2010–2019
Chwa yo
avril 2016


Chwa yo

Se pou nou toujou fè bon chwa, menmsi yo difisil, olye nou fè move chwa ki pi fasil yo.

Frè m ak sè m yo, anvan m kòmanse mesaj mwen an jodia, mwen ta renmen anonse kat nouvo tanp ki, nan mwa ak ane k ap vini yo, pral bati nan lokasyon sa yo: Quito, Equateur; Harare, Zimbabwe; Belém, Brezil; ak yon dezyèm tanp nan Lima, Perou.

Lè m te vin manm Kolèj Douz Apot yo an 1963, te gen 12 tanp ki te an fonksyon nan tout Legliz la. Avèk konsekrasyon Tanp City Center nan Provo a sa gen de semèn, gen 150 tanp ki an fonksyon atravè mond la kounyeya. Nou rekonesan anpil pou benediksyon nou resevwa nan demè sakre sa yo.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, mwen vle eksprime rekonesans mwen pou opòtinite m genyen pou m pataje kèk refleksyon avèk nou maten an.

Dènyèman, m t ap panse a chwa. Yo di konsa ke pòt listwa vire sou ti gon piti e se konsa sa ye nan lavi moun tou. Chwa nou fè yo detèmine destine nou.

Lè nou te kite egzistans premòtèl la pou n te antre nan mòtalite a, nou te vini avèk don libabit la. Bi nou se pou nou jwenn laglwa selès, e chwa n ap fè yo ap an gran pati detèmine si wi ou non n ap ka atenn bi nou an.

Pifò nan nou familye avèk istwa Alice la nan woman Lewis Carroll la Alice au pays des merveilles. Na sonje ke nan yon sèten moman, li te rive nan yon kafou ki te gen de chemen devan li, chak te mennen nan yon direksyon opoze. Pandan l t ap mande tèt li ki wout pou l te pran, li te wè chat ki rele Cheshire la, epi Alice te mande l: “Ki wout pou m pran?”

Chat la te reponn: “Sa depan ki kote ou vle ale. Si w pa konn ki kote ou vle ale, chemen w pran an pa gen enpòtans.”1

Kontrèman avèk Alice, nou konn ki kote nou vle ale, epi sa enpòtan pou n konn ki chemen pou nou pran, paske chemen nou suiv nan lavi sa a mennen nan destinasyon nou nan lavi apre a.

Se pou nou chwazi pou edifye andedan nou yon gwo lafwa puisan ki ap defans ki pi efikas nou kont plan advèsè a—yon lafwa reyèl, kalite lafwa ki pral soutni nou e ranfòse dezi nou pou chwazi sa ki byen. San yon lafwa konsa, nou pa pral okenn kote. Avèk li, nou ka atenn bi nou yo.

Malgre li enperatif pou nou chwazi avèk sajès, gen moman kote nou pral fè chwa ki ensanse. Kado repantans la Sovè a banou an, pèmèt nou chanje kap sou wout nou pran an, pou nou ka retounen sou chemen k ap mennen nou nan lagwla selès n ap chèche a.

Se pou nou gen kouraj pou nou afwonte opinyon jeneral la. Se pou nou toujou fè bon chwa, menmsi yo difisil, olye nou fè move chwa ki pi fasil yo.

Pandan n ap reflechi sou desizyon n ap pran nan lavi nou chak jou yo—keseswa pou nou fè chwa sa a oswa yon lòt—si nou chwazi Kris la, n ap toujou fè chwa kòrèk la.

Priyè enb e sensè mwen se pou nou ka toujou fè sa, nan non Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an, amèn

Nòt

  1. Adapte apati woman Lewis Carroll, Alice’s Adventures in Wonderland (1898), 89.