2010–2019
Refij kont tanpèt la
avril 2016


Refij kont tanpèt la

Se pa moman sa a ki define refijye yo, men reyaksyon nou ap ede defini kiyès nou ye.

“Paske mwen te grangou, e ou te ban m manje; mwen te swaf, e ou te ban m dlo; mwen te yon etranje, epi ou te resevwa m lakay ou:

“M te toutouni, e ou te ban m rad. …

“… Anverite, m ap di w, chak fwa ou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen w te fè li.”1

Gen apeprè 60 milyon refijye nan mond lan jodia, ki vledi “youn nan chak 122 kretyen vivan … te oblije kite kite lakay yo,”2 epi mwatye ladan moun sa yo se timoun.3 Sa chokan pou n reflechi ak kantite moun sa enplike ak kisa sa vledi nan lavi chak grenn moun sa yo. Tach mwen genyen kounyeya se ann Ewòp, kote yon milyon desan senkant mil nan refijye sa yo te rive nan lespas yon ane, soti nan rejyon ki dechire anba lagè nan peyi Mwayen Oryan yo ak an Afrik.4 Nou wè anpil nan yo vini avèk sèlman rad ki sou yo ak sa yo ka pote nan yon sèl ti valiz. Yon gwo pati ladan yo byen edike, e tout te oblije abandone kay yo, lekòl, ak djòb yo.

Sou direksyon Premye Prezidans la, Legliz la ap travay avèk 75 òganizasyon nan 17 peyi Ewòpeyen. Òganizasyon sa yo varye soti nan gwo enstitisyon entènasyonal rive nan ti asosyasyon kominotè, soti nan biwo gouvènman rive nan zèv òganizasyon layik ak relijye. Nou gen chans pou n kolabore avèk lòt moun k ap travay avèk refijye toupatou nan mond lan pandan plizyè ane epi aprann nan men yo.

Antanke manm Legliz la, antanke yon pèp, nou pa bezwen remonte byen lwen nan istwa nou pou n jwenn moman kote nou menm tou nou te refijye, ki te oblije kite lakay nou ak fèm nou yo anba vyolans ankò epi ankò. Wikenn pase a, an palan de refijye yo, Sè Linda Burton te mande medàm yo nan Legliz la pou yo te mande tèt yo “E si istwa yo a sete istwa pa m?”5 Istwa yo a se istwa nou te viv, sa pa gen twò twò lontan.

Gen anpil deba chaje ak agiman nan gouvènman yo ak nan sosyete a osijè definisyon yon refijye ak sa ki ta dwe fèt pou ede refijye yo. Remak mwen yo se pa nan entansyon pou m patisipe nan diskisyon anflame sa a, ni pou fè komantè sou politik imigrasyon, men olyesa, m vle konsantre sou moun ki oblije kite lakay yo ak peyi yo akòz lagè yo pa t menm deklanche yo.

Sovè a konn kisa savledi pou yon moun se refijye—Li sete youn. Pandan l te tou piti, Jezi ak fanmi Li te oblije kouri al an Ejip pou yo te chape anba epe fannfwa Ewòd yo. Nan plizyè moman pandan ministè Li, Jezi te twouve L menase e lavi Li te andanje, finalman li te soumèt anba plan moun mechan ki te konplote lanmò Li a. Konsa, sa petèt pi remakab pou nou ke L te toujou ap anseye nou pou youn renmen lòt, pou renmen jan L renmen an, pou renmen pwochen nou menmjan ak tèt nou. Vrèman, “Relijyon pi e san tach devan Bondye ak Papa a se sa a, vizite vèv yo ak òfelen yo nan afliksyon yo “6 epi pou “voye je sou pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, epi travay pou byennèt yo pou yo pa soufri.”7

Sa te touchan pou n te temwen sa manm Legliz yo toupatou nan mond lan te bay avèk jenewozite pou ede moun sa yo ak fanmi sa yo ki pèdi si anpil yo. Nan tout Ewòp la an patikilye, m te wè anpil manm Legliz ki te santi yon santiman lajwa ak anrichisman nan nanm yo pandan yo t ap reponn a dezi pwofon sa a ki andedan yo pou lonje lamen pou sèvi moun ki nan bezwen ekstrèm bò kote yo. Legliz la te founi abri ak swen medikal. Pye yo ak misyon yo te rasanble dè milye kit ijyèn. Gen lòt pye ki te bay manje ak dlo, rad, manto enpèmeyab, bekann, liv, valiz, linèt, ak plis ankò.

Moun soti nan Lekòs ak nan Sisil te entèvni nan tout wòl imajinab. Doktè ak enfimyè te ofri sèvis yo nan lye kote refijye yo te rive tou mouye, tou frèt, e souvan twomatize akòz dlo yo te oblije travèse yo. Pandan refijye yo ap kòmanse pwosesis reyenstalasyon yo, manm lokal yo ap ede yo aprann lang peyi a, pandan lòt moun ap bay timoun yo ak paran yo ankourajman nan ofri yo jwèt, founiti atistik, mizik ak divètisman. Gen kèk ki pran fil, zegui, ak kwochè yo te ofri kòm don pou anseye refijye granmoun kou timoun talan sa yo.

Gen manm plen eksperyans nan Legliz la ki gen dèzane sèvis ak lidèchip ki temwaye ke nan sèvi moun sa yo ki vrèman bezwen èd imedyatman an, yo viv eksperyans ki pi rich ak pi edifyan yo te janm fè nan sèvis yo jiskisit.

Se wè pou n ta wè sitiyasyon sa yo ak je nou pou n ta kwè yo. Ann ivè m te rankontre pami anpil lòt moun nan yon kan refijye tranzit, yon fi ansent ki te soti nan peyi Lasiri ki te dezespereman ap chèche asire li pa ta pral oblije akouche tibebe l la sou atè frèt la nan gwo sal kote yo te mete l la. Nan Lasiri, li sete yon pwofesè inivèsite. Epi, nan peyi Lagrès, mwen te pale avèk yon fanmi ki te tou mouye, ki t ap tranble, e ki te pè anpil paske yo te fè vwayaj la nan yon ti bato an kawoutchou soti nan peyi Latiki. Apre m te fin gade nan je yo e tande istwa yo, ni sou sitiyasyon efreyan yo te kite a, ni sou vwayaj danjere yo te antreprann pou yo te chèche refij la, m p ap janm menm moun nan ankò.

Gen yon gwo kantite travayè imanitè devwe ki te bay èd ak swen, anpil nan yo se volontè. M te wè aksyon yon manm Legliz la ki, pandan plizyè mwa, te travay tout lannuit, pou reponn ak bezwen imedyat moun ki t ap rive soti Latiki vin nan Lagrès yo. Pami pil lòt aktivite, li te administre premye swen pou moun ki te gen bezwen medikal kritik yo ; li te veye pou fi ak timoun ki t ap vwayaje poukont yo te byen okipe ; li te kenbe sa k te gen moun ki te mouri pandan vwayaj yo nan men li, epi li te fè tout sa l te kapab pou adapte resous limite l yo ak bezwen san limit yo. Li menm, ansanm ak anpil lòt moun tankou li, sete vrèman yon zanj ki t ap sèvi, e moun li t ap sèvi yo p ap bliye aksyon li, ni Senyè a l t ap travay pou Li a.

Tout moun ki bay tout yo menm pou soulaje moun toutotou yo ki nan soufrans, yo tankou pèp Alma a: “Epi sete konsa, avèk richès yo te genyen, yo pa t ranvwaye pèsonn ki te toutouni, ni moun ki te grangou, ni moun ki te swaf, ni moun ki te malad, oubyen moun ki pa t gen manje; … yo te sèvi tout moun menm jan an, ni granmoun ak jèn moun, ni esklav ak lib, ni gason ak fi, ni moun ki nan legliz ak moun ki pa t nan legliz, yo pa t fè eksepsyon pèsonn ki te nan bezwen.”8

Nou dwe veye pou nouvèl sou sitiyasyon dezespere refijye yo pa vin tounen yon senp nouvèl banal, lè premye chòk yo disparèt, paske lagè yo ap kontinye epi fanmi yo ap kontinye vini. Dè milyon refijye atravè mond lan, ki gen istwa yo ki pa nan nouvèl ankò, toujou nan bezwen dezespere pou yo jwenn èd.

Si n ap mande “Kisa m ka fè?” annou toudabò sonje nou pa dwe neglije fanmi nou ak lòt responsablite nou pou n sèvi yo,9 ni tou nou pa dwe atann pou dirijan nou yo òganize pwojè pou nou. Men, antanke jèn, antanke gason, fi, ak fanmi, nou ka patisipe nan gwo travay imanitè sa a.

Kòm repons pou envitasyon Premye Prezidans lan pou patisipe nan sèvis kretyen pou refijye nan tout mond la,10prezidans jeneral Sosyete Sekou, Jènfi, ak Primè yo òganize yon efò sekou ki rele “Mwen sete yon Etranje.” Sè Burton te prezante l bay medam yo nan Legliz la wikenn pase a nan sesyon jeneral fi yo. Gen anpil ide, resous, ak sigjesyon itil pou sèvis nan IWasAStranger.lds.org.

Komanse mete w ajenou nan lapriyè. Apresa, reflechi sou sa ou kapab fè tou pre lakay ou, nan kominote ou, kote w ap jwenn moun ki bezwen èd pou adapte ak nouvo sitiyasyon yo a. Bi final la se retabli yo nan yon lavi travay ak otonomi.

Posiblite pou nou lonje lamen epi vin yon zanmi yo san fen. Ou gen dwa ede refijye yo pou yo aprann lang nouvo peyi yo a, pou yo mete konpetans pwofesyonèl yo ajou pou travay, oubyen antrene yo pou entèvyou travay. Ou ka ofri pou w konseye yon fanmi oubyen yon manman selibatè pandan tan adaptasyon yo nan kilti ki pa familye pou yo a, menm avèk yon bagay osi senp tankou akonpaye yo al nan mache oubyen nan lekòl. Kèk pawas ak pye gen òganizasyon kredib yo deja ap travay avèk yo. Epi, selon mwayen ou, ou ka bay don nan fon imanitè ekstraòdinè Legliz la.

Anplis sa, nou chak ka chèche pi byen konnen evenman yo nan mond lan ki lakoz fanmi sa yo oblije ap kite lakay yo a. Nou dwe pran pozisyon kont entolerans epi defann respè ak konpreyansyon ant diferan kilti ak tradisyon yo. Rankontre avèk fanmi refijye yo epi tande istwa yo ak pwòp zòrèy pa w, pa sèlman nan televizyon ak nan jounal, ap chanje ou. Gen vrè amitye k ap devlope ki pral enspire konpasyon ak yon entegrasyon reyisi.

Senyè a kòmande pou pieu Siyon yo vin “yon defans” ak “yon refij kont tanpèt la.”11 Nou gen tan jwenn refij. Annou soti nan ezans nou pou n pataje avèk yo, nan abondans nou an, espwa pou yon bèl fiti, lafwanan Bondye ak nan pwochen nou, ak lanmou ki gade odela diferans kiltirèl ak ideyolojik pou al nan verite gloriye ki di nou tout se pitit Papa nou ki nan Syèl la.

“Paske, Bondye pa ban nou yon lespri timidite, men yon lespri fòs, ak yon lespri lanmou.”12

Vin yon refijye se ka yon moman desizif nan lavi moun ki se refijye yo, men se pa tèm refijye a ki dwe defini yo. Menmjan ak dè milye moun ki te vin anvan yo, sa pral yon etap—nou espere yon etap ki kout—nan lavi yo. Kèk nan yo ka petèt travay pou vin loreya pou Pri Nobèl, fonksyonè, doktè, syantis, mizisyen, atis, dirijan relijye, e pote kontribisyon nan lòt domèn. Anfèt, anpil nan yo te deja jwe wòl sa yo anvan yo te pèdi tout bagay la. Se pa moman sa a ki defini kiyès yo ye, men reyaksyon nou an ap defini kiyès nou ye nou menm.

“Anverite, m ap di w, chak fwa ou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen w te fè li.”13 Nan non Jezikri, amèn.

Pou plis enfòmasyon, gade IWasAStranger.lds.org epi mormonchannel.org/blog/post/40-ways-to-help-refugees-in-your-community.