2010–2019
Opozisyon nan Tout Bagay
avril 2016


Opozisyon nan Tout Bagay

Opozisyon pèmèt nou grandi vè sa Papa nou ki nan syèl la ta renmen nou devni.

Pati santral levanjil Jezikri a se plan Sali Papa a pou pwogresyon etènèl pitit Li yo. Plan sa a, yo eksplike nan revelasyon modèn nan, ede nou konprann anpil bagay n ap rankontre nan mòtalite a. Mesaj mwen an santre sou wòl esansyèl opozisyon nan plan sa a.

I.

Objektif lavi mòtèl la pou pitit Bondye yo se pou ba yo eksperyans yo bezwen pou “pou yo pwogrese nan direksyon pèfeksyon epi pou yo rive jwenn desten diven yo alafen kòm eritye lavi etènèl.”1 Kòm Prezidan Thomas S. Monson te anseye nou avèk si anpil pwisans maten an, nou pwogrese lè nou fè chwa, epi nan sa nou pase tès pou n montre n ap chwazi pou n kenbe kòmandman Bondye yo (gade Abraram 3:25). Pou n ka pase tès, nou dwe gen libète pou n chwazi pami opsyon yo. Opozisyon esansyèl pou ban nou opsyon pou egzèse libabit nou.

Rès plan an esansyèl tou. Lè nou fè move chwa—paske n ap toujou fè—nou tache ak peche epi nou dwe lave pou nou kapab avanse vè desten etènèl nou. Plan Papa a ban nou fason pou nou fè sa, fason pou satisfè egzijans jistis etènèl la : yon Sovè peye pri pou rachte nou anba peche nou yo. Sovè sa a se Senyè a, Jezikri, Sèl Pitit Gason Literal Papa Etènèl la, sakrifis ekspyatwa L la—soufrans Li yo—peye pri peche nou yo si nou repanti pou yo.

Youn nan meyè eksplikasyon sou wòl planifye opozisyon an se nan Liv Mòmon an, nan ansèyman Leyi bay pitit gason li, Jakòb.

“Paske dwe gen opozisyon nan tout bagay. Si se pa sa,… pa tap gen lajistis ni lamechanste, ni lasentete ni lamizè, ni byen ni mal”(2 Nefi 2:11 ; gade vèse 15 tou).

Kòm rezilta, Leyi te kontinye konsa, “Se poutèt sa, Senyè Bondye a te pèmèt lèzòm a chwazi pou tèt pa yo. Men, lèzòm pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo si yo pa t nan nan mitan de bagay opoze” (vèse 16). Se menmjan tou, nan revelasyon modèn Senyè a deklare, “Epi li nesesè pou dyab la tante pitit lèzòm, san sa yo pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo”(D&A 29:39).

Opozizyon te nesesè nan Jaden Edèn nan. Si Adan ak Ev pat fè chwa ki te rann mòtalite a posib, nan pawòl Leyi, “yo t ap rete nan yon kondisyon inosans, … yo pa t ap fè byen, paske yo pa t konnen peche” (2 Nephi 2:23).

Depi nan kòmansman an, libabit ak opozisyon te santral nan plan Papa a ak rebelyon Satan kont li a. Jan Senyè a revele bay Moyiz, nan konsèy syèl la Satan “te chèche pou l detwi libabit lòm” (Moyiz 4:3). Destriksyon sa a te esansyèl nan pwojè Satan te prezante a. Li te parèt devan Papa a epi li te di, “Gade, men mwen, voye m, m vle tounen pitit gason w lan, epi m ap rachte tout limanite, konsa pa menm yon sèl nanm p ap pèdi, epi asireman m ap fè sa; se sa ki fè, ban m onè w la” (Moyiz4:1).

Konsa, Satan te pwopoze pou dirije plan Papa a nan yon fason ki t ap anpeche akonplisman objektif Papa a epi bay Satan laglwa Li a.

Pwopozisyon Satan an t ap garanti egalite pafè : li t ap “rachte tout limanite,” pou menm yon sèl nanm pa t ap pèdi. Pa t ap genyen ni libabit ni chwa pou okenn moun epi konsa pa t ap bezwen gen opozisyon. Pa t ap genyen ni tès, ni echèk, ni siksè. Pa t ap gen pwogresyon pou atenn objektif Papa a vle pou pitit Li yo. Ekriti yo rakonte opozisyon Satan an te okazyone yon “gè nan syèl la” (Revelasyon 12:7), kote de tyè nan pitit Bondye yo te genyen dwa pou fè eksperyans lavi mòtèl nan chwazi plan Papa a epi nan rejte rebelyon Satan an.

Plan Satan sete pou bay tèt li onè ak pouvwa Papa a (gade Ezayi 14:12–15; Moyiz 4:1, 3). Papa a di, “Se sa ki fè, poutèt Satan revòlte kont mwen, … m te fè chase l” (Moses 4:3) avèk tout lespri ki te egzèse libabit yo pou swiv li (gade Jid 1:6; Revelasyon 12:8–9; D&A 29:36–37). Paske yo te chase yo desann kòm espri san kò nan mòtalite a, Satan ak disip li yo ap chèche vegle je pitit Bondye yo pou mennen yo kaptif (gade Moyiz 4:4). Alò sete èt mechan sa a, ki te opoze epi lite pou detwi plan Papa a, ki te aksyèlman fasilite l, paske se opozisyon ki rann chwa posib epi se opòtinite fè bon chwa ki mennen nan pwogresyon ki se objektif plan Papa a.

II.

Sa ki trè enpòtan, tantasyon pou fè peche se pa sèl kalite opozisyon ki genyen nan mòtalite a. Papa Leyi te ansenye si Chit la pa t fèt, Adan ak Èv “t ap rete nan yon kondisyon inosans, yo pa t ap gen lajwa, paske yo pa t konnen lamizè” (2 Nefi 2:23). San eksperyans opozisyon nan mòtalite a, “tout bagay se melanj plizyè nan youn” kote pa t ap gen ni bonè ni mizè (vèse 11). Se poutèt sa, Papa Leyi te kontinye, apre Bondye te fin kreye tout bagay, “pou reyalize objektif etènèl li konsènan lèzòm,… sete nesesè pou gen yon opozisyon ; menm pou fwi defandi a nan opozisyon avèk pyebwa lavi a; youn dous, lòt la anmè” (vèse 15).2 Ansèyman l yo sou pati sa a nan plan Sali a fini avèk mo sa yo :

“Men, gade, tout bagay te fèt nan lasajès moun ki konnen tout bagay la.

“Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt ; e lèzòm te fèt pou yo kapab gen lajwa” (vèse 24–25).

Opozisyon nan sikonstans difisil nap rankontre nan mòtalite yo fè pati plan an k ap fè nou pran pwogresyon nan mòtalite a tou.

III.

Nou tout fè eksperyans opozisyon ki mete nou aleprèv. Kèk nan tès nou yo se tantasyon pou peche. Kèk nan yo se difikilte nan mòtalite ki pa gen rapò ak peche pèsonèl nou. Gen kèk ki vreman gwo. Gen kèk ki piti. Gen kèk ki kontinyèl, epi gen kèk ki pa dire lontan. Pa gen nou youn ki egzan. Opozisyon pèmèt nou grandi vè sa Papa nou ki nan syèl la ta renmen nou devni.

Apre Joseph Smith te fin konplete tradiksyon Liv Mòmon an, li te rete pou l jwenn yon moun pou pibliye li. Sa pa t fasil. Pwoblèm longè maniskri a ak pri pou enprime epi ranje dè milye kopi ansanm nan sete yon vrè pwoblèm. Joseph te toudabò al kote E. B. Grandin, yon enprimè nan Palmira, ki te refize. Apresa li t al dèyè yon lòt enprimè nan Palmira, ki te refize l tou. Li te vwayaje al Wòchestè, ki sete yon distans 25 mil (40 km), epi li t al kot piblikatè ki te pi renome nan tout rejyon lwès Nouyòk la, ki te refize l tou. Yon lòt piblikatè nan Wòchestè te vle, men sikonstans te rann posiblite sa a inakseptab.

Plizyè semèn te pase, epi Joseph dwe te boulvèse avèk opozisyon pou l te akonpli manda diven l lan. Senyè a pa t rann li fasil, men li te fè li posib. Senkyèm tantativ Joseph la, yon dezyèm apwòch bò kot piblikatè Palmira a, Grandin, te reyisi.3

Dèzane apre, yo te mete Joseph nan prizon anba sikonstans doulere nan Prizon Libète a pandan plizyè mwa. Lè li te priye pou delivrans, Senyè a te di li “tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w” (D&A 122:7).

Nou tout familye avèk lòt kalite opozisyon nan mòtalite a ki pa vini akoz peche pèsonèl nou, tankou maladi, andikap, ak lanmò. Prezidan Thomas S. Monson te eksplike :

“Pafwa kèk nan nou gen dwa ap kriye nan mitan soufrans nou yo, ap mande poukisa Pè Selès nou an kite nou travèse kèlkeswa eprèv n ap travèse. …

“Men, lavi mòtèl nou pa t janm sipoze fasil oubyen toujou plezan. Papa nou ki nan Syèl la… konnen n ap aprann epi grandi epi vin devlope atravè gwo eprèv, bonjan soufrans, ak chwa difisil. Nou chak fè eksperyans jou fènwa lè nou gen yon moun nou ki mouri, moman soufrans lè nou pèdi sante nou, santiman abandon lè moun nou renmen yo sanble yo abandone nou. Bagay sa yo ak lòt eprèv yo prezante nou veritab tès sou kapasite nou pou andire.”4

Efò nou pou amelyore obsèvans jou Saba a poze yon egzanp opozisyon ki mwens difisil. Nou gen kòmandman Senyè a pou onore Saba a. Kèk nan chwa nou yo kapab vyole kòmandman sa a, men lòt chwa ki gen rapò ak fason nou pase tan nou nan jou Saba a yo senpleman yon kesyon de si nou pral fè sa ki bon selman, oubyen si nou pral fè sa ki meyè oubyen sa ki pi bon an.5

Pou m bay yon egzanp opozisyon ki se tantasyon an, Liv Mòmon an dekri twa metòd dyab la pral anplwaye nan dènye jou yo. Premyèman, li pral “fè raj nan kè pitit lèzòm, e li pral pwovoke yon an kolè kont bagay ki bon.” (2 Nefi 28:20). Dezyèmman, li pral “fè lapè, pou l andòmi [manm yo] nan sekirite chanèl,” pou yo di : “Siyon ap pwospere, tout bagay byen” (vèse 21). Twazyèmman, li pral di yo “pa gen lanfè; epi … M pa dyab, paske pa gen okenn dyab” (vèse 22), epi se konsa pa gen ni byen ni mal. Akòz opozisyon sa a, nou avèti pou nou pa “alèz nan Siyon!” (vèse 24).

Legliz la, nan misyon diven li a, epi nou menm nan lavi pèsonnèl nou sanble ap rankontre anpil opozisyon jodya. Petèt pandan Legliz la ap grandi an fòs epi nou menm manm yo n ap grandi nan lafwa ak obeyisans, Satan ogmante fòs opozisyon li pou nou ka kontinye gen “opozisyon nan tout bagay.”

Kèk nan opozisyon sa a menm soti bò kot manm Legliz yo. Kèk ladan yo ki itilize rezònman oubyen sajès pèsonèl pou reziste anba direksyon pwofèt yo, yo bay tèt yo yon non yo prete nan men gouvènman eli yo—“opozisyon lwayal la.” Kèlkeswa jan sa apwopriye pou yon demokrasi, pa gen okenn jistifikasyon pou konsèp sa a nan gouvènman wayòm Bondye a, kote nou onore kesyon men pa opozisyon (gade Matye 26:24).

Kòm yon lòt egzanp, gen anpil bagay nan ansyen istwa Legliz nou an, tankou sa Joseph Smith te fè oubyen sa l pa t fè nan chak sikonstans, kèk moun itilize kòm yon baz pou opozisyon. Pou nou tout m ap di, egzèse lafwa epi mete konfyans nan ansèyman Sovè a ki di nou dwe “rekonèt yo pa fwi yo”(Matye 7:16). Legliz la ap fè anpil efò pou l transparan avèk rejis nou genyen yo, men, apre tout sa nou ka pibliye, manm nou yo pafwa rete avèk kesyon debaz ki pa ka rezoud avèk etid. Sa se vèsyon istwa Legliz la sou “opozisyon nan tout bagay” la. Pafwa se ak lafwa sèlman nou ka aprann kèk bagay (gade D&A 88:118). Nou dwe plis repoze sou lafwa nan temwayaj nou resevwa nan men Sentespri a.

Bondye raman vyole libabit nenpòt nan pitit Li yo nan fè entèvansyon kont kèk moun pou ede lòt moun. Men, li soulaje fado afliksyon nou yo epi Li ban nou fòs pou nou pote yo, jan L te fè pou pèp Alma a nan peyi Elam nan (gade Mozya 24:13–15). Li pa anpeche tout dezas natirèl, men Li toujou reponn priyè nou fè yo pou bese efè yo oubyen detounen yo, jan L te fè ak siklòn pwisan an ki te menase pou l anpeche konsekrasyon tanp Fidji a;6 oubyen Li redwi efè yo, jan L te fè ak bonbadman teworis ki te detwi telman anpil vi nan ayewopò Briksèl la, men kote sèlman kat misyonè yo te blese.

Atravè tout opozisyon mòtèl, Bondye ban nou asirans L ap “konsakre afliksyon [nou] yo pou byen [nou]” (2 Nephi 2:2). Nou te resevwa ansèyman tou pou nou konprann eksperyans nou yo nan mòtalite a ak kòmandman L yo nan kontèks gran plan Sali L la, ki di nou objektif lavi a epi ki ban nou asirans yon Sovè, nan non Li mwen temwanye verite bagay sa yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Fanmi an : Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Liyawona, Nov. 2010, 129.

  2. Se menmjan, revelasyon modèn ansenye si yo pa t janm goute anmè a yo pa t ap konnen sa ki dous (gadeDoktrin ak Alyans 29:39).

  3. Gade Michael Hubbard MacKay epi Gerrit J.Dirkmaat, Soti nan Fènwa al nan Limyè: Tradiksyon ak Piblikasyon Liv Mòmon an pa Joseph Smith (2015), chapit 9.

  4. Thomas S. Monson, “Lajwa nan Vwayaj la” (diskou ki te fèt nan Konferans Fanm BYU, Me 2, 2008), womensconference.ce.byu.edu. Yon kout tèks sou lespri espòtif ak demokrasi, John S. Tanner, prezidan aktyèl BYU–Hawaii, enkli panse sa sou yon sijè nou tout konnen byen : “Aprann koman pou n pèdi ak diyite se pa sèlman yon devwa sivik ; se yon obligasyon relijye tou. Bondye te konstwi mòtalite a pou asire ‘opozisyon nan tout bagay’ (2 Nephi 2:11). Eprèv ak echèk yo fè pati plan Li a pou pèfeksyon nou an … Defèt jwe yon wòl entegral nan ‘rechèch pèfeksyon’ nou an” (Nòt yon Amatè: Lavi yon Disip nan Akademi a [2011], 57).

  5. Gade Dallin H. Oaks, “Bon, Pi Bon, Meyè,”Liyawona, Nov. 2007, 104–8.

  6. Gade Sarah Jane Weaver, “Rekonsekrasyon an Avanse,” Nouvèl Legliz la, Fev. 28, 2016, 3–4.