2010–2019
Rete enb
avril 2016


Rete enb

Imilite fè nou vin pi bon paran, pi bon pitit gason ak pitit fi, pi bon mari ak madanm, pi bon vwazen ak zanmi.

Nan legliz la, nou gen benediksyon posede yon gwo kantite kantik ki ede nou adore atravè chan. Nan reyinyon Legliz nou yo, “kantik yo envite prezans Lespri Senyè a, yo kreye yon santiman reverans, yo ini nou antanke manm, epi yo banou yon mwayen pou ofri louwanj nou pou Senyè a. Kèk nan pi gwo diskou nou yo preche nan chante kantik yo.”1

Jis kèlke mwa apre Legliz la te òganize, Pwofèt Joseph Smith te resevwa yon revelation pou madanm ni Emma. Senyè a te ba l direksyon pou “fè yon seleksyon kantik sakre yo, dapre enspirasyon ou va resevwasa, ki fè m plèzi, pou ou ajoute nan legliz mwen an.”2

Emma Smith te rasanble yon koleksyon kantik ki te premye parèt nan liv chan sa a nan Kirtland an 1836.3 Te gen sèlman 90 chan ki te nan ti liv mens sa a. Anpil nan yo sete kantik Pwotestan. Omwen vennsis nan yo te ekri pa William W. Phelps, ki nan apre, te prepare yo pou enprime liv kantik la. Se sèlman pawòl yo ki te ekri ladan, pa t gen nòt mizik ki te akonpanye tèks yo. Ti enb liv kantik sa a te vin tounen yon gwo benediksyon pou premye manm yo nan Legliz la.

Imaj
Paj liv chan Emma Smith te prepare a
Imaj
Tit liv chan Emma Smith te prepare a

Dènye edisyon Anglè liv kantik nou an te pibliye nan lane 1985. Anpil nan chan Emma te seleksyone nan premye ane yo toujou nan liv kantik nou an, tankou “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur” ak “Quel fondement ferme.”4

Youn nan nouvo chan ki te nouvo nan liv kantik 1985 la se “Oh, Sois humble!”5 Kantik pezib sa a te ekri pa Grietje Terburg Rowley, ki te mouri ane pase. Li te antre nan Legliz la an 1950 nan Hawaii kote l sete yon pwofesè lekòl. Sè Rowley te sèvi nan Komite Jeneral Mizik Legliz la epi li te ede adapte kantik yo nan anpil lang. Li te baze tèks pou “Oh, Sois humble” la sou de vèsè nan ekriti yo: Doktrin ak Alyans 112:10 ak Etè 12:27. Vèsè nan Etè a di konsa: “Epi, si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; epi lagras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m; paske, si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb vin pi fò pou yo.”

Tankou tout kantik yo nan Legliz la, “Oh, Sois humble” la ansenye verite pure e senp yo. Li ansenye nou ke si nou rann tèt nou enb, priyè nou yo ap jwenn repons, lespri nou ap anpè, n ap sèvi pi byen nan apèl nou yo; e si nou kontinye rete fidèl, n ap finalman retounen nan prezans Papa nou ki nan syèl la.

Sovè a te ansenye disip Li yo ke yo dwe vin enb tankou yon timoun piti pou yo ka antre nan wayom syèl la.6 Pandan n ap elve pitit nou yo, nou bezwen ede yo rete enb pandan y ap grandi vin adilt. Nou pa dwe fè sa nan brize lespri yo kote nou fè yo mechanste oubyen nou twò sevè nan disiplin nou yo. Pandan n ap anseye yo pou gen konfyans nan tèt yo ak estim pou tèt yo, nou dwe ansenye yo kalite tankou dezenteresman, jantiyès, obeyisans, absans lògèy, politès, ak senplisite. Nou dwe aprann yo pou yo kontan pou reyisit frè ak sè yo ak zanmi yo. Prezidan Howard W. Hunter te ansenye “nou dwe sensèman swete pou lòt moun reyisi.”7 Si se pa sa, pitit nou yo ka vin obsede pa reyisit pèsonèl yo ak depase lòt moun, pa jalouzi, ak amètim lè moun bò kote yo reyisi. Mwen rekonesan pou yon manman ki, lè l te wè m t ap vini twò fyè de tèt mwen pandan anfans mwen, te konn di m: “Pitit gason m, yon ti imilite kounyea ap mennen w lwen.”

Men imilite se pa yon bagay ki rezève pou nou ansenye timoun yo sèlman. Nou tout dwe fè efò pou nou vin pi enb. Imilite esansyèl pou nou jwenn benediksyon levanjil yo. Imilite pèmèt nou gen kè brize lè nou peche oubyen lè nou fè erè epi li rann posib pou nou repanti. Imilite fè nou vin pi bon paran, pi bon pitit gason ak pitit fi, pi bon mari ak madanm, pi bon vwazen ak zanmi.

Yon lòtbò, ògèy initil ka detwi relasyon familyal, kraze maryaj, e detwi amitye. Li patikilyèman enpòtan pou nou sonje imilite lè nou santi diskòd ap leve nan fwaye nou. Panse a tout chagren nou ka evite si nou gen ase imilite pou n di, “Eskize m”; “M pa t dwe fè sa”; “Kisa w ta renmen fè?”; “M pa konn kot tèt mwen te ye”; oubyen “Mwen trè fyè de ou.” Si nou ta itilize ti fraz enb sa yo, ap genyen mwens kontansyon ak plis lapè nan fwaye nou.

Viv lavi a poukont li ka souvan yon eksperyans ki rann yon moun enb. Aksidan ak maladi, lanmò yon moun nou, pwoblèm nan relasyon nou, menm pwoblèm finansye kapab mete nou sou jenou nou. Keseswa eksperyans difisil sa yo vini san se pa fòt nou oubyen yo soti nan move desizyon ak move jijman nou, eprèv sa yo ba nou imilite. Si nou chwazi pou nou espirityèlman alekout epi rete enb pou yo ka anseye nou, priyè nou yo ap vin pi sensè epi lafwa nou ak temwanyaj nou ap grandi pandan n ap simonte tribilasyon egzistans mòtèl yo. Nou tout ap tann egzaltasyon, men anvan sa ka rive, nou dwe pèsevere nan sa yo rele “vale imilite a.”8

Sa gen kèk ane, pitit gason 15 zan nou an, Eric, te soufri anba yon gwo blesi nan tèt. Sa te brize kè nou pou nou te wè l nan koma pandan plis pase yon semèn. Doktè yo te di nou yo pa t konn kisa k ta pral rive apre. Evidamman, nou te kontan anpil lè li te kòmanse reprann konsyans. Nou te panse ke l ta pral anfòm kounyeya, men sete yon erè.

Lè l te reveye a, li pa t ka mache ni pale ni manje poukont li. Sa k te pi mal, li pa t sonje anyen. Li te ka sonje prèske tout bagay anvan aksidan an, men li pa t ka sonje anyen ki te fèt nan apre, menm sa k te pase kèk minit anvan yo.

Bagay yo te vini trè fasil pou pitit gason nou an anvan aksidan an. Li te atletik, li te popilè, e li t ap travay byen lekòl. Anvan, demen l te sanble l klè; kounyeya nou te pè pou l pa t gen fiti ankò, omwen youn li ta ka sonje. Kounyeya, li t ap lite pou reyaprann tout bagay debaz yo. Sa te yon epòk gwo imilite pou li. Sete yon epòk gwo imilite pou paran l yo tou.

Onètman, nou t ap mande tèt nou kijan yon bagay konsa te fè rive. Nou te toujou fè efò pou n fè bon chwa. Viv levanjil la sete yon gwo priyorite pou fanmi nou. Nou pa t ka konprann kijan yon bagay si douloure konsa te fè ka fè rive. Nou te oblije desann sou jenou nou lè nou vin pa reyalize ke reyabilitasyon li ta ka pran dè mwa, dezane menm. Sa k te pi difisil la sete lè nou te kòmanse reyalize ke l pa t ap menmjan an ankò.

Pandan tan sa a, anpil dlo te vide e priyè nou yo te vin menm pi fò ak pi sensè. Atravè je imilite, nou te gradyèlman kòmanse wè ti mirak pitit gason nou an t ap jwenn pandan tan douloure sa a. Li te kòmanse fè amelyorasyon gradyèlman. Atitid li ak pwendvi li te trè pozitif.

Jodia, pitit gason nou an, Eric, marye avèk yon konpay ekstraòdinè, epi yo gen senk bèl pitit. Li se yon edikatè pasyone e li patisipe anpil nan kominote li, osibyen ke nan Legliz la. Sa k pi enpòtan, li kontinye viv nan menm espri imilite li te akeri sa gen lontan an.

Men, e si nou ta ka enb anvan nou mache nan “vale imilite” sa a? Alma te ansenye:

“Sepoutèt sa, moun ki gen imilite sa yo pa oblije gen imilite, yo beni.”

“Wi [yo] beni plis anpil pase moun ki oblije gen imilite yo.”9

Mwen rekonesan pou pwofèt ki te ansenye nou valè gwo kalite sa a. Spencer W. Kimball, 12zyèm Prezidan Legliz la, te di: “Ki fason yon moun vin enb? Pou mwen, yon mound we konstamman sonje depandans li. Sou kimoun li depann? Sou Senyè a? Kijan nou raple tèt nou sa? Nan priyè reyèl, konstan, plen adorasyon ak rekonesan.10

Sa pa dwe etonan ke kantik prefere Prezidan Kimball sete “Oh J’ai besoin de toi.”11 Eldè Dallin H Oaks te di kantik sa a sete kantik ouvèti Frè yo te konn pi souvan chante nan tanp la pandan premye ane li nan Kolèj Douz yo. “Imajine enpak espirityèl yon gwoup sèvitè Senyè a k ap chante chan sa a anvan yo priye pou gidans li nan ranpli gwo responsablite yo.”12

Mwen temwaye de enpòtans imilite nan lavi nou. Mwen rekonesan pou moun tankou Sè Grietje Rowley ki te ekri pawòl ak mizik enspiran pou ede nou aprann doktrin levanjil Jezikri a, ki enkli imilite. Priyè mwen se pou nou tout fè efò pou n gen imilite nan lavi nou pou nou ka vin pi bon paran, pi bon pitit gason ak pitit fi, ak pi bon disip Sovè a. Nan non Jezikri, amè.

Nòt

  1. “Prefas Premye Prezidans lan,”Cantiques Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (1985), ix.

  2. Doktrin ak Alyans 25:11.

  3. Premye paj premye edisyon liv kantik Legliz la date 1835, men se jis an 1835 li te fini e l te vin disponib pou yo itilize.

  4. Vennsis kantik yo te pibliye nan liv chan 1835 la nan liv kantik aktyèl la (gade Kathleen Lubeck, “The New Hymnbook: The Saints Are Singing!” Ensign, Sept. 1985, 7).

  5. “Oh! Sois humble”Cantiques, no. 69.

  6. Gade Matye 18:1–4.

  7. Howard W. Hunter, “The Pharisee and the Publican,” Ensign, Me 1984, 66.

  8. Anthon H. Lund, nan Conference Report, Avr. 1901, 22.

  9. Alma 32:16, 15.

  10. The Teachings of Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 233.

  11. “Oh, j’ai besoin de toi,” Cantiques, no. 57; gade tou Brent H. Nielson, “I Need Thee Every Hour,” Ensign, Avr. 2011, 16.

  12. Dallin H. Oaks, “Worship through Music,” Ensign, Nov. 1994, 10.