2010–2019
Soutni Dirijan Legliz yo
avril 2016


Soutni Dirijan Legliz yo

Èske nou soutni dirijan Legliz yo nan yon moun k ap antre nan fènwa pou nou kapab simaye Limyè Kris la?

Nou di yon byenveni plen chalè a Otorite Jeneral, Swasanndis Otorite Zòn, ak nouvo prezidans jeneral Primè ki fèk aple yo. Avèk anpil apresyasyon, nou remèsye sa ki te relve yo. Nou renmen nou, nou chak.

Chè frè m ak sè m yo, nou sot patisipe nan youn nan pi bèl eksperyans yo lè nou te leve men nou pou nou soutni, pwofèt, vwayan, ak revelatè yo ak lòt dirijan ak ofisye jeneral yo Bondye aple nan jou sa yo. Mwen pa janm pran okazyon nou genyen pou soutni sèvitè Senyè sa yo epi pou yo dirije nou an alalejè ni vagman. Epi, antanke yon moun ki te resevwa nouvo apèl kòm manm Kolèj Douz Apot yo sa gen jis pandan kèlke mwa, mwen te pwofondeman touche pa vòt soutyen nou ak konfyans nou. Sa te touche m lefèt ke nou te dispoze pou soutni mwen menm ak gwo dirijan sa yo.

Pa twò lontan apre nou te soutni m an Oktòb pase a, m te vwayaje ale Pakistan, pou yon tach yo te ban mwen epi, pandan mwen te la a, m te rankontre Sen remakab ak devwe yo ki nan peyi sa a. Yo pa anpil, men yo vrèman spirityèl. Yon ti tan apre’m tounen lakay, mwen te resevwa mesaj sa a nan men Frè Shakeel Arshad, youn nan manm ki chè pou mwen ke m te rankontre pandan vizit la: “Mèsi Èldè Rasband, poutèt ou te vin Pakistan. M vle di w ke nou menm … manm Legliz yo … nou soutni ou e nou renmen ou. [Nou] gen anpil chans paske ou te vini epi nou te tande pawòl ou. Se te senpleman yon jou eksepsyonèlman memorab nan lavi fanmi m paske nou te rankontre yon Apot.”1

Rankont avèk Sen tankou Frè Arshad sete yon eksperyans boulvèsan ak emouvan epi, pou m itilize mo pa l yo “yon jou eksepsyonèl” pou mwen tou.

An Janvye, dirijan Legliz yo te patisipe nan yon emisyon fasafas avèk jèn yo ak dirijan yo, ak paran yo toupatou nan mond lan. Emisyon sa a te retransmèt andirèk sou entènèt la nan anpil kote nan 146 peyi; nan kèk kote, yo te reyini nan gwo asanble nan chapèl yo, epi nan kèk lòt, te gen yon sèl grenn jèn ki te lakay li. Ototal, dè santèn milye moun te patisipe.

Imaj
Fasafas avèk Èldè Rasband, Sè Oscarson, ak Frè Owen

Konekte avèk gwo asanble nou an, Sè Bonnie Oscarson, Prezidant Jeneral Jènfi yo; Frè Stephen W. Owen, prezidan jeneral Jènjan yo; avèk mwen—avèk sipò jèn animatè, mizisyen nou yo, ak lòt moun—te reponn kesyon jèn yo.

Imaj
Tèm Mityèl 2016

Objektif nou sete pou prezante yo tèm jèn yo pou ane 2016 la: “Avanse avèk fèmte nan Kris la” de 2 Nefi chapit 31, vèsè 20, ki li: “Se poutèt sa, nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl.”2

Lè nou te li plizyè santèn kesyon jèn nou yo, kisa nou te aprann? Nou te aprann ke jèn nou yo renmen Senyè a, yo soutni dirijan yo, epi yo gen dezi pou jwenn repons pou kesyon yo genyen yo! Kesyon se yon endikasyon sou dezi pou aprann plis, pou ajoute sou verite sa yo ki gen deja anplas nan temwanyaj nou yo, ak pou pi byen prepare pou “avanse avèk fèmte nan Kris la. ”

Retablisman levanjil la te kòmanse ak yon jèn, Joseph Smith, ki t’ap poze on kesyon. Anpil nan enstriksyon Sovè a pandan ministè Li te kòmanse avèk yon kesyon. Sonje kesyon L te poze Pyè: “Kiyès ou di Mwen ye?”3 E repons Pyè: “Ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.”4Nou youn bezwen ede lòt jwenn repons Papa nou ki nan Syèl la atravè gidans Lespri a.

Nan emisyon an, m te di jèn yo:

“Dirijan Legliz yo nan Legliz sa a pa etranje a pwoblèm, preyokipasyon, ak difikilte nou yo.”

“Yo gen pitit. Yo gen pitit pitit. Yo reyini souvan avèk jèn toupatou nan mond lan. E yo priye pou nou, yo pale de nou nan kote ki pi sakre yo, e yo renmen nou.”5

Mwen ta renmen pataje youn nan plizyè kòmantè nou te resvwa apati evènman sa a.

Lisa ki soti Gran Preri, nan Alberta, Canada te ekri: “Emisyon fasafas sa a te mèveye. Se bonjan fòs pou temwanyaj mwen ak konviksyon mwen konsènan levanjil la. Se yon gwo benediksyon sa ye pou nou gen dirijan enspire ki aple pou sèvi nan si anpil apèl diferan konsa.”6

Liz, ki soti Pleasant Grove, Utah, ki te ekri avan sa: “Mwen rekonesan pou lafwa m genyen ak pou opòtinite pou soutni yon pwofèt Bondye ak dè gason ak fi k ap sèvi avèk li.”7

Jodia nou te soutni dirijan ki aple pa enspirasyon divin pou ansenye nou ak gide nou e ki avèti nou pou nou fè atansyon a danje n ap rankontre chak jou yo—soti nan pran Jou Saba a alalejè, rive nan menas ki peze sou fanmi yo, atak kont libète relijyon, e menm fè kont osijè revelasyon dènye jou yo. Frè m ak sè m yo, èske nou koute konsèy yo?

Plizyè fwa nan konferans, nan reyinyon Sentsèn, ak nan Primè, nou konn chante pawòl touchan sa yo: “Conduis-moi et marche avec moi.”8 Kisa mo sa yo vle di pou nou? Ak kiyès nou panse lè nou panse a mo sa yo? Èske nou konn santi enfliyans dirijan jis, disip Jezirkri, nan tan pase yo e jiska jodia, ki touche lavi nou, ki mache sou chemen Senyè a avèk nou? Yo petèt lakay nou. Yo gen dwa nan kongregasyon nou an, oubyen yo pale sou chè a nan konferans jeneral. Disip sa yo pataje avèk nou benediksyon ki asosye avèk lè nou gen yon temwanyaj konsènan Senyè a, Jezikri, dirijan Legliz sa a, kapitèn nanm nou, ki te pwomèt: “Pa pè, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou.”9

Mwen sonje Prezidan Thomas S. Monson te rakonte istwa kote yo te envite l lakay prezidan pieu li, Paul C. Child pou te prepare l pou avansman li nan Prètriz Mèlkisedèk la. Ala yon benediksyon espesyal sa te ye pou Prezidan Child, ki nan moman sa a pa t konnen ke l t ap anseye yon jèn tigason Prètriz Aawon ki ta pral vin yon pwofèt Bondye yon jou.10

Mwen konn gen pwòp moman aprantisaj pa m nan men chè pwofèt nou an, Prezidan Monson. Pa gen dout nan lespri m ni nan kè m ke l se pwofèt Bondye sou tè a; mwen se yon enb temwen sou revelasyon li resevwa epi aji konsènan yo. Li ansenye nou pou nou youn ede lòt, pou nou youn pwotejelòt, pou nou youn sekouri lòt. Se sa yo te anseye nan Dlo Mòmon yo. Moun ki gen dezi “pote non pèp li a” te dispoze pou “youn pote chay lòt,” “pou kriye ak moun k’ap kriye,” epi “kanpe kòm temwen Bondye.”11

Jodia, mwen kanpe kòm temwen Bondye Papa Etènèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Mwen konnen Sovè nou an vivan e li renmen nou epi L ap dirije sèvitè L yo, nou menm avèk mwen, pou akonpli gwo travay Li a sou tè a.12

Lè nou mache avèk fèmte, pandan n ap chwazi pou n suiv direksyon ak avètisman dirijan nou yo, nou chwazi pou nou suiv Sovè a tandiske mond lan apral nan yon lòt direksyon. Nou chwazi pou nou kenbe ba fè a byendi, pou nou kapab Sen Dènye jou, k áp fè travay Bondye, e ki ranpli “avèk gwo lajwa.”13

Kesyon k ap soulve jodia klè: èske nou soutni dirijan Legliz yo nan yon moun k ap antre nan fènwa pou nou kapab simaye Limyè Kris la?

Relasyon nou avèk dirijan yo enpòtan e siyifikan. Kèlkeswa laj yo, ke yo lwen ou pre, oubyen kèlkeswa moman yo touche lavi nou an, enfliyans yo reflete pawòl powèt Ameriken an, Edwin Markham, ki te di:

Gen yon destine ki fè nou vin frè:

[Okenn moun] pap fè chemen an tou sèl:

Tout sa nou voye nan lavi lòt moun

Ap retounen vin nan pwòp lavi pa nou.14

Shakeel Arshad, zanmi m nan Pakistan an, te soutni mwen menm, frè l la, ak zanmi l la. Anpil nan nou fè sa tou. Lè nou lonje lamen nou pou nou youn leve lòt, nou pwouve pawòl puisan sa yo: “[Okenn moun] pa fè chemen an tou sèl.”

Plis pase tout bagay, nou bezwen Sovè nou an, Senyè nou an, Jezikri. Youn nan istwa nan ekriti yo ki toujou touche m espirityèlman se istwa kote Jezikri te mache sou dlo a pou al rankontre disip Li yo ki t’ap vwayaje nan yon bato sou lanmè Galile a. Yo sete dirijan, ki te fenk aple menm jan ak anpil nan nou menm sou chè a jodi a. Istwa sa a ekri nan Matye:

‘Men kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t’ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.”

“Epi douvanjou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo.

“Epi lè disip yo te wè l’ap mache sou dlo a, yo te twouble, e yo te tèlman pè yo rele.

“Menm lè a, Jezi te pale ak yo, Li di, Pran tèt nou; se Mwen menm; nou pa bezwen pè.”15

Pyè te tande bèl apèl ankourajman sa a nan men Senyè a.

“Epi Pyè te reponn li e te di, Senyè, si se ou menm, kite m’vin jwenn ou sou dlo a.

“Epi [Jezi] te di, Vini.”16

Trè fouge. Pyè sete yon pechè, e li te konn tout danje lanmè yo. Men, li te angaje pou suiv Jezi—lannuit kou lajounen, nan bato oubyen sou tè sèk.

Mwen ka imajine ke Pyè te vole soti nan bato a, san l pa tann yon dezyèm envitasyon, e li te kòmanse mache sou dlo a. Efektivman, ekriti yo di: “Li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.”17 Lè fòs van an te ogmante epi vag yo te kòmanse kouvri pye li, Pyè te vin “pè; epi li te kòmanse koule, li te pran rele, l te di, Senyè, sove m non!

“Epi imedyatman Jezi te lonje men Li epi L te pran Pyè.”18

Ala yon gwo leson! Senyè a te la pou li, menm jan Li la pou ou menm avèk mwen. Li te lonje men L epi Li te rale Pyè mennen l ansekirite.

Anpil fwa m konn bezwen Sovè a ak men sekourab li nan plizyè okazyon. Mwen bezwen L kounyea plis pase jamè oparavan, menm jan nou tout bezwen l lan. Mwen konn santi m konfyan tanzantan pou m vole kite bato a, figirativman palan, pou m ale nan lye enkoni, jis pou m reyalize ke m pa ka fè sa poukont mwen.

Jan nou te pale sa nan Fasafas nou an, Senyè a souvan lonje lamen ba nou palentèmedyè fanmi nou ak dirijan nou yo, pou envite nou pou n vin jwenn ni— jan L te lonje men l pou Li te sove Pyè a.

Ou menm tou w ap gen anpil okazyon pou w reponn envitasyon souvan sa a pou “vin jwenn Kris la.”19Èske se pa rezondèt lavi mòtèl sa a? Se ka petèt apèl pou w sekouri yon manm fanmi, pou al fè yon misyon, pou retounen legliz; pou al nan tanp; epi, jan nou te tande sa pa gen twò lontan nan emisyon Fasafas nou an avèk jèn yo, vini, tanpri ede m reponn kesyon m nan. Lè moman an rive, nou chak ap tande apèl pou “Tounen lakay” la.

Mwen priye pou nou lonje lamen—lonje men nou pou nou pran men Sovè a lonje ba nou an, souvan atravè dirijan L yo ki aple divinman yo ak manm fanmi nou—epi pote atansyon a apèl Li pou nou vin jwenn ni an.

Mwen konnen Jezikri vivan; mwen renmen Li, e mwen konnen ak tout kè m ke Li renmen chak grenn nan nou. Li se gwo Egzanp nou e dirijan diven tout pitit Papa nou yo. Konsènan sa mwen rann temwenyaj solanèl mwen, nan non Jezikri, amèn.