2010–2019
Papa yo
avril 2016


Papa yo

Jodia m vle mete aksan sou bon gabay gason yo ka fè nan pi gwo wòl maskilen yo genyen yo—mari ak papa.

Jodia m ap pale ak papa yo. Papa yo fondamantal nan plan bonè diven an, e m vle leve yon vwa ankourajman pou sa k ap eseye ranpli apèl sa a byen yo. Fè elòj patènite ak ankouraje papa yo se pa pou rabese ni fè okenn moun wont. Jodia m vle senpleman mete aksan sou bon bagay gason yo ka fè nan pi gwo wòl maskilen yo genyen yo—mari ak papa.

David Blankenhorn, otè Fatherless Americaa, te fè obsèvasyon sa a: “Jodia, sosyete Amerikèn nan fondamantalman divize e an kontradiksyon osijè ide patènite a. Gen moun ki pa menm sonje li. Gen lòt ki santi li ofanse yo. Gen lòt ankò, enkli gwo kantite espesyalis k ap ekri sou fanmi yo, ki neglije li oswa meprize li. Anpil lòt pa patikilyèman opoze avèk li, ni yo pa espesyalman atache avèk li. Anpil moun ta renmen pou nou fè efò nan domèn sa a men, yo pa kwè ke sosyete nou an kapab oubyen vle fè sa ankò.”1

Imaj
Nou kwè nan papa.
Imaj
Papa yo prezide nan lanmou ak fidelite.

Antanke Legliz, nou kwè nan papa. Nou kwè nan “gason ideyal ki mete fanmi li apremye a.”2 Nou deklare “Dapre plan diven an, papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis epi yo responsab pou yo bay fanmi yo tout sa yo bezwen nan lavi a ak pwoteksyon.”3 Nou kwè ke nan responsablite familyal konplemantè sa yo andedan fanmi an, “manman ak papa gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal.”4 Nou kwè papa yo sètènman pa initil men, yo espesyal e iranplasab.

Imaj
Paran yo gen devwa konplemantè.
Imaj
Papa yo iranplasab.

Gen moun ki wè ke patènite pote benefis nan pwendvi sosyal, kòm yon bagay ki bay lòm responsablite anvè pitit yo, ki pouse yo vin bon sitwayen e panse a bezwen lòt moun, pou mete “efò manman yo sou efè papa yo pou edike ak pran swen timoun yo. … Anbrèf, sa ki kle pou gason yo se pou yo vin papa. Sa ki kle pou timoun yo se pou yo gen papa. Sa ki kle pou sosyete a se pou yo kreye papa.”5 Pandan konsiderasyon sa yo sètènman vrè ak enpòtan an, nou konnen patènite se plis pase yon konsèp sosyal oubyen yon pwodui evolisyon. Wòl papa a gen yon orijin divin ki kòmanse avèk yon Papa ki nan Syèl la, e nan domèn mòtalite a, avèk Papa nou, Adan.

Modèl divin patènite pafè a se Papa nou ki nan Syèl la. Karakteristik esansyèl li ak kalite li gen bonte enfini ak amou pafè. Travay li ak glwa li se reyalize devlopman, bonè, ak lavi etènèl pitit Li yo.6 Nan mond dechi sa a, papa yo pa ka pretann yo gen anyen ki konparab avèk Majeste Anwo a, men ak tout kè, y ap fè efò pou imite Li, e yo anfèt ap patisipe nan travay Li. Yo gen onè pou yo gen yon tach de konfyans ki remakab ak entimidan.

Nou menm gason yo, patènite fè nou wè pwòp feblès nou ak bagay nou bezwen amelyore yo. Patènite mande sakrifis, men li se yon sous satisfaksyon ak lajwa enkonparab. Ankò, modèl pafè a se Pè Selès nou an, ki si renmen nou menm, pitit espri l yo, ke l te bay Sèl Pitit Gason Literal Li a pou sali nou ak egzaltasyon nou.7 Jezi di: “Pa gen pi bon jan pou yon moun montre amou li pase lè l lavi l pou zanmi li.”8 Papa yo manifeste lanmou sa a chak jou kote yo kite enterè pèsonèl yo dekote pou yo travay pou sèvi ak sipòte fanmi yo.

Petèt travay ki pi enpòtan pou yon papa se vire kè pitit li yo vè Pè Selès la. Si atravè egzanp li, osibyen nan pawòl li, yon papa ka demontre kisa fidelite anvè Bondye ye nan lavi chak jou li, papa sa a ap bay pitit li sekrè lapè nan lavi sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.9Yon papa ki li ekriti yo pou pitit li epi avèk yo ap fè yo konn vwa Senyè a.10

Imaj
Papa k ap li ekriti yo

Nan ekriti yo, nou jwenn anpil aksan sou obligasyon paran genyen pou anseye pitit yo:

“Epi ankò, toutotan paran yo gen pitit nan Siyon, oubyen nan nenpòt lòt pye ki òganize nan Siyon, ki pa anseye yo pou yo konprann doktrin repantans la, lafwa nan Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an, ak batèm, ak don Sentespri a pa enpozisyon men lè yo gen uitan, sa sa, peche a ap sou tèt paran yo. …

“Epi yo dwe ansenye pitit yo priye, pou yo mache dwat devan Senyè a.”11

An 1833, Senyè a te reprimande manm Premye Prezidans lan paske yo pa t pote ase atansyon sou devwa pou anseye pitit yo a. Li te di youn an patikilye: “Ou pa anseye pitit ou yo limyè ak verite, dapre kòmandman an; epi mechan an gen pouvwa, toujou, sou ou, epi se koz afliksyon w la.”12

Papa yo dwe anseye chak nouvèl jenerasyon kòmandman ak zèv Bondye yo. Jan Salmis la te deklare:

“Paske li etabli yon temwayaj nan Jakòb, epi li mete yon lwa nan Izrayèl, e li òdone papa yo pou yo anseye yo bay pitit yo:

“Pou jenerasyon k ap vini an ka konnen yo, menm timoun ki gen pou fèt yo; ki [lè] yo vin gran, dwe anseye yo bay pitit pa yo:

“Pou yo ka mete konfyans yo nan Bondye, epi pou yo pa bliye zèv Bondye yo, men pou yo respekte kòmandman l yo.”13

Imaj
Papa ak pitit fi k ap danse

Wi, ansenye levanjil la se yon devwa ki pataje ant papa yo ak manman yo, men Senyè a di klèman Li atann pou papa yo, antanke chèf fanmi an, pran responsablite pou fè l vin yon gwo priyorite. (Epi, ann sonje ke konvèsasyon enfòmèl, travay ak jwe ansanm ka eleman enpòtan nan anseye a tou.) Senyè a vle pou papa yo ede modle timoun yo, epi, timoun anvi yon modèl e yo bezwen yon modèl.

Imaj
Papa ak pitit gason li k ap travay ansanm

Mwen menm poukont pa m te gen benediksyon pou m te gen yon papa egzanplè. M raple m lè m te yon tigason prèske douzan, papa m te kandida pou konseye minisipal ti kominote nou an. Li pa t òganize yon gwo kanpay elektoral---tout sa m sonje sèke papa m te mande frè m nan avèk mwen pou nou t al distribye feyè pòtapòt, pou pouse moun yo pou yo t al vote pou Paul Christofferson. Te gen yon kantite grandèt m te lonje feyè a bay ki te fè remak ke Paul sete yon bon gason onèt e yo pa t ap gen okenn pwoblèm pou vote pou li. Kè m te gongle ak ògèy pou papa m. Sa te ban m asirans ak yon dezi pou m te suiv tras li. Li pa t pafè---okenn nan nou pa pafè---men li sete yon bon moun ki te mache dwat epi l sete yon egzanp enspiran pou yon pitit gason.

Disiplin ak koreksyon fè pati ansèyman an. Jan Pòl di: “Paske Bondye pini moun li renmen.”14 Men, nan disiplin nan, yon papa dwe pran prekosyon pou l pa fè anyen ki sanble avèk abi, sa ki pa janm jistifyab. Lè yon papa ap korije pitit li, se lanmou ki dwe motive li epi Sentespri a ki pou gide li:

“Pou korije moun nan kèkfwa dirèkteman, lè Sentespri a anime ou; epi apresa pou montre yon pi gwo lanmou pou moun ou te korije a, pou l pa konsidere ou kòm yon enmi;

“Pou l kapab konnen fidelite ou pi fò pase kòd lanmò.”15

Selon modèl divin nan, disiplin se pa fòseman pini men pito se pou ede yon moun nou renmen pou l vin gen metriz tèt li.

Imaj
Papa k ap travay
Imaj
Pou yon pen kotidyen

Senyè a te di “tout timoun gen dwa pou paran yo pran swen yo jistan yo gen laj majè.”16 Travay pou sipòte fanmi an se yon tach sakre. Byenke pran sen yon fanmi jeneralman mande pou pase tan lwen fanmi an, tach sa a pa enkonpatib avèk patènite—li se responsablite esansyèl yon bon papa. “Travay ak fanmi se bagay ki mache ansanm.”17 Natirèlman sa pa jistifye pou yon gason neglije fanmi li pou karyè li, oubyen, pou l al nan lòt ekstrèm nan, ki se fè efò epi kontante l delege responsablite l bay lòt moun. Nan pawòl Wa Benjamen:

“Epi nou p ap kite pitit nou yo ret grangou, oubyen toutouni; epi tou nou p ap kite yo transgrese lwa Bondye yo, pou yo goumen, e pou youn fè lobo ak lòt. …

“Men nou va anseye yo pou yo mache nan chemen verite ak sajès; ansenye yo pou youn renmen lòt, epi pou youn sèvi lòt.”18

Nou rekonèt angwàs gason yo santi lè yo pa ka jwenn fason ni ase mwayen pou yo reponn bezwen fanmi yo. Pa gen okenn wont pou moun ki, nan yon moman done, malgre tout efò yo, pa ka ranpli tout devwa ak fonksyon papa yo. “Yon andikap, lanmò, oubyen lòt sikonstans kapab egzije adaptasyon patikilye. Lòt kòd fanmi yo ta dwe bay sipò yo lè sa nesesè.”19

Imaj
Paran ki renmen
Imaj
Paran k ap danse

Renmen manman pitit li—epi demontre amou sa a—se de nan pi bon bagay yon papa ka fè pou pitit li. Sa pèmèt li reyafime ak fòtifye maryaj la, ki se fondasyon lavi ak sekirite familyal yo a.

Imaj
Papa avèk pitit adolesan

Gen gason ki se papa selibatè, papa adoptif oubyen bòpè. Anpil nan yo travay ak tout fòs yo e fè tout efò yo nan yon wòl ki souvan difisil. Nou onore sila yo k ap fè tout sa yo kapab pou reponn a bezwen fanmi yo ak manm fanmi yo avèk amou, pasyans, ak sakrifis yo. Nou dwe note ke Bondye Limenm te konfye Sèl Pitit Gason Literal Li a bay yon papa adoptif. Asireman, Joseph merite konpliman paske pandan Jezi t ap grandi, Li “te grandi an sajès ak wotè, epi an gras devan Bondye ak devan lèzòm.”20

Malerezman, akoz lanmò, abandon, oswa divòs, gen kèk timoun ki pa gen papa k ap viv avèk yo. Genyen ki gen papa fizikman prezan men ki emosyonèlman absan oubyen neglijan nan lòt fason. Nou mande tout papa pou yo fè pi byen yo kapab e pou yo pi bon. Nou mande medya yo ak pwogram divètisman yo, pou tanzantan yo montre papa devwe ak kapab ki pwofondeman renmen madanm yo e k ap gide pitit yo avèk entèlijans, olye ke yo montre yo kòm pèsonaj maladwa ak enkapab oswa “mesye ki lakoz pwoblèm” yo, jan yo twò souvan dekri papa yo.

Pou timoun ki nan sitiyasyon familyal pètibe yo, n ap di, ou menm, sa pa diminye w nan anyen. Eprèv yo se pafwa yon prèv sou konfyans Senyè a genyen nan ou. Li ka ede ou, dirèkteman e atravè lòt moun, pou w fè fas ak sa w ap konfwonte a. Ou ka vin jenerasyon, petèt premye nan fanmi ou, kote modèl divin Bondye òdone pou fanmi yo vrèman reyalize pou beni tout jenerasyon apre w yo.

Pou ou menm jènjan, pandan nou konsyan de wòl ou pral gen pou w jwe kòm responsab ak pwotektè a, nou ka di w, prepare w depi kounyeya nan byen travay lekòl e fè planifikasyon pou w aprann yon metye apre lekòl. Enstriksyon, keseswa nan inivèsite, nan lekòl teknik, nan lekòl pwofesyonèl, oswa nan lòt kalite pwogram, se kle pou devlope talan ak kapasite w pral bezwen yo. Pwofite tout okazyon pou asosye w avèk moun tout laj, enkli timoun, epi aprann kijan pou w tabli bon jan relasyon anrichisan. Sa tipikman vledi pale fasafas avèk moun e pafwa fè kèk bagay yo ansanm, non pa jis pèfeksyone ou nan voye tèks mesaj. Viv lavi w yon fason pou lè w vin yon òm ou va pote pite nan maryaj ou ak pou pitit ou.

Pou tout jenerasyon k ap grandi a, nou di, keseswa w evalye papa w sou yon echèl bon-miyò-pibon (e m predi evalyasyon sa a ap vin pi wo amezi w ap grandi e vin pi saj), deside kounyeya pou w onore papa w ak manman w atravè jan w ap viv. Sonje gwo aspirasyon ak espwa yon papa, jan Jan te eksprime a: “Pa gen anyen ki pou ban m plis lajwa pase lè m tande pitit mwen yo ap mache nan laverite.”21 Ladwati ou se pi gwo onè yon papa ka resevwa.

Pou frè m yo, papa yo nan Legliz sa a, m ap di, m konnen nou regrèt nou pa t yon papa ki te pi pafè. Mwen menm tou m regrèt sa. Men, malgre limitasyon nou, annou pèsevere. Annou pa okipe nosyon endividyalis ak otonomi egzajere yo ki nan kilti jodia epi annou panse pito avèk bonè ak byennèt lòt moun. Sètènman, malgre enkonpetans nou yo, Papa nou ki nan syèl la ap ogmante kapasite nou e fè senp efò nou yo pote fwi. M jwenn ankourajman nan yon istwa ki te parèt nan New Erasa gen kèk ane. Otè a te rakonte istwa sa a:

“Lè m te piti, fanmi m t ap viv nan yon apatman yon sèl chanm nan dezyèm etaj la. M te konn kouche sou yon kanape nan salon an. …

“Papa m, ki sete fewonye, te konn kite kay la byen bonè chak jou pou l al travay. Chak maten li te konn … ranje dra yo sou mwen e fè yon ti kanpe pandan yon minit. M te konn abityèlman amwatye ap reveye lè m te konn santi papa m kanpe bò kanape a, ap gade mwen. Pandan m t ap reveye lantman, m te konn vin santi m anbarase paske l te la a. M te konn eseye pretann m t ap dòmi. … M te vin rekonèt ke, lè l te kanpe bò kaban mwen yo, se priye l t ap priye avèk tout atansyon li ak enèji li konsantre—pou mwen.

“Chak maten papa m te konn priye pou mwen. Li te konn priye pou m te ka pase yon bon jounen, pou m te ka pwoteje, pou m te ka aprann ak prepare m pou demen. Epi, paske li pa t ka la avèk mwen pou jis aswè, li te konn priye pou pwofesè yo ak zanmi m ta pral pase jounen an avèk yo a. …

“Toudabò, m pa t reyèlman konprann sa papa m t ap fè jou maten sa yo lè l t ap priye pou mwen yo. Men, lè m te vin pi gran, m te vin santi amou li ak enterè li pou mwen ak tout sa l t ap fè yo. Se youn nan souvni m pi renmen. Sete sèlman kèlke ane apre, lè m te vin marye, e m te vin gen pwòp pitit pa m, e m te vin pran abitid al nan chanm yo pandan yo t ap dòmi pou m priye pou yo, ke m te vin totalman konprann kisa papa m te santi pou mwen.”22

Alma te temwaye bay pitit gason l lan:

“Reyèlman, m di w konsa, se [Kris la] k ap vini … ; wi li vini pou deklare pèp li a bòn nouvèl sali a.

“Kounyeya, pitit gason m nan, se apèl sa a w te resevwa, pou w deklare pèp sa a bòn nouvèl, pou w prepare lespri yo; oubyen … pou yo kapab prepare panse pitit yo pou tande pawòl la lè l ap vini.”23

Sa se ministè papa yo jodia. Ke Bondye beni yo e pèmèt yo vin alawotè apèl sa a, nan non Jezikri, amèn.