2010–2019
“Pou m kapab atire tout moun kote m”
avril 2016


“Pou m kapab atire tout moun kote m”

Lè nou pwoche pi pre Bondye, pouvwa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ap manifeste nan lavi nou.

Lè m te abite an Afrik la, m te konn mande Èldè Wilford W. Andersen nan Swasanndis yo konsèy sou fason pou m te ka ede Sen yo ki t ap viv nan pòvrete yo. Youn nan ide remakab li te pataje avèk mwen sete: “Plis distans la gwo ant moun k ap bay la ak moun k ap resevwa a, se plis moun k ap resevwa gen tandans pou panse ke moun k ap bay la dwe li.”

Prensip sa a alabaz sistèm antrèd Legliz la. Lè manm yo pa ka reponn a bezwen yo, yo adrese fanmi yo dabò. Apresa, si nesesè, yo ka mande dirijan lokal Legliz yo pou ede yo reponn bezwen tanporèl yo1 Manm fanmi yo ak dirijan Legliz lokal yo se moun ki pi pwòch moun ki nan bezwen yo, souvan yo konn travèse menm sikonstans yo, epi yo pi byen konprann kijan pou yo ede. Akoz yo pi pre moun k ap bayo a, moun ki resevwa èd selon chema sa a gen rekonesans, e yo gen mwens tandans pou panse ke yo dwe yo.

Konsèp—“Plis distans la gwo ant moun k ap bay la ak moun k ap resevwa a, se plis moun k ap resevwa a gen tandans pou panse ke moun k ap bay la dwe l” la—gen aplikasyon espirityèl pwofon tou. Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason L la, Jezikri, se pi gwo Donatè yo. Plis nou pran distans avèk yo se plis nou santi ke yo dwe nou. Nou kòmanse panse ke nou merite lagras epi yo dwe nou benediksyon. Nou vin plis anplis dispoze pou chèche bò kote nou, pou nou jwenn inegalite, pou nou vin mekontan—menm ofanse—akoz enjistis nou sispèk la. Pandan ke enjistis la ka kòmanse depi nan ti bagay ensiyifyan al nan gwo gwo yo, lè nou lwen Bondye, menm ti inegalite yo parèt gran. Nou panse ke Bondye gen obligasyon pou l regle bagay yo—epi regle yo tousuit!

Liv Mòmon an montre diferans sa fè lè nou pwoche nou kot Pè Selès la ak Jezikri nan kontras klè ki egziste ant Nefi ak ak gran frè l yo, Laman ak Lemyèl:

  • Nefi te gen “gwo dezi pou konnen mistè Bondye yo, se poutèt sa, li te kriye nan pye Senyè a” epi kè l te touche.2 Yon lòtbò, Laman ak Lemyèl te pran distans yo avèk Bondye—yo pa t konnen Li.

  • Nefi te aksepte responsablite difisil yo san plenyen, men Laman ak Lemyèl “te plenyen nan anpil bagay.” Plenyen se ekivalan timoun kap fè rechiya nan ekriti yo. Ekriti a di konsa “yo te plenyen paske yo pat konnen relasyon yo avèk Bondye sa a ki te kreye yo a.”3

  • Paske Nefi te pwòch Bondye sa te pèmèt li rekonèt ak apresye “mizèrikòd byenveyan”4 Bondye yo. Kontrèman, lè Laman ak Lemyèl te wè benediksyon Nefi te resevwa, yo “te fache kont li paske yo pat konnen relasyon yo avèk Bondye.”5 Laman ak Lemyèl te konsidere benediksyon yo te resevwa yo kòm bagay yo te dwe yo epi avèk iritasyon, yo te asime ke yo te merite plis toujou. Sanble yo te konsidere benediksyon Nefi yo kòm “tò” ki te komèt kont yo. Nan ekriti yo, sa se ekivalans moun ki pa satisfè ki panse lòt moun dwe yo.

  • Nefi te egzèse lafwa nan Bondye pou l akonpli sa yo te mande l pou l fè yo.6 Kontrèman, Laman and Lemyèl, “paske yo te fè kè di, … yo pat chèche Bondye jan yo ta dwe a.”7 Sanble yo te santi Senyè a te oblije reponn kesyon yo te genyen yo san yo pat poze kesyon yo. Yo te di: “Senyè a pa fè nou konnen bagay konsa,” men, yo pat menm fè efò pou yo mande.8 Nan ekriti yo, sa ekivalan avèk yon septik ki sinik.

Paske yo te lwen Sovè a, Laman ak Lemyèl te plenyen, yo te vin chèche kont, epi yo te san lafwa. Yo te santi lavi a pat jis epi Bondye te gen obligasyon pou fè yo gras. An kontras, paske l te pwoche pre Bondye, Nefi dwe te rekonèt ke lavi a pa t ap jis pou Jezikri. Malgre L te konplètman inosan, Sovè a t ap soufri plis.

Plis nou pwoche kote Jezikri nan panse nou ak entansyon kè nou, se plis n ap apresye soufrans inosan Li, se plis n ap rekonesan pou gras li ak padon li, e se plis n ap anvi repanti pou nou vin menmjan avèk Li. Distans absoli nou avèk Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri enpòtan, men, direksyon nap pran an pi enpòtan toujou. Bondye pi kontan avèk pechè repantan kap eseye pwoche kote l la pase moun ki konprann yo jis, k ap chèche fot nan lòt moun, tankou Farizyen ak direktè lalwa yo nan tan lontan an, ki pa reyalize konbyen yo bezwen repanti.9

Lè m te piti, m te kon chante yon chan Noèl Swedwa ki anseye yon leson senp ki siyifikatif anpil—pwoche pi pre Sovè a nou chanje. Men sa pawòl yo di:

Lè maten Noèl briye

M vle al nan etab la,

Kote Bondye, nan lannuit la

Deja ap repoze sou pay la.

Ou te sitèlman bon ke ou te vle

Desann sou latè!

Kounyeya, m pap janm anvi gaspiye

Laj anfans mwen nan peche ankò!

Jezi, nou bezwen Ou,

Ou menm, zanmi timoun yo.

M pa vle fè w tris ankò

Avèk peche m yo.10

Lè nou senbolikman ale nan etab la nan Betleyèm nan, “kote Bondye, nan lannuit la, deja ap repoze sou pay la,” nou ka pi byen rekonèt Sovè a kòm you don nan men yon Pè Selès janti ak eman. Olye pou nou ta santi li dwe nou benediksyon ak gras Li, nou devlope yon dezi pwofon pou n sispann fè Bondye plis lapenn.

Kèlkeswa direksyon oswa distans aktyèl nou pa rapò avèk Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri, nou ka chwazi tounen al jwenn yo e pwoche pi pre Yo. Yap ede nou. Jan Sovè te di Nefit yo apre Rezirèksyon Li a:

“Epi Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a; epi apre yo fin leve m sou kwa a, pou m kapab atire tout moun kote m. …

“Epi se poutèt sa m te leve; kounyeya, dapre pouvwa Papa a, m ap atire tout moun vin kote m.”11

Pou nou pwoche pi pre Sovè nou an, nou dwe ogmante lafwa nou nan Li, fè alyans epi kenbe yo, epi pou nou gen Sentespri a avèk nou. Nou dwe aji avèk lafwa, pandan n ap suiv direksyon espirityèl nou resevwa yo. Tout eleman sa yo reyini nan Sentsèn nan. Reyèlman, pi bon fason m konnen pou n pwoche pi pre Bondye se prepare nou avèk konsyans epi pran sentsèn nan avèk diyite chak semèn.

Yon zanmi nou nan Afrik Disid te rakonte kijan li te vin reyalize bagay sa a. Lè Diane te yon nouvo konvèti, li tal nan yon branch andeyò Johannesburg. Yon Dimanch, pandan l te chita nan asanble a, jan chapèl la te bati a te lakoz dyak la pa t wè l lè l t ap distribye sentsèn nan. Diane te desi, men li pat di anyen. Yon lòt manm te remake sa epi li te mansyone sa bay prezidan branch la apre Sentsèn. Pandan Lekòl didimanch t ap kòmanse, yo te mennen Diane al nan yon sal ki te vid.

Yon detantè prètriz te vini. Li te ajenou, li te beni pen, epi l te ba li yon moso. Li te manje l. Li te ajenou ankò epi l te beni dlo epi l te ba li yon ti goblè. Li te bwè l. Apresa, Diane te gen de panse rapid ki te vin nan tèt li: Premyèman, “li [detantè prètriz la] te fè sa pou mwen sèlman.” Epi apre sa, “Li [Sovè a] te fè sa pou mwen sèlman.” Diane te santi amou Papa nou ki nan syèl la.

Lè l te reyalize ke sakrifis Sovè a sete presizeman pou li, sa te ede l rapwoche Sovè a, e nouri nan limenm yon dezi pwofon pou kenbe santiman sa a nan kè li, non pa sèlman lè Dimanch, men, chak jou tou. Li te reyalize, malgre li te chita pami yon asanble pou pran sentsèn nan, alyans li te renouvle chak Dimanch yo sete alyans pèsonèl li. Sentsèn nan te ede—epi l kontinye ede—Diane santi pouvwa amou diven an, rekonèt men Senyè a nan lavi li, e rapwoche l pi pre Sovè a.

Sovè te deklare ke sentsèn nan endispansab pou yon fondasyon espirityèl. Li te di:

“Epi m ba nou kòmandman pou nou fè bagay sa yo [pran sentsèn nan]. Epi si nou toujou fè bagay sa yo nou beni, paske nou bati sou wòch mwen an.

“Men nenpòt moun nan pami nou ki fè plis oubyen mwens pase bagay sa yo, yo pa bati sou wòch mwen an; men yo bati sou yon fondasyon sab; epi lè lapli a tonbe, epi dlo desann, e van soufle reapt yo, y ap tonbe.”12

Jezi pat di “si lapli tonbe, si dlo desann, ni si van soufle” men li te di “lè.” Pèson pa epanye anba difikilte lavi yo; nou tout bezwen sekirite ki vini nan pran sentsèn nan.

Jou Rezirèksyon Sovè a, de disip t ap vwayaje al nan yon vilaj ki te rele Emayis. San yo pa t rekonèt Li, Sovè resisite a te vin jwenn yo nan vwayaj la. Pandan yo t ap mache a, Li te anseye yo nan ekriti yo. Lè yo te rive nan destinasyon yo a, yo te envite L dine avèk yo.

“Epi se te konsa, pandan L te chita ap manje avèk yo, li te pran pen, epi l te beni l, epi l te kase l, epi l te ba yo.

“Epi je yo te ouvri, epi yo te rekonèt li; epi l te disparèt devan je yo.

“Epi youn te di lòt: Èske kè nou pat cho andedan nou, pandan nou tap pale avèk li sou wout la, ak pandan l te ouvri ekriti yo ban nou?

“Epi yo te leve menm lè a, yo te retounen Jerizalèm, epi yo t al jwenn [Apot yo] ki te rasanble ansanm.”

Epi yo te temwaye bay Apot yo: “Senyè a reyèlman resisite. …

“Epi yo te rakonte bagay ki te pase sou chemen an, ak kouman yo te rekonèt li nan fason l te kase pen an.”13

Sentsèn nan reyèlman ede nou rekonèt Sovè nou an. Li raple nou soufrans li kòm inosan. Si lavi a te vrèman jis, oumenm avèk mwen pa tap janm resisite; ou menm avèk mwen pa tap janm ka kanpe san tach devan Bondye. Nan sans sa a, m rekonesan poutèt lavi a pa jis.

An menm tan tou, m ka di san ezite ke gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, alafen, nan plan etènèl bagay yo, pa p gen okenn enjistis. “Tout bagay ki pat jis nan lavi a pral vin jis.”14 Sitiyasyon aktyèl nou gen dwa pa chanje, men, gras a konpasyon Bondye, ak bonte Li ak amou Li, nou tout pral resevwa plis pase sa nou merite, plis pase nou pa tap janm ka genyen, ak plis pase nou ta kapab janm espere. Pwomès li di, “Bondye pral efase tout dlo nan je [nou]; epi pap gen lanmò, ni tristès, ni kriye ankò, ni pap gen onkenn doulè ankò: paske bagay ansyen yo pral pase.”15

Kèlkeswa kote nou kanpe nan relasyon nou avèk Bondye, m envite nou pou nou avanse pipre Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri, Byenfetè ak Donatè siprèm tout bagay ki bon yo. M envite nou pou n al nan reyinyon sentsèn chak semèn pou n pran anblèm sakre yo ki reprezante kò ak san Sovè a. M envite nou pou nou santi Bondye pre nou pandan L ap fè nou konnen L lan, jan L te fè pou disip nan tan lontan l yo, nan “kase pen an.”

M pwomèt nou ke si nou fè sa, n ap santi nou pipre Bondye. Tandans natirèl pou fè rechiya tankou timoun piti yo, atitid ensatisfaksyon yo, ak konpòtman sinik yo ap efase. Santiman sa yo ap ranplase pa santiman pi gwo amou ak rekonesans pou don Pitit Gason an Pè Selès la fè nou an. Lè nou pwoche pi pre Bondye, pouvwa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ap vini nan lavi nou. Epi, menm jan ak disip yo sou chemen Emamiyis la, n ap reyalize ke Sovè a te toujou avèk nou. Konsènan sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade nan Manyèl 2: Administrasyon Legliz la (2010), 6.2. Nan pa of Bay Èd nan Fason Sovè a: Rezime Gid Byennèt pou dirijan yo (bwochi, 2009), nou li, “Lè manm Legliz yo ap fè tout sa yo kapab pou pran swen tèt pa yo epi malgre sa yo pa ka sipòte bezwen nesese yo, yo ta dwe al kote fanmi yo premyeman pou èd. Lè sa pa ase, Legliz la la pou l asiste”

  2. 1 Nefi 2:16.

  3. 1 Nefi 2:11, 12.

  4. 1 Nefi 1:20.

  5. Mozya 10:14.

  6. Gade nan 1 Nefi 17:23–50.

  7. 1 Nefi 15:3.

  8. 1 Nefi 15:9; gade tou nan 1 Nefi 15:8.

  9. Gade nan Lik 15:2; Joseph Smith, nan Istwa Legliz la, 5:260–62.

  10. Burckhardt te ekri chan Noèl la an Alman (1805–82), li te sèvi kòm dyak nan Achidyosèz nan Basel, an Swis. Betty Ehrenborg-Posse te fè tradiksyon Swedwa a an 1851. Tit Swedwa a se “När juldags morgen glimmar.” Anpil tradiksyon te fèt pou pèmèt chan Noèl la ka chante nan mizik tradisyonèl Alman ki itilize generalman. Tradiksyon Anglè nou gen la a, soti nan men sè m nan, (Anita M. Renlund) ak men pa m.

    Lè maten Nwèl la briye

    M vle ale nan etab la,

    |: Kote pandan lannuit la Bondye

    Deja ap repoze sou pay la. :|

    Ou sitèlman bon ke Ou te vle

    Vini sou latè!

    |: Kounyeya, m pa vle gache

    Jou anfans mwen yo nan peche ankò! :|

    Jezi, nou bezwen Ou, Ou menm chè zanmi timoun yo.

    |: M pa vle fè w lapenn

    avèk peche m yo ankò. :|

    När juldagsmorgon glimmar,

    jag vill till stallet gå,

    |: där Gud i nattens timmar

    re’n vilar uppå strå. :|

    Hur god du var som ville

    till jorden komma ner!

    |: Nu ej i synd jag spille

    min barndoms dagar mer! :|

    Dig, Jesu, vi behöva,

    du käre barnavän.

    |: Jag vill ej mer bedröva

    med synder dig igen. :|

  11. 3 Nefi 27:14–15.

  12. 3 Nefi 18:12–13.

  13. See Lik 24:30–35; gade tou nan Lik 24:13–29.

  14. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2004), 52.

  15. Revelasyon 21:4.