2010–2019
Konsèy Familyal
avril 2016


Konsèy Familyal

Lè paran yo prepare epi timoun yo ap koute epi patisipe nan diskisyon an, konsèy familyal la vrèman ap mache!

Frè ak sè mwen yo, iwoni ki genyen nan vin yon paran an sèke nou gen tandans pou nou vin bon ladan li lè pitit nou yo fin gran. Aprèmidi a, m ap pataje avèk nou yon bagay m swete m te konprann pi byen lè Barbara avèk mwen te kòmanse elve pitit presye nou yo.

Pandan ministè m kòm yon apot la, mwen konn souvan mete aksan sou pouvwa ak enpòtans konsèy Legliz yo, enkli konsèy mission, pye, pawas ak oksilyè yo.

Mwen kwè konsèy se mwayen ki pi efikas pou nou jwenn bonjan rezilta. Anplis, mwen konnen konsèy se fason Senyè a eke Li te kreye tout bagay nan inivè a atravè yon konsèy nan syèl la, jan yo mansyone nan sent ekriti yo.1

Men, jiskaprezan, mwen potko janm pale nan konferans jeneral apwopo konsèy debaz fondamantal la---e petèt pi enpòtan an---nan tout konsèy yo: konsèy familyal

Te toujou gen bezwen pou konsèy familial. Anfèt yo etènèl. Nou te fè pati yon konsèy familial nan egzistans premòtèl la, lè nou t ap viv avèk paran selès nou yo antanke pitit espri yo.

Yon konsèy familyal, lè li fèt avèk lanmou epi avèk kalite kretyen, ap kontrekare enfliyans teknolojo modèn nan ki souvan distrè nou pou anpeche nou pase bonjan tan youn avèk lòt epi ki gen tandans mennen mal antre dwat andedan lakay nou tou.

Silvouplè sonje ke konsèy familyal diferan de sware familyal nou fè chak lendi yo. Sware familyal yo fokis premyèman sou enstriksyon levanjil la ak aktivite familyal. Konsèy familyal, yon lòtbò, kapab fèt nenpòt jou nan semèn nan, e avantou yo se yon reyinyon kote paran yo dwe ---youn koute lòt epi koute pitit yo.

Mwen kwè gen omwen 4 kalite konsèy familyal:

Premyeman, yon konsèy familyal jeneral dwe fèt avèk tout fanmi an.

Dezyèman, yon konsèy familyal egzekitif fèt avèk yon manman ak papa.

Twazyèman, yon konsèy familyal limite fèt avèk paran yo ak yon timoun.

Katriyèman, Yon konsèy familyal de moun fèt avèk yon paran ak yon pitit.

Nan tout konsèy familyal sa yo, aparèy elektwonik yo bezwen etenn pou tout moun kapab gade lòt epi youn koute lòt. Pandan konsèy familyal yo epi nan lòt moman apwopriye, nou kapab mete yon ti panye la pou aparèy elektwonik, konsa lè fanmi a rasanble, tout moun---enkli manman ak Papa---kapab depose telefòn, tablèt, ak videyo game yo nan panye a. Apresa, yo ka fè konsèy la ansanm san yo pa tante pou reponn yon mesaj nan Facebook, tèks, Instagram, Snapchat, ak mesaj email.

Kite m brèfman pataje avèk nou kijan chak nan kalite konsèy familyal sa yo kapab mache.

Premyèman, konsèy familyal jeneral la enkli tout manm fanmi yo.

Bwochi Legliz la ki rele Fanmi Nou an deklare, “Konsèy sa a kapab rankontre pou diskite pwoblèm familyal, regle zafè finans, pou fè plan, pou youn sipòte ak ranfòse lòt, ak pou youn priye pou lòt ak pou inite familyal la.”2

Konsèy sa a ta dwe rankontre nan yon lè ki planifye e li pi ofisyèl pase nenpòt lòt kalite konsèy familyal.

Li ta dwe kòmanse avèk yon priyè, oubyen li ka senpleman yon pwolongasyon konvèsasyon ki te déjà kòmanse yon lòt lè. Silvouplè, note ke yon konsèy familyal gen dwa pa toujou gen yon kòmansman ak yon finisman fòmèl.

Lè paran yo prepare epi timoun yo koute epi yo patisipe nan diskisyon an, konsèy familyal la reyèlman ap fonksyone!

Kèlkeswa jan sitiyasyon familyal nou ye, li trè enpòtan pou nou konprann sitiyasyon unique chak manm nan fanmi an. Menmsi nou pataje DNA, kapab gen sitiyasyon ak sikonstans nan pami nou ki ka rann nou grandman diferan youn de lòt e ki ka mande kolaborasyon konpatisan konsèy fanmi an.

Paregzanp, tout pale, tout pataj ak tout lanmou nan mond lan gen dwa pa ka rezoud yon pwoblèm medikal ni yon pwoblèm emosyonèl youn oubyen plizyè manm fanmi ap travèse. Nan moman sa yo, konsèy familyal la vin yon lye inite, lwayote, ak sipò eman pandan ke fanmi an ap chèche èd eksteryè pou jwenn solisyon.

Frè ak sè yo, espesyalman pigran yo, kapab yon soutyen puisan pou timoun pi piti yo si paran yo ap itilize konsèy familyal la pou mande èd yo ak sipò yo pandan moman difikilte ak presyon yo.

Nan fason sa a, yon fanmi vin plis tankou yon pawas. Lè evèk la enkli manm konsèy pawas yo, li ka rezoud pwoblèm e akonpli yon pakèt byen nan fason li pa t ap ka janm fè san èd yo. Nan menm fason an, paran yo bezwen enkli tout manm fanmi an nan jere pwoblèm advèsite. Nan fason sa a, yo mete pouvwa konsèy familyal la nan travay. Lè manm konsèy yo santi yo fè pati yon desizyon, yo vin tounen sipòtè epi nou ka jwenn bon jan rezilta pozitif.

Se pa tout konsèy familyal ki gen 2 paran ak timoun. Konsèy familyal pa w gen dwa parèt trè diferan de konsèy familyal pa nou lè nou t ap elve 7 pitit nou yo. Jodia konsèy familyal pa nou gen sèlman Barbara avèk mwen, sof si nou fè yon gwo konsèy familyal ki enkli pitit adilt nou yo, ak konjwen yo, ak pafwa pitit pitit nou ak pitit pitit pitit nou yo.

Moun ki selibatè yo e menm etidyan k ap viv lwen lakay yo ka suiv chema divin konsèy la kote y ap rasanble zanmi yo ak moun k ap viv nan menm kay yo a pou fè konsèy ansanm.

Panse kijan atmosfè nan yon apatman t ap chanje si tout moun k ap viv la yo te reyini regilyèman pou priye, koute, diskite, e planifye bagay yo ansanm.

Tout moun ka adapte a yon konsèy familyal pou pwofite de metòd diven sa a Pè Selès eman nou an tabli a.

Jan m te di avan an, tanzantan, yon konsèy familyal avèk fanmi elaji a ka itil. Yon konsèy konsa ka fèt avèk granparan, ak pitit adilt yo ki pap viv nan kay la. Menmsi granparan yo oubyen pitit ki vin adilt yo ap viv lwen, yo kapab patisipe nan konsèy familyal nan telefòm, skype oubyen facetime.

Nou kapab vle konsidere fè konsèy familyal jeneral la jou Dimanch, ki se premye jou nan semèn nan; fanmi yo ka repase semèn nan e planifye pou semèn k ap vini an. Sa kapab egzaktemen sa fanmi ou bezwen pou ede fè Saba a vin yon eksperyans plezan.

Dezyèm kalite konsèy familyal la se yon konsèy familyal egzekitif ki enplike paran yo sèlman. Pantan tan sa a ansanm nan, paran yo ka repase bezwen fizik, emosyonèl ak espirityèl chak timoun yo ak pwogrè yo.

Konsèy familyal egzekitif la se yon bon moman tou pou madanm yo ak mari yo pale sou relasyon pèsonèl yo youn avèk lòt. Lè Eldè Harold B. Lee te fè sèlman nou an, li te ansenye nou yon prensip mwen kwè tout koup ap twouve itil anpil: “Pa jan al kouche san nou pa met ajenou ansanm, kenbe menm, epi fè priyè nou. Kalite priyè konsa envite Papa nou ki nan Syèl la pou konseye nou pa pouvwa Lespri a.”

Twazyèm tip konsèy familyal la se yon konsèy faamilyal limite. Ladan, toulède paran yo pase tan avèk yon timoun individyèlman nan yon kote fòmèl oubyen enfòmèl. Se yon opòtinite pou yon diskisyon sou pran desizyon alavans sou bagay tankou kisa l pral fè oubyen kisa l pa pral fè nan lefiti. Lè yo desizyon konsa, yo gen dwa anvi anrejistre yo pou referans nan apre, si bezwen. Si pitit gason ou oubyen pitit fi w la santi ou byen kore yo, konsèy familyal sa a ka fikse bi ak objektif pou demen. Epitou, se yon moman pou ou byen koute sousi ak difikilte serye yon pitit gen dwa ap travèse avèk bagay tankou mank konfyans nan tèt li, abi, britalite l ap sibi, oubyen laperèz.

Katriyèm tip konsèy familyal lase yon konsèy familyal youn a youn ki gen ladan yon paran ak yon timoun. Kalite konsèy familyal sa a jeneralman ji rive. Paregzanp, paran an ak timoun nan ka pwofite opòtinite nòmal pandan yo nan machin oubyen pandan y ap travay nan kay la. Yon sòti avèk yon timoun avèk papa l oubyen manman l ka kreye yon moman koneksyon espirityèl ak emosyonèl spesyal. Planifye bagay sa yo alavans pou timoun yo ka planifye epi rete tann moman espesyal sa a poukont yo avèk manman yo oubyen papa yo a.

Kounyea frè m ak sè m yo, te gen yon tan kote miray kay nou te banou tout defans nou te bezwen kont envazyon ak enfliyans deyò yo. Nou te konn klete pòt yo, fèmen fenèt yo, epi fèmen baryè yo, epi nou te konn santi nou an sekirite, anpè e pwoteje nan pwòp ti refij nou kont mond deyò a.

Epòk sa yo pa egziste ankò. Miray, pòt, lantouraj, ak baryè fizik kay nou yo pa ka anpeche envazyon envizib ki soti nan Entènèt, WiFi, ak rezo telefòn mobil yo. Yo ka penetre nan fwaye nou jis avèk jis kèk klik ak touche klavye.

Erezman, Senyè a ba nou yon mwayen pou nou kontrekare envazyon teknoloji negatif sa a ki ka distrè nou pou anpeche nou pase tan youn ak lòt la. Li fè sa nan banou sistèm konsèy la pou ranfòse, pwoteje, defann, ak nouri relasyon ki pi presye nou yo.

Timoun yo dezespereman bezwen paran ki la pou tande yo, e konsèy familyal la kapab banou yon tan kote manm fanmi yo kapab aprann pou konprann epi youn renmen lòt.

Alma te ansenye, “Mande Senyè a konsèy nan tout sa wap fè; epi l ap dirijew nan sa ki bon.”3Envite Senyè pou l fè pati konsèy familyal nou an pa mwayen lapriyè ap amelyore relasyon nou youn ak lòt. Avèk èd Pè Selès la ak Sovè nou an, nou kapab vin pi pasyan, pi atantif, pi edan, pi padonan, ak pi konpreyansif pandan n ap priye pou mande èd la. Avèk èd Yo, nou ka fè fwaye nou vin tounen yon ti moso syèl sou tè a.

Yon konsèy familyal ki fèt selon modèl konsèy nan syèl la, ranpli avèk amou kretyen, epi gide pa Lespri Senyè a ap ede nou pwoteje fanmi nou kont distraksyon ki ka vòlè tan presye nou ansanm yo e pwoteje nou kont mal ki nan mond lan.

Konbine avèk lapriyè, yon konsèy familyal ap envite prezans Sovè a, jan Li pwomèt la: “Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m’ap la nan mitan yo.”4 Envite Lespri Senyè a pou l vin fè pati konsèy familyal nou yo pote benediksyon nou pa ka dekri.

Finalman, tanpri, sonje ke yon konsèy familyal ki fèt regilyèman ap ede nou detekte pwoblèm fanmi an bonè epi n ap ka rezoud yo anvan yo vin pi gwo; y ap bay chak manm fanmi an yon santiman valè ak enpòtans; epi sa k pi enpòtan nan tout la, y ap ede nou pou nou ka vin gen plis siksè ak kontantman nan relasyon presye nou yo, andedan fwaye nou. Se pou Papa nou ki nan Syèl la beni fanmi nou pandan n ap reyini ansanm an konsèy, mwen priye enbleman, nan non Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri, amèn.