2010–2019
Yon don ki pral gide timoun yo
avril 2016


Yon don ki pral gide timoun yo

Kijan pou nou anseye pitit nou yo pou yo debarase yo anba enfliyans monden yo epi mete konfyans yo nan Lespri a?

Yon jèn papa te literalman ap nwaye. Li menm, ak de pitit li, ak bòpè li t al fè yon pwomnad bò kot yon lak. Yo te antoure pa montay majestye ki te kouvri anba pye sapen, epi syèl la te ble, ranpli ak bèl nyaj blan, ki t ap degaje bote ak serenite. Lè timoun yo te kòmanse vin cho e fatige, de mesye yo te deside mete timoun yo sou do yo pou yo t al naje sou ti bout distans pou yo te ale sou lòtbò lak la.

Sa te parèt fasil—jiskaske yo te rive nan moman kote papa a te kòmanse santi l ap pouse desann, tout bagay te vin trè lou. Dlo a t ap rale l desann nan fon lak la, epi yon santiman panik te anvayi li. Kijan l ta pral fè pou l rete anlè dlo a—avèk jèn pitit fi si presye l la sou do li?

Li te eseye rele pou mande èd men vwa l te twò lwen; bòpè a te twò lwen pou reponn kri èd dezespere l la. Li te santi l poukont li e dezespere.

Èske w ka imajine oumenm k ap santi w jan l te santi l la, enkapab pou jwenn anyen pou w kenbe, k ap debat nan yon sitiyasyon dezespere pou sove lavi ou ak lavi pitit ou? Malerezman, nou tout konn santi santiman sa a nan yon sèten degre, lè nou twouve n nan sitiyasyon kote nou dezespereman bezwen jwenn èd pou nou ka siviv ak pou sove moun nou renmen.

Prèske anba panik, li te reyalize ke soulye l yo ki te plen dlo te vin fè l lou. Pandan l t ap fè efò pou l te rete sou dlo a, li te kòmanse eseye retire soulye lou yo nan pye li. Men sete kòmsi yo te kole avèk lakòl. Lasèt yo te gongle anba dlo, sa k te fè yo te mare pi sere toujou.

Nan sa ki te sanble dènye tantativ dezespere li, li te reyisi retire soulye yo nan pye li, epi anfen, soulye yo te lache grip yo, yo te tonbe byen vit nan fon lak la. Libere anba pwa lou ki t ap rale l desann nan, li te imedyatman pran elan pou pouse limenm ak pitit fi l la anlè. Kounyeya li te ka naje al devan, pou l t al ansekirite sou lòtbò lak la.

Pafwa nou ka gen enpresyon ke n ap nwaye. Lavi a ka vin lou. “N ap viv nan yon mond ki plen bri e okipe. Si nou pa fè atansyon, bagay mond sa yo ka pran plas bagay Lespri yo.”1

Kijan pou nou suiv egzanp papa sa a epi retire kèk nan fado mond lan n ap pote yo—pou nou ka kenbe tèt pitit nou yo ansanm ak lespri toumante an nou anlè dlo? Jan Pòl konseye a, ki fason nou ka “jete tout fado yo”?2 Kijan nou ka prepare pitit nou yo pou jou kote yo pa p ka akwoche sou nou menm ak temwayaj nou ankò---kote yo pral oblije naje poukont yo a?

N ap jwenn yon repons lè nou rekonèt sous divin fòs la. Se yon sous nou souvan souzestime, poutan, nou ka itilize l chak jou pou soulaje fado nou e gide pitit presye nou yo. Sous sa a se don Sentespri a pou gide nou an.

Nan laj uitan, timoun yo ka batize. Yo anseye yo sou alyans avèk Bondye epi yo fè yon alyans avèk Li. Moun yo renmen antoure yo lè y ap plonje nan dlo a e soti nan fon batismo a avèk yon santiman gwo lajwa. Apresa yo resevwa don endeskriptib Sentespri a, yon don ki ka gide yo tout tan si yo viv nan fason pou resevwa benediksyon sa a.

Èldè David A. Bednar te di: “Senplisite [konfimasyon] an ka lakoz nou bliye siyifikasyon li. Twa mo sa yo---‘Resevwa Sentespri a’---se pa yon egzòtasyon pasif; men, yo kontinye rete yon kòmandman prètriz la, yon egzòtasyon ki fèt avèk otorite pou aji e non pa pou moun aji sou nou.”3

Timoun yo gen yon dezi natirèl pou yo fè byen ak pou yo bon. Nou ka santi inosans yo, pite yo. Yo gen yon gwo kapasite pou tande ti vwa dous piti a tou.

Imaj
Sèvi pitit Nefit yo

Nan 3 Nefi 26, Sovè a te montre nou kapasite espirityèl timoun yo:

“Li te delye lang yo, e yo te pale papa yo gwo bagay mèveye, menm pi gwo pase sa li te revele pèp la. …

“… Yo te tande epi yo te wè timoun yo; wi, menm ti bebe yo te louvri bouch yo, e yo te pale bagay mèveye.”4

Kijan antanke paran nou ka ogmante kapasite espirityèl timoun piti nou yo? Kijan nou ka anseye yo pou yo rejte enfliyans mond lan e mete konfyans nan Lespri a lè nou pa avèk yo ak lè yo poukont yo nan mitan dlo pwofon lavi yo?

Kite m pataje kèk ide avèk nou.

Premyèman, nou ka atire atansyon timoun nou yo sou moman kote y ap tande ak santi Lespri a. Annou retounen nan Ansyen Testaman an pou n wè kijan Eli te fè egzakteman sa pou Samyèl.

Jèn Samyèl te tande yon vwa defwa e li te kouri al jwenn Eli, li te di “Men mwen.”

Eli te reponn: “M pa rele w non.”

Men Samyèl pa t ko konn Senyè a, ni yo pa t ko revele l pawòl Senyè a.

Men sou twazyèm fwa a, Eli te reyalize se Senyè a ki t ap rele Samyèl epi li te di Samyèl pou l reponn: “Pale, Senyè; paske sèvitè w la ap koute.”5

Samyèl te kòmanse santi vwa Senyè a, rekonèt li ak koute li. Men jèn tigason sa a pa t kòmanse konprann pazavan Eli te ba l fasilite pou l te konprann. Epi, paske l te anseye, Samyèl te ka vin familye avèk ti vwa dous piti a.

Dezyèmman, nou ka prepare fwaye nou ak pitit nou yo pou yo ka santi ti vwa dous pitit a. “Anpil pwofesè lang etranje kwè ke timoun aprann yon lang pi byen nan “pwogram imèsyon” yo, kote yo antoure avèk lòt moun k ap pale lang sa a e yo oblije pale l yo menm. Yo pa jis aprann repete mo, men yo pale byen e yo menm panse nan nouvo lang nan tou. Pi bon lye ‘imèsyon’ pou yon edikasyon espirityèl se fwaye a, kote prensip espirityèl yo ka fòme baz lavi kotidyèn.6

“Na anseye pitit nou yo [pawòl Senyè a] avèk dilijans, epi pale avèk yo, kit nou chita lakay nou, kit n ap mache sou wout, lè nou kouche nan kabann nou, ak lè nou leve.”7 Si nou plonje fanmi nou nan Lespri a, sa ap pèmèt kè pitit nou yo louvri pou yo ka rekonèt enfliyans Li.

Twazyèmman, nou ka ede pitit nou yo konprann kijan Lespri a pale avèk yo. Joseph Smith te anseye: “Si Li vin jwenn yon timoun, l ap adapte l avèk langaj ak kapasite yon timoun.”8 Yon manman te dekouvri ke, palefèt ke timoun aprann nan fason diferan---genyen ki aprann ak je yo, genyen ki aprann ak zòrèy yo, atravè touche, oswa atravè mouvman---plis li te obsève pitit li yo, se plis li te reyalize ke Sentespri a anseye pitit li yo nan fason yo chak ka pi byen aprann.9

Yon lòt manman te pataje yon eksperyans ki te ede pitit li yo aprann rekonèt Lespri a. Li te ekri: “Pafwa, [timoun yo] pa reyalize ke yon panse ki vini san rete, yon santiman rekonfò apre yo fin kriye, oubyen sonje yon bagay nan moman egzat la, tout se fason Sentespri a kominike [avèk yo].” Li kontinye: “M ap anseye pitit mwen yo pou yo konsantre sou sa yo santi [epi suiv li].”10

Santi ak rekonèt Lespri a ap devlope kapasite espirityèl nan lavi pitit nou yo, epi vwa sa a yo vin konnen an ap vin plis an plis klè pou yo. Jan Èldè Richard G. Scott te di: “si nou akeri eksperyans epi nou reyisi kite Lespri a gide nou, konfyans nou nan sa nou santi yo ap vin pi asire pase lè nou depann sou sa nou wè ak sa nou tande.”11

Nou pa bezwen pè si nou wè timoun yo antre nan dlo lavi yo, paske nou te ede yo debarase yo anba fado mond lan. Nou te anseye yo pou yo viv yon fason pou yo benefisye don gidans Lespri a. Don sa a ap kontinye soulaje fado y ap pote yo epi l ap mennen yo retounen nan fwaye selès yo, si yo viv diy pou li e si yo suiv enspirasyon li. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Joseph B. Wirthlin, “The Unspeakable Gift,” Liahona, Me 2003, 27.

  2. Ebre 12:1.

  3. David A. Bednar, “Receive the Holy Ghost,” Liahona, Nov. 2010, 95.

  4. 3 Nefi 26:14, 16.

  5. Gade 1 Samyèl 3:4–10.

  6. C. Terry and Susan L. Warner, “Helping Children Hear the Still, Small Voice,” Tambuli, Aug. 1994, 27.

  7. Detewonòm 6:7.

  8. Joseph Smith, nan History of the Church, 3:392.

  9. Gade Merrilee Browne Boyack, “Helping Children Recognize the Holy Ghost,” Liahona, Des. 2013, 10–12.

  10. Irinna Danielson, “How to Answer the Toughest ‘Whys’ of Life,” Okt. 30, 2015, lds.org/blog.

  11. Richard G. Scott, “To Acquire Spiritual Guidance,” Liahona, Nov. 2009, 7.