2010–2019
Èske m kwè?
avril 2016


Èske m kwè?

Si bagay yo vre, enben, nou gen pi gwo mesaj lespwa ak èd mond lan te janm genyen.

Nan 20 Mas, sa gen jis ennan, Ethan Carnesecca, yon timoun dezan, ki soti American Fork, nan Uta, te antre lopital avèk pneumoni ak dlo nan poumon li. De jou apre, eta l te vin sitèlman grav ke yo te oblije voye l pa elikoptè al nan Lopital Timoun Primè yo nan Vil Salt Lake. Yo te otorize manman li, Michèle, ki te enkyèt anpil,pou l te chita devan an pou akonpaye pitit li a. Yo te ba l yon radyo ekoutè pou l te ka kominike avèk lòt moun yo nan elikoptè a. Li te ka tande paramedik yo ki t ap travay sou pitit gason malad li a, e, paske l sete yon enfimyè timoun, Michèle te konnen ase pou l te konprann ke Ethan te nan gwo pwoblèm.

Imaj
Ethan Carnesecca pandan l te malad la

Nan moman kritik sa a, Michèle te remake yo t ap vole dirèkteman anlè Tanp Draper a nan Uta. Anlè a, li te gade nan vale a e l te ka wè Tanp Jordan River la, Tanp Oquirrh Mountain nan, e menm Tanp Salt Lake la a distans. Panse sa a te vin nan tèt li: “Èske w kwè ou pa?”

Men sa l rakonte sou eksperyans sa a:

“Nan Primè ak nan Jènfi, mwen te aprann konsènan benediksyon tanp yo e [ke] ‘fanmi ka ansanm pou tout tan’. M te pataje mesaj sou fanmi an avèk bon moun nan Meksik yo nan misyon mwen. M te sele avèk konpayon etènèl mwen pou letan ak tout letènite nan tanp. M te anseye leson sou fanmi lè m te dirijant Jènfi, e m te pataje istwa sou fanmi etènèl avèk pitit mwen yo nan sware familyal. M TE KONNEN, men èske m te KWÈ? Repons la te vini osi vit kesyon an te vini nan tèt mwen: Lespri a te konfime bay kè m ak lespri m yon repons m te deja konnen—M TE kwè sa!

“Nan moman sa a, m te devèse kè m nan lapriyè bay Papa m ki nan syèl la, pou remèsye L pou konesans ak kwayans m te genyen ke fanmi vrèman etènèl la. M te remèsye Li pou pitit Gason L lan, Jezikri, ki te rann tout sa posib la. M te remèsye Li pou pitit gason m nan, e m te fè Papa m ki nan syèl la konnen si L te vle pran tipitit mwen an, Ethan, retounen nan fwaye selès li, sa te OKE. M totalman fè Pè Selès mwen an konfyans epi m te konnen m t ap wè Ethan ankò. M te rekonesan anpil dèske, nan yon moman kriz, m te gen konesans AK kwayans ke levanjil la te vrè. M santi m anpè.”1

Ethan te pase plizyè semèn lopital, ap resevwa swen medikal nan men espesyalis. Priyè yo, jèn, ak lafwa fanmi, konbine ak swen sa a, te pèmèt li kite lopital la e retounen lakay pou l vin avèk fanmi li. Jodia li byen e l ansante.

Imaj
Fanmi Carnesecca
Imaj
Ethan Carnesecca refè

Moman detèminan sa a pou Michele la te ba l konfimasyon ke sa yo te konn anseye l pandan tout lavi l yo te plis pase jis pawòl; se verite.

Èske pafwa nou vin si abitye avèk benediksyon nou resevwa kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ke nou pa totalman konprann mirak ak majeste ki genyen nan wòl nou kòm disip nan vrè Legliz Senyè a? Èske nou janm montre engratitid pou pi gwo kado sa a yo ka ofri nou nan lavi sa a? Sovè a Limenm te anseye: “Si w respekte kòmandman m yo epi si ou pèsevere jiska lafen, w ap gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo.”2

Nou kwè ke Legliz sa a plis pase jis yon bon kote pou n ale jou Dimanch pou n aprann kijan pou n vin yon bon moun. Li plis pase jis yon klib sosyal pou kretyen kote nou ka asosye avèk bon moun ki gen bon prensip moral. Li pa jis yon pil bèl ide paran yo ka anseye pitit yo nan fwaye a pou yo ka vin moun janti ki responsab. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo enfiniman plis pase tout bagay sa yo.

Panse jis yon minit sou pil afimasyon nou fè yo antanke relijyon. Nou kwè ke menm Legliz Jezikri te etabli pandan l te sou tè a te retabli yon fwa ankò palentèmedyè yon pwofèt Bondye te aple nan epòk pa nou an epi dirijan nou yo gen menm otorite ak pouvwa pou aji nan non Bondye ansyen Apot yo te genyen an. Li rele prètriz Bondye a. Nou deklare, atravè otorite retabli sa a, nou ka resevwa òdonans sali tankou batèm e jwi don pirifikatè ak rafinan Sentespri a pou l avèk nou tout tan an. Nou gen apot ak pwofèt k ap dirije Legliz sa a atravè kle prètriz yo, e nou kwè Bondye pale avèk pitit Li palentèmedyè pwofèt sa yo.

Nou kwè tou ke pouvwa prètriz sa a rann posib pou nou fè alyans sakre e resevwa òdonans nan tanp sakre yo ki ap pèmèt nou retounen nan prezans Bondye yon jou pou n al viv avèk li pou tout tan. Nou deklare tou ke, pa pouvwa sa a, fanmi yo ka lye ansanm pou letènite lè koup yo antre nan nouvèl alyans etènèl maryaj la nan batiman sakre nou literalman rekonèt kòm kay Bondye yo. Nou kwè ke nou ka resevwa òdonans sali sa yo non sèlman pou tèt pa nou men tou pou zansèt nou yo ki te viv sou tè a san yo pa t gen chans pou yo te patisipe nan òdonans sali esansyèl yo. Nou kwè ke nou ka akonpli òdonans sa yo pou zansèt nou yo pa pwokirasyon nan menm tanp sakre sa yo.

Nou kwè ke, palentèmedyè yon pwofèt ak pouvwa Bondye, nou te resevwa ekriti adisyonèl, ki ajoute temwayaj pa yo sou sa ki nan Bib la pou deklare Jezikri se Sovè mond lan.

Nou deklare ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a e sèl vrè Legliz sou tè a. Li rele Legliz Jezikri paske Li kanpe alatèt li; se Legliz Li, e tout bagay sa yo posib gras ak sakrifis ekspyatwa L la.

Nou kwè karakteristik distenktif sa yo, nou pa ka jwenn yo nan okenn lòt kote ni òganizasyon sou tè sa a. Malgre lòt relijyon ak legliz yo bon e sensè, okenn nan yo pa gen otorite pou administre òdonans sali ki disponib nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Nou gen yon konesans sou bagay sa yo, men èske nou kwè yo? Si bagay sa yo vre, enben, nou gen pi gwo mesaj lespwa ak èd mond la te janm genyen. Kwè yo se yon zafè enpòtans etènèl pou nou menm ak pou moun nou renmen yo.

Pou nou kwè, nou bezwen non sèlman gen levanjil la nan tèt nou men nan kè nou tou! Li posib pou nou viv levanjil la mekanikman paske se sa yo mande nou pou nou fè oubyen paske sa fè pati kilti nou grandi ladann nan oubyen paske se yon abitid. Gen moun ki petèt pa santi sa pèp Wa Benjamen an te santi apre diskou motivasyon l lan: “Epi yo tout te rele ansanm, yo te di, Wi, nou kwè tout pawòl ou te pale nou yo; epi tou, nou konnen reyèlman yo se verite, akoz Lespri Senyè Toupuisan an, ki te opere yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.”3

Nou tout bezwen chèche chanje kè nou ak nati nou pou nou pa gen dezi pou suiv fason mond la ankò men pou nou gen dezi pou n fè Bondye plezi. Vrè konvèsyon an se yon pwosesis ki pran tan e li enplike yon volonte pou egzèse lafwa. Li vini lè nou sonde ekriti yo olye n al nan Entènèt. Li vini lè nou obeyi kòmandman Bondye yo. Konvèsyon vini lè nou sèvi moun bò kote nou. Li vini apre priyè sensè, ale nan tanp regilyèman, e fidèlman ranpli responsablite Bondye ba nou yo. Sa mande konsistans ak efò kotidyen.

M souvan mande tèt mwen: “Ki pi gwo pwoblèm jèn yo rankontre jodia?” Mwen reponn ke m kwè se enfliyans “gwo kay byenlaj la”4 ki toujou prezan nan lavi yo a. Si Liv Mòmon an te ekri espesifikman pou epòk pa nou an, enben, nou pa ka inyore koneksyon ki genyen pou nou tout nan mesaj ki nan vizyon Leyi sou pyebwa lavi a ak efè moun nan gwo kay byenlaj yo k ap lonje dwèt yo e moke moun yo.

Sa ki plis dezole mwen se deskripsyon moun ki te deja jwenn wout yo nan mitan gouf tenèb la sou wout etwat e kwense a, ki te kenbe bafè a, ki te atenn bi yo, e ki te kòmanse goute bon fwi gou pyebwa lavi a. Epi ekriti yo di moun ki te abiye nan fason rafine yo nan gwo kay byenlaj la “t ap moke e yo t ap lonje dwèt sou moun ki te fin manje nan fwi a.

“Epi lè yo te fin goute nan fwi a yo te wont, poutèt lòt moun yo ki t ap pase yo nan betiz; e yo te tonbe sou wout entèdi yo, e yo te pèdi.”5

Vèsè sa yo dekri sila nan pami nou yo ki deja gen levanjil Jezikri a nan lavi nou an. Keseswa nou te fèt nan legliz la oubyen nou te jwenn wout nou atravè gouf tenèb yo pou n jwenn ni, nou te goute fwi sa a, ki “pi bon e pi dezirab” la ki gen potansyèl pou mennen nou nan lavi etènèl, “pi gran kado Bondye” a6 Nou bezwen sèlman kontinye fè festen e pa okipe moun k ap pase kwayans nou nan betiz yo ni moun ki pran plezi pou kreye dout yo ni moun k ap chèche defo nan dirijan Legliz yo ak nan doktrin Legliz la. Se yon chwa nou fè chak jou—pou chwazi lafwa olye dout. Èldè M. Russell Ballard te mande nou pou n “rete sou bato a, itilize jilè sovtaj nou, epi kenbe avèk de men nou.”7

Antanke manm vrè Legliz Senyè a, nou deja sou bato a. Nou pa bezwen al chèche nan filozofi mond la pou n jwenn verite ki pral ba nou rekonfò, èd, ak direksyon pou fè nou travèse eprèv lavi yo—nou deja genyen li! Menmjan manman Ethan te ka egzamine kwayans li te gen si lontan yo e deklare avèk konfyans nan yon moman kriz la: “Mwen kwè sa,” a, se konsa nou kapab tou!

Mwen rann temwayaj ke apatenans nou nan wayòm Senyè a se yon kado ekstrèmeman presye. Mwen temwaye ke benediksyon al lapè Senyè a sere pou moun ki obeyisan ak fidèl yo depase tout sa lespri imen an ka konprann. M ap kite temwayaj sa a pou nou, nan non Jezikri, amèn.