2010–2019
Soutni Pwofèt yo
oktòb 2014


Soutni Pwofèt yo

Soutyen nou bay pwofèt yo se yon angajman pèsonèl nou pran pou nou fè tout sa nou kapab pou suiv priyorite ke pwofèt yo bay nou yo.

Prezidan Eyring, nou remèsye ou pou mesaj enspiran w lan. Chè frè m ak sè m yo, nou remèsye nou pou lafwa nou ak devouman nou. Yè, yo te envite nou chak pou n soutni Thomas S. Monson kòm pwofèt Senyè a e Prezidan Legliz Senyè a. Epi souvan nou chante: “Seigneur, merci pour le prophète.”1 Èske ou menm avèk mwen reyèlman konprann kisa sa vledi? Imajine onè Senyè a fè nou pou soutni pwofèt Li a, k ap ba nou konsèy klè e otantik, ki pa motive pa okenn aspirasyon pèsonèl, men ki totalman vrè.

Kijan nou reyèlman soutni yon pwofèt? Lontan anvan l te vin Prezidan Legliz la, Prezidan Joseph F. Smith te eksplike: “Se yon devwa enpòtan ki repoze sou Sen yo ki … soutni otorite yo nan Legliz la, pou yo fè sa non sèlman nan leve men yo, ki se sèlman fòm nan, men an aksyon ak nan verite tou.”2

Mwen sonje “aksyon” ki pi remakab m te fè pou m te soutni yon pwofèt la. Antanke doktè ak chirijyen kadyak, m te gen responsablite pou m te fè yon operasyon nan kè pou Prezidan Spencer W. Kimball an 1972, pandan l te Prezidan Kolèj Douz Apot yo lè sa a. Sete yon operasyon trè konplike. M pa t gen okenn eksperyans nan fè yon operasyon konsa sou yon malad 77 tan ki te gen pwoblèm kadyak. M pa t rekòmande pou l te fè operasyon an epi konsa, m te enfòme Prezidan Kimball ak Premye Prezidans lan. Men, ak lafwa, Prezidan Kimball te chwazi pou l te fè operasyon an, sèlman si Premye Prezidans lan te konseye l sa. Sa montre konbyen li te soutni dirijan li! E desizyon sa a te fè m tranble!

Gras ak Senyè a, operasyon an te reyisi. Lè kè Prezidan Kimball te rekòmanse bat, li te bat avèk gwo fòs! Nan moman sa a menm, m te resevwa yon temwayaj klè nan men Lespri a ke mesye sa a t ap gen pou l vin Prezidan Legliz la yon jou!3

Nou konn sa k te suiv. Apèn 20 mwa apre, Prezidan Kimball te vin Prezidan Legliz la. Epi li te dirije bravman e kourajezman padan plizyè ane.

Depi apre bagay sa a, nou te soutni Prezidan Ezra Taft Benson, Howard W. Hunter, Gordon B. Hinckley, epi kounyeya Thomas S. Monson kòm Prezidan Legliz la—pwofèt nan tout sans mo a!

Chè frè m ak sè m yo, si gen yon bagay Retablisman an te fè, sete elimine ansyen kwayans ki di Bondye sispann pale avèk pitit Li yo. Anyen pa ka pi lwen laverite pase sa. Te toujou gen yon pwofèt alatèt Legliz Bondye a nan tout dispansasyon, soti Adan rive jiska jodia.4 Pwofèt yo temwaye konsènan Jezikri—konsènan divinite Li ak misyon ak ministè terès Li.5 Nou onore Pwofèt Joseph Smith kòm pwofèt dènye dispansasyon sa a. Epi nou onore chak gason ki te vin apre l yo kòm Prezidan Legliz la.

Lè nou soutni pwofèt yo ak lòt dirijan yo,6 nou envoke lwa konsantman komen an, paske Senyè a di: “Pa gen moun k ap gen dwa ale pou preche levanjil mwen an, oubyen bati legliz mwen an, san yon moun ki gen otorite pa òdone l, epi pou legliz la konnen moun nan gen otorite epi tèt legliz la te òdone l kòmsadwa.”7

Antanke manm Legliz Senyè a, sa ba nou konfyans ak lafwa pandan n ap eseye suiv kòmandman nan ekriti yo pou koute vwa Senyè a,8 lè l vini atravè vwa sèvitè Li, pwofèt yo.9 Tout dirijan yo nan Legliz Senyè a aple pa bon jan otorite. Konsènan sa, okenn pwofèt ni lòt dirijan nan Legliz sa a pa janm aple tèt li. Okenn pwofèt pa janm eli. Senyè a rann sa klè lè l te di: “Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa.”10 Ou menm avèk mwen pa “vote” pou dirijan yo nan Legliz yo, nan kèlkeswa nivo a. Men, nou gen privilèj pou nou soutni yo.

Fason Senyè a diferan ak fason pa lèzòm. Nan fason pa lèzòm yo, lè yon moun vin granmoun oubyen li vin enfim, yo retire l nan pòs li oubyen nan mond biznis la. Men fason lèzòm se pa fason Senyè a e li pap janm fason Senyè a. Soutyen nou bay pwofèt nou yo se yon angajman pèsonèl nou pran pou nou fè tout sa nou kapab pou suiv priyorite yo ba nou yo. Soutyen nou an se yon sèman ki endike ke nou rekonèt apèl yo kòm pwofèt la kòm yon bagay lejitim e ki angaje nou.

Vennsizan anvan l te vin Prezidan Legliz la, George Albert Smith, ki te èldè lè sa a, te di: “Obligasyon nou pran lè nou leve men nou an … se yon obligasyon ki sakre anpil. Li pa vledi ke nou pral pousuiv chemen nou trankilman epi kite pwofèt Senyè a dirije travay sa a, men li vledi … ke n ap kanpe dèyè li; n ap priye pou li; n ap defann repitasyon li, epi n ap efòse nou pou n suiv enstriksyon Senyè a mande l pou l ba nou yo.”11

Senyè vivan an ap dirije Legliz vivan L lan!12 Senyè a revele volonte li pou Legliz la bay pwofèt Li. Yè, apre yo te fin envite nou pou nou soutni Thomas S. Monson kòm Prezidan Legliz la, nou te gen privilèj pou n te soutni li menm, konseye yo nan Premye Prezidans lan, ak manm Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè tou. Panse sou sa! Nou soutni 15 gason kòm pwofèt Bondye! Yo detni tout kle prètriz ki te janm konfere sou lòm nan dispansasyon sa a.

Apèl 15 mesye sa yo nan sent apostola a founi gwo pwoteksyon pou nou menm antanke manm Legliz la. Poukisa? Paske desizyon dirijan sa yo dwe annakò.13 Èske nou ka imajine kijan Lespri a bezwen aji sou 15 gason pou yo ka fè youn? 15 mesye sa yo gen edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl diferan, avèk opinyon diferan sou anpil bagay. Nou mèt kwè m! 15 gason sa yo—pwofèt, vwayan, ak revelatè—konnen sa volonte Senyè a ye lè yo atenn ‘unanimite’ a! Yo pran angajman pou veye pou volonte Senyè a reyèlman fèt. Priyè Senyè a (Notre Père) se modèl pou chak 15 mesye sa yo lè yo priye: “Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.”14

Apot ki la pi lontan nan ofis Apot la prezide.15 Sistèm ki baze sou ansyènte sa a abityèlman lakoz ke se moun ki pi granmoun yo ki vin Prezidan Legliz la.16 Sa pote kontinyite, matirite ki soti nan eksperyans, eksperyans, ak anpil preparasyon, selon direksyon Senyè a bay.

Legliz jodia òganize pa Senyè a Limenm. Li mete anplas yon sistèm gouvènman remakab ki pote kontinyite ak sovgàd. Sistèm sa a bay garanti ke nou dirije pa yon pwofèt, menmsi maladi ak enkapasite ki inevitab yo vini lè laj ap avanse.17 Gen anpil garanti ak pwoteksyon ki anplas pou okenn moun pa ka janm detounen Legliz la. Dirijan ki anlè tèt nou yo toujou ap resevwa ansèyman pou ke yon jou yo ka pare pou chita nan pi gran konsèy yo. Yo aprann kijan pou yo tande vwa Senyè a atravè chichotman Lespri a.

Pandan l t ap sèvi kòm Premye Konseye Prezidan Ezra Taft Benson, ki te prèske nan fen lavi mòtèl li lè sa a, Prezidan Gordon B. Hinckley te eksplike:

“Prensip ak pwosedi Senyè a mete anplas pou gouvène Legliz Li a prevwa tout … sikonstans. Li enpòtan … pou nou pa gen okenn dout ni sousi apwopo jan Legliz la gouvène ak egzèsis don pwofesik yo, ladan yo, dwa pou enspirasyon ak revelasyon nan administrasyon zafè Legliz la ak pwogram Legliz yo, lè Prezidan an malad oubyen lè l pa anmezi pou l totalman ranpli tach li.

“Premyè Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, ki aple epi òdone pou detni kle prètriz yo, gen otorite ak responsablite pou gouvène Legliz la, pou administre òdonans li yo, pou ekspoze doktrin nan, epi etabli ak mentni pratik li yo.”

Prezidan Hinckley kontinye:

“Lè Prezidan an malad oubyen li pa anmezi pou l ranpli tach li totalman nan devwa ofis li yo, de konseye l yo fonksyone ansanm kòm yon kolèj Premye Prezidans lan. Yo fè travay kotidyen Prezidans lan. …

“…Men pou tout kesyon konsènan règleman, pwosedi, pwogram, oswa doktrin yo, se Premye Prezidans lan ak Douz yo ki mete ansanm pou konsidere yo andetay avèk konkou lapriyè.”18

Ane pase, lè Prezidan Monson te atenn 5 ane depi l t ap sèvi kòm Prezidan Legliz la, li te reflechi sou 50 ane l yo nan sèvis apostolik la epi li te fè deklarasyon sa a: “Laj fini pa fè efè li sou nou tout. Men, nou ini vwa nou avèk vwa Wa Benjamen, ki te di: … ‘M menm jan avèk nou, m soumèt anba tout enfimite kò ak panse a; malgre sa, m te chwazi … e konsakre pa papa mwen, … e pouvwa san parèy li te pwoteje m e prezève m pou m kapab sèvi nou avèk tout pouvwa, panse ak fòs Senyè a te ban mwen’ (Mozya 2:11).”

Prezidan Monson te kontinye: “Malgre pwoblèm sante nou ka genyen, malgre feblès nan kò oswa nan lespri, nou sèvi pi byen nou kapab. Mwen asire nou ke Legliz la nan bon men. Sistèm Konsèy Premye Prezidans ak Kolèj Douz [Apot] yo ki etabli a garanti [nou] ke l ap toujou nan bòn men epi, kèlkeswa sa k rive, nou pa bezwen enkyete ni pè. Sovè nou an, Jezikri, ke n ap suiv la, ke nou adore a, ke n ap sèvi a, toujou alatèt.”19

Prezidan Monson, nou remèsye ou pou verite sa yo! Epi nou remèsye ou pou lavi sèvis egzanplè ak devwe ou. Mwen kwè m ka pale nan non manm Legliz yo toupatou nan mond lan pou eksprime rekonesans sensè nou pou ou. Nou rann ou omaj! Nou renmen ou! Nou soutni ou, non sèlman avèk men nou leve, men ak tout kè nou ak efò konsakre nou tou. Avèk imilite ak fèvè, “nou toujou priye pou ou, chè pwofèt nou an”!20 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Seigneur, merci pour le prophète,” Cantiques, no. 10.

  2. Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith (1998), 211; italik ajoute. Deklarasyon sa a te fèt an 1898, lè Prezidan Smith te Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan.

  3. Pou plis detay, ale nan Spencer J. Condie, Russell M. Nelson: Father, Surgeon, Apostle (2003), 153–56.

  4. Gade Diksyonè Bib la, “Dispansasyon.”

  5. Anpil pwofèt te predi vini Senyè a, ladan yo Leyi (gade 1 Nefi 1:19), Nefi (gade 1 Nefi 11:31–33; 19:7–8), Jakòb (gade Jakòb 4:4–6), Benjamin (gade Mozya 3:5–11, 15), Abinadi (gade Mozya 15:1–9), Alma (gade Alma 40:2), ak Samyèl, Lamanit la (gade Elaman 14:12). Anvan Sovè a te fèt nan Betleyèm, yo te predi sakrifis ekspyatwa la ak rezirèksyon Li ki t ap suiv la.

  6. Prensip soutni dirijan yo fondamantal nan tout nivo nan legliz Senyè a. Yon moun dwe soutni anvan yo mete l apa pou yon apèl oubyen òdone l nan yon ofis nan prètriz la.

  7. Doktrin ak Alyans 42:11. Pratik soutni dirijan nou yo te enplante jou 6 Avril 1830 lan, lè yo te òganize Legliz la, ak an Mas 1836, lè manm Premye Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo te soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè (gade History of the Church, 1:74–77; 2:417).

  8. Liv Mòmon an mete nou angad kont danje ki genyen si nou detounen nou de ansèyman pwofèt yo. Ladan l, nou li ke: “gwo kay byen laj la sete lògèy mond lan; e li te tonbe, li te tonbe byen fò. E zanj Senyè a te pale …, li te di: Se konsa destriksyon tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp ki goumen kont douz Apot Ti Mouton an yo pral ye” (1 Nefi 11:36).

  9. Gade Danyèl 9:10; Amòs 3:7; Doktrin ak Alyans 21:1, 4–5; 124:45–46.

  10. Jan 15:16. Jan senkyèm atik lafwa a klarifye: “Nou kwè yon nonm dwe resevwa apèl nan men Bondye, pa mwayen pwofesi, epi pa enpozisyon men, nan men moun ki gen otorite, pou preche Levanjil la epi pou administre òdonans Levanjil yo.”

  11. Enseignements des présidents de l’église: George Albert Smith (2011), 64; italik ajoute. Sitasyon sa a soti nan yon diskou konferans pa Èldè George Albert Smith an 1919. Li te vin Prezidan Legliz la an 1945.

  12. Gade Doktrin ak Alyans 1:30, 38.

  13. Gade Doktrin ak Alyans 107:27.

  14. 3 Nefi 13:10; gade tou Matye 6:10; Lik 11:2.

  15. Lè yon Prezidan Legliz la mouri, Premye Prezidans lan disoud epi konseye yo reprann plas yo andedan Kolèj Douz Apot yo. Kolèj Douz Apot la prezide sou Legliz la lè sa a jiskaske yo reyòganize yon Premye Prezidans. Peryòd sa a rele yon entèrèy (interrègne) apostolik. Istorikman, dire entèval sa a varye, soti kat jou rive twazan edmi.

  16. Natirèlman, pwosesis siseksyon sa a pa aplike pou apèl Joseph Smith la, ki te preòdone pou l te vin pwofèt Retablisman an e premye Prezidan Legliz la (gade 2 Nefi 3:6–22; gade tou Abraram 3:22–23).

  17. Nou konnen ke Senyè a Limenm kapab rele nenpòt nan nou vin jwenn ni nenpòt kilè, si se volonte li.

  18. Gordon B. Hinckley, “God Is at the Helm,” Ensign, Me 1994, 54; gade tou Gordon B. Hinckley, “He Slumbers Not, nor Sleeps,” Ensign, Me 1983, 6.

  19. “Mesaj Prezidan Thomas S. Monson,” Church News, Fev. 3, 2013, 9.

  20. “We Ever Pray for Thee,” Hymns, no. 23.