2010–2019
Yon responsablite sakre
avril 2016


Yon responsablite sakre

Don presye pouvwa prètriz la mache avèk non sèlman responsablite solanèl men benediksyon espesyal pou nou menm ak pou lòt moun yo tou.

Frè byeneme m yo, m priye pou Lespri a gide remak mwen yo aswè a. Gen yon bagay komen ki liye nou ansanm. Nou gen responsablite pou n detni prètriz Bondye a epi aji nan non Li. Yo konfye nou yon responsablite sakre. Yo atann anpil nan men nou.

Nou li nan Doktrin ak Alyans seksyon 121, vèsè 36, “Dwa prètriz yo makònen seresere avèk pouvwa syèl la.” Ala yon bèl kado yo ba nou an. Responsablite nou se pou sovgade ak pwoteje prètriz sa a e fè nou diy pou tout benediksyon gloriye Papa nou ki nan syèl la rezève pou nou yo—ak pou lòt moun atravè noumenm.

Kèlkeswa kote ou ale, prètriz la ale akonpanye ou. Èske w kanpe nan kote ki sen? Anvan ou mete tèt ou ak prètriz ou a andanje nan avantire w nan kote oubyen patisipe nan aktivite ki pa diy de oumenm oubyen de prètriz sa a, fè yon ti poz pou w reflechi sou konsekans yo. Sonje kiyès ou ye ak kisa Bondye vle pou w devni. Ou se yon pitit pwomès. Ou se yon moun puisan. Ou se yon pitit Bondye.

Don presye pouvwa prètriz sa a mache avèk non sèlman responsablite solanèl men benediksyon espesyal tou pou noumenm ak pou lòt moun. Kèlkeswa kote nou ka twouve tèt nou, se pou nou toujou rete diy pou n ka fè apèl a pouvwa sa a, paske nou pa janm konnen lè bezwen sa a ak okazyon pou n fè sa a ka prezante.

Pandan Dezyèm Gè Mondyal la, yon zanmi m t ap sèvi nan Pasifik Sid la kote yo te tire sou avyon l lan ki te tonbe nan lanmè. Li menm ak lòt manm ekipaj yo te reyisi louvri parachit yo soti nan avyon ki t ap boule a, yo te gonfle kannòt sovtaj yo, epi yo te kranponnen yo nan kannòt sa a pandan twa jou.

Sou twazyèm jou a, yo te remake sa yo te konnnen ki te yon bato sovtaj. Li te pase san l pa t wè yo. Nan demen maten, li te repase bò san l pa t wè yo ankò. Yo te kòmanse tonbe nan dezespwa lè yo te reyalize ke sete dènye jou bato sovtaj la t ap nan zòn sa a.

Epi Sentespri a te pale avèk zanmi m nan: “Ou gen prètriz la. Kòmande gwoup sovtè yo pou yo vin chèche ou.”

Li te suiv enspirasyon sa a tousuit: “Nan non Jezikri e pa pouvwa prètriz la, fè demi tou pou vin chèche nou.”

Nan lespas kèk grann minit, bato a te bò kote yo, ap ede yo monte sou pon bato a. Yon detantè prètriz diy e fidèl, nan yon sitiyasyon ekstrèm, te egzèse pouvwa prètriz sa a, epi sa te yon benediksyon lavi li ak lavi lòt moun.

Se pou nou pran detèminasyon, kounyeya menm, pou n toujou prepare pou moman bezwen, moman sèvis, moman benediksyon nou pral rankontre yo.

Kounyeya, pandan n ap fini reyinyon jeneral Prètriz sa a, m ap di nou ke nou se “yon jenerasyon chwazi, yon prètriz wayal” (1 Pyè 2:9). Se pou nou toujou rete diy pou onè divin sa yo, mwen priye, nan non Jezikri, Sovè nou, amèn.