2010–2019
Fanmi etènèl
avril 2016


Fanmi etènèl

Obligasyon prètriz nou an se mete fanmi nou ak fanmi moun ki bò kote nou nan sant preyokipasyon nou.

Mwen rekonesan pou m avèk nou aswè a nan reyinyon jeneral Prètriz Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo. Sa a se yon gran moman nan istwa Legliz la. Sa gen sankatrevendezan, an 1834, nan Kirtland, Ohio, yo te rele tout prètriz la pou yo te reyini nan yon ti sal lekòl 14 pye-pa-14- (4.2-pa-4.2-m) Nan reyinyon sa a, yo rapòte ke Pwofèt Joseph Smith te di: “Nou pa konn anyen konsènan destine Legliz sa a ak wayòm sa a, tankou yon ti bebe ki kouche sou janm manman l. Nou pa konprann ni. … Se sèlman yon ti gwoup detantè Prètriz nou wè la a aswè a, men, Legliz sa a gen pou l ranpli tout Nò ak Sid Amerik la---li gen pou l ranpli mond la.”1

Dè milyon detantè prètriz, nan plis pase 110 peyi, rasanble nan sesyon sa a. Petèt Pwofèt Joseph te prevwa epòk sa a ak fiti gliriye ki chita devan nou an.

Mesaj mwen aswè a se yon tantatif pou dekri fiti sa a ak sa nou dwe fè pou nou fè pati plan bonè Pè Selès nou an prepare pou nou an. Anvan nou te fèt, nou te viv nan yon fanmi avèk Pè Selès egzalte e etènèl nou an. Li te òdone yon plan pou pèmèt nou avanse ak pwogrese pou nou vin menmjan avèk li. Li te fè l pa amou pou nou. Objektif plan an sete pou ba nou posiblite pou n al viv pou tout tan jan Papa nou ki nan Syèl la ye a. Plan levanjil sa a te ofri nou yon lavi nan mòtalite a kote nou ta pral pase tès. Yo te fè nou pwomès ke gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, si nou obeyi lwa yo ak òdonans prètriz yo nan levanjil la, nou t ap gen lavi etènèl, pi gran nan tout don L yo.

Lavi etènèl se kalite lavi Bondye Papa Etènèl nou an ap viv la. Bondye te di ke objektif li se “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.” (Moses 1:39). Gran objektif detantè prètriz yo se ede nan travay pou ede moun yo atenn lavi etènèl la.

Chak efò prètriz la e chak òdonans nan prètriz prepare pou ede pitit Pè Selès la yo chanje atravè Ekspyasyon Jezikri a pou yo vin tounen manm inite familyal ki vin pafè. Sa vle di ke “Gwo travay chak moun se kwè nan levanjil la, respekte kòmandman yo, epi kreye e pèfeksyone yon inite familyal etènèl ki pafè,”2 epi ede lòt moun fè menm bagay la.

Paske sa se verite, tout sa nou fè dwe gen maryaj selès kòm bi li ak objektif li. Savledi nou dwe fè efò pou nou sele avèk yon konpay etènèl nan tanp Bondye a. Nou dwe ankouraje lòt moun tou pou yo fè ak kenbe alyans ki liye yon mari ak yon madanm ansanm, avèk fanmi yo, nan lavi sa a ak nan mond ki gen pou vini an.

Pouki sa si enpòtan pou nou chak konsa---jèn ou granmoun, dyak ou gran prèt, pitit gason oubyen papa? Se paske obligasyon prètriz nou se mete fanmi nou ak fanmi moun ki bò kote nou yo nan sant preyokipasyon nou. Chak desizyon enpòtan n ap pran dwe baze sou efè l ka genyen sou yon fanmi pou kalifye l pou l viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Pa gen anyen nan sèvis prètriz nou ki osi enpòtan pase sa a.

Kite m di nou kisa savledi pou yo dyak k ap koute aswè a, antanke manm yon inite familyal e antanke manm yon kowòm.

Nan fanmi li, gen dwa gen priyè familyal regilye oubyen sware familyal regilye ou pa. Si papa li, ki konprann obligasyon sa yo, rele fanmi an pou yo reyini pou priyè oswa li ekriti, dyak la ka kouri vin patisipe avèk yon souri. Li ka ankouraje frè l ak sè l yo pou yo patisipe tou epi konplimante yo lè yo fè sa. Li ka mande papa l yon benediksyon lè lekòl ap kòmanse oubyen nan lòt moman bezwen.

Li gen dwa pa gen yon papa fidèl konsa. Men dezi nan kè li pou l fè eksperyans sa yo ap atire pouvwa syèl yo sou moun ki bò kote li poutèt lafwa li. Ya va chèche gen lavi familyal dyak sa a vle avèk tout kè l la.

Enstriktè nan Prètriz Aawon an ka wè nan tach vizit nan fwaye l la yon opòtinite pou ede Senyè a chanje lavi yon fanmi. Senyè a te sigjere sa nan Doktrin ak Alyans yo:

“Devwa enstriktè a se pou l toujou veye sou legliz la, se pou l avèk yo epi pou l fòtifye yo;

“Epi pou l pa kite gen inikite nan legliz la, ni mechanste youn kont lòt, ni manti, kalomni, ni medizans” (D&A 20:53–54)

Menmjan tou, prèt nan Prèriz Aawon an gen responsablite sa a:

“Devwa prèt la se pou l preche, anseye, eksplike, egzòte, batize, epi administre Sentsèn nan.

“Epi vizite kay chak manm, pou egzòte yo pou yo priye awotvwa an sekrè, epi pou yo akonpli tout devwa familyal” (D&A 20:46–47).

Ou gen dwa mande, jan m te fè lè m te yon jèn enstriktè ak prèt la, kijan pou w fè fas ak responsablite sa yo. M pa t janm te twò konnn kijan pou m te egzòte yon fanmi nan yon fason ki ta ka dirije l nan lavi etènèl san m pa t ofanse yo ni parèt ap kritike yo. M te aprann ke sèl egzòtasyon ki chanje kè moun se sa k soti nan Sentespri a. Si nou konsantre sou amou nou pou Li, amoni ak lapè ap grandi nan fwaye n ap vizite yo. Sentespri a ap akonpaye nou nan sèvis nou pou fanmi yo.

Jèn detantè prètriz la, pa fason li priye, pa fason li pale, ak fason li ankouraje manm yo nan fanmi an, kapab pote enfliyans ak egzanp Sovè a nan lespri yo ak nan kè yo.

Yon dirijan prètriz saj te montre m ke l te konprann sa. Li te mande jèn pitit gason m nan pou l te dirije yon vizit nan fwaye. Li te di fanmi a gen dwa opoze avèk egzòtasyon l yo, men li te panse senp ansèyman ak temwayaj yon jèn tigason te ka plis penetre nan kè andisi moun sa yo.

Kisa jèn ansyen an ka fè pou ede kreye fanmi etènèl? Li gen dwa ale nan chan misyon an. Li ka priye ak tout kè l pou l ka jwenn, anseye, ak batize fanmi. M toujou sonje yon bèl jènjan avèk bèl fiyanse madanm ni ak de bèl pitit fi yo ki te chita avèk mwen menm ak konpayon misyon m nan yon jou. Sentespri a te vini e l te temwaye yo ke levanjil Jezikri a te retabli. Yo te sitèlman kwè ke yo te mande si nou te ka bay de pitit fi yo yon benediksyon jan yo te wè sa fèt nan reyinyon sentsèn nou yo. Yo te deja gen dezi pou pitit yo beni, men yo potko konprann ke vrè benediksyon yo t ap posib sèlman nan tanp Bondye yo apre yo te fin fè alyans.

M toujou santi sa fè m mal lè m ap panse ak koup sa a ak de ti pitit fi sa yo, ki siman vin granmoun kounyeya, san pwomès lavi etènèl la. Paran yo te omwen gen yon apèsi sou benediksyon ki ta ka disponib pou yo. Espwa mwen sèke yon jou, yon kote, yo ka jwenn posiblite pou kalifye pou yo gen yon fanmi etènèl la ankò.

Gen lòt ansyen ki prale nan chan misyon yo ki pral fè bèl eksperyans pitit gason m nan te fè a. Limenm ak konpayon li te jwenn yon vèv ki te gen uit pitit ki t ap viv nan pòvrete. Li te vle pou yo sa nou tout vle a---pou yo gen yon fanmi etènèl. Pou pitit gason m nan, sa te parèt enposib ou omwen poko nan moman sa a.

M te vizite ti vil sa a dèzane apre pitit gason m nan te fin batize vèv sa a, epi li te envite m pou m te rankontre fanmi li. M te oblije tann paske pitit li yo, ak pil pitit pitit li yo, t ap vini soti nan plizyè chapèl diferan nan zòn nan. Yon pitit gason t ap sèvi fidèlman nan yon episkopa, epi chak nan pitit li yo te gen benediksyon fè alyans tanp e sele nan yon fanmi etènèl. Lè m ta prale kite chè sè sa a, li te pase bra l nan tay mwen (li te tou kout, epi li te apèn rive nan tay mwen) epi l te di: “Tanpri, di Mateo pou l retounen Chili anvan m mouri.” Gras ak de misyonè fidèl sa yo, li te resevwa bèl apèsi sou pi gwo nan tout kado Bondye yo.

Gen kèk bagay yon èldè, lè l retounen sot nan misyon, dwe fè pou l rete fidèl nan angajman li pou chèche lavi etènèl pou limenm ak pou moun li renmen yo. Pa gen angajman ki pi enpòtan nan letan oubyen nan letènite pase maryaj. Nou te tande konsèy saj sou priyorite nou dwe bay maryaj nan premye plan nou apre misyon nou. Sèvitè prètriz fidèl la ap fè sa avèk sajès.

Lè l ap anvizaje maryaj, l ap wè ke se manman pitit li yo l ap chwazi ak eritaj yo pral genyen. Li pral fè chwa sa a nan yon rechèch sensè ak anpil refleksyon nan lapriyè. Li va asire l ke moun l ap marye a gen menm ideyal avèk li pou fanmi an ak menm konviksyon avèk li sou objektif Senyè a pou maryaj epi l se yon moun ke l dispoze pou konfye bonè pitit li yo.

Prezidan N. Eldon Tanner te bay konsèy saj sa a: “Paran ou dwe onore plis pase nenpòt lòt yo se sa ki pral paran pitit ou yo. Timoun sa yo gen dwa pou yo gen pi bon paran posib ou ka ba yo---paran ki pi.”3 Pite se pral pwoteksyon ou ak pwoteksyon pitit ou yo. Ou dwe yo benediksyon sa a.

Kounyeya, gen kèk mari ak papa k ap koute aswè a. Kisa nou ka fè? Espwa mwen se pou dezi pou nou fè chanjman nesesè ki pou fè nou menm ak fanmi nou al viv nan wayòm selès la yon jou yo vin ogmante. Antanke yon papa ki gen prètriz, avèk madanm ou bò kote ou, ou ka touche kè chak manm fanmi an pou ankouraje yo pou yo tann jou sa a avèk enpasyans. Se pou w ale nan reyinyon sentsèn avèk fanmi ou, pou w fè sware familyal kote ou envite Sentespri a, ou priye avèk madanm ou ak fanmi ou, epi prepare tèt ou pou mennen fanmi ou nan tanp. W ap avanse avèk yo sou wout ki mennen nan fwaye familyal etènèl la.

Ou dwe trete madanm ou ak pitit ou jan Pè Selès la trete w la. Ou dwe suiv egzanp ak direksyon Sovè a pou dirije fanmi ou nan fason pa Li.

“Oken pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la, eksepte pou pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman epi avèk amou enfayib;

“Avèk jantiyès ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san ipokrizi, epi san riz---

“Pou korije moun kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime ou, epi apre sa pou ou montre yon pi gwo lanmou pou moun ou te korije a, pou l pa konsidere w kòm yon enmi” (D&C 121:41–43).

Senyè a di papa ki detantè prètriz yo ki kalite mari yo dwe ye. Li di: “Nou dwe renmen madanm nou avèk tout kè nou epi nou dwe atache avèk li sèlman epi pa avèk okenn lòt” (D&A 42:22). Lè Senyè a pale avèk ni mari yo ni madanm yo, Li kòmande: “Nou pa dwe komèt adiltè … ni fè okenn bagay konsa.” (D&C 59:6).

Pou jèn yo, Senyè a etabli prensip la. “Timoun, obeyi paran nou nan tout bagay: paske sa fè Bondye plezi” (Kolosyen 3:20) epi “onore papa ou ak manman ou” (Egzòd 20:12).

Lè Senyè a pale pou tout fanmi an, Li konseye yo pou youn renmen lòt pou youn sipòte lòt.

Li mande nou pou nou “fè efò pou pèfeksyone lavi [chak manm fanmi an]; [pou] “fòtifye sa k fèb yo; sekouri [sa] ki kite wout la, epi rejwi nan fòs espirityèl renouvle yo.”4

Senyè a mande pou nou fè tout sa nou kapab pou ede zansèt nou yo ki mouri yo pou yo ka avèk nou nan fwaye etènèl nou an.

Chèf gwoup gran prèt la ki travay ak dilijans pou ede moun yo jwenn zansèt yo epi pote non yo nan tanp la ap sekouri moun ki ale anvan yo. Pral gen remèsiman nan mond k ap vini an pou gran prèt sa yo, ak pou moun ki ofri òdonans sa yo, paske yo pa t bliye fanmi yo k ap tann nan mondèzespri a.

Pwofèt yo di: “Sa ki pi enpòtan nan travay Senyè a n ap janm fè se travay nou fè andedan mi lakay nou yo. Vizit nan fwaye, travay episkopa, ak lòt devwa prètriz yo, tout enpòtan, men, travay ki pi enpòtan an se sa k fèt andedan mi lakay nou yo.”5

Nan fwaye nou, ak nan sèvis nou nan prètriz la, sa ki gen plis valè yo se nan ti aksyon ki ede nou menm ak moun nou renmen yo travay pou lavi etènèl yo. Bagay sa yo ka parèt piti nan lavi sa a, men y ap pote benediksyon etènèl nan letènite.

Si nou fidèl nan sèvis nou pou ede pitit Pè Selès yo retounen al jwenn ni, n ap kalifye pou n jwenn pawòl akèy nou tout sitèlman anvi tande lè nou fini ministè nou sou tè a. Pawòl sa yo se: “Se byen, ou menm bon sèvitè fidèl, ou te fidèl nan kèk bagay, m pral konfye w anpil lòt bagay; vin fè fèt avèk mèt ou.” (Matye 25:21).

Pami “anpil bagay” sa yo gen pwomès yon posterite enfini. Priyè m se pou nou tout ka kalifye tèt nou epi ede lòt moun kalifye yo pou benediksyon etènèl sa a nan fwaye Papa nou ak Pitit Gason L lan, Jezikri a. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 137.

  2. Bruce R. McConkie, nan Conference Report, Avr. 1970, 26.

  3. N. Eldon Tanner, Church News, Avr. 19, 1969, 2.

  4. Bruce R. McConkie, nan Conference Report, Avr. 1970, 27.

  5. Harold B. Lee, Decisions for Successful Living (1973), 248–49.