke yo te byen. Yo pa t janm gen toumant, konsa yo pa t ka santi lapè.

Finalman, Adan ak Èv te transgrese kòmandman pou yo pa t manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la. Epi akoz de sa, yo pa t nan yon eta inosans ankò. Yo te kòmanse fè eksperyans prensip lopozisyon an. Yo te kòmanse konn maladi ki te febli sante. Yo te kòmanse santi tristès osibyen ke lajwa.

Paske Adan ak Èv te manje fwi defandi a, konesans byen ak mal te antre nan mond lan. Chwa yo a te rann posib pou nou chak vini sou tè sa a pou n vin pase tès ak eprèv.1 Nou gen benediksyon libabit, ki se kapasite pou nou pran desizyon e pou nou responsab pou desizyon sa yo. Chit la te vin rann santiman bonè ak tristès posib nan lavi nou. Nou kapab konprann lapè paske nou konn toumant.2

Papa nou ki nan Syèl la te konnen sa tapral rive nou. Tout sa te fè pati plan bonè pafè Li a. Li te prepare yon mwayen, atravè lavi Pitit Gason pafètman obeyisan L lan, Jezikri, Sovè nou, pou Sakrifis Ekspyatwa L la te simonte tout difikilte nou ta ka rankontre nan mòtalite a.

N ap viv nan yon tan difisil. Mwen pa bezwen ba nou lis tout sous mal ki nan mond lan. Li pa nesesè pou nou dekri tout pwoblèm ak tout chagren ki ka fè pati mòtalite a. Nou chak la a pafètman konsyan de pwòp lit pa nou n ap mennen avèk tantasyon, soufrans ak tristès.

Nan mond premòtèl la yo te anseye nou ke bi nou nan vini isit la se pou nou pase anba tès, eprèv, pou nou ka grandi.3 Nou te konnen nou t ap gen pou n fè fas ak mechanste advèsè a. Pafwa nou ka santi nou pi konsyan de aspè negatif mòtalite a pase nou konsyan de aspè pozitif yo. Pwofèt Leyi te anseye: “Paske, dwe gen opozisyon nan tout bagay.”4 Malgre tout bagay negatif nou genyen nan lavi a, nou dwe pran tan pou nou aktivman egzèse lafwa nou. Sa ap envite pouvwa pozitif Ekspyasyon Jezikri a ki pote lafwa a, manifeste nan lavi nou.

Pè Selès nou an ba nou zouti pou ede nou vin jwen Kris la e egzèse lafwa nan Ekspyasyon L lan. Lè zouti sa yo vin tounen abitid fondamantal, yo ba nou fason ki pi fasil pou nou jwenn lapè nan pwoblèm mòtalite yo. Jodia mwen chwazi pou m pale sou kat nan zouti sa yo. Pandan m ap pale a, reflechi sou kijan nou pèsonèlman itilize chak zouti; apresa chèche gidans nan men Senyè a pou detèmine kijan nou ka pi byen itilize yo chak.

Priyè

Premye zouti a se lapriyè. Chwazi pou nou pale ak Pè Selès nou an souvan. Pran tan chak jou pou pataje panse nou ak santiman nou avèk Li. Di l tout sa ki preyokipe nou. Li enterese nan aspè ki pi enpòtan nan lavi nou yo osibyen ke aspè ki pi ensiyifyan yo tou. Pataje avèk Li tout kalite santiman ak eksperyans nou genyen.

Paske Li respekte libabit nou, Pè Selès la pap janm fòse nou priye Li. Men si nou egzèse libabit sa a epi nou enkli Li nan chak aspè lavi nou chak jou, kè nou ap kòmanse ranpli ak lapè, bèl lapè. Lapè sa a ap pèmèt nou wè yon eprèv nou yo nan yon pèspektiv etènèl. L ap ede nou afwonte eprèv sa yo nan yon pèspektiv etènèl.

Nou menm paran, ede pwoteje pitit nou yo kote n ap ame yo maten ak aswè avèk pouvwa priyè familyal la. Timoun yo bonbade chak jou anba bagay mal tankou plezi, rapasite, lògèy, ak yon pakèt lòt kantite konpòtman peche. Pwoteje pitit nou yo anba enfliyans negatif mond lan kote n ap fòtifye yo avèk benediksyon puisan ki soti nan priyè familyal yo. Priyè familyal dwe yon priyorite ki pa negosyab nan lavi chak jou nou.

Etid ekriti

Dezyèm zouti a se etidye pawòl Bondye a nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo. Nou pale avèk Bondye atravè lapriyè. Souvan Li kominike avèk nou atravè pawòl ekri L yo. Pou nou konn kijan vwa Divin nan sonnen ak kisa l ye, li pawòl Li yo, etidye ekriti yo, epi medite sou yo.5 Fè yo vin yon pati entegral nan lavi nou chak jou. Si nou vle pitit nou yo rekonèt enspirasyon Lespri a, konprann ni e aji sou li, nou dwe etidye ekriti yo avèk yo.

Pa koute manti Satan k ap fè nou kwè ke nou pa gen tan pou li ekriti yo. Chwazi pou nou pran tan pou n etidye yo. Fè festen ak pawòl Bondye a chak jou pi enpòtan pase dòmi, lekòl, travay, cho televizyon, jwèt videyo, oswa medya sosyal. Nou gen dwa ta bezwen reyòganize priyorite nou pou nou chèche tan pou nou etidye pawòl Bondye a. Si nou oblije fè sa, al fè li.

Gen anpil pwomès pwofèt yo bay sou benediksyon ki genyen nan li ekriti yo chak jou.6

M ap ajoute vwa m sou pwomès sa a: si nou pran tan chak jou, pèsonèlman e avèk fanmi nou, pou n etidye pawòl Bondye a, lapè ap demere nan lavi nou. Lapè sa a pap vini soti nan mond lan. Lapè ap vini soti nan andedan lakay nou, andedan fanmi nou, andedan kè nou. Se ap yon don Lespri a. L ap briye soti nan nou menm pou enfliyanse lòt moun nan mond lan ki antoure nou yo. Na va fè yon bagay trè siyifikan pou kontribye nan lapè nan mond lan.

M pa di ke n ap sispann gen pwoblèm nan lavi nou. Sonje ke, lè Adan ak Èv te nan jaden an, yo pa t gen pwoblèm, men yo pa t ka konn sa k te rele bonè, lajwa, ak lapè.7 Pwoblèm yo se yon pati enpòtan nan mòtalite a. Atravè etid ekriti konstan chak jou, n ap jwenn lapè nan ajitasyon ki antoure nou yo ak fòs pou nou reziste anba tantasyon yo. N ap devlope lafwa solid nan lagras Bondye e n ap konnen ke atravè Ekspyasyon Jezikri a, tout bagay ap vin anfòm nan lè Bondye deside a.

Sware Familyal

Pandan ke n ap travay pou fòtifye fanmi nou ak kiltive lapè a, sonje twazyèm zouti sa a: sware familyal chak semèn. Se pou nou veye pou nou pa fè sware familyal la vin an dezyèm plan nan yon jounen okipe. Deside ke jou Lendi swa a fanmi nou ap lakay ansanm pou sware a. Pa kite egzijans travay, espò, aktivite lekòl, devwa, oswa nenpòt lòt bagay vin pi enpòtan pase moman sa a n pase ansanm avèk fanmi mou lakay nou an.

Òganizasyon sware a pa osi enpòtan ke tan nou envesti ladan l lan. Nou dwe anseye levanjil la presizeman e san kontrent. Fè l vin yon eksperyans siyifikatif pou chak manm fanmi an. Sware familyal la se yon moman presye pou nou rann temwayaj nou nan yon anviwonman sekirite; pou aprann talan pou anseye, planifye, ak òganize; pou fòtifye lyen familyal yo, pou etabli tradisyon familyal; pou youn pale ak lòt; e pi enpòtan an, pou nou pase yon bon tan ansanm!

Nan dènye konferans jeneral mwa d Avril la, Sè Linda S. Reeves te deklare klèman: “Mwen dwe temwaye de benediksyon ki genyen nan etid ekriti ak priyè chak jou ak sware familyal chak semèn. Bagay sa yo se abitid ki ap ede nan diminye strès, k ap bay lavi nou direksyon, e ajoute pwoteksyon nan fwaye nou.”8 Sè Reeves se yon moun ki saj anpil. Mwen grandman egzòte nou pou nou akeri pwòp temwayaj pa nou sou twa abitid enpòtan sa yo.

Ale nan tanp

Katriyèm zouti a se ale nan tanp. Nou tout konnen pa gen okenn lòt kote ki pi pezib sou tè sa a pase tanp Bondye yo. Si ou pa gen yon rekòmandasyon tanp, kalifye w pou w gen youn. Lè w gen yon rekòmandasyon, itilize l souvan.9 Planifye yon tan pou w ale nan tanp regilyèman. Pa kite okenn moun oswa okenn bagay anpeche ou ale nan kote sa a.

Pandan w nan tanp lan, koute pawòl òdonans yo, medite yo, priye sou yo, epi chèche konprann sans yo. Tanp lan se youn nan pi bon kote pou w ale pou w konprann pouvwa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Chèche Li nan kote sa a. Sonje ke anpil lòt benediksyon soti nan pote pwòp non manm fanmi pa ou nan tanp.

Kat zouti sa yo se abitid esansyèl pou nou jwenn sekirite nan pouvwa Ekspyasyon Jezikri a. Sonje ke Sovè nou an se Prens Lapè a. Lapè nan lavi mòtèl sa a soti nan sakrifis Ekspwatwa L la. Lè nou priye tout tan, maten ak aswè, lè nou etidye ekriti yo chak jou, nou fè sware familyal chak semèn, epi nou ale nan tanp regilyèman, nou aktivman reponn envitasyon L la pou nou “vin jwenn ni” an. Plis nou devlope abitid sa yo, se plis Satan apral eseye atake nou men se mwens l ap gen kapasite pou fè sa. Lè nou itilize zouti sa yo, nou egzèse libabit nou pou n aksepte tout don Sakrifis Ekspyatwa L la.

Mwen pa vledi ke tout pwoblèm ak disparèt nan lavi nou si nou fè bagay sa yo. Nou te vini nan lavi mòtèl la presizeman pou nou pwogrese atravè eprèv ak tès. Pwoblèm yo ede nou vin pi plis tankou Papa nou ki nan Syèl la, epi Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann posib pou nou andire pwoblèm sa yo.10 Mwen temwaye ke si nou aktivman vin jwenn ni, nou ka andire tout tantasyon, tout chagren, ak tout eprèv nou rankontre, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Moyiz 5:11.

  2. Gade Moyiz 4–5.

  3. Gade Abraram 3:25.

  4. 2 Nefi 2:11.

  5. Gade Doktrin ak Alyans 18:36; gade tou vèsè 34–35.

  6. Men kèk nan egzanp yo:

    Prezidan Thomas S. Monson te di: “Lè nou li ekriti yo epi nou medite sou yo, sa ap pèmèt nou santi enspirasyon dous Lespri a nan nanm nou. N ap kapab jwenn repons pou kesyon nou yo. N ap akeri yon temwayaj asire sou Pè Selès nou an avèk Sovè a, Jezikri, ak sou amou Yo pou nou. Lè nou konbine etid ekriti yo avèk lapriyè, nou ka konnen ak sètitid ke Levanjil Jezikri a vrè. … Si nou sonje priye epi nou pran tan nan lavi nou pou nou ale nan ekriti yo, n ap resevwa plis benediksyon epi fadon nou yo ap vin pi lejè” (“We Never Walk Alone,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 122).

    Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Mwen pwomèt nou san okenn rezèv ke, si nou chak obsève senp pwogram sa a, kèlkeswa kantite fwa nou te deja li Liv Mòmon an anvan, n ap vin gen nan lavi nou ak nan lakay nou, yon pi gwo kantite nan Lespri Senyè a, yon rezolisyon ranfòse pou nou obeyi kòmandman L yo ak yon temwayaj pi solid sou egzistans reyèl Pitit Gason Bondye a” (“A Testimony Vibrant and True,” Ensign oswa Liahona, Aug. 2005, 6).

    Prezidan Howard W. Hunter te di: “Fanmi yo ap grandman beni lè papa ak manman saj yo rasanble timoun yo bò kote yo pou yo li ekriti yo ansanm, epi apresa diskite libreman sou bèl istwa ak panse ki ladan yo a pou tout moun kapab konprann yo. Souvan jèn yo ak timoun piti yo gen ide etonan ak bon jan apresyasyon pou literati debaz relijyon an” (“Reading the Scriptures,” Ensign, Nov. 1979, 64).

    Prezidan Ezra Taft Benson te di: “Souvan nou deplwaye gwo efò pou nou eseye ogmante kantite aktivite nan pieu nou yo. Nou travay ak dilijans pou nou ogmante pousantaj moun k ap asiste reyinyon Sentsèn yo. Nou travay pou nou gen yon pi gwo pousantaj jènjan nan misyon. Nou eseye ogmante kantite moun k ap marye nan tanp. Tout bagay sa yo se efò ki louwab e enpòtan pou kwasans wayòm nan. Men, lè chak moun, endividyèlman e ak fanmi yo, plonje tèt yo nan ekriti yo regilyèman, se la lòt domèn aktivite sa yo apral otomatikman sòti. Temwayaj ap ogmante. Angajman ap fòtifye. Fanmi yo ap fòtifye. Revelasyon pèsonèl ap koule” (“The Power of the Word,” Ensign, Me 1986, 81).

    Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Mwen konstate ke, lè m pran lèz kò mwen nan rapò m avèk divinite a e lè sanble okenn divin ap koute e okenn vwa divin ap pale, mwen lwen, trè lwen. Si m plonje m nan ekriti yo, distans lan redui e espirityalite a retounen. M dekouvri ke m pi renmen moun m sipoze remen ak tout kè m, tout espri m ak tout fòs mwen yo; epi, palefèt ke m renmen yo pi plis la, m twouve l pi fasil pou m suiv konsèy yo” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 67).

    Prezidan Marion G. Romney te di: “Mwen santi ke si, nan fwaye nou, paran yo li Liv Mòmon an regilyèman nan espri lapriyè, pèsonèlman epi avèk pitit yo, espri gwo liv sa a ap vin ranpli lakay nou ak tout moun ki abite ladan. Espri reverans ap ogmante; respè ak konsiderasyon youn pou lòt ak grandi. Espri kontansyon aprale. Paran yo ap konseye timoun yo nan pi gwo lanmou ak sajès. Timoun yo ap vin pi reponn ak soumèt anba konsèy paran yo. Lajistis ap ogmante. Lafwa, esperans, ak charite—amou pi Kris la—ap ranpli fwaye nou ak lavi nou, pou pote avèk yo lapè, lajwa, ak bonè” (“The Book of Mormon,” Ensign, Me 1980, 67).

    Prezidan Boyd K. Packer te di: “Vrè doktrin nan, lè nou konprann ni, ap chanje atitid ak konpòtman. Etidye doktrin levanjil la ap amelyore konpòtman pi vit pase yon etid sou konpòtman ap amelyore konpòtman” (“Do Not Fear,”Ensign oswa Liahona, Me 2004, 79).

    Èldè David A. Bednar te di: “Chak priyè familyal, chak tan etid ekriti familyal, e chak sware familyal se yon kout penso sou tablo nanm nou an. Okenn lòt bagay pa ka pi enpresyonan ni pi memorab. Men, menmjan kout penso jòn ak brun ak koulè lò yo youn se konpleman lòt la pou pwodui yon tablo enpresyonan an, se konsa tou si nou konsistan nan fè ti bagay ki aparaman piti yo, sa ke mennen nan rezilta espirityèl siyifikan” (“More Diligent and Concerned at Home,”Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 19–20).

  7. Gade 2 Nefi 2:13.

  8. Linda S. Reeves, “Protection from Pornography—a Christ-Focused Home,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 16–17.

  9. Prezidan Howard W. Hunter te di: “Nan espri sa a, m ap envite Sen Dènye Jou yo pou yo konsidere tanp Senyè a kòm gwo senbòl yo kòm manm. Pi gwo dezi mwen se pou chak manm Legliz la diy pou antre nan tanp. Sa t ap fè Senyè a plezi si chak manm adilt ta diy pou yo genyen yon rekòmandasyon tanp. Sa nou dwe fè ak sa nou pa dwe fè pou nou diy pou yon rekòmandasyon tanp yo se bagay sa yo menm ki bay asirans ke n ap gen bonè endividyèlman e antanke fanmi. Annou se yon pèp ki ale nan tanp. Ale nan tanp osi souvan ke sitiyasyon pèsonèl nou pèmèt nou. Mete yon foto tanp lakay nou pou timoun yo kapab wè li. Anseye yo sou bi kay Senyè a. Fè yo planifye depi byen bonè pou yo ale nan tanp e rete diy pou benediksyon sa a” (“Exceeding Great and Precious Promises,” Ensign, Nov. 1994, 8).

  10. Gade 2 Nefi 2:2.