2010–2019
Sentespri a
avril 2016


Sentespri a

Mwen eksprime lanmou mwen ak rekonesans mwen anvè Papa nou ki nan Syèl la pou kado Sentespri a Li sèvi pou L devwale volonte Li epi pou L soutni nou.

Chè frè ak sè byeneme m yo, m ap pale jodi a kòm yon sèvitè Senyè a epitou kòm yon gran-granpè. Pou nou menm ak posterite byeneme m nan, m anseye e m rann temwayaj konsènan don remakab Sentespri a.

M ap kòmanse pandan m ap rekonèt Limyè Kris la, yo bay “chak gason [ak chak fi] ki vini nan mond lan.”1 Nou tout benefisye de limyè sen sa a. Li “nan tout bagay epi li atravè tout bagay,”2 epi li pèmèt nou distenge ant byen ak mal.3

Men Sentespri a diferan ak Limyè Kris la. Li se twazyèm manm Divinite a, yon pèsonaj lespri distenk ki chaje ak responsabilite sakre, ePI li fè youn avèk Papa a ak Pitit Gason an nan bi yo.4

Antanke manm Legliz la, nou ka fè benefisye konpayi Sentespri a kontinyèlman. Gras ak prètriz Bondye a ki retabli a, nou batize plonje nan dlo pou remisyon peche nou yo epi apre sa nou konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nan òdonans sa a, nou resevwa don Sentespri a anba men detantè pretriz yo.5 Apre sa, nou ka resevwa e konsève konpayi konstan Sentespri a nan toujou sonje Sovè a, nan kenbe kòmandman L yo, nan repanti pou peche nou, ak nan pran sentsèn diyman nan jou Saba a.

Sentespri a ba nou revelasyon pèsonèl pou ede nou pran desizyon enpòtan nan lavi nou yo, konsènan bagay tankou etid, misyon, karyè pwofesyonèl, maryaj, timoun, ki kote nou pral viv avèk fanmi nou, ak lòt bagay. Nan zafè sa yo, Pè Selès la atann pou nou itilize libabit nou, etidye sitiyasyon an nan lespri nou selon prensip levanjil yo, epi pote yon desizyon ba li nan lapriyè.

Revelasyon pèsonèl esansyèl, men se sèlman yon pati nan travay Sentespri a l ye. Jan ekriti yo afime a, Sentespri a temwaye konsènan Sovè a ak Bondye Papa a tou.6Li anseye nou “bagay pezib wayòm nan” 7 e l fè nou gen “abonde nan lespwa.”8 Li “dirije [nou] pou [nou] fè byen … [epi] pou jije avèk lajistis.”9 Li bay “chak gason [ak chak fi] … yon don [espirityèl] … pou tout moun kapab progrese.”10 Li “ba [nou] konesans”11 e “Li fè [nou] sonje tout bagay.”12 Atravè Sentespri a, nou “ka vin sanktifye”13 epi resevwa “padon pou peche [nou] yo.”14 Li se “Konsolatè a,” Li menm Sovè a te pwomèt disip [Li] yo.”15

M raple nou tout ke Sentespri a pa la pou l kontwole nou. Gen nan nou ki chèche direksyon Sentespri a nan fason enkonsidere, pou chak desizyon ensiyifyan nan lavi nou. Sa vin fè wòl sakre L la tounen yon bagay banal. Sentespri a respekte prensip libabit la. Li pale avèk dousè nan lespri nou ak nan kè nou sou anpil zafè ki enpòtan.16

Nou chak gen dwa santi enfliyans Sentespri a nan yon fason diferan. Nivo entansite nou santi enspirasyon Li a ap varye selon bezwen ak sikonstans endividyèl nou yo.

Nan dènye jou sa yo, nou afime ke se sèlman pwofèt la ki ka resevwa revelasyon atravè Sentespri a pou tout Legliz la. Kèk moun bliye sa, menm jan Aawon ak Miryam te eseye konvenk Moyiz pou l te dakò avèk yo a. Men Senyè a te anseye yomenm ak noumenm. Li te di :

“Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, Mwen menm Senyè a m pral fè l wè mwen.

Avèk li menm m ap pale bouch ak bouch,” 17

Kèkfwa advèsè a tante nou avèk fo ide nou ka konfonn ak Sentespri a. M temwaye ke si nou obeyi kòmandman yo epi nou kenbe alyans nou yo avèk fidelite, sa ap pwoteje pou n pa twonpe. Avèk Sentespri a, n ap kapab dekouvri fo pwofèt sa yo ki anseye kòmandman lezòm kòm doktrin yo.18

Lè nou resevwa Sentespri a poutèt nou, li enpòtan pou n sonje nou pa ka resevwa revelasyon pou lòt moun. M konnen yon jèn gason ki te di yon jèn fi, “M te reve ke ou dwe vin madanm mwen.” Jèn fi a te reflechi sou deklarasyon sa a epi aprè sa l te reponn, “Lè m fè menm rèv la, ma vin pale avè w.”

Nou tout gen dwa tante pou n kite dezi pèsonèl nou yo pran plas direksyon Sentespri a. Pwofèt Joseph Smith te plede avèk Pè Selès la pou l te ka jwenn pèmisyon pou l te prete Martin Harris 116 premye paj yo nan Liv Mòmon an. Joseph te panse sete yon bon ide. Toudabò, Sentespri a pa t ba li konfimasyon pou santiman sa yo. Finalman, Senyè a te pèmèt Joseph prete l paj yo kanmèm. Martin Harris te pèdi yo. Pandan yon sezon, Senyè a te retire don Pwofèt la pou l te tradui a, epi li te aprann yon leson doulere ak valab ki te enfliyanse rès sèvis li.

Sentespri a jwen yon wòl santral nan Retablisman an. Konsènan ekriti li te li nan anfans li a nan Jak 1:5 la, Pwofèt Joseph te rakonte, “Okenn pasaj nan ekriti yo pa janm vini avèk plis puisans nan kè lòm pase jan sa te fèt lè sa a.”19 Puisans Joseph Smith te dekri a sete enfliyans Sentespri a. Pakonsekan, Joseph te ale nan yon forè pyebwa tou prè lakay li a epi l te mete ajenou pou l te pou mande Bondye. Premyè Vizyon ki te suiv la te vrèman enpòtan e mayifik. Men chemen ki te mennen nan vizit pèsonèl Papa a ak Pitit Gason an te kòmanse avèk enspirasyon pou priye Sentespri a te ba li a.

Verite ki te revele sou levanjil retabli yo te vini atravè yon chema ki se chèche nan lapriyè epi apre sa resevwa ak suiv enspirasyon Sentespri a. Konsidere egzanp sa yo: tradiksyon Liv Mòmon an; retablisman prètriz la ak òdonans li yo, kòmanse avèk batèm; ak òganizasyon Legliz la—pou nonmen sèlman kèk nan yo. M temwaye jodi a ke revelasyon Senyè a bay Premyè Prezidans lan ak Douz Apot yo vini selon menm chema sakre sa a. Se menm chema sakre sa a ki rann revelasyon pèsonèl posib.

Nou rann omaj a tout moun ki suiv Sentespri a pou resevwa levanjil retabli am kòmanse avèk manm pwòp manm fanmi Joseph Smith yo. Lè jèn Joseph te rakonte papa l istwa vizit Moroni an, papa l te resevwa yon temwayaj ki te konfime sa pou li. Imedyatman, li te fè Joseph kite travay li t ap fè nan jaden an epi l te ankouraje l pou suiv direksyon zanj la.

Antanke paran ak dirijan, an nou fè menm jan tou. An nou ankouraje pitit nou yo ak lòt moun pou yo suiv konsèy Sentespri a. Lè n ap fè sa, an nou suiv egzanp Sentespri a nou menm, pou nou dirije avèk jantiyès, dousè, sajès, anpil pasyans, ak amou sensè.20

Sentespri a se kanal ki pou fè travay Bondye a fèt, nan fanmi yo e nan tout Legliz la. Avèk konpreyansyon sa a, kite m pataje kèk egzanp pèsonèl sou enfliyans Sentespri a nan pwòp lavi pa m ak nan sèvis mwen nan Legliz la. M ap ofri yo kòm temwayaj pèsonèl mwen pou fè konnen Sentespri a beni nou tout.

Sa gen kèk ane, Sè Hales avè m te planifye n pou te envite kèk kamarad travay mwen nan yon dine espesyal lakay nou. Lè m te kite biwo m pou ale lakay mwen, m te santi m pouse pou m te pase lakay yon vèv m te konn anseye kòm enstriktè ofwaye. Lè m te frape nan pòt sè a, li te di, “M t ap priye pou w te vini.” Kikote enpresyon sa a te sòti? Nan Sentespri a.

Yon fwa, apre yon gwo maladi, m t ap prezide nan yon konferans pye. Pou konsève enèji m, m te planifye pou m kite chapèl la imedyatman aprè sesyon lidèchip prètriz la. Men, apre priyè kloti a, Sentespri a te di m, “Kikote w prale?” Mwen te resevwa y enspirasyon pou m te bay tout moun lamen lè yo t ap sòti nan sal la. Pandan yon jèn èldè t ap pwoche, m te santi m enspire pou m te ba l yon mesaj espesyal. Tèt li te bese, e m te tan pou l te leve tèt li pou je l te rankontre ak pa m, epi lè sa a m te di li: “Priye Pè Selès la, koute Sentespri a, suiv enspirasyon w resevwa yo, epi tout bagay ap mache byen nan lavi w.” Nana pre, prezidan pye a te di m jèn gason an te fèk retounen sot nan misyon anvan lè. Akòz yon enpresyon klè li te resevwa, li te pwomèt papa jèn gason an si l ta mennen pitit gason l lan nan reyinyon prètriz la, Eldè Hales t ap pale avèk li. Poukisa m te rete pou m bay tout moun lamen an? Ki sous konsèy mwen an? Se senp: Sentespri a.

Nan kòmansman ane 2005 la, m te resevwa direksyon pou m prepare yon mesaj konferans jeneral sou koup misyonè ki aje yo. Aprè konferans la, yon frè te rakonte m: “Lè m te koute konferans lan … imedyatman Lespri Senyè a te touche nanm mwen. … Pa t gen okenn dout mesaj la sete pou mwen menm ak madanm mwen. Fòk nou te sèvi yon misyon, epi moman an sete kounyeya. Lè m te … gade madanm mwen, m te reyalize li te resevwa menm enpresyon sa yo nan men Lespri a.”21 Kisa ki te fè yo resevevwa gwo repons sa a nan menm moman an? Sentespri a.

Pou posterite mwen ak pou tout moun k ap tande vwa m, mwen rann temwayaj mwen konsènan revelasyon pèsonèl ak direksyon, avètisman, ankourajman, fòs, pirifikasyon espirityèl, rekonfò, ak lapè fanmi m resevwa chak jou atravè Sentespri a. Palentèmedyè Sentespri a, nou ka santi “miltitid mizerikòd byenveyan [Kris] yo”22 epi nou ka wè ke mirak pa janm sispann.23

M rann temwayaj espesyal mwen ke Sovè vivan. M eksprime lanmou m ak gratitid mwen pou Pè Selès la pou don Sentespri a Li sèvi pou L revele nou volonte Li e pou L soutni nou nan lavi a. Nan non Jezikri, amèn.