2010–2019
Yon chema pou lapè
avril 2016


Yon chema pou lapè

Lapè nou tout ap chèche a mande pou nou aji—nan aprann nan men Jezikri, e nan koute pawòl Li, epi nan mache avèk Li.

Sa gen kèk ane, yo te mande pitit fi nou ak bofis nou an pou yo te anseye ansanm yon klas Primè ki te genyen senk ti gason enèjik ki te gen katran. Pitit fi nou te gen tach pou anseye a epi bofis nou an te gen tach chèf disiplin nan, yo toude te fè tout sa yo kapab pou gade yon atmosfè trankilite, malgre kèkfwa te gen dezòd, pou yo te ka anseye timoun yo prensip levanjil yo.

Pandan yon leson ki te patikilyèman ajite, aprè yo te fin plizyè fwa avèti yon ti gason plen enèji, bofis nou te ale deyò avèk ti gason katran sa a. Lè yo te soti deyò a, li ta pral pale avèk ti gason an sou konpòtman li ak sou nesesite pou l te mennen l bay paran li, lè ti gason an te stope bofis nou anvan l te ka di yon mo, epi li leve men l anlè e avèk anpil emosyon, li te di, “Pafwa—pafwa, sa vrèman difisil pou m panse a Jezi!”

Nan vwayyaj nou nan mòtalite a, osi gloriye destinasyon nou anvizaje a ka ye e osi egzaltan vwayaj la ka ye, nou tout ap gen pou n rankontre eprèv ak chagren sou wout la. Eldè Joseph B. Wirthlin te anseye: “Flèch sou woulèt chagren an gen pou l pwente sou nou chak yon lè kanmèm. Nan yon moman oswa yon lòt, tout moun dwe fè eksperyans ak chagren. Pa gen yon moun ki egzan.”1 Senyè a nan sajès Li pa epanye okenn moun doulè ak tristès.”2 Men, kapasite nou pou vwayaje sou wout sa a anpè, depann anpil sou si wi ou non nou gen difikilte pou n panse ak Jezi.

Se pa kapasite nou pou evite eprèv, tristès ak chagren ki pèmèt nou gen lapè nan lespri, lapè konsyans, ak lapè nan kè nou. Malgre siplikasyon sensè nou yo, se pa tout tanpèt yo k ap chanje direksyon, se pa tout enfimite k ap geri, e nou gen dwa pa p totalman konprann chak doktrin, prensip, oswa pratik pwofèt, vwayan, ak revelatè yo anseye. Men, yo ba nou pwomès lapè—avèk yon kondisyon ki atache sou li.

Nan levanjil Jan an, Sovè a te anseye ke, malgre tribilasyon lavi yo, nou ka pran kouraj; nou ka espere, e nou pa bezwen pè, paske li deklare, “Nan mwen nou ka gen lapè.”3 Lafwa nan Jezikri ak nan sakrisfis ekspiyatwa L la se, e sa ap toujou rete, premye prensip levanjil la ak fondasyon kote nou bati esperans nou pou “lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini a.4

Pou ede nou nan rechèch lapè nou nan mitan difikilte kotidyen lavi yo, yo ba nou yon senp modèl pou kenbe panse nou konsantre sou Sovè a, ki te di: “Aprann nan men m, epi koute pawòl mwen yo; mache nan jantiyès Lespri m nan, epi w ap gen lapè nan mwen. M se Jezikri.”5

Aprann, koute, epi mache—twa etap avèk yon pwomès.

Premye etap la: “Aprann nan men m”

Nan Ezayi nou li, “Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y’a di: -Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L’a moutre nou jan li vle nou viv.”6

Nan tanp yo ki plis an plis anpil k ap kouvri tè a, nou aprann kiyès Jezikri ye ak wòl Li nan plan Papa a kòm Kreyatè mond sa a, kòm Sovè nou ak Redanmtè nou, e kòm sous lapè nou.

Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Mond lan ka yon kote ki epwouvan e difisil pou nou viv. …. Lè ou menm avèk mwen al nan mezon sakre Bondye yo, lè nou sonje alyans yo nou fè ladan yo, n ap plis kapab sipòte chak eprèv e simonte chak tantasyon. Nan tanp sakre sa a n ap jwenn lapè.”7

Pandan m t ap prezide nan yon konferans pye sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi nan Amerik di Sid, m te rankontre yon koup ki t ap viv nan chagren poutèt lanmò yon ti pitit gason yo.

Se te nan yon entèvyou pandan konferans la m te rankontre Frè Tumiri pou lapremyè fwa e m te aprann lanmò piti li a. Pandan nou t ap pale, li te di m ke non sèlman li te tris akoz lamò pitit gason l la men, li te devaste lè l t ap panse ke l pa p janm wè li ankò. Li te eksplike ke, antanke manm ki relativman fèk konvèti nan Legliz la, yo te ekonomize ase kòb pou t al nan tanp jis yon fwa, anvan ti gason yo a te fèt, kote yo te sele kòm koup epi de pitit fi yo te sele avèk yo. Apresa li te eksplike m kijan yo te fè ekonomi lajan pou yo te ka retounen nan tanp lan, men yo pa t gen tan gen posiblite pou yo te mennen ti pitit gason yo a pou l t al sele avèk yo tou.

Lè m te reyalize ke petèt te gen yon bagay li pa t byen konprann, m te eksplike l ke l t ap ka wè pitit gason l lan ankò si l rete fidèl, paske òdonans sèlman an ki te lye li avèk madanm ni an e pitit fi l yo te egalman sifizan pou lye li avèkk pitit gason l lan tou, ki te fèt nan alyans.

Avèk etonman, li te mande m si sa te vrè toutbon, e m lè m te di l ke sete verite, li te mande m si m t ap vle aksepte pale avèk madanm ni, ki te enkonsolab depi lanmò ti pitit yo a, sa te gen 2 semèn.

Nan Dimanch aprèmidi, aprè konferans la, m te rankontre ak Sè Tumiri epi m te eksplike l dokrin mayifik sa a tou. Li te ankò akable anba doulè pou pèt resan sa a, men kounyeya, avèk yon apèsi lespwa, li te mande avèk dlo nan je l: “Èske vrèman m pral kapab kenbe ti pitit gason m nan nan bra m ankò? Èske l ap reyèlman pou mwen pou tout tan?” M te asire l ke si l te kenbe alyans li yo, pouvwa sèlman nou jwenn nan tanp la, ki aji gras ak otorite Jezikri a, va pèmèt li reyèlman jwenn pitit gason l la ankò epi kenbe l nan bra l ankò.

Malgre kè l te brize akoz lanmò pitit gason l la, Sè Tumiri te kite reyinyon nou an avèk dlo rekonesans nan je li e ranpli ak lapè gras ak òdonans sakre tanp yo, Senyè ak Redanmtè nou a te rann posib yo.

Chak fwa nou al nan tanp—nan tout sa nou tande, sa nou fè, ak sa nou di; nan chak òdonans nou patisipe; e nan chak alyans nou fè—atansyon nou fikse sou Jezikri. Nou santi lapè lè nou tande pawòl Li yo epi aprann apati egzanp Li. Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “Ale nan kay Senyè a epi ladan w ap santi Lespri Li e kominike avèk Li, epi w ap santi yon lapè ke w pap jwenn okenn lòt kote.”8

Dezyèm etap: “Koute pawòl mwen”

Nan Doktrin ak Alyans yo, nou li: “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”9 Depi nan epòk Adan e travèse listwa rive jiska pwofèt aktyèl nou an, Thomas Spencer Monson, Senyè a toujou pale palentèmedyè reprezantan otorize L yo. Moun ki chwazi pou koute e obeyi pawòl Senyè a di yo, palentèmedyè pwofèt Li yo, ap jwenn sekirite ak lapè.

Nan Liv Mòmon an nou jwenn anpil egzanp sou enpòtans pou suiv konsèy pwofetik yo e kanpe avèk pwofèt la, ladan li gen yon leson nou aprann nan vizyon Lehi a sou pyebwa lavi a, ke nou jwenn nan 1 Nefi chapit 8. Gwo kay byenlaj la pa t janm te pi ranpli ak moun pase nan epòk pa nou an e jamè bri k ap soti nan fenèt ouvè l yo pa t janm te si fo, si mokan e si dewoutan pase nan epòk pa nou an. Nan pasaj sa a, nou aprann sou de gwoup moun ak sou reyaksyon yo anfas kri ki t ap soti nan kay byenlaj la.

Imaj
Rèv Leyi a

Kòmanse nan vèsè 26la, nou li:

“Epi, m te voye je m toupatou, e m te wè, lòtbò rivyè dlo a, yon gwo kay byenlaj. …

“Epi li te chaje a moun, … epi li te sanble yo t ap moke e yo t ap lonje dwèt sou moun ki te vini … e fin manje nan fwi a.

“Epi lè yo te fin goute nan fwi a, yo te wont poutèt lòt moun yo ki t ap pase yo nan betiz; e yo te tonbe sou wout entèdi yo, e yo te pèdi.”10

Nan vèsè 33 a, li apwopo lòt moun ki te gen yon reyaksyon diferan anfas mokri ki t ap soti nan gwo kay la. Lehi eksplike ke moun ki te nan gwo kay byenlaj la “yo te lonje dwèt sou mwen ak tout lòt moun ki te manje nan fwi a pou yo pase nou nan betiz; men nou pa t okipe yo.”11

N ap jwenn yon diferans enpòtan ant moun ki te wont, ki te tonbe, epi pèdi yo ak moun ki pat okipe mokri ki te soti nan batiman an men ki te kanpe avèk pwofèt la nan de fraz: premyèman, “lè yo te fin goute,” e dezyèmman, “moun ki te manje yo.

Premye gwoup la te rive nan pyebwa a, yo te kanpe pou yon tan avèk pwofèt la, men yo te sèlman goute fwi a. Palefèt ke yo pa t kontinye manje, yo te pèmèt fawouch ki te soti nan kay byenlaj la afekte yo, e sa te fè yo vire do bay pwofèt la e atire yo nan wout entèdi yo, kote yo te pèdi.

An kontras avèk moun ki te goute epi ki te pèdi yo, gen lòt ki te kontinyèlman manje nan fwi a. Moun sa yo te inyore ajitasyon ki te sot nan bantiman an, yo te rete avèk pwofèt la, epi konsa, yo te jwi sekirite ak lapè. Angajman nou anvè Senyè a ak sèvitè L yo pa ka yon angajman a tan pasyèl. Si se sa, n ap vin fèb devan moun k ap chèche detwi lapè nou yo. Lè nou koute Senyè a ki pale palentèmedyè sèvitè otorize L yo, nou kanpe nan kote ki sen e yo pa ka ebranle nou.

Advèsè a ofri solisyon falsifye ki ka parèt pote repons men ki elwanye nou plis de lapè n ap chèche a. Li ofri yon miraj ki gen aparans lejitimite ak sekirite, men ki finalman, tankou gwo kay byenlaj la, ap tonbe e detwi tout moun k ap chèche lapè andedan l yo.

Nou jwenn verite a nan senplisite yon chan Primè: “Pawòl yon pwofèt: Kenbe kòmandman yo. Ladan l gen sekirite ak lapè.12

Twazyèm Etap: “Mache nan imilite Lespri Mwen”

Menm kant nou ale lwen chemen an, Sovè a envite nou pou n retounen e mache avèk Li. Envitasyon sa a pou mache avèk Jezikri a se yon envitasyon pou akonpanye Li nan Jetsemani, e soti nan Jetsemani al nan Kalvè a e soti nan Kalvè a al nan Tonm nan. Se yon envitasyon pou nou respekte e aplike gran sakrifis ekspiyatwa L la, ki gen yon pòte endivisyèl osibyen ke enfini. Se yon envitasyon pou nou repanti, pou nou benefisye pouvwa pirifikatè L la, epi pran bra eman L yo Li lonje ba nou an. Se yon envitasyon pou nou anpè.

Imaj
Li envite nou pou nou mache avèk Li.

Nou yon moman kèlkonk nan lavi nou, nou tout konn doulè ak chagren ki soti nan peche ak transgresyon, paske “si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n ap twonpe epi verite a pa nan nou.”13 Sepandan, “menm si peche nou yo ta wouj tankou san,” si nou aplike Sakrifis Ekspiyatwa Jezikri a epi nou mache avèk Li pandan n ap repanti nou sensèman, “peche nou yo ap vin blan tankou lanèj.”14 Menm kant nou te chaje anba kilpabilite, n ap jwenn lapè.

Imaj
Yo envite nou pou nou repanti.

Alma, pi jèn nan, te oblije fè fas ak peche l yo lè yon zanj Senyè a te parèt devan li. Li dekri eksperyans la avèk pawòl sa yo:

“Nanm mwen te dechire nan dènye limit, epi tout peche m yo te toumante nanm mwen.

“… Wi, m te wè m te fè rebèl kont Bondye, epi m pa t respekte kòmandman sen li yo.”15

Osi grav ke peche l yo te ye, epi, nan mitan soufrans sa a, li kontinye:

“M sonje m te tande pwofesi papa m devan pèp la, konsènan vini yon Jezikri, yon Pitit Gason Bondye ki gen pou l ekspye peche mond lan.

“… M te kriye nan kè m: O, Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizèrikòd pou mwen.”16

“Epi m pa t janm resevwa padon pou peche m yo, jistan m te kriye nan pye Senyè a, Jezikri, pou mizèrikòd. M te kriye nan pye l, epi m te jwenn lapè pou nanm mwen.17

Menm jan ak Alma, noumenm tou n ap jwenn lapè pou nanm nou si nou mache avèk Jezikri, si repanti pou peche nou, epi nou aplike pouvwa gerizon L lan nan lavi nou.

Lapè nou tout chèche a mande plis pase yon dezi. Li mande pou nou aji---nan aprann nan men Li, nan tande pawòl Li, nan mache avèk Li. Nou gen dwa pa gen kapasite pou kontwole tout sa k ap pase bò kote nou, men nou ka kontwole fason nou aplike modèl pou lapè Senyè a ba nou an---yon modèl ki rann ni fasil pou n panse souvan avèk Jezi.

Imaj
Nou ka aplike modèl Sovè a.

M temwaye ke Jezikri se “chemen an, verite a, ak lavi a”18 epi se sèlman atravè Limenm nou ka jwenn vrè lapè nan lavi sa ak lavi etènèl nan mond k ap vini a. Nan non Jezikri, amèn.