2010–2019
Pri Pouvwa Prètriz la
avril 2016


Pri Pouvwa Prètriz la

Èske nou dispoze pou nou priye, jene, etidye, chèche, adore epi sèvi kòm gason Bondye pou nou ka gen pouvwa prètriz la?

Sa gen si mwa, nan konferans jeneral Oktòb 2015 la, m te pale avèk sè Legliz yo sou wòl diven yo kòm fi Bondye. Kounyea m ta renmen pale avèk nou menm, frè yo, sou wòl diven nou kòm gason Bondye. Nan vwayaj mwen atravè mond lan, mwen sezi wè fòs ak bonte absoli mesye yo ak jenòm yo nan legliz sa a. Tou senpleman pa gen okenn mwayen pou kontwole kantite kè nou geri ak vi ke nou edifye. Mèsi!

Nan dènye diskou konferans mwen an, mwen te rakonte eksperyans devastan m te fè sa gen anpil a, kote, antanke yon chirijyen kè, m pa t kapab sove lavi de ti sè. Avèk pèmisyon papa yo, mwen ta renmen di plis osijè fanmi sa a.

Maladi kè depi lanesans te aflije twa pitit Ruth ak Jimmy Hatfield. Premye ti gason yo a, Jimmy Jr. te mouri san l pa t janm jwenn yon dyagnostik klè. Mwen te vin antre nan sèn nan lè paran yo te chache èd pou de pitit fi yo, Laural Ann ak ti sè li, Gay Lynn. Kè m te dechire lè de tifi yo te mouri apre operasyon yo a.1Jan nou ka konprann, Ruth ak Jimmy te espirityèlman devaste.

Avèk letan, mwen te aprann ke yo te toujou gen yon rankè ki te pèsiste kont mwen menm e kont Legliz la. Pandan prèske swasantan, sitiyasyon sa a te twouble m anpil epi kè m te fè m mal pou Hatfield yo. Mwen te eseye etabli kontak avèk yo plizyè fwa, men san siksè.

Epi, yon nuit mwa Me pase a, de tifi sa yo sou lòt bò vwal la te reveye’m nan dòmi. Malgre mwen pa’t wè yo ni tande yo avèk sans fizik mwen, mwen te santi prezans yo. Spirityèlman, mwen te tande siplikasyon yo. Mesaj yo a te brèf e klè: “Frè Nelson, nou pa sele avèk okenn moun! Èske w ka ede nou?” Pa twò lontan apresa, m te aprann ke manman yo te mouri, men papa yo ak ti frè yo a te toujou vivan.

Ankouraje pa siplikasyon Laural Ann ak Gay Lynn yo, mwen te eseye kontakte papa yo ankò, ki te vivan, jan m te aprann, ansanm avèk piti gason li, Shawn. Fwa sa a yo te dispoze pou rankontre avèk mwen.

Nan mwa Jen an, mern te literalman mete m ajenou devan Jimmy, ki gen 88 tan kounyea, e m te fè yon konvèsasyon sensè avèk li. Mwen te pale l de sa pitit fi l yo te mande a epi m te di l ke se t ap yon plezi pou mwen pou m te fè òdonans sèlman yo pou fanmi li. Mwen te eksplike l tou ke sa t ap mande limenm ak Shawn anpil tan ak anpil efò pou yo te ka pare yo epi vin diy pou antre nan tanp la, paske okenn nan yo pa’t janm dote.

Nou te santi Lespri Senyè a pandan rankont sa a. Epi, lè Jimmy ak Shawn te aksepte òf mwen an, m te kontan anpil! Yo te travay ak dilijans avèk prezidan pye yo, evèk yo, vizitè ofwaye yo, ak dirijan misyon pawas yo, ansanm avèk jèn misyonè ak yon koup misyonè granmoun. Epi, sa pa gen twò lontan, nan tanp Payson nan, nan Utah, mwen te gen gwo privilèj pou m te sele Ruth avèk Jimmy ak kat pitit yo. Wendy avèk mwen te kriye lè nou te patisipe nan bèl eksperyans siblim sa a. Plizyè kè te geri jou sa a!

Imaj
Èldè ak Sè Nelson nan tanp lan avèk fanmi Hatfield

Apre refleksyon, m te emèveye devan sa Jimmy ak Shawn ak devan sa yo te dispoze pou yo te fè. Yo te vin tounen ewo pou mwen. Si pi gwo dezi kè m te ka reyalize, m t ap swete pou chak gason ak jènjan nan legliz sa a ta demontre kouraj, fòs, ak imilite papa ak pitit gason sa a. Yo te aksepte padone epi yo te abandone ansyen rankin ak ansyen abitid yo. Yo te dispoze pou soumèt yo anba gidans dirijan prètriz yo pou Ekspiyasyon Jezikri a te ka pirifye yo ak manifye yo. Yo chak te dispoze pou vin tounen yon gason ki detni prètriz la diyman “dapre lòd sen Bondyen a.”2

Detni vledi sipòte pwa sa ki nan men w lan. Se yon responsablite sakre sa ye pou n detni prètriz la, ki se pouvwa ak otorite puisan Bondye. Panse ak sa: Prètriz la yo konfere sou nou an se egzakteman menm pouvwaak otorite Bondye te itilize pou kreye mond sa a ak anpil lòt ke nou pa ka konte, se avèk li Li gouvène syèl yo ak tè a, se avèk li Li egzalte pitit obeyisan L yo.3

Sa pa gen twò lontan, Wendy avèk mwen te nan yon reyinyon kote moun ki t’ap jwe òg la te an pozisyon e pare pou jwe kantik douvèti a. Zye l te sou mizik la, dwèt li te sou touch yo. Li te kòmanse peze touch yo, men pa’t gen okenn son. Mwen te chichote bay Wendy, “Li pa gen kouran.” M te panse yon bagay te koupe sikui elektrik pou alimante kouran an rive nan ògàn nan.

Frè m yo, nan menm fason an, mwen pè ke gen twòp gason ki te resevwa otorite prètriz la men ki pa gen pouvwa prètriz la paske sikui ki alimante pouvwa sa a bloke akoz peche tankou laparès, malonètete, lògèy, imoralite, avèk preyokipasyon nan bagay mond lan.

Mwen pè ke gen twòp detantè prètriz ki pa fè anyen oubyen ki pa fè ase pou devlope kapasite yo pou gen aksè nan pouvwa syèl yo. Mwen enkyete pou sa ki enpi nan panse yo, santiman yo, oubyen aksyon yo, oubyen k ap rabese madanm yo, ak piti yo, ki fè yo koupe pouvwa prètriz la.

Mwen pè tou pou twòp nan yo malerezman remèt libabit yo bay advèsè a epi pou yo pa di konsènan konpòtman sa a: “Mwen pi sousye pou’m satisfè pwòp dezi pa’m pase pou m detni pouvwa Sovè a pou beni lòt moun nan.”

Mwen pè, frè m yo, pou kèk nan nou pa reveye yon jou epi reyalize kisa pouvwa prètriz la vrèman siyifi e vin tonbe nan pwofon regrè paske yo te pase twòp tan ap chèche egzèse pouvwa sou lòt moun oubyen pouvwa nan travay yo pase yo te aprann pou yo te plènman itilize pouvwa Bondye a.4Prezidan George Albert Smith te ansenye ke “nou pa la pou nou gaspiye tan nou sou tè a epi pou n pase nan yon domèn egzaltasyon apresa; men nou la pou nou kalifye tèt nou jou apre jou pou responsablite Pè Selès nou an atann ke nou ap ranpli yo apre lavi sa a.”5

Pouki pou yon moun ta gache lavi li epi reziyen l avèk pla soup Esau a6 alòske li te gen posiblite pou l resevwa tout benediksyon Abraram yo?7

M ap sipliye nou avèk dilijans pou nou chak viv alawotè privilèj nou kòm detantè prètriz la. Yon jou, sesèlman mesye sa yo ki te pran prètriz yo oserye a, nan chèche avèk dilijans pou yo aprann nan men Senyè a Li menm yo, ki pral kapab beni, gide, pwoteje, fòtitye ak geri lòt moun. Se sèl yon gason ki te fè tout sa k nesesè pou l diy pou l detni pouvwa prètriz la ki pral kapab akonpli mirak nan lavi moun li renmen yo e kenbe maryaj li ak fanmi li ansekirite, kounyea e pandan tout letènite.

Kisa ki nesesè pou n akeri kalite pouvwa prètriz sa a? Apòt anchèf Senyè a, Pyè—menm Pyè sa a ki ansanm avèk Jak ak Jan te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery prètriz Melkisedèk la8—te mansyone ki kalite nou dwe chèche akeri pou nou ka “vin patisipan nan nati divin nan.”9

Imaj
Pyè, Jak, ak Jan k ap konfere Prètriz Mèlkisedèk la.

Li te site lafwa, lavèti, konesans, tanperans, pasyans, pyete, amou fratènèl, charite, ak dilijans.10 Epi pa bliye imilite!11 Kidonk mwen mande, kijan manm fanmi nou, zanmi nou, ak kòlèg nou yo pral ka evalye fason ou menm avèk mwen kiltive don sa yo ansanm ak lòt don espirityèl yo?12 Plis nou devlope kalite sa yo, se plis n ap gen pouvwa prètriz la.

Nan ki lòt fason nou ka ogmate pouvwa nou nan prètriz la? Nou bezwen priye avèk senserite. Resitasyon poli sou sa nou te fè nan lepase ak sa nou gen pou fè yo, ansanm avèk kèk demand benediksyon, pa ka ranplase kalite kominikasyon avèk Bondye ki pote pouvwa dirab pou nou an. Èske nou dispoze pou n ka konn kijan pou n priye pou plis pouvwa? Senyè a ap ansenye ou.

Èske w gen w dispoze pou w sonde ekriti yo epi fè festen ak pawòl Kris yo13— pou w sonde yo onètman pou w kapab gen plis pouvwa? Si w vle fè kè madanm ou kontan, kite l jwenn ou sou Entènèt la ap etidye doktrin Kris la14 oubyen ap li ekriti yo!

Èske w dispoze pou w adore Bondye nan tanp lan regilyèman? Senyè a renmen bay pwòp enstriksyon pa Li nan kay sakre L la. Imajine kijan L t’ap kontan si w ta mande Li pou L ansenye w sou kle, otorite, ak pouvwa prètriz la pandan w ap akonpli òdonans prètriz Mèlkisedèk yo nan tanp sakre a.15 Imajine ogmantasyon pouvwa prètriz ou ta ka resevwa.

Èske w dispoze pou w suiv egzanp Prezidan Thomas S. Monson sou sèvi lòt moun? Pandan dè dizèn ane, li deplase kite lakay li, pou l suiv enspirasyon Lespri a pou al vizite yon moun epi l tande pawòl tankou: “Kòman w te fè konnen sete anivèsè lanmò pitit fi nou an?” oubyen “Kòman w te fè konnen se te fèt mwen?” E, si w anvi gen plis pouvwa prètriz toutbonvre, w ap cheri madanm ou e pran swen li, epi anbrase ni limenm ni konsèy li.

Kounyea, si tout bagay sa yo parèt eksesif pou nou, tanpri, reflechi sou kijan relasyon nou t ap diferan avèk madanm nou, piti nou, ak kòlèg nou yo si nou te otan sousye pou nou jwenn pouvwa prètriz la jan nou sousye pou n pwogrese nan travay nou oubyen nan kantite kòb nou genyen nan kont anbank nou. Si nou prezante tèt nou enbleman devan Senyè a epi nou mande l pou l ansenye nou, L ap montre nou kijan pou nou amelyore aksè nou nan pouvwaLi a.

Nan dènye jou sa yo, nou konnen pral gen tranblemandtè nan plizyè kote.16Petèt youn nan plizyè kote sa yo se gen dwa fwaye nou, kote “tranblemandtè” emosyonèl, finansye oubyen espirityèl kapab pase. Pouvwa prètriz la ka kalme lanmè yo e geri frakti terès yo. Pouvwa prètriz la ka kalme lespri epi geri frakti nan kè moun nou renmen yo tou.

Èske nou dispoze pou nou priye, jene, etidye, chèche, adore, ak sèvi kòm gason Bondye pou nou ka gen kalite pouvwa prètriz sa a? Paske de tifi te sitèlman bezwen sele avèk fanmi yo, papa yo ak frè yo te dispoze pou peye pri pou yo ka detni Prètriz Mèlkisedèk la.

Chè frè m yo, nou gen yon responsablite sakre—otorite Bondye pou beni lòt moun nan. Se pou nou chak leve nou antanke gason Bondye te preòdone nou pou n ye a—dispoze pou nou bravman detni prètriz Bondye a, pare pou nou peye kèlkeswa pri ki nesesè pou ogmante pouvwa nou nan prètriz la. Avèk pouvwa sa a, nou ka ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè nou an, Jezikri. Sa a se Legliz li, ki dirije jodia pa pwofèt Li, Prezidan Thomas S. Monson, ke m renmen anpil e ke m soutni. Konsènan sa mwen rann temwanyaj mwen nan non Jezikri, amèn.