2010–2019
Luil Gerizon Padon an
avril 2016


Luil Gerizon Padon an

Padon se yon prensip gerizon gloriye. Nou pa bezwen vin yon viktim defwa. Nou ka padone.

Tout sa k soti nan Bondye gen lanmou, limyè ak verite. Men antanke kretyen vivan, n ap viv nan yon mond dechi, ki pafwa ranpli ak fènwa ak konfizyon. Sa pata dwe siprann nou ke erè ap fèt, enjistis ap rive, epi peche ap komèt. Kòm rezilta, pa gen yon kretyen vivan, nan yon moman oswa yon lòt, ki pap viktim anba aksyon neglijan, movèz kondwit, oubyen menm konpòtman peche yon lòt moun. Se yon bagay nou tout gen ankomen.

Erezman, Bondye, nan lanmou ak mizèrikòd li pou pitit li yo, te prepare yon fason pou ede nou navige anba eksperyans ki pafwa twoublan nan lavi yo. Li prevwa yon pòt de sòti pou toun moun ki tonbe viktim anba move aksyon lòt moun yo. Li ansenye nou ke nou ka padone! Menm si nou gen dwa viktim yon fwa, nou pa bezwen viktim defwa nan pote fado rayiman, amètim, soufrans, rankinn oubyen menm revanj. Nou ka padone, e nou ka libere!

Sa gen kèk ane, pandan m t ap ranje yon lantouraj, yon ti moso bwa te antre nan dwèt mwen. Mwen te fè yon tantativ pou m retire li e m te panse m te retire l, men aparaman se pa t vre. Amezi tan t ap pase, po te pouse sou ti moso bwa a, li te kreye yon ti boul nan dwèt mwen. Sa te anbedan e pafwa douloure.

Kèlke ane apre, m te finalman deside pase alaksyon. Tout sa m te fè sete sèlman mete luil sou boul la epi kouvri li avèk yon pansman. Mwen te refè menm bagay la souvan. Nou paka imajine sipriz mwen lè yon jou, pandan mwen t ap retire pansman an, ti moso bwa a te soti nan dwèt mwen.

Luil la te ramoli po a epi li te kreye yon sòti pou ti bagay piti sa a ki te koze m lapenn pandan tout ane sa yo. Yon fwa ti moso bwa a te fin soti, dwèt mwen te geri byen vit, e jiska jodia pa gen ankenn tras blesi a ki rete.

Nan menm fason sa a, yon kè ki pa padone kenbe anpil doulè initil. Si nou aplike luil Sakrifis ekspyatwa Sovè a, L ap radousi kè nou epi ede nou chanje. Li ka geri nanm blese nou (gade Jakòb 2:8).

Mwen gen konviksyon ke laplipa nan nou vle padone, men nou twouve l trè difisil pou n fè sa. Lè nou sibi yon enjistis, nou gen dwa prese di: “Moun sa a mal aji. Li merite pinisyon. Kote jistis ye?” Nou malerezman panse ke si nou padone, jistis pap satisfè epi sa ap evite pinisyon.

Se pa sa l ye ditou. Bondye ap bay yon pinisyon ki jis, paske mizèrikòd paka vòlè lajistis (gade Alma 42:25). Bondye jantiman asire oumenm avèk mwen: “Kite tout jijman nan menm m, paske se pa m li ye epi m ap egzekite l. [Men] lapè avèk nou”(D&A82:23). Pwofèt Liv Mòmon an Jakòb te pwomèt tou ke Bondye “ap konsole nou nan afliksyon, e l ap plede kòz nou, e l ap voye lajistis desann sou moun k ap chèche detwi nou.( Jakòb 3:1).

Antanke viktim, si nou fidèl, nou kapab jwenn gwo rekonfò nan konnen ke Bondye ap dedomaje nou pou tout enjistis yo fè nou. Eldè Joseph B. Wirthlin te di: “Senyè a dedomaje fidèl yo pou chak pèt yo fè. … Chak dlo nan je yo jodia ap finalman ranplase pa dè santèn dlo lajwa ak rekonesans.”1

Pandan n ap fè efò pou padone lòt moun nan, annou eseye sonje ke nou tout ap pwogrese espirityèlman tou, men nou tout nan nivo diferan. Pandan ke l fasil pou obsève chanjman ak kwasans kò fizik la, li difisil pou nou wè kwasans lespri nou.

You bagay kle nan padone lòt moun se eseye wè yo jan Bondye wè yo a. Pafwa, Bondye gen dwa ouvè rido a pou beni nou avèk don pou nou wè nan kè, nanm, ak lespri yon lòt moun ki te ofanse nou. Apèsi sa a gen dwa menm fè nou vin gen yon gwo santiman amou pou moun sa a.

Ekriti yo ansenye nou ke lanmou Bondye pou pitit Li yo pafè. Li konn kapasite yo pou fè byen, kèlkeswa pase yo. Si nou gade byen, pa t ap ka gen yon enmi ki te pi agresif ni pi fawouch kont disip Jezikri yo pase Saul de Tarse. Men, yon fwa Bondye te fin montre Saul limyè ak laverite a, pa t gen yon disip Sovè a ki te pi devwe, pi antouzyas e pi brav pase Saul. Saul te tounen Apòt Pòl. Lavi li ofri yon gwo egzanp sou fason ke Bondye wè moun non sèlman jan yo ye kounyea, men jan yo gen pou yo vin ye tou. Nan pwòp lavi pa nou, nou tout gen moun tankou Saul ki gen potansyèl tankou Pòl. Eske nou ka imajine kijan fanmi nou, kominote yo, ak tout mond lan ta kapab chanje si nou tout te eseye wè lòt jan Bondye wè nou an?

Twò souvan nou gade ofansè a menmjan nou t ap gade yon tèt resif nan lanmè---nou wè sèlman pwent tèt la e non pa sa ki anba sifas la. Nou pa konn tout sa k ap pase nan lavi yon moun. Nou pa konn pase yo; nou pa konn difikilte yo; nou pa konn soufrans y ap travèse. Frè m ak sè m yo, tanpri, annou pa malkonprann. Padone pa vledi apwouve. Nou pa ekskize move tretman, ni nou pa ka pèmèt moun maltrete nou poutèt yo nan difikilte, yo nan lapenn oubyen, yo gen feblès. Men nou ka jwenn pi plis konpreyansyon ak lapè si nou gade avèk yon pigran pwendvi.

Se sèten ke moun ki gen mwens matirite espirityèl yo ka efektivman fè erè ki grav---men, antanke moun, yo pa ta dwe defini nou sèlman pa bagay ki pi move nou fè yo. Se Bondye ki jij pafè a. Li wè anba sifas la. Li konn tout bagay e Li wè tout bagay (gade 2 Nefi 2:24). Li di, “Mwen menm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun” (D&A 64:10).

Kris la Limenm, lè yo te akize l enjisteman, epi yo te sovajman agrese li, bat Li epi kite l ap soufri sou kwa a, nan moman sa a menm, Li te di: Papa padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè” (Lik 23:34).

Nan pwendvi limite nou, nou pafwa ka twouve l fasil pou n devlope move santiman anvè lòt moun ki pa aji oubyen ki pa panse menmjan avèk nou. Nou kapab gen yon atitid entolerans ki baze sou bagay sipèfisyèl tankou sipòte yon ekip foutbòl advès, oubyen gen opinyon politik diferan, oswa kwayans relijye diferan.

Prezidan Russell M. Nelson te bay konsèy saj sa a lè l te di, “Opòtinite pou koute moun relijyon diferan oubyen opinyon politik diferan yo kapab fè nou vin pi toleran e vin plis aprann.”2

Liv Mòmon pale de yon epòk kote “pèp legliz la te kòmanse gonfle kè yo avèk lògèy, e…youn te kòmanse meprize lòt, e…yo te kòmanse pèsekite moun ki pa t kwè dapre volonte ak plèzi pa yo” (Alma4:8). Annou tout sonje ke Bondye pa gade sou koulè rad oubyen sou pati politik. Olyedesa, jan Ammon te deklare a, “[Bondye] gade anba sou tout pitit lèzòm; e li konnen tout panse ak entansyon ki nan kè yo” (Alma 18:32). Frè m ak sè m yo, nan konpetisyon lavi yo, si nou genyen, annou genyen avèk gras. Si nou pèdi, annou pèdi avèk gras. Paske, si n ap viv avèk gras youn anvè lòt, n ap jwenn lagras kòm rekonpans nan dènye jou a.

Menmjan nou tout viktim move aksyon lòt moun nan yon moman oubyen yon lòt la, pafwa tou se noumenm ki ofansè a. Nou tout peche e nou bezwen lagras, mizerikòd ak padon. Nou dwe sonje ke padon pou pwòp peche ak ofans pa nou yo depann sou jan nou padone lòt moun. Sovè a te di:

“Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou:

“Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou yo non plis”(Matye6:14–15).

Nan tout bagay Sovè a te kapab di nan Priyè Senyè a, ki remakableman kout, li enteresan ke li chwazi enkli “Epi padone peche nou, menm jan nou padone moun ki fè nou kichòy.” (Matye 6:12;3 Nefi13:11)

Padon se rezon menm ki fè Bondye te voye Pitit Gason L lan, konsa annou rejwi nan òf li pou geri nou tout la. Sakrifis ekspyatwa Sovè a se pa jis pou moun ki bezwen repanti, li se pou moun ki bezwen padone tou. Si nou gen pwoblèm pou nou padone yon lòt moun, mande Bondye pou l ede nou. Padon se yon prensip gerizon gloriye. Nou pa bezwen vin viktim defwa. Nou ka padone.

Mwen temwaye de amou ak pasyans konstan Bondye pou tout pitit Li yo ak dezi Li pou nou youn renmen lòt jan Li renmen nou an (gade Jan15:9, 12). Si nou fè sa, n ap travèse fènwa mond sa a pou n franchi ale nan laglwa ak majeste wayòm Li nan syèl la. N ap libere. Nan non Jezikri, amèn.

Not

  1. Joseph B. Wirthlin, “Come What May, and Love It,”Lyawona, 28 Novanm 2008.

  2. Russell M. Nelson, “Koute pou Aprann,” Ensign, 23 Me 1991