2010–2019
Byenveni nan konferans lan
oktòb 2014


Byenveni nan konferans lan

Pandan n ap koute a, se pou kè nou touche epi pou lafwa nou ogmante.

Frè m ak sè m yo, ala mwen kontan pou m swete nou byenveni nan konferans mondyal mayifik sa a. Nou rasanble ansanm nan plizyè kote atravè mond lan pou nou ka tande epi aprann nan men frè ak sè yo ke nou soutni kòm otorite jeneral ak ofisye jeneral yo nan Legliz la. Yo te chèche èd Pè Selès la konsènan mesaj yo pral prezante nou yo, e yo te santi enspirasyon konsènan sa yo pral di nou yo.

Konferans sa a make 90yèm anivèsè retransmisyon konferans jeneral la nan radyo. Pandan konferans Oktòb 1924 la, sesyon yo te retransmèt sou radyo pou lapremyè fwa atravè KSL ke Legliz la posede. Konferans sa a se 65yèm anivèsè retransmisyon konferans yo nan televizyon tou. Nan konferans jeneral ki te fèt nan mwa Oktòb 1949 la, sesyon yo te retransmèt nan televizyon pou lapremyè fwa nan zòn Salt Lake la sou chèn televizyon KSL la.

Nou rekonesan pou benediksyon medya modèn yo ki pèmèt dè milyon manm Legliz la gade oubyen koute konferans jeneral la. Sesyon yo pou weekend sa a ap retransmèt nan televizyon, radyo, pa retransmisyon satelit, avèk entènèt, enkli aparèy pòtatif.

Pandan 6 mwa pase depi nou te rankontre yo, yon nouvo tanp te konsakre epi youn te rekonsakre. Nan mwa Me a, Prezidan Dieter F. Uchtdorf te konsakre Tanp Fort Lauderdale la an Florid. Te gen yon bèl selebrasyon kiltirèl jèn yo te prezante jou anvan konsekrasyon an. Jou apre a, nan Dimanch 4 Me a, tanp la te konsakre nan twa sesyon.

Sa gen de semèn, mwen te gen privilèj pou m te rekonsakre Tanp Ogden nan nan Utah, ki te konsakre anvan sa nan ane 1972 pa Prezidan Joseph Fielding Smith. Te gen yon gwo selebrasyon kiltirèl ki te fèt jou anvan l te rekonsakre a, avèk sitèlman jèn ki t ap patisipe ke yo te oblije fè de prezantasyon separe, avèk yon ekip diferan pou yo chak. Antou, 16.000 jèm te patisipe. Sèvis rekonsekrasyon an te fèt nan demen, avèk anpil nan Frè yo ki te patisipe, ansanm avèk dirijant oksilyè fi yo ak prezidan tanp lan, konseye l yo al madanm yo.

Nou kontinye ap bati tanp san rete. Mwa pwochen an, nouvo Tanp Phoenix la nan Arizona pral konsakre, epi ane pwochèn, an 2015, nou prevwa pou n konsakre oubyen rekonsakre omwen senk tanp, petèt plis posib, sa depan lè y ap fini.

Jan m te mansyone nan mwa Avril la, lè tout tanp ki te anonse anvan yo fin konstwi ak konsakre, nou pral gen 170 tanp an fonksyon atravè mond lan. Akoz n ap konsantre efò nou sou fini tanp ki te deja anonse yo, nou pap anonse okenn nouvo tanp pou kounyea. Toutfwa, nan lavni, si nou wè gen bezwen epi nou jwen anplasman, n ap anonse lòt nouvo tanp.

Legliz la kontinye ap grandi. Kounyeya, nou plis pase 15 milyon manm e kantite sa a ap grandi toujou. Travay misyonè nou yo ap avanse san obstak. Nou gen plis pase 88.000 misyonè k ap sèvi, k ap pataje mesaj levanjil la atravè mond lan. Nou reyafime ke travay misyonè se yon devwa pretriz, e nou ankouraje tou jènjan ki diy ak kapab yo pou yo pou sèvi. Nou trè rekonesan pou jènfi k ap sèvi yo tou. Yo pote yon kontribisyon enpòtan, byenke yo pa anba menm obligasyon avèk jènjan yo pou sèvi a.

Kounyeya, mwen envite nou pou nou pote atansyon a frè ak sè yo ki pral patisipe jodia ak demen nan sesyon konferans nou yo. Tout moun yo te mande pou pale yo santi yon gwo responsablite pou yo fè sa. Pandan n ap tande yo a, se pou kè nou touche epi lafwa nou ogmante, mwen priye enbleman, nan non Jezikri, amèn.