2010–2019
Louanj pou moun ki sove lòt
avril 2016


Louanj pou moun ki sove lòt

Si nou chèche imite amou Sovè a, L ap beni nou e l ap fè tout efò nou pou sove maryaj nou ak fòtifye fanmi nou yo pwospere.

Sa gen kèk ane, m te nan Tanp Francfort la an Almay lè m te remake yon koup granmoun ki te kenbe men. Tandrès ak afeksyon youn te montre pou lòt la te rechofe kè mwen.

M pa konn poukisa sèn sa a te touche m si pwofondeman konsa. Petèt sete dousè lanmou de moun sa yo te santi youn pou lòt la—tankou yon senbòl evidan sou pèseverans yo ak angajman yo. Sa te klè ke doup sa a te ansanm pandan anpil tan epi afeksyon yo youn pou lòt se toujou vivan ak solid.

Yon sosyete pwodui ‘jetab’

M panse ke yon lòt rezon ki fè sèn touchan sa a te rete avèk mwen si lontan konsa, se paske li diferan avèk kèk atitid nan epoòk pa nou an. Nan anpil sosyete nan mond lan, tout bagay santle yo “jetab.” Osito ke yon bagay kòmanse ize oubyen l pa fonksyone ankò—oubyen menm kou nou fatige avèk li—nou jete l epi nou ranplase la pa yon lòt—ki pi nouvo, pi alamòd oubyen pi briyan.

Nou fè sa avèk telefon selilè, rad, machin—epi, trajikman, menm avèk relasyon nou.

Pandan ke li ka bon pou dezankonbre lavi nou anba bagay materyèl nou pa bezwen ankò yo, nan zafè bagay ki gen enpotans etènèl yo—tankou maryaj nou, fanmi nou, ak valè nou yo—atitid pou ranplase bagay orijinal yo pa yon bagay ki pi modèn nan kapab pote gwo remò.

M rekonesan dèske m fè pati yon legliz ki bay maryaj ak fanmi valè. Moun toupatou nan mond lan rekonèt manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kòm moun ki gen pi bon maryaj ak pi bon fanmi nan mond lan. M panse ke, anpati, se gras ak verite presye Joseph Smith te retabli yo, ki di maryaj yo ak fanmi yo sipoze etènèl. Fanmi pa kreye jis pou ede rann bagay yo pi fasil pou nou isit sou tè a epi apresa pou nou voye l jete lè nou rive nan syèl la. Okontrè, fanmi se lòd syèl la. Yo se yon reflè modèl selès la ak imitasyon fanmi etènèl Bondye a.

Men maryaj ak relasyon familyal solid yo pa rive pa aksidan, jis paske nou se manm Legliz la. Yo mande travay konstan ak volonte. Doktrin fanmi etènèl la dwe pouse nou pou nou konsakre tout efò nou pou sove ak anrichi maryaj nou ak fanmi nou. Mwen admire e m felisite moun ki prezève ak nouri relasyon etènèl enpotan sa yo.

Jodia, m ta renmen fè lwanj pou moun k ap sove bagay sa yo.

Sove maryaj nou

Atravè ane yo, mwen akonpli anpil òdonans sèlman pou anpil koup plen espwa ak lanmou. M poko janm rankontre koup moun ki, pandan youn ap gade lòt nan chak bò otèl la, te panse yo t ap fini nan divòs ak kè brize.

Malerezman, gen kèk fè li.

Yon jan kanmenm, avèk tan k ap pase, epi atirans womantik la pa menmjan ankò, sa rive ke lantman, youn sispann sispann panse a bonè lòt epi yo komanse remake ti defo yo. Nan kontèks sa a, gen kèk ki tonbe nan konklizyon trajik ke madanm yo pa ase entèlijan, pa ase amizan, oubyen li pa ase jèn. Epi yo kòmanse panse ke sa bay yo jistifikasyon pou yo komanse al chèche lòt kote.

Frè m yo, si deskripsyon sa a sanble w nan yon sans oubyen yon lòt, m avèti w ke w sou yon chemen ki mennen nan maryaj kraze, fwaye kraze, ak kè brize a. M sipliye w pou w sispann kounyea menm, fè demi tou, epi retounen sou chemen entegrite ak fidelite ki mennen nan alyans yo. E, natirèlman, menm prensip yo aplike pou chè sè nou yo tou.

Kounyea, kite m pale ak frè selibatè nou yo ki tonbe nan pyèj pou yo panse ke yo dwe toudabò jwenn “fi pafè” a anvan yo antre seryezman nan koutize ak nan maryaj la.

Frè byeneme mwen, kite m di w, si fi pafè a ta egziste, èske w panse se nan ou menm li t ap enterese?

Nan plan bonè Bondye a, nou pa oblije ap chèche yon moun ki pafè men, yon moun pou, pandan tout lavi nou, nou ka mete ansanm pou kreye yon relasyon eman, dirab, e pi pafè. Sa se objektif la.

Frè m yo, moun ki sove maryaj yo konprann ke bagay sa a mande tan, pasyans, e plis pase tout bagay, li mande benediksyon Sakrifis Ekspiyatwa Jezikri a. Sa mande pou nou janti, pou nou pa gen lanvi, pa chèche pwop enterè pa nou, pa fasilman irite, pa panse sa ki mal, epi rejwi nan laverite, sipote tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, e andire tout bagay. Kivledi, sa mande charite, amou pi Kris la.1

Tout bagay sa yo pap rive toudenkou. Gwo maryaj yo bati blòk pa blòk, jou aprè jou, pandan tout yon lavi.

E sa se yon bon nouvèl.

Paske, kèlkeswa eta relasyon w lan ta ye jodia, si w kontinye ajoute tikal jantiyès, konpasyon, koute, sakrifis, konpreyansyon, jenewozite, lè sa a, w ap vin finalman wè se yon pyramid mayifik ou kòmanse bati.

Si w ta gen enpresyon ke sa pran tout yon etènite, sonje: maryaj reyisi yo la pou letènite! Se poutèt sa, “pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo [maryaj], epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.”2

Sa ka petèt fèt gradyèlman, men, li pa oblije yon bagay tris. Anfèt, si m ta vle deklare yon bagay ki evidan, divòs rive raman lè mari ak madanm kontan?

Konsa, se pou nou kontan!

Epi frè m yo, siprann madanm nou nan fè bagay ki fè kè l kontan.

Moun ki sove maryaj yo chwazi bonè. Byenke gen kèk fòm depresyon kwonik ki efektivman mande yon tretman spesyalize, mwen renmen pawòl sajès sa yo Abraham Lincoln te di yo: “Majorite moun gen bonè selon jan yo deside sa nan lespri yo.” Sa byen tonbe avèk pasaj ekriti ki di: “Chèche, epi w a jwenn” nan.3

Si se enpèfeksyon n ap chèche nan konjwen nou oubyen sous fristrasyon nan maryaj nou, enben, n ap jwenn yo sètènman, paske nou tout genyen. Men, si se bagay pozitif n ap chèche, se sèten n ap jwenn, paske nou tout gen anpil bon kalite tou.

Moun ki sove maryaj yo se moun k ap rache movezèb yo epi wouze flè yo. Yo selebre ti aksyon jantiyès ki fè bèl santiman charite pouse. Moun ki sove maryaj yo sove jenerasyon apre yo tou.

Frè m yo, sonje poukisa nou te tonbe damou.

Travay chak jou pou fè maryaj nou vin pi solid e pi kontan.

Zanmi byenene m yo, an nou fè tout sa ki nan pouvwa nou pou yo ka konte nou pami nanm sakre e kontan sa yo ki sove maryaj yo.

Sove fanmi nou

Jodia, m ta renmen pale pou m fè lwanj moun k ap sove relasyon familyal yo. Chak fanmi bezwen sove.

Osi mèveye sa ye pou n konnen ke moun rekonèt Legliz sa a poutèt fanmi solid li yo, sa ka rive souvan ke nou santi sa ta dwe aplike pou chak fanmi nan Legliz la sof pa nou an. Men reyalite a sèke pa gen okenn fanmi ki pafè.

Chak fanmi gen moman malèz pa yo.

Tankou, lè paran w mande w pou pran yon “Selfie” pou yo, oubyen lè gran tant ou insiste ke rezon ki fè w poko marye se paske w two difisil, oubyen lè bòfrè w panse ke ide politik li yo se menm avèk levanjil la; oubyen lè papa w pran aranjman pou l fè yon foto fanmi an kote chak mound we abiye tankou pèsonaj ki nan fim li pi renmen an.

Epi se ou menm yo bay mete kostim Chewbacca a.

Fanmi yo se konsa.

Nou gen dwa pataje menm eritaj jenetik la, men nou pa menm. Nou gen espri diferan. Nou enfliyanse nan fason diferan pa pwòp eksperyans pa nou. Epi kòm rezilta, nou chak vin tounen yon moun diferan.

Olye ke n ap chèche fòse lòt moun pou yo vin nan menm moul nou fabrike a, nou ka chwazi pou n selebre diferans sa yo epi apresye yo paske yo ajoute richès ak sipriz konstan nan lavi nou.

Sepandan, manm fanmi nou yo konn pafwa fè chwa oubyen fè kèk bagay ki ireflechi, ki blesan, e menm imoral. Kisa nou dwe fè nan ka sa yo?

Pa gen yon solisyon mirak ki aplike pou chak sityasyon. Moun ki sove fanmi yo gen siksè paske yo pran konsèy nan men konjwen yo, yo chèche konn volonte Senyè a, epi koute enspirasyon Sentespri a. Yo konnen ke sa ki bon pou yon fanmi gen dwa pa nesesèman bon pou yon lòt.

Sepandan, gen yon bagay nou ka fè, ki fonksyone nan tout sitiyasyon.

Nan Liv Momon an, yo pale nou de yon pèp ki te dekouvri sekrè bonè a. Pandan plizyè jenerasyon, “pa t gen chirepit. … E reyèlman pa t kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye.” Kijan yo te fè reyisi sa? “Poutèt lanmou Bondye ki te nan kè pèp la.”4

Kèlkeswa pwoblèm fanmi w ap rankontre, kèlkeswa sa w ta dwe fè pou rezoud yo, komansman ak fen solisyon an se charite, amou pi Kris la. San amou sa a, menm fanmi ki parèt pafè yo ka gen difikilte. Avèk amo usa a, menm fanmi ki gen gwo pwoblèm yo reyisi.

“Charie pa janm peri.”5

Sa se vre pou sove maryaj yo! E sa se vre pou sove fanmi yo!

Mete lògèy akote

Gran enemi charite se logèy. Lògèy se youn nan pi gwo rezon ki fè maryaj yo ak fanmi yo gen difikilte. Moun ki gen ògèy la se moun ki gen kolè, ki pa janti, e ki gen lanvi. Moun ki gen ògèy se moun ki egzajere pwòp fòs li epi li inyore kalite lòt moun. Moun ki gen ògèy se moun ki egoyis e yo fasilman iritab. Moun ki gen ògèy wè move entansyon kote ki pa gen bagay konsa epi yo kache feblès yo dèyè fo eskiz. Moun ki gen ògèy se moun ki sinik, ki pesimis, ki renmen fache, ki enpasyan. Anfèt, si charite se amou pi Kris la, lògèy se karakteristik ki defini Satan nan tout sans.

Lògèy gen dwa se yon feblès imen ki kouran. Men, li pa fè pati eritaj espirityèl nou, ni li pa gen plas li pami detantè prètriz Bondye yo.

Frè m yo, lavi a kout. Regrè ka dire lontan---gen kèk ki menm ap gen repèkisyon jis nan letènite.

Fason nou trete madanm nou oubyen pitit nou oubyen paran nou kapab gen yon enfliyans sou jenerasyon k ap vini yo. Ki eritaj ou vle kite pou posterite w? Yon eritaj moun ki andisi, yon eritaj vanjans, kòlè, oswa laperèz? Oubyen yon eritaj lanmou, imilite, padon, konpasyon, ak pwogresyon espirityèl?

Nou tout bezwen sonje ke “Jijman pa gen mizèrikod pou yon moun ki pa t montre mizèrikod.”6

Pou byennèt relasyon familyal nou, pou byennèt nanm nou, tanpri, se pou nou gen mizèrikòd, paske “mizerikod triyonfe sou jijman.”7

Mete lògèy akote.

Sensèman mande pitit ou, madanm ou, fanmi w, oubyen zanmi w padon se pa yon siy feblès men sa montre ke w gen fòs. Èske li pi enpòtan pou w gen rezon pase pou w kiltive yon anviwonman ansèyman, gerizon ak lanmou?

Bati pon; pa kraze yo.

Menm lè ou pa antò---petèt espsyalman lè w pa antò---kite amou venk lògèy.

Si w fè sa, kèlkeswa advèsite w rankontre, l ap pase, epi paske amou Bondye nan kè ou, kontansyon ap sispann. Prensip pou sove relasyon familyal sa yo aplike pou nou tout, keseswa nou marye, divose, vèv, oubyen selibatè. Nou tout kapab vin sovè fanmi solid.

Pi gran amou an

Frè m yo, nan efò nou pou sove maryaj nou ak fanmi nou yo, menmjan nan tout bagay, annou suiv egzanp Moun ki sove nou an. Sovè a te “sove nanm nou pa amou.”8 Jezikri se Mèt nou. Travay Li se travay nou. Se yon travay sali, epi li kòmanse nan fwaye nou.

Nan plan sali a, lanmou se bagay ki dezenterese epi li chèche byennèt lòt. Sa se lanmou Pè Selès nou an genyen pou nou.

Si nou imite amou Sovè a, L ap beni nou e L ap fè efò jis nou pou sove maryaj nou ak fòtifye fanmi nou yo reyisi.

Se pou Senyè a beni nou nan efò fidèl ak enfatigab nou pou n fè pati moun k ap sove lòt yo. Sa se priyè m nan non Jezikri, amèn.