2010–2019
Resevwa yon temwanyaj limyè ak verite
oktòb 2014


Resevwa yon temwanyaj limyè ak verite

Temwayaj pèsonèl nou sou limyè ak verite a ap non sèlman yon benediksyon pou nou menm ak posterite nou isit la nan mòtalite a, men, l ap akonpaye nou tou pandan tout letènite.

Lè m te pilòt ayeryen, mwen te konn pase plizyè èdtan ap travèse kontinan ak oseyan nan fènwa lanwit. Lè m te konn ap gade syèl la lannuit la nan fenèt kabin avyon an, espesyalman ‘Voie Lactée’ a, mwen te konn souvan santi m emèveye devan grandè ak pwofondè kreyasyon Bondye yo—sa ekriti yo dekri kòm “mond nou pa ka konte.”1

Sa gen mwens pase yon syèk, astwonòm yo te panse ke galaksi Voie Lacté nou an sete sèl galaksy nan inivè a.2 Yo te panse ke tout sa ki te odela galaksi nou an sete yon gwo neyan, yon vid enfini—frèt, epi san zetwal, san limyè, ak lavi.

Lè teleskòp yo te vin pi pèfeksyone—pami yo, teleskòp yo te ka voye nan lespas yo—astwonòm yo te kòmanse konprann yon verite espektakilè, prèske enkonpreyansib: ke inivè a enkwayableman pi gran pase tout sa yon moun te ka panse anvan, epi syèl yo ranpli avèk galaksi nou paka konte, sou distans nou pa ka imajine, yo chak gen dèsantèn bilyon zetwal.3

Nan yon ti bout tan, konpreyansyon nou sou inivè a te chanje ajamè.

Jodia nou kapab wè kèk nan galaksi elwaye yo.4

Nou konnen ke yo la.

Yo te la depi trè lontan.

Men anvan lòm te gen enstriman ase puisan pou yo te kapte limyè selès la e rann galaksi sa yo vizit la, nou pa t panse ke yon bagay konsa te posib.

Imansite inivè a pat change toudenkou, men kapasite nou pou wè ak konprann verite sa a te chanje radikalman. Epi, avèk pi gwo limyè sa a, limanite te vin wè pèspektiv gloriye moun pa t janm imajine anvan ki te prezante devan li.

Li difisil pou nou kwè sa nou pa kapab wè

Sipoze ke ou te kapab vwayaje retounen nan letan epi ou vin gen yon konvèsasyon avèk moun ki te viv depi yon milye oubyen menm yon santèn ane pase. Imajine w t ap eseye dekri yo kèk nan teknoloji modèn oumenm avèk mwen pa pran pou anyen yo jodia. Paregzanp, kisa moun sa yo t ap panse de nou si nou ta rakonte yo istwa sou gwo avyon, fou mikwo-ond, aparèy mobil nou kenbe nan yon, ki gen gwo libreri dijital, ak videyo pitit pitit nou ke n ap pataje ala minit avèk dè milyon moun atravè mond lan?

Gen kèk ki ta ka kwè nou. Men, laplipa nan yo t ap pase nou nan betiz, opoze ak nou, oubyen menm petèt chèche fèmen bouch nou oubyen blese nou. Gen kèk ki ka tante aplike lojik, larezon ak prèv yo jan yo konnen yo pou montre ke nou nan lerè, nou fou, oubyen danjere. Yo ta ka menm kondane nou pou di ke n ap eseye twonpe lòt moun.

Men natirèlman, moun sa yo tap konplètman nan erè. Yo te gen dwa plen bòn volonte ak senserite. Yo te gen dwa petèt absoliman sèten de opinyon yo. Men, yo te gen dwa tou senpleman pa t kapab wè klè paske yo pa t ko resevwa limyè laverite ki pi konplèt la.

Pwomès limyè a

Sanble ke sa se yon trè komen lakay lòm, pou yo asime ke yo gen rezon menm lè yo nan erè. E, si se konsa, ki espwa ki genyen pou nenpòt nan nou? Èske nou destine pou nou flote san bi sou yon oseyan enfòmasyon kontradiktwa, kwense sou yon kannòt nou te mal bati akoz pwòp prejije pa nou?

Èske l posib pou nou jwenn laverite?

Objektif remak mwen yo se pou pwoklame mesaj jwaye ke Bondye Limenm—Senyè lame yo ki konnen tout verite—a fè pitit li yo pwomès ke yo kapab konnen verite a pou tèt pa yo.

Tanpri, annou reflechi sou pòte gwo pwomès sa a:

Bondye Etènèl e Toupuisan an, Kreyatè gwo inivè sa a, pale avèk moun ki adrese Li avèk yon kè sensè ak yon entansyon reyèl.

L ap pale avèk yo nan rèv, nan vizyon, panse ak santiman.

L ap pale avèk yo nan yon fason ki pa kite plas pou dout e ki depase eksperyans imèn. L ap bayo direksyon divin ak repons pou lavi pèsonèl yo.

Byensi ke ap toujou gen moun k ap pase nou nan betiz pou di ke yon bagay konsa enposib, ke, si te gen yon Bondye, Li t ap gen pi bon bagay pou l fè pase koute epi reponn lapriyè yon sèl moun.

Men, kite m di nou: Bondye sousye de nou. L ap koute epi L ap reponn kesyon pèsonèl nou yo. Repons priyè nou yo ap vini nan fason pa Li ak nan moman pa li, e sepoutèt sa, nou bezwen aprann koute vwa Li. Bondye vle nou jwenn chemen pou nou retounen al jwenn ni an, epi Sovè a se chemen an.5 Bondye vle nou aprann nan men Pitit Gason L lan, Jezikri, epi pou nou fè eksperyans lapè ak lajwa pwofon ki soti nan suiv chemen divin disip la.

Chè zanmi m yo, men yon eksperyans ki ase senp, avèk yon garanti nan men Bondye, ke n ap jwenn nan yon liv ekriti ansyèn ki disponib pou chak gason ak fi, ak timoun ki vle mete l aleprèv:

Premyèman, nou dwe sonde pawòl Bondye a. Sa vle di li ekriti yo epi etidye pawòl pwofèt ansyen ak modèn yo konsènan levanjil retabli Jezikri a—non pa avèk entansyon pou nou mete l andout ni kritike men avèk dezi sensè pou dekouvri verite a.6 “Menmsi nou sèlman vle kwè, kite santiman sa a travay nan nou … pou nou kapab fè plas pou [pawòl Bondye a].”7

Dezyèmman, nou dwe reflechi, medite, efòse nou pou nou kwè,8 epi gen rekonesans pou jan Senyè a te gen mizerikòd pou pitit li yo depi nan epòk Adan an jiska epòk pa nou an, kote Li voye pwofèt, vwayan ak revelatè pou dirije Legliz Li a epi pou ede nou jwenn chemen pou nou nou retounen al jwenn ni an.

Twazyèmman, nou dwe mande Papa nou ki nan Syèl la, nan non Pitit Gason L lan, Jezikri, pou L manifeste verite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou nou. Mande avèk yon kè sensè ak yon entansyon reyèl, avèk lafwa nan Kris la.9

Gen yon katriyèm etap tou, ke Sovè a te bannou: “Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m’ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m’ m’ap pale.”10 Otremandi, lè n ap eseye verifye verasite prensip levanjil yo, nou dwe viv yo toudabò. Mete doktrin levanjil la ak ansèyman Legliz la aleprèv nan lavi nou. Fè sa avèk yon entansyon reyèl ak yon lafwa dirab nan Bondye.

Si nou fè bagay sa yo, nou gen yon pwomès nan men Bondye—ki lye pa pawòl Li11—ke L ap manifeste nou verite a pa pouvwa Sentespri a. L ap banou yon pi gwo limyè ki ap pèmèt nou gade atravè fènwa pou nou wè pèspektiv gloriye ki depase imajinasyon ke moun mòtèl pa kapab konprann.

Gen moun ki ka di ke etap sa yo twò difisil oubyen yo pa merite efò a. Men, mwen vle di nou ke temwanyaj pèsonèl sa a sou levanjil la ak Legliz la se bagay ki pi enpòtan nou kapab akeri nan lavi sa a. Non sèlman l ap yon benediksyon ak yon gid pou nou nan lavi sa a, men, lap vin gen yon enpak dirèk sou lavi nou pou tout letènite.

Se sèlman avèk Lespri nou kapab konprann bagay Lespri yo

Moun lasyans yo te gen difikilte pou yo te konprann gwosè inivè a, jiskaske enstriman yo te vin pèfeksyone ase pou kapte plis limyè pou te pèmèt yo konprann yon verite pi konplè.

Apot Pòl te anseye yon prensip paralèl konsènan konesans espirityèl la. Li te ekri Korentyen yo: “Lòm natirèl pap aksepte bagay ki soti nan Lespri Bondye, paske pou li se pawòl moun fou yo ye, ni tou li pap kapab konprann yo paske se Lespri Bondye a ki pou edel egzamine yo.”12

Otremandi, si nou vle rekonèt yon verite espirityèl, nou dwe itilize bon enstriman. Nou pa kapab rive konprann verite espirityèl la avèk enstriman ki pa kapab detekte li.

Sovè a di nou nan epòk pa nou an: “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun kiresevwa limyè, epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klerejistan l fè jou klè.”13

Plis nou koube kè nou ak lespri nou devan Bondye, se plis limyè selès la ap devèse sou nanm nou. Epi, chak fwa nou volontèman e sensèman chèche limyè sa a, nou montre Bondye ke nou pare pou n resevwa plis limyè. Piti piti, bagay ki te parèt flou, ensèten, ak lwenten yo anvan an, ap vin klè, byen klere e familye pou nou.

Nan menm sans lan tou, si nou reti tèt nou nan limyè levanjil la, pwòp limyè pa nou ap kòmanse bese—pa nan yon jou ni nan yon semèn men piti piti, avèk letan—jiskaske lè n ap gade dèyè, nou pa p ka toutafè konprann kijan nou te fè janm panse ke levanjil la te vrè. Konesans nou te genyen anvan an ka menm vin parèt ensanse, paske sa ki te si klè pou nou anvan an vin flou, ensèten, ak lwenten.

Sepoutèt sa Pòl te di avèk ensistans ke mesaj levanjil la se pawòl moun fou pou moun k’ap peri yo, “men, pou [moun] ki sove yo, li se pouvwa Bondye.”14

Pa gen tès desizif

Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se yon kote pou moun avèk tout kalite temwanyaj. Gen kèk manm Legliz la ki gen temwanyaj yo sèten epi li briye byen klere andedan yo. Gen lòt ki ankò ap chèche konnen pou tèt pa yo. Legliz la se yon fwaye rasanbleman pou tout moun, kèlkeswa pwofondè oubyen wotè temwanyaj nou. Nan konesans pa m, pa gen okenn pano sou pòt chapèl nou yo ki gen ekri: “Temwanyaj nou dwe wotè sa a pou nou antre.”

Legliz la se pa jis pou moun ki pafè, men, li la pou tout moun ka “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nan Li.”15 Legliz la se pou moun tankou oumenm avèk mwen. Legliz la se yon kote pou akeyi ak edifye, non pa pou separe oubyen kritike. Se yon lye kote nou youn tounen vè lòt pou youn ka ankouraje, edifye, ak soutni lòt pandan nap pousuiv rechèch pèsonèl nou pou verite divin yo.

Finalman, nou tout se se pèleren k ap chèche limyè Bondye pandan n ap vwayaje sou chemen disip la. Nou pa kondane lòt moun pou kantite limyè yo genyen oubyen yo pa genyen; olyesa, nou nouri ak ankouraje tout limyè jiskaske li grandi vin klè, byen klere, epi vrè.

Yon pwomès pou tout moun.

Annou rekonèt ke, pi souvan, akeri yon temwanyaj se pa bagay yon minit, inèdtan, oubyen yon jou. Se pa yon bagay nou fè yon fwa epi fini. Pwosesis akeri limyè espirityèl la se yon rechèch tout yon lavi.

Temwanyaj nou konsènan Pitit Gason vivan Bondye a ak Legliz retabli Li a, Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo, gen dwa pa vini osi vit ke nou ta vle, men, mwen ka pwomèt nou ke: si nou fè pati pa nou an, l ap vini.

E l ap mayifik.

Mwen rann nou temwanyaj pèsonèl mwen ke verite espirityèl la ap ranpli kè nou e pote limyè nan lespri nou. L ap revele nou entelijans pure avèk yon lajwa mèveye ak yon lapè selès. Mwen te fè eksperyans la pou tèt pa m pa pouvwa Sentespri a.

Jan ekriti ansyen tan yo pwomèt la, prezans ineksplikab Lespri Bondye a ap fè nou anvi chante kantik amou redanmtè a,16 leve je nou nan syèl la, epi elve vwa nou nan louwanj pou Bondye ki Pi Wo a, Refij nou, Esperans nou, Pwotektè nou, Papa nou. Sovè a pwomèt ke si nou chèche, n ap jwenn.17

Mwen temwanye ke se verite. Si nou chèche verite Bondye a, sa ki kounyeya ka parèt fèb, flou, ak lwenten yo ap vin revele piti piti, byen klè, epi y ap vin chè pou nou pa limyè gras Bondye a. Pèspektiv espirityèl siblim, ke je imen p aka konsevwa, ap revele pou nou.

Mwen temwaye ke limyè espirityèl sa a alapòte chak pitit Bondye. L ap eklere lespri nou, pote gerizon nan kè nou eak lajwa nan lavi nou. Chè zanmi mwen, tanpri, pa ranvwaye moman pou nou chèche ak ranfòse temwanyaj pèsonèl nou konsènan travay divin Bondye a, travay limyè ak verite a.

Temwanyaj pèsonèl nou sou limyè ak verite a ap non sèlman yon benediksyon pou nou isit la nan mòtalite a, men, l ap akonpanye nou atravè tout letènite tou, pami mond san fen yo. Konsènan sa mwen temwanye e m kite nou avèk benediksyon mwen, nan non Jezikri, amèn.