2010–2019
Epi P ap Gen Lanmò Ankò
avril 2016


Epi P ap Gen Lanmò Ankò

Pou tout moun ki kriye poutèt lanmò yon moun yo te renmen, Rezirèksyon an se yon sous gwo espwa.

Semèn pase a sete Pak, epi panse nou te konsantre ankò sou sakrifis ekspiyatwa ak Rezirèksyon Senyè a, Jezikri. Ane k sot pase a, m te reflechi ak medite sou Rezirèksyon an plis pase nòmal.

Sa gen prèske yon ane, pitit fi nou an Alisa te mouri. Li te lite anba kansè pandan prèske uit ane, avèk plizyè operasyon, anpil tretman diferan, mirak enteresan, epi gwo desepsyon. Nou te wè kondisyon fizik li deteryore pandan li t ap pwoche nan fen lavi li nan mòtalite a. Sa te doulere pou n te wè sa rive piti fi presye nou an—bèl ti bebe zye klere sa a ki te grandi vin yon fi, yon madanm ak yon manman fòmidab e ekstraòdinè. M te panse kè m t ap brize.

Imaj
Alisa Johnson Linton

Ane pase pandan sezon Pak la, yon ti kras plis pase yon mwa anvan li te mouri, Alisa te ekri: “Pak se yon rapèl tout sa m espere pou tèt mwen. Pou yon jou m ta geri epi yon jou m ta vin an sante. Yon jou pou m pe gen okenn metal ni plastik andedan m. Yon jou pou kè m ta libere anba laperèz epi lespri m libere anba enkyetid. M p ap priye pou sa rive vit, men m kontan anpil pou m vrèman kwè nan yon bèl lavi aprè lanmò.”1

Rezirèksyon Jezikri a garanti menm bagay sa yo Alisa te espere a epi li mete nan nou chak “yon rezon [pou] esperans ki nan [nou] an.”2 Prezidan Gordon B. Hinckley te pale konsènan Rezirèksyon an kòm “pi gwo nan tout evenman ki fèt nan listwa limanite.”3

Rezirèksyon an vin posib gras ak Sakrifis Ekspiyatwa Jezikri a epi li esansyèl nan gran plan Sali a.4 Nou se pitit lespri paran selès.5 Lè nou vin nan lavi terès sa a, lespri nou ini avèk kò nou. Nou fè eksperyans tout moman lajwa ak difikilte ki asosye avèk lavi mòtèl yo. Lè yon moun mouri, espri li separe avèk kò li. Rezirèksyon an rann posib pou lespri yon moun ak kò li vin reyini ankò, sèlman nan moman sa a, kò a vin imòtèl epi pafè—li pap pase anba doulè, maladi, oswa lòt pwoblèm ankò.6

Aprè rezirèksyon an, lespri a p ap janm separe avèk kò a ankò paske Rezirèsyon Sovè a te ranpòte viktwa total sou lanmò. Pou n ka reyalize destine etènèl nou, nou dwe gen nanm imòtèl sa a—yon lespri ak yon kò—ini pou tout tan. Avèk lespri nou ak kò nou konekte san yo pa ka separe ankò, nou ka “resevwa yon plenitid lajwa.”7 Anfèt, san Rezirèksyon an nou pa t ap janm ka resevwa yon plenitid lajwa men nou t ap toujou rete mizerab.8 Menm moun ki fidèl ak jis yo konsidere separasyon kò yo ak lespri yo a tankou yon kaptivite. Nou soti anba kaptivite sa a gras ak Rezirèksyon an, ki delivrans anba lyen oubyen chenn lanmò yo.9 Pa gen okenn Sali san nou pa gen ni lespri nou ni kò nou.

Nou chak gen limitasyon fizik, mantal, ak emosyonèl ak feblès. Difikilte sa yo, anpil ladan yo sanble entretab kounyeya, n ap rezoud yo finalman. Okenn nan pwoblèm sa yo p ap toumante nou aprè nou resisite. Alisa te fè rechèch sou pousantaj moun ki kontinye viv aprè yo te fè tip kansè li te genyen an, epi pousantaj la pa t ankourajan. Li te ekri : “Men gen yon remèd, donk m pa pè. Jezi deja geri kansè m nan, ak pa w la. … Mwen pral vin byen. M kontan dèske m konn sa.”10

Nou ka ranplase mo kansè a avèk nenpòt nan lòt maladi fizik, mantal, oubyen emosyonèl nou rankontre. Gras ak Rezirèksyon an, maladi sa yo te deja geri tou. Mirak rezirèksyon an, gerizon siprèm nan, depase pase pouvwa medsin modèn nan. Men li pa depase pouvwa Bondye. Nou konnen sa ka fèt paske Sovè a resisite epi L pral reyalize Rezirèksyon nou chak tou.11

Rezirèksyon Sovè a pwouve ke Li se Pitit Gason Bondye a epi sa Li te anseye a reyèl. “Li resisite, jan l te di a.”12 Pa gen pi gwo prèv divinite Li pase Li menm ki te soti nan tonbo a avèk yon kò imòtèl la.

Nou konnen te gen temwen Rezirèksyon an nan epòk Nouvo Testaman an. Anplis fi ak gason yo mansyone nan Levanjil yo, Nouvo Testaman an sètifye nou ke dè santèn moun te vrèman wè Senyè resisite a.13 Epi Liv Mòman an pale apwopo plizyè santèn lòt: “Foul la te avanse e yo te mete men yo bò kòt li, …e [yo] te wè avèk je yo, e yo te touche avèk men yo, yo te konnen ak asirans, e yo te rann temwayaj, se te konsènan li menm, pwofèt yo te ekri, ki te gen pou l vini an.”14

Sou temwayaj moun ansyen sa yo nou ajoute temwayaj moun ki nan dènye jou yo. An reyalite, nan sèn ki louvri dispasasyon sa a, Joseph Smith te wè Sovè resisite a avèk Papa a.15 Pwofèt ak apot vivan yo te temwaye konsènan reyalite Kris resisite a ki vivan an.16 Konsa nou ka di, “Nou menm tou nou antoure ak yon si gran miltitid temwen.”17 Nou chak ka fè pati yon gran miltitid temwen ki konnen daprè pouvwa Sentespri a sa nou te selebre nan jou Pak la te fèt toutbon vre—Rezirèksyon an reyèl.

Reyalite Rezirèksyon Sovè a ranplase chagren nou avèk espwa paske avèk li nou jwenn asirans ke tout lòt pwomès levanjil yo reyèl tou—pwomès ki pa mwens mirakile pase Rezirèksyon an. Nou konnen Li gen pouvwa pou pirifye nou anba tout peche nou yo. Nou konnen Li te pran tout enfimite, doulè, ak enjistis nou soufri yo sou tèt Li.18 Nou konnen Li “[te] leve nan pami mò yo, ak gerizon nan zèl li.”19 Nou konnen Li ka geri nou kèlkilanswa sa ki brize nan nou an. Nou konnen Li “gen pou l seche tout dlo nan je [nou] ; epi p ap gen lanmò ankò, yo p ap nan lapenn ankò, yo p ap janm plenyen ankò, yo p ap janm soufri ankò.”20 Nou konnen nou ka “vin pafè pa lantremiz Jezi …, ki te reyalize ekspyasyon pafè sa a,”21 si nou ka sèlman gen lafwa epi suiv Li.

Prèske nan fen oratoryo enspiran Mesi a, Handel te konpoze yon bèl mizik pou ale avèk pawòl Apot Pòl yo ki rejui nan Rezirèksyon an.

Anverite, m ap [devwale] nou yon sekrè: Se pa nou tout k ap gen tan mouri, men nou tout nou gen pou n chanje fòm,

“Nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen : … twonpèt la va sonnen, epi moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò, e nou tout nou va chanje fòm.

“Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p ap ka pouri, epi moun ki gen kò k ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p ap janm mouri.

“… Lè sa a, pawòl ki ekri nan liv la va rive vre : Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.

Lanmò! Kote egiyon w? Tonbo! Kote viktwa w? …

“Men, ann di Bondye mèsi, Li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò granmèsi Jezikri, Senyè nou an.”22

Mwen rekonesan pou benediksyon nou genyen gras ak Sakrifis Ekspiyatwa ak Rezirèksyon Senyè Jezikri a. Pou tout moun ki te antere yon timoun oswa ki te kriye sou sèkèy yon konjwen oswa ki aflije akoz lanmò yon paran oubyen yon moun yo te renmen, Rezirèksyon an se yon sous gran espwa. Ala yon bèl eksperyans l ap ye pou nou wè yo ankò—pa sèlman antanke espri men avèk kò resisite yo.

M pa ka ret tan pou m wè manman m ankò epi pou m santi ti men dous li yo epi gade nan je eman l yo. M vle wè souri papa m ankò epi tande ri li epi wè kò resisite ak pafè li a. Avèk yon je lafwa, mwen imajine Alisa ki konplètman depase tout tribilasyon terès yo oswa tout egiyon lanmò yo—yon Alisa resisite ki vin pafè, ki pote laviktwa epi avèk yon lajwa total.

Nan epòk Pak, sa gen kèk ane, li te ekri senpleman : “Lavi gras ak non Li. Anpil espwa. Toujou. Nan tout bagay. M renmen pou Pak fè m sonje sa a.”23

Mwen temwaye konsènan reyalite Rezirèksyon an. Jezikri vivan, epi gras avèk Li, nou tout ap viv ankò. Nan non Jezikri, amèn.