2010–2019
L ap mete ou sou zepòl Li e mennen ou lakay
avril 2016


L ap mete ou sou zepòl Li e mennen ou lakay

Menmjan Bon Bèje a jwenn brebi pèdi L la, si w sèlman leve kè w bay Sovè mond la, L ap jwenn ou tou.

Youn nan souvni pi terifyan nan anfans mwen sete pil bri sirèn antiaeryen byen lwen ki reveye m nan dòmi. Anvan lontan, yon lòt son, bri ak vibrasyon motè ayelis yo ogmante gradyèlman jiskaske l fè lè a tranble. Jan manman m te byen antrene nou pou nou te fè, nou menm timoun yo nou te konn pran valiz nou epi nou kouri al sou mòn nan nan yon abri antiayeryen. Pandan n t ap kouri nan mitan lannuit fènwa a, ekplozyon vèt e blan t ap tonbe soti nan syèl la pou klere sib yo pou moun k ap bonbade yo ka wè. Etranjman, tout moun te rele eksplozyon sa yo abdenwèl.

Mwen gen katran, e m te temwen yon mond ki nan lagè.

Dresden

Pa lwen bò kote fanmi m t ap viv la, te gen vil Dresde la. Moun ki te viv la yo te petèt konn wè sa m te wè yo dè milye fwa. Gwo ensandi devastan, pwovoke pa dè milye tòn eksplozif, te vide sou Dresden, ki te detwi plis pase 90 pousan nan vil la e ki kite gravye ak sann dèyè yo.

Imaj
Dresde ki kraze

Nan yon ti bout tan, vil yo te yon fwa rele “Bwat Bijou” a pa t egziste ankò. Erich Kästner, yon otè Alman, te dekri destriksyon an konsa: “Nan mil ane bote l te bati, nan yon nuit li te totalman detwi.”1 Pandan anfans mwen, m pa t ka rive imajine kijan dnou t ap janm ka simonte detriksyon yon lagè ke pwòp pèp pa nou an te deklanche. Mond bò kote nou an te parèt totalman dezespere, san okenn avni.

Ane pase, m te gen opòtinite pou m te retounen Dresden. Swasanndizan apre lagè a, yon fwa ankò, li vin tounen yon “Bwat Bijou.” Debri yo te disparèt, epi yo te rekonstwi vil la, e menm pi bèl toujou.

Imaj
Frauenkirche detwi

Pandan vizit mwen an, m te wè yon bèl legliz Literyen, Frauenkirche, Legliz Notre Dame nan. Li te bati orijinèlman an 1700, epi li sete youn nan bèl bijou Dresden, men lagè a te redui li fè l vin tounen yon pil debri. Li te rete konsa pandan plizyè ane, jiskaske finalman yo te deside pou yo te rebati Frauenkirche.

Imaj
Frauenkirche rebati

Yo te pran wòch nan legliz ki te dewi a epi yo te konsève yo, epi, lè sa te posib, yo te itilize yo nan rekonstriksyon an. Jodia nou ka wè wòch nwasi pa dife sa yo ki parèt tankou sikatris sou mi deyò yo. “Sikatris” sa yo se non sèlman yon rapèl sou istwa edifis sa a pandan lagè a, men se yon moniman pou lespwa tou---yon senbòl mayifik sou kapasite lòm pou kreye yon nouvo lavi apati sann dife.

Imaj
Frauenkirche se yon moniman pou lespwa.

Pandan m t ap reflechi sou istwa Dresden nan avèk emèveyman pou entelijans ak detèminasyon moun ki te rebati sa k te si totalman detwi sa a, m te santi enfliyans dous Sentespri a. M te panse ke, si lòm ka pran dekonb, debri, ak gravye yon vil kraze pou yo rebati yon edifis enpresyonan ki kanpe fyèman konsa, konbyen plis Papa Toupuisan nou an kapab relve pitit li ki tonbe, k ap lite, oubyen ki pèdi yo?

Kèlkeswa jan lavi nou ta parèt konplètman detwi. Kèlkeswa jan peche nou ta anpil, keseswa pwofondè amètim nou, si nou santi nou sèl, abandone oubyen kè nou brize. Menm moun ki sanzespwa, k ap viv nan dezespwa yo, moun yo trayi konfyans yo, sa ki abandone entegrite yo, oubyen sa ki detounen de Bondye yo kapab rebati. Eksepte ra pitit pèdisyon yo, pa gen okenn lavi brize ki pa ka restore.

Bòn nouvèl levanjil la se sa a: gras ak plan bonè etènèl Pè Selès byeneme nou an e gras ak sakrifis enfini Jezikri a, non sèlman nou ka rachte anba eta dechi nou an e retabli nan pite, men tou, nou ka pwogrese odela sa lòm ka imajine pou nou vin eritye lavi etènèl ak moun k ap pataje laglwa endeskriptib Bondye.

Parabòl brebi pèdi a

Pandan ministè Sovè a, lidè relijyyon nan epòk Li yo pa t apwouve lefèt ke Jezi t ap pase tan avèk moun yo te kataloge kòm “pechè.”

Petèt pou yo, sete kòmsi Li t ap tolere oubyen menm apwouve konpòtman peche. Petèt yo te kwè pi bon fason pou ede pechè yo repanti sete nan kondane yo, ridikilize yo, oubyen fè yo wont.

Lè Sovè a te wè sa Farizyen yo ak direktè lalwa yo te panse, Li te rakonte yo yon senp istwa:

“Sipoze youn nan non gen san mouton; si l pèdi youn ladan yo, èske li pap kite katrevendiznèf lòt mouton yo nan dezè a, pou l al dèyè sa k pèdi a; l ap chèche l jouk li jwenn ni?

“Epi lè l jwenn ni, l ap mete l sou zepòl li ak kè kontan.”2

Atravè syèk yo, yo tradisyonèlman entèprete parabòl sa a kòm yon apèl alaksyon pou nou mennen brebi egare a retounen ak pou lonje lamen bay sa ki pèdi yo. Pandan ke sa sètènman apwopriye, m ap mande m si pa gen plis ladan l toujou.

Èske l posib ke objektif Jezi, toudabò, sete pou anseye osijè travay Bon Bèje a?

Èske l posib ke Li t ap temwaye de amou Bondye pou pitit li ki egare yo?

Èske l posib ke mesaj Sovè a te vledi Bondye pafètman konnen moun ki pèdi yo---epi Li pral chèche yo, Li pral lonje lamen ba yo, pou pote yo sekou?

Si se sa, kisa brebi a dwe fè pou kalifye l pou èd divin sa a?

Èske brebi a bezwen konn kijan pou l itilize yon estriman konplike pou kalkile kowòdone li? Èske l oblije konn itilize yon JPS pou defini pozisyon li? Èske l oblije gen konpetans pou kreye yon app pou l ka mande èd? Èske brebi a bezwen gen yon moun ki renome pou sponsorize li pou Bon Bèje a ka vin pote l sekou?

Non. Sètènman pa! Brebi a merite pou l resevwa sekou divin senpleman paske Bon Bèje a renmen li.

Pou mwen menm, parabòl brebi egare a se youn nan pasaj ki pi chaje ak espwa nan tout ekriti yo.

Sovè nou an, Bon Bèje a, konnen ou e Li renmen ou.

Li konn lè w pèdi, e Li konn ki kote ou ye. Li konn doulè ou. Siplikasyon an silans ou yo. Laperèz ou. Dlo nan je ou.

Li pa sousye de kijan w te fè pèdi---si se akoz pwòp move chwa pa ou oubyen akoz sikonstans ki depase kontwòl ou.

Tout sa k konte pou li sèke ou se pitit Li. Epi Li renmen oumenm, pitit Li.

Imaj
Sovtaj brebi egare a

Paske Li renmen ou, L ap jwenn ou. L ap mete ou sou zepòl Li ak kè kontan. Epi lè l mennen w retounen lakay, L ap di tout moun: “Vin fè fèt avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a.”3

Kisa nou dwe fè?

Ou gen dwa ap mande tèt ou: men, ki pyèj sa gen ladann? Siman m ap gen pou fè plis pase jis tann pou l pote m sekou.

Pandan ke Papa eman nou an vle pou tout pitit Li yo retounen al jwenn ni an, Li pap fòse pèsonn al nan syèl la.4 Bondye pap pote w sekou si ou pa vle.

Konsa, kisa nou dwe fè?

Envitasyon L lan senp:

“Tounen … vin jwenn mwen.”5

“Vin jwenn mwen.”6

“Pwoche kote m epi m ap pwoche kote ou.”7

Sa se fason nou montre li nou vle pou L sekouri nou.

Sa mande yon tikras lafwa. Men pa dezespere. Si w pa ka jwenn lafwa kounyeya, kòmanse ak espwa.

Si w pa ka di ou konnen Bondye egziste, ou ka espere ke L egziste. Ou ka anvi kwè.8 Sa ase pou kòmanse.

Apresa, aji sou esperans sa a, kominike ak Pè Selès la. Bondye ap devèse amou Li sou ou, epi travay sovtaj ak transfòmasyon an ap kòmanse.

Avèk letan, w ap vin rekonèt men Li nan lavi ou. Ou pral santi amou Li. Epi dezi pou w mache nan limyè Li e suiv wout Li a ap grandi ak chak etap lafwa w pran.

Nou rele etap lafwa sa yo “obeyisans.”

Sa se pa yon mo ki popilè nan epòk sa yo. Men, obeyisans se yon prensip presye nan levanjil Jezikri a, paske nou konnen ke “gras ak Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans Levanjil la.”9

Pandan lafwa nou ap ogmante a, fidelite nou dwe ogmante tou. Talè a m te site yon ekriven Alman ki te deplore destriksyon Dresden nan. Li te ekri fraz sa a tou “Es gibt nichts Gutes, ausser: Man tut es.” Pou moun ki pa pale lang selès la, men sa savledi: “Pa gen anyen ki bon, amwenske ou fè l bon.”10

Ou menm avèk mwen gen dwa pale avèk pi plis elokans sou bagay espirityèl yo. Nou gen dwa enpresyone moun avèk entèpretasyon entelektyèl briyan nou sou sijè relijye yo. Nou gen dwa ap egzalte tèt nou osijè relijyon e “reve a chato [nou] anwo a.”11 Men, si lafwa nou pa chanje fason n ap viv—si kwayans nou pa enfliyanse desizyon chak jou nou yo—relijyon nou an initil, epi lafwa nou, si l pa mouri, sètènman pa pòte l byen e li andanje pou l finalman etenn.12

Obeyisans se soutyen lafwa. Se gras ak obeyisans nou ka mete limyè nan nanm nou.

Men pafwa nou mal konprann obeyisans. Nou ka konsidere obeyisans kòm yon fen an limenm, olye de yon mwayen pou n rive nan yon fen. Oubyen, metaforikman, nou gen dwa ap frape mato obeyisans lan sou metal fè kòmandman yo nan yon efò pou nou modle moun nou renmen yo, pa mwayen chofaj konstan ak kout mato repete, pou fè yo vin tounen materyo ki pi sen, ki pi selès.

Pa gen okenn dout sou sa, gen dè moman kote nou bezwen yon apèl sevè ala repantans. Asireman, gen kèk moun se sèl fason nou ka touche yo.

Men petèt gen yon apwòch diferan ki ka eksplike poukisa nou obeyi kòmandman Bondye yo. Petèt obeyisans se pa sitèlman pwosesis pou nou pliye, tòdye, e bat nanm nou pou fè l vin tounen yon bagay nou pa ye. Men, se yon pwosesis pou nou vrèman dekouvri ak ki materyo nou fèt.

Se Bondye Toupuisan an ki kreye nou. Li se Papa nou ki nan Syèl la. Nou se literalman pitit espri Li. Nou fèt avèk materyo divin ki pi presye ak pi rafine ki egziste a, epi konsa nou gen sibstans divinite a andedan nou.

Sepandan, isit sou tè a, panse nou ak aksyon nou vin ankonbre anba sa k kowonpi, sa k pa sen, ak sa k pa pi. Pousyè ak salte mond lan tache nanm nou, ki fè l difisil pou n rekonèt e sonje dwa nesans nou ak bi nou.

Men tout sa pa ka chanje sa nou reyèlman ye a. Divinite fondamantal nati nou an rete menm. Epi nan moman nou chwazi pou n tounen kè nou bay Sovè byeneme nou an epi mete pye nou sou chemen disip la, gen yon bagay mirakile ki rive. Amou Bondye ranpli kè nou; limyè laverite ranpli lespri nou; nou kòmanse pèdi dezi pou peche a; epi nou pa vle mache nan tenèb ankò.13

Nou vin wè obeyisans non pa kòm yon pinisyon men kòm yon chemen liberate ki mennen nan destine divin nou. Epi gradyèlman, koripsyon, pousyè, ak limitasyon tè sa a kòmanse tonbe. Finalman, espri etènèl inestimab èt selès la ki andedan nou an vin revele, epi yon sous bonte vin tounen vrè nati nou.

Ou vo lapenn pou yo pote w sekou

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke Bondye wè nou jan nou vrèman ye a---epi Li konsidere nou diy pou L pote w sekou.

Ou gen dwa santi lavi w wine. Ou petèt peche. Ou petèt pè, fache, aflije, oubyen dout ap tòtire ou. Men, menmjan Bon Bèje a jwenn brebi Li ki te pèdi a, si w sèlman leve kè w bay Sovè mond lan, L ap jwenn ou.

L ap pote w sekou.

L ap relve ou e l ap mete w sou zepòl Li.

L ap mennen w retounen lakay.

Si men lòm ka transfòme dekonb ak debri fè yo vin tounen yon bèl kay adorasyon, enben, nou ka gen konfyans ke Papa eman nou an ki nan Syèl la kapab e L ap rebati nou. Plan Li se bati nou fè n tounen yon bagay ki pi gran pase nou te ye---menm pi gran pase nou ka janm imajine. Avèk chak etap lafwa sou chemen disip la, n ap grandi vin tounen èt laglwa etènèl ak lajwa enfini yo te prepare nou pou n devni an.

Sa se temwayj mwen ak enb priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.