2010–2019
Pi gran dirijan yo se pi gran disip
avril 2016


Pi gran dirijan yo se pi gran disip

Pral gen moman kote chemen ki devan nou an ka parèt sonb, men kontinye suiv Sovè a. Li konn chemen an; anfèt, Li se chemen an.

Lè m te gen douzan, papa m te menmen m lachas nan montay yo. Nou te leve a twazè dimaten, nou te sele chwal nou epi nou te pran wout pant plen pyebwa montay la nan yon fènwa total. Byenke m renmen al lachas anpil avèk papa m, nan moman sa a mwen te santi m yon tijan enkyè. M potko janm al nan montay sa yo anvan sa, e m pat kapab wè chemen an--- ni okenn lòt bagay tou! Sèl sa m te ka distenge sete ti limyè flach papa m te pote a ki te bay yon ti limyè fèb sou pye bwapen devan nou yo. E si cheval mwen an glise epi l tonbe---èske papa m t ap wè kote l prale? Men, panse sa a te rekonfòte mwen: “Papa m konnen kote l prale. Si m suiv li, tout bagay ap OKE.”

E tout bagay te OKE. Alafen solèy la te leve, e nou te pase yon bèl jounen ansanm. Pandan nou te kòmanse pran wout tounen lakay nou, papa m te lonje dwèt li sou yon gwo tèt mòn jeyan ki te kanpe pami lòt yo. Li te di “Sa a se Windy Ridge. Se pi bon kote pou al lachas.” Tousuit m te konnen ke m t ap retounen vin monte Windy Ridge yon jou.

Nan ane apre yo, m te konn souvan tande papa m ap pale de Windy Ridge, men nou pat janm retounen---jiskaske yon jou, 20 tan apre, m te rele papa m epi m te di l, “Ann al nan Windy Ridge.” Yon fwa ankò, nou te sele chwal nou epi nou te kòmanse monte montay la. Kounyea, m te yon kavalye trantan ki te gen eksperyans, men m te etone wè ke m te santi menm enkyetid m te santi l lè m te gen douzan an. Men papa m te konn chemen, epi m te suiv li.

Finalman nou te rive sou tèt Windy. Peyizaj la te ekstraòdinè, epi santiman m te genyen sèke m te anvi retounen---pa pou mwen fwa sa a men, pou madanm mwen ak pitit mwen yo. M te vle pou yo te viv menm eksperyans m te viv la.

Atravè ane yo, mwen te gen anpil okazyon pou m te mennen pitit gason m yo ak lòt jènjan al monte mòn yo, jan papa m te fè pou mwen an. Eksperyans sa yo te pouse m medite sou sa savledi dirije---ak sa savledi pou nou suiv.

Jezikri, pi gran Dirijan an ak pi gran Disip la

Si m ta mande w, “Ki pigran dirijan ki te janm egziste?”—kisa w t ap reponn? Natirèlman, repons la se Jezikri. Li bay egzanp pafè sou chak kalite yon dirijan dwe genyen.

Men e si m ta mande w, “Kiyès ki se pigran disip ki te janm egziste?”— èske repons lan se pa t ap Jezikri ankò? Li se pigran dirijan paske Li se pigran disip—Li suiv Papa li pafètman, nan tout bagay.

Mond lan ansenye ke dirijan yo dwe puisan; Senyè a ansenye ke yo dwe dou. Dirijan mond lan yo akeri pouvwa ak enfliyans atravè talan yo, konpetans yo ak richès yo. Dirijan k ap dirije nan fason Kris la akeri pouvwa ak enfliyans “nan pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib.”1

Nan je Bondye, pigran dirijan yo sete toujou pigran disip yo.

Kite m pataje de eksperyans m te viv nan rankont resan m te genyen avèk jènjan yo nan Legliz la ki te ansenye m sou dirije ak suiv.

Nou tout se dirijan

Dènyèman, madanm mwen avèk mwen t al nan yon reyinyon Sentsèn lwen pawas pa nou. Jis anvan reyinyon an te kòmanse, yon jenòm te vin apwoche m epi l te mande m si m te ka ede l distribiye Sentsèn. M te reponn, “M ta byen kontan fè sa.”

Mwen t al chita avèk lòt dyak yo epi m te mande youn ki te chita bò kote mwen, “Kisa m dwe fè?” Li te di m pou m kòmanse distribiye sentèn nan dèyè a, nan chapèl la, nan seksyon nan mitan an epi li t ap sou lòtbò menm seksyon an, epi ansanm nou t ap avanse pou rive devan.

Mwen te di, “Sa fè lontan m pa fè sa.”

Li te reponn mwen, “Sa oke. W ap oke. M te santi sa tou lè m te kòmanse.”

Nan apre, pi jèn dyak nan kowòm nan, ki te òdone sa te gen kèk semèn sèlman, te fè yon diskou nan reyinyon Sentsèn nan. Apre reyinyon an, lòt dyak yo te rasanble bòkote li pou di l jan yo te fyè de manm kowòm yo sa a.

Pandan m t ap pale avèk yo jou sa a, m te aprann ke, chak semèn, manm tout kowòm Prètriz Aawon yo nan pawas sa a te kontakte lòt jènjan yo pou envite yo vin patisipe nan kowòm yo a.

Jènjan sa yo sete gwo dirijan. E yo te siman yo te klèman gen sipò anpil detantè Prètriz Mèlkisedèk ekstraòdinè, paran, ak lòt moun ki te dèyè yo pou dirije yo nan devwa yo. Adilt atansyone sa yo konsidere jènjan sa yo non pa jis jan yo ye kounyea, men jan yo ka devni tou. Lè y ap pale avèk jènjan yo oubyen lè y ap pale de yo, yo pa rete sou feblès yo. Olyesa, yo mete aksan sou gwo kalite lidèchip y ap demontre.

Nou menm jènjan, se konsa Senyè a wè nou. Mwen envite nou pou nou wè tèt nou menm fason sa a tou. Ap gen moman nan lavi nou kote yo pral aple pou nou dirije. Gen lòt moman, yo pral atann pou nou suiv. Men, mesaj mwen pou nou jodia sèke, kèlkeswa apèl nou, nou toujou yon lidè, e nou toujou yon disip. Dirije se yon ekspresyon kondisyon disip la—se senpleman ede lòt moun vin jwenn Kris la, ki se sa vrè disip yo dwe fè. Si n ap fè efò pou nou vin yon disip Kris la, nou ka ansenye lòt moun kijan pou yo suiv Li, e nou ka yon dirijan.

Kapasite pou ou dirije a pa soti nan pèsonalite ou, nan konpetans ou, oubyen nan talan ou pou w pale an piblik. Li soti nan angajman ou pou suiv Jezikri a. Li soti nan dezi ou pou vin, jan pawòl Abraram yo di a, “Yon pi gwo disip lajistis.”2 Si w kapab fè sa---menmsi ou pa pafè ladann, men w ap eseye---enben, ou se yon dirijan.

Sèvi nan Prètriz la, se dirije

Nan yon lòt okazyon, m te nan Nouvèl Zelann ap vizite fwaye yon manman selibatè avèk twa timoun ki te nan laj adolesan. Pigran pitit gason an te gen dizuitan e li te resevwa Prètriz Mèlkisedèk la Dimanch anvan an. M te mande l si l te gen okazyon pou l te egzèse prètriz la deja. Li te di, “M pa kwè m konprann sa savledi.”

Mwen te di l kounyeya li te gen otorite pou bay yon benediksyon prètriz pou rekonfò ak gerizon. M te gade manman li, ki pat gen yon detantè Prètriz Mèlkisedèk bòkote l ankò depi dèzane. M te di “M panse sa t ap bèl si w ta bay manman w yon benediksyon.”

Li te reponn, “M pa konn kijan.”

Mwen te eksplike ke li te ka mete men li sou tèt manman l, site non li, deklare ke l ap ba l yon benediksyon pa otorite Prètriz Mèlkisedèk la, epi di tout sa Lespri a mete nan lespri l ak nan kè li, epi fini nan non Jezikri.

Nan demen, m te resevwa yon mesaj li te voye. Li te di, anpati: “Aswè a m te bay manman m yon benediksyon!… M te santi m trè enkyè e pa alawotè, konsa, m te priye san rete pou m te asire ke m te gen Lespri a avèk mwen, paske m pa t ka bay yon benediksyon san limenm. Lè m te kòmanse, m te totalman bliye tèt mwen ak feblès mwen yo. … M [pat atann] gwo pouvwa espirityèl ak emosyonèl m te santi a. … Apresa, yon lespri lanmou te touche m sitèlman ke m pa t ka kenbe emosyon m yo, konsa, m te anbrase manman m epi m te kriye tankou yon tibebe. … Menm kounyea pandan m ap ekri sa a, [m santi] Lespri a [sitèlman ke] m pa janm vle peche ankò. … Mwen renmen levanjil sa a.”3

Èske sa pa enspiran pou n wè kijan yon jèn gason toutafè òdinè kapab akonpli gwo bagay atravè sèvis nan pretriz la, menm lè li santi l pa alawotè? M fèk sot aprann ke jèn ansyen sa a resevwa apèl misyon li e l ap antre nan sant fòmasyon misyonè a mwa pwochen. M konnen li pral dirije anpil nanm mennen bay Kris la paske li aprann kijan pou l suiv Kris la nan sèvis prètriz li---kòmanse nan pwòp lakay li, kote egzanp li gen yon gwo enfliyans sou ti frè katòzan l lan.

Frè m yo, ke nou reyalize l ou pa, gen moun k ap gade nou---manm fanmi nou, zanmi, menm etranje. Antanke dirijan prètriz, li pa ase pou nou jis vin jwenn Kris la; devwa nou kounyeya se “envite tout moun pou yo vin jwenn Kris la.”4 Nou pa ka satisfè resevwa benediksyon espirityèl pou tèt pa nou sèlman; nou dwe dirije moun nou renmen yo pou yo vin jwenn menm benediksyon sa yo tou---epi antanke disip Jezikri, nou dwe renmen tout moun. Responsablite Senyè a bay Pyè a se responsablite pa nou tou: “Lè w konvèti, fòtifye frè w yo.”5

Suiv Nonm Galile a

Ap gen moman kote chemen devan nou an ap sanble l fènwa, men kontinye suiv Sovè a. Li konn chemen an, anfèt, Lise chemen an.6 Pi sensèman nou vin jwenn Kris la, se plis n ap gen dezi pou nou ede lòt moun fè menm eksperyans avèk nou. Yon lòt mo pou santiman sa a se charite, “ke [Papa a} te devèse sou tout moun ki se vrè disip pitit gason Li a, Jezikri.”7 Lè sa a, n ap vin wè ke nan aksyon pou suiv Kris la menm nan, n ap dirije lòt moun al jwenn ni tou, paske, nan pawòl Prezidan Thomas S. Monson, “Si nou suiv Nonm Galile sa a---ki se Senyè nou an, Jezikri---moun ap santi enfliyans pèsonèl nou pou byen kèlkeswa kote nou ye, kèlkeswa apèl nou.”8

Mwen ran temwanyaj ke Legliz sa a se vrè Legliz Kris la. N ap dirije pa yon pwofèt Bondye, Prezidan Monson---yon gwo lidè ki se yon vrè disip Sovè nou an tou. Nan non Jezikri, amèn.