2010–2019
Rapò Depatman Odit Legli la pou 2015
avril 2016


Rapò Depatman Odit Legli la pou 2015

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè, Jan revelasyon nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo preskri a, se Konsèy Afektasyon Dim nan, ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an, ki otorize depans ki fèt nan fon Legliz yo. Depatman Legliz yo depanse fon yo selon bijè ki apwouve e konfòm avèk prensip ak règleman yo nan Legliz la.

Depatman Odit Legliz la, ki konpoze pa pwofesyonèl sètifye e ki endepandan de tout lòt depatman Legliz la, gen responsabilite pou fè odit yo avèk objektif pou bay yon asirans rezonab konsènan kontribisyon yo resevwa ak depans ki fèt, epi pou pwoteje byen Legliz yo.

Baze sou odit ki te fèt yo, Depatman Odit Legliz la estime ke, nan tout aspè siyifikatif, kontribisyon yo te resevwa yo, depans ki te fèt, ak byen Legliz yo pou ane 2015 la te anregistre e administre konfòmeman avèk pratik kontabilite apwopriye ak bijè ki apwouve selon règ ak modalite Legliz yo. Legliz la aplike prensip li anseye manm li yo pou yo viv nan limit yon bijè, evite dèt, epi sere kòb pou tan difisil.

Avèk respè,

Depatman Odit Legliz la

Kevin R. Jergensen

Dirèktè Jeneral