2010–2019
Toujou kontinye gen padon pou peche nou
avril 2016


Toujou kontinye gen padon pou peche nou

Pa pouvwa sanktifyan Sentespri a ak konpayi konstan li, nou ka toujou kontinye gen padon pou peche nou yo.

Yon fraz pwofon Wa Benjamen te itilize nan ansèyman li sou Sovè a ak Ekspyasyon L lan te toujou yon sijè etid pou mwen e m te medite sou li pandan dèzane.

Nan diskou orevwa vibran l la pou pèp li te sèvi ak renmen an, Wa Benjamen te dekri enpòtans ki genyen nan konnen lagwa Bondye ak goute lanmou Li, sou resevwa padon pou peche, sou toujou sonje grandè Bondye, ak sou priye chak jou e kanpe fèm nan lafwa.1 Li te pwomèt yo tou ke si yo te fè bagay sa yo “y ap toujou rejwi, e y ap ranpli avèk lanmou Bondye, e y ap kontinye gen padon pou peche yo.”2

Mesaj mwen an konsantre sou prensip pou nou kontinye gen padon pou peche nou yo. Verite ki nan fraz sa a ka fòtifye lafwa nou nan Senyè Jezikri e apwofondi kalite disip nou. Mwen priye pou Sentespri a enspire nou ak edifye nou pandan n ap konsidere verite espirityèl esansyèl sa yo ansanm.

Renesans espirityèl

Nan mòtalite a, nou fè eksperyans fizik e nou gen opòtinite pou renesans espirityèl.3 Pwofèt ak apot yo konseye nou pou nou “[reveye] nan Bondye,”4 pou nou “nedenouvo,”5 epi pou nou vin “nouvo kreyati … nan Kris la”6 nan resevwa nan lavi nou benediksyon Ekspyasyon Jezikri a rann posib yo. “Merit, … mizèrikòd, ak lagras Mesi ki Sen an”7 ka ede nou triyonfe anba tandans egoyis lòm natirèl yo pou nou vin plis dezenterese, byenveyan, e sen. Yo egzòte nou pou nou viv yon fason pou nou ka “kanpe san tach devan [Senyè a] nan dènye jou a.”8

Sentespri a ak Òdonans Prètriz yo

Pwofèt Joseph Smith te brèfman rezime wòl esansyèl òdonans prètriz yo nan levanjil Jezikri a: “Nedenouvo a vini palentèmedyè Lespri Bondye a atravè òdonans yo.”9 Dekarasyon penetran sa a aksantye wòl Sentespri a ak òdonans sakre yo nan pwosesis renesans espirityèl la.

Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Li se yon pèsonaj lespri e li rann temwayaj konsènan tout verite. Nan ekriti yo, yo fè referans ak Sentespri a kòm Konsolatè a,10 yon Enstriktè,11 ak yon Revelatè.12 Anplis desa, Sentespri a se yon Sanktifikatè13 ki netwaye ak brile enpite ak mal fè yo soti nan nanm lòm menm fason ak dife.

Òdonans sakre yo se pati santral nan levanjil Sovè a ak nan pwosesis pou nou vin jwenn ni e chèche renesans espirityèl la. Òdonans yo se zak sakre ki gen objektif espirityèl, siyifikasyon etènèl, e yo anrapò avèk lwa ak règleman Bondye.14 Tout òdonans sali yo ak òdonans sentsèn nan dwe otorize pa yon moun ki detni kle prètriz nesesè a.

Òdonans sali ak egzaltasyon yo administre nan Legliz retabli Senyè a yo plis pase pèfòmans rityèl ak senbolik. Olyesa, yo se kanal otorize ki pèmèt benediksyon ak pouvwa syèl yo ka vide nan lavi endividyèl nou.

“Epi pi gran prètriz sa a administre levanjil la epi l kenbe kle mistè wayòm nan yo, kle konesans Bondye a menm.

“Se poutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan òdonans prètriz la yo.

“Epi san òdonans prètriz la yo, ak otorite prètriz la, pouvwa Bondye pa manifeste pou lèzòm nan kò fizik yo.”15

Òdonans ki resevwa e onore avèk entegrite esansyèl pou nou jwenn pouvwa diven an ak tout benediksyon ki disponib atravè Ekspyasyon Sovè a.

Jwenn e toujou kontinye gen padon pou peche nou atravè Òdonans yo

Pou nou pi totalman konprann pwosesis kote nou ka jwenn e toujou kontinye gen padon pou peche nou an, nou bezwen toudabò konprann relasyon enseparab pami twa òdonans sakre ki bay aksè a pouvwa syèl yo: batèm plonje nan dlo, enpozisyon men pou don Sentespri a, ak sentsèn.

Batèm plonje nan dlo pou remisyon peche a “se òdonans preliminè levanjil”16 Jezikri a e li dwe presede pa lafwa nan Sovè a ak yon dezi sensè pou repantans. Òdonans sa a “se yon siy ak yon kòmandman Bondye fikse pou [pitit Li yo] ka antre nan wayòm ni an.”17 Batèm fèt pa otorite prètriz Aawon an. Nan pwosesis pou vin jwenn Sovè a e refèt spirityèlman ankò a, batèm nan bay yon kòmansman pwòpte nesesè pou nanm nou anba peche.

Alyans batèm nan enkli twa angajman fondamantal: (1) dispoze pou nou pran non Jezikri sou tèt nou, (2) toujou sonje Li, ak (3) obeyi kòmandman L yo. Benediksyon li pwomèt lè nou onore alyans sa a sèke “[nou] ka toujou gen Lespri li avèk [nou].”18 Konsa, batèm se preparasyon esansyèl pou n resevwa opòtinite otorize pou n toujou gen konpayi twazyèm manm Divinite a.

“Batèm [plonje nan] dlo a … dwe suiv pa batèm Lespri a pou l ka konplè.”19 Jan Sovè a te anseye Nikodèm nan: “Si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Lespri, li pa ka antre nan wayòm Bondye a.”20

Gen twa deklarasyon Pwofèt Joseph Smith te fè ki mete aksan sou koneksyon vital ant òdonans batèm pa imèsyon pou remisyon peche a ak enpozisyon men pou don Sentespri a.

Deklarasyon 1: “Batèm se òdonans sakre ki prepare nou pou resevwa Sentespri a epi li se kanal ak kle pou administre Sentespri a.”21

Deklarasyon 2: “Ou gen dwa menm batize yon sache sab nan plas yon moun, si l pa fèt pou remisyon peche ak pou resevwa Sentespri a. Batèm nan dlo a se jis yon demi batèm, e li pa vo anyen san lòt mwatye a---ki se batèm Sentespri a.22

Deklarasyon 3: “Batèm dlo a, si l pa akonpaye pa batèm Sentespri a, pa vo anyen; yo nesesèman e enseparableman konekte.”23

Yo mete aksan tout tan sou koneksyon konsistan ant prensip repantans lan, òdonans batèm yo ak resevwa don Sentespri a, ak benediksyon gloriye pou remisyon peche a nan ekriti yo.

Nefi te deklare: “Paske pòt pou nou antre a se repantans ak batèm nan dlo; e lè sa a, nou pral gen padon pou peche nou yo nan dife ak nan Sentespri a.24

Sovè a Limenm te deklare: “Kounyeya, men kòmandman an: Repanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a.”25

Enpozisyon men pou don Sentespri a se yon òdonans ki administre nan otorite Prètriz Mèlkisedèk la. Nan pwosesis pou vin jwenn Sovè a ak refèt ankò a, resevwa pouvwa sanktifyan Sentespri a nan lavi nou kreye posiblite yon netwayaj nanm nou anba peche. Bèl benediksyon sa a enpòtan paske “anyen sal pa kapab rete avèk Bondye”.26

Antanke manm Legliz retabli Senyè a, nou beni pa netwayaj inisyal soti anba peche ki asosye avèk batèm nan epi pa potansyèl pou yon netwayaj kontinyèl anba peche ki posib atravè konpayi ak pouvwa Sentespri a---ki se twazyèm manm Divinite a.

Konsidere kijan yon fèmye depann sou chema enchanjab pou plante ak rekòlte a. Konprann koneksyon ant plante ak rekòlte a se yon sous konstan sou objektif ak enfliyans tout desizyon ak aksyon yon fèmye pran nan tout sezon nan ane a. Menmjan tou, koneksyon enseparab ant òdonans batèm pa imèsyon pou remisyon peche a ak enpozisyon men pou don Sentespri a dwe enfliyanse chak aspè nan kalite disip nou nan tout sezon nan lavi nou.

Sentsèn nan se twazyèm òdonans nesesè pou nou gen aksè a pouvwa divinite a. Pou nou ka totalman kenbe tèt nou san tach devan mond lan, yo kòmande nou pou n al nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sakre Senyè a.27 Tanpri konsidere ke anblèm kò ak san Senyè a, pen ak dlo a, beni e sanktifye. “O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a[oubyeb dlo sa a] pou nanm tout moun ki pran [oubyen ki bwè] ladan l.”28 Sanktifye se rann pi ak sakre. Anblèm Sentsèn yo sanktifye an souvni pite Kris la, depandans total nou sou Ekspyasyon L lan, ak responsablite nou pou nou sitèlman onore òdonans ak alyans nou yo ke nou ka “kanpe san tach devan [Li] nan dènye jou a.”29

Òdonans sentsèn nan se yon envitasyon sakre e repete pou nou repanti sensèman e pou nou renouvle espirityèlman. Aksyon pran sentsèn nan, nan limenm, pa rachte peche. Men si nou prepare nou an tout konsyans epi nou patisipe nan òdonans sakre sa a avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, enben, pwomès la sèke nou ka toujou gen Lespri Senyè a avèk nou. Epi pa pouvwa sanktifyan Sentespri a kòm konpayon konstan nou, nou ka toujou kontinye gen padon pou peche nou.

Nou vrèman beni chak semèn pou opòtinite pou evalye lavi nou atravè òdonans sentsèn nan, pou renouvle alyans nou yo, ak pou n resevwa pwomès alyans sa a.30

Batize ankò

Pafwa Sen Dènye Jou yo eksprime dezi pou yo ta batize ankò---epi konsa vin pwòp ak diy jan yo te ye jou yo te premye resevwa òdonans sali levanjil la. Kite m sigejere respektyezman ke Pè Selès la ak Pitit Gason Byeneme l la pa antann pou nou fè eksperyans yon santiman renesans, rafrechisman, ak retablisman espirityèl konsa jis yon fwa nan lavi nou. Benediksyon pou nou jwenn e kontinye gen padon pou peche nou atravè òdonans yo ede nou konprann ke batèm se yon pwen depa nan vwayaj espirityèl nou nan mòtalite a; se pa yon destinasyon nou ta dwe anvi revizite ankò epi ankò.

Òdonans batèm pa imèsyon an, enpozisyon men pou don Sentespri a, ak sentsèn nan se pa evenman izole ak separe; men, yo se eleman nan yon chema pwogresyon redanmtè youn depann sou lòt e youn ajoute sou lòt. Chak òdonans sa yo elve ak elaji objektif, dezi, ak pèfòmans espirityèl nou. Plan Papa a, Ekspyasyon Sovè a, ak òdonans levanjil yo founi nou lagras nou bezwen pou n avanse e pwogrese liy pa liy e presèp pa presèp pou al nan destine etènèl nou an.

Pwomès ak temwayaj

Nou se kretyen vivan enpafè k ap fè efò pou n viv nan mòtalite a selon plan pafè pwogresyon etènèl Papa a. Kondisyon plan sa a gloriye, yo mizèrikòdye e yo strik. Pafwa nou gen dwa plen detèminasyon epi lòt fwa nou santi nou totalman pa alawotè. Nou gen dwa ap mande si nou espirityèlman ap janm kapab reyisi akonpli kòmandman pou kanpe san tach devan Li nan dènye jou a.

Avèk èd Senyè a e atravè pouvwa Lespri Li “pou anseye [nou] tou bagay” la,”31 nou ka anfèt gen benediksyon reyalize posiblite espirityèl nou yo.Òdonans yo envite objektif ak pouvwa nan lavi nou pandan na p eseye nedenouvo e vin gason ak fi Kris la.32 Feblès nou yo ka fòtifye, epi nou ka simonte limitasyon nou yo.

Malgre okenn nan nou pa ka atenn pèfeksyon nan lavi sa a, nou ka vin plis anplis diy e san tach si “san Ti Mouton an lave nou.”33 M pwomèt e m temwaye ke n ap beni avèk yon lafwa ogmante nan Sovè a ak pi gwo asirans espirityèl si nou chèche pou n toujou kontinye gen padon pou peche nou yo epi, finalman, pou n kanpe san tach devan Senyè a nan dènye jou a. Mwen temwaye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.